Twou manti pa fon
—Pwovèb ayisyen
« Èske w vle di nou se rasis vre ? » Se reyaksyon kon sa mwen te konn jwenn pami kòlèg lengwis mwen yo lè mwen te kòmanse kritike « Doktrin sou lang kreyòl yo kòm lang apa » (egal : « Teyori eksepsyonalis sou lang kreyòl yo ») nan yon atik mwen te pibliye an 2003. Mwen te defini konsèp sa a kòm yon seri kwayans ki karakterize lang kreyòl yo kòm yon mòd pale ki se rezilta « pwosesis ki pa nòmal ». Atik sa a te prezante yon « ajannda pos-kolonyal pou kreyolis yo. »244
244Michel DeGraff, « Against Creole Exceptionalism », Language 79, # 2 (2003) : 391-410.Tounen nan tèks la
An jeneral, nou menm, lengwis, nou panse nou se yon gwoup ki trè pwogresis. Ki fè gen kòlèg ki te pran atik la kòm si se te yon atak pèsonèl kont yo. Yo te deja akize m kòm ki dirè travay mwen te deja ap « voye akizasyon rasis ».245 Lengwis Derek Bickerton te vini ak yon pawòl « lang san fanmi » ak « lang yo pi meprize nan lemonn » nan tit pwòp liv pa li sou lang kreyòl kèk ane apre ; men, li te gen ase odas pou l di atik 2003 mwen an te « chaje » ak prejije rasis ladan.246
245Mikael Parkvall, “Creolistics and the Quest for Creoleness : A Reply to Claire Lefebvre », Journal of Pidgin and Creole Languages 16, # 1 (2001) : 147–151, 150.Tounen nan tèks la
246Derek Bickerton, « Reconsidering Creole Exceptionalism », Language 80, # 4 (2004) : 828–833, 830 ; Derek Bickerton, Bastard Tongues : A Trailblazing Linguist Finds Clues to Our Common Humanity in the World's Lowliest Languages (New York : Hill and Wang, 2008).Tounen nan tèks la
Repons mwen sou akizasyon sa yo pa chanje : mwen pa janm rele okenn lengwis kontanporen « rasis » menm lè mwen demaske patipri yo te erite sòti nan tèks ki te pibliye nan epòk rasis kolonyal la. Se patipri sa yo ki konn antre nan ipotèz sou fòmasyon kreyòl la. Mwen te analize jan sèten ipotèz ak teyori kèk lengwis aksepte jodi a ede nan diskriminasyon sou lang, tankou nan kèk nan egzanp nou te analize nan chapit 3 a.
Travay mwen sou « lang kreyòl yo kòm lang apa » (egal : Eksepsyonalis Kreyòl ») ak sou orijin, rezon, istwa, defo ak teyori ki antre nan doktrin sa yo te vin mennen m nan yon itinerè manch long kote destinasyon an se dekolonizasyon ak liberasyon—pou tèt mwen, pou nasyon mwen an ak pou lòt ansyen koloni nan peyi Sid yo, espesyalman peyi kote lang ak edikasyon sèvi kòm zam pou dominasyon ak apovrisman.
Mwen te fèt epi mwen te grandi ann Ayiti. Mwen te kite Ayiti ann out 1982, apre m te pase dis nèf rekòt kafe. Mwen te pati pou m etidye syans enfòmatik pandan twaz an e demi nan City College of New York.247 Kòm etidyan, mwen te fè yon staj nan Bell Laboratories nan Murray Hill, New Jersey. Apre mwen te diplome nan City College, mwen te retounen al travay nan Bell Labs kòm enfòmatisyen k ap ede nan devlope lojisyèl pou lengwis ak syantis k ap fè rechèch sou Entelijans Atifisyèl (« En.A. »—oswa « A.I. » ann angle).
247Gen plizyè paj nan chapit sa a, sitou nan kòmansman chapit la, ki sòti nan entèvyou mwen te fè ak Don E. Walicek : « Creole Exceptionalism and Accidents of History : A Conversation with Michel DeGraff, Sargasso : Creolistics & Caribbean Languages (2004) : 1–34. Gen kote tèks la se kopi konfòm entèvyou a.Tounen nan tèks la
Nan premye pwojè m, mwen te ede pwograme lojisyèl pou òdinatè ka pwononse tèks nimerik, tankou atik nan New York Times, nan yon mòd pale ki sonnen tankou vwa moun. Mwen te travay sou lojisyèl ki te pwograme pou lang angle. Lojisyèl sa yo te ka rekonèt non pwòp ki sòti nan lang franse epi pwononse non sa yo kòrèkteman. Se lè sa a mwen te kòmanse reflechi sou fonksyonnman lang kòm yon objè etid syantifik epi mwen te vin reyalize kreyòl, lang natif natal mwen, se pa t yon mwatye lang ki domaje ; men, se yon lang ki nòmal nèt. Sa se te yon gwo dekouvèt pou mwen !
