Se depi m fèt m ap ekri liv sa a. Mwen gen anpil rekonesans pou fanmi, zanmi ak kòlèg k ap akonpaye m sou wout dekolonizasyon ak liberasyon. Menm si pa gen ase espas nan liv sa a pou m remèsye nou tout youn pa youn, si w sonje ou te mache sou wout sa a avè m, enben, m ap toujou sonje kontribisyon pa w nan travay sa a.
Fanmi m merite yon mèsi espesyal. Madanm mwen (Elena) ak pitit mwen (Nuriel, Luna ak Èzili) te ban m divès kalite èd, dirèk oubyen endirèk, pou m rive ekri liv sa a e nan plizyè lòt aspè nan vi m.
Nan premye vwayaj Nuriel ann Ayiti an 2015, sòti nou sòti ayewopò a, li di : « Mwen renmen Ayiti ! » Nan premye vwayaj Èzili ann Ayiti an 2023, li menm tou, li tonbe damou pou vre Ayiti a—Ayiti cheri mwen an. Anvan Nuriel ak Èzili te vizite Ayiti, yo tou lè 2, menm jan ak Elena, te fè esperyans Ayiti nan rèv, nan tanbou, nan dans (tankou Yanvalou nan Dance Complex nan Boston—mèsi Jean Appolon, mèsi fanmi JAE !), nan manje, espesyalman diri ak pwa, epi nan istwa an kreyòl sou Toussaint Louverture, Jean-Jacques Dessalines, Catherine Flon, Vètyè, Sitadèl, lasirèn, zandolit, mango, soup joumou e latriye.
Mwen remèsye fanmi m pou jan yo renmen m. Lanmou yo gen pou Ayiti tou se konsekans pouvwa lang, mizik ak dans kòm zouti pou dekolonizasyon. Lanmou yo pou « peyi ki pi pòv nan Emisfè Lwès la » demontre, nan yon fason dirèk e pèsonèl, pouvwa lang pou kaba koze rasis sou malere nan peyi Sid yo. An tou ka, deskripsyon ki pi apwopriye a se : « peyi yo pi plis apovri a ».
M espere liv sa a ava enfliyanse lide w ak filing ou menm jan Ayiti te enfliyanse lide ak filing mwen ak fanmi m nan fason nou chache mo ki pou ede nou konprann monn lan. Se sa Paolo Freire te ankouraje nou fè sou fondasyon panse kritik ansanm ak edikasyon ki ka transfòme nou. Si w ede simaye mesaj liv sa a nan dosye edikasyon ak jistis sosyal atravè lemonn, enben, m ava remèsye w tou, paske se sa ki pral bay travay nou sou liv sa a tout valè l.
Gen anpil zanmi, kòlèg ak òganizasyon—soti Ayiti rive MIT ak MIT-Ayiti rive Awayi rive Palestin rive Timò-Leste ak pi lwen—ki te kontribye bon jan vibrasyon, lide, enèji ak lanmou. Se tout sa ki te ede m nan reyalizasyon liv sa a.
Gen plizyè pati nan liv sa a ki mare ak Inisyativ MIT-Ayiti m te lanse an 2010 gras a èd Vijay Kumar kòm ko-Envestigatè Prensipal. Kounye a, se ak Haynes Miller m ap dirije MIT-Ayiti. Mwen gen anpil rekonesans pou tout ekip MIT-Ayiti—ann Ayiti, nan MIT ak nan dyaspora a. Inisyativ MIT-Ayiti gen gwo dèt rekonesans devan Fondasyon Konesans ak Libète, Lekòl Kominotè Matènwa, Inivèsite Leta Ayiti, Ministè Edikasyon Nasyonal, MIT Open Learning, MIT OpenCourseWare, National Science Foundation, Open Society Foundations, Primati ann Ayiti, Anbasad Eta Zini ann Ayiti, ak Wade Foundation.
Travay nan Inisyativ MIT-Ayiti a ak lòt travay mwen sou kreyòl te mennen m nan ekri atik ak liv kote m te kolabore ak kòlèg estwòdinè : Enoch Aboh, Lourdes Alemán, Paul Belony, BIC Tizon Dife, Alison Brauneis, Pierre Negaud Dupenor, Ruthly François, William Scott Frager, Djeride Jean-Baptiste, Haynes Miller, Glenda Stump, Elizabeth Vogel Taylor. Kèk nan atik sa yo antre nan liv sa a, dirèkteman oswa endirèkteman.
Gen kèk bon zanmi ak kòlèg ki te fè kòmantè sou divès pati nan liv la ki an rapò ak espètiz pa yo oswa esperyans yo te viv. Yo te ede m amelyore liv la. Mèsi Abel Djassi Amado, Marlyse Baptista, Jean Casimir, Peiyi He, Debby Katzman, Jo Anne Kleifgen, Carla Martin, Vivien Sansour, Eeva Sippola, Kirsty Sword Gusmao, Vivian Tam, Viveka Velupillai, William H. “Pila” Wilson.
Ken Manning, Marilyn Goodrich ak Tami Kaplan, se te premye zanmi ak kòlèg ki te li premye bwouyon maniskri a, sa fè plizyè ane. Ken se yon zanmi mwen toujou ka konte sou li depi digdantan. Epi gen yon sèl moun ki li plizyè vèsyon liv la, nan tou lè 2 lang yo, plis pase yon fwa. Moun sa a se ti frè m. Bibish te ede m anpil nan li, reli epi korije ni vèsyon angle a ni vèsyon kreyòl la. Fedo Boyer ak ekip li nan CreoleTrans te fè yon kokenn chenn travay pou kopi-editing vèsyon kreyòl la pandan ekip MIT Press la t ap fè yon lòt travay sipèb sou kopi-editing maniskri angle a. Pandan m t ap pwodui vèsyon kreyòl la, mwen te konte sou espètiz Serge Madhere pou rezoud pwoblèm tradiksyon ki te mande kreyativite yon sanba-entelektyèl-kreyolis.
Premye fwa mwen te li maniskri a an piblik, nan sezon prentan 2025 (yon ane anvan liv la te pibliye !), se te nan Little Crêpe Café nan zòn Boston (nan Kembridj) kote Jean Dany Joachim toujou ouvri bra li pou l akeyi nou nan open-mic lè vandredi. Se te yon onè pou mwen pou m li yon pati nan bwouyon mwen an nan lakou Jean Dany.
Gen senk ansyen—twa nan yo, kounye a, se zansèt—m ap di mèsi paske travay yo te ouvri wout pou travay pa m ki nan liv sa a : Noam Chomsky, ✝️Yves Dejean (Papa Yves), ✝️Ken Hale, Nirvah Jean-Jacques ak ✝️Flore Zephir.
Sa fè 2 ane n ap gade, an dirèk, krim k ap fèt nan Gaza. Òganizasyon dwa moun estime krim sa yo se jenosid. Se kontribisyon enstitisyon Ameriken, ki pre e ki lwen, ki alimante trajedi sa a. Youn nan bagay ki te ede m kenbe tèt mwen se rezistans anti-jenosid nan kole zepòl ak kanmarad ki gen kouraj—nan MIT Coalition for Palestine ak MIT Faculty and Staff for Palestine.
Mwen rekonesan pou sibvansyon « Diverse Voices » MIT Press ki te ede finanse travay sou liv sa a epi m remèsye Susan Buckley (editè nan depatman akizisyon MIT Press) ki te kwè nan pwojè sa a e ki te mete anpil espètiz, lanmou ak jantiyès nan gide liv la sou wout siksè.
Mèsi espesyal pou Scott Cooper, editè ki te ede m nan devlòpman liv la. Espètiz Scott te ede nan akouchman yon liv ki te nan vant manman pandan twò lontan—mwen pa ka pale pawòl sa a fò. Konvèzasyon nou yo te ede m sonje pou ki sa mouvman pou jistis sosyal (abolisyon, dekolonizasyon, dwa sivil, dwa fanm, aksyon afimatif, mouvman anti-apatèd, liberasyon Palestin, e latriye) pa fouti reyisi si pa gen « men anpil, chay pa lou ». Istwa ak politik kolaborasyon ant Scott ak mwen demontre pouvwa alyans pou liberasyon ke liv sa a ap chache ankouraje. Mèsi anpil, Scott !