Se nan Bell Labs mwen te premye rankontre ak lengwis pwofesyonèl. Yo te enpresyone m anpil. Apre anviwon uit mwa nan Bell Labs, mwen te ale nan University of Pennsylvania (« UPenn ») kote mwen te pran sis ane pou m pran yon doktora. Mwen te ekri yon tèz sou orijin sentaks lang kreyòl. E poutan, mwen te enskri ofisyèlman e m te suiv kou nan Depatman Enfòmatik. Nan karyè m apre doktora a, mwen te toujou kontinye fè etid ak rechèch ki kwaze plizyè disiplin.
Pandan m te nan pwogram doktora a, se nan yon seminè sou « Pidjin ak kreyòl » mwen te premye evalye divès teyori sou fòmasyon lang kreyòl yo. Se lè sa a mwen te kòmanse fè rechèch sou pwòp lang pa mwen. Se kon sa mwen vin kontinye kesyone teyori rasis mwen te absòbe sou kreyòl Ayiti a depi nan anfans mwen. Nan UPenn, mwen pa te janm pran yon sèl kou ni nan teyori sosyal ni filozofi lasyans. Lè m t ap travay sou tèz la, mwen pa te janm pran san m pou m kesyone doktrin ki nan fondasyon etid sou lang kreyòl yo. Nan tèz la ansanm ak pifò nan premye piblikasyon akademik mwen yo, mwen te aksepte doktrin konvansyonèl ki te pi popilè sou lang kreyòl yo. Mwen te kwè nan levanjil sa a malgre mwen te metrize bon jan done, tankou done sou mòfoloji kreyòl, ki te demanti, kòm sa dwa, doktrin ki di lang kreyòl yo se lang apa. (Nan lengwistik, mòfoloji se etid mo ak mòso mo, sou fason mo yo fòme e sou fason mo yo an rapò youn ak lòt nan yon lang.)
Se sèlman nan fen ane 1990 yo m te kòmanse sèvi ak done sa yo ki te, vreman vre, sou pwent lang mwen e ki te demanti sèten ipotèz ki te chaje ak kokenn chenn erè—sitou lide kòm ki dirè lang kreyòl yo se lang ki senp nèt e ki gen chapant ki pi rachitik pase tout lòt lang akòz ipotèz ki di yo sòti nan lang pidjin. « Pidjin » se etikèt anpil lengwis bay sèten mòd pale ki senplifye nèt e ki devlope, an jeneral, lè 2 gwoup moun oswa plis ki pale lang diferan bezwen kreye yon sistèm kominikasyon brid sou kou paske yo pa gen okenn lang ki pèmèt yo tout pale youn ak lòt.248
248Dingxu Shi, « On the Etymology of Pidgin », Journal of Pidgin and Creole Languages 7, # 2 (1992) : 343–347.Tounen nan tèks la
Pandan m t ap fè rechèch mwen nan lengwistik, kèk nan chenn mantal mwen te pran an ba bouch gran moun ak sou ban lekòl te kòmanse kase. Mwen pa t ka bliye se depi nan jaden d anfan sistèm lekòl la te entèdi m pale kreyòl natif natal mwen. Rechèch mwen te pouse m mande ki kalite lengwis ki te ka janm kwè yon seri lide dwòl nou te ka demanti fasil kon sa. Nenpòt ki bon diksyonè lang kreyòl oswa done ki sòti nan entwospeksyon pèsonèl yon moun ki pale kreyòl (yon « kreyolofòn ») natif natal ta demanti ipotèz sa yo.
Mwen te rive rekonèt mwen te sou yon wout ki long pou m te libere tèt mwen sòti an ba chenn mantal, yon wout ki te kòmanse nan moman dekouvèt sa a nan Bell Labs. Se depi lè sa a m ap fè rechèch sou wòl lang nan sosyete, jan nou pèsevwa, jan nou konnen sa nou panse nou konnen (« epistemoloji ») e jan konpreyansyon nou fòme nan moul biyografi pèsonèl nou ansanm ak chapant pouvwa ki antoure nou chak. Nan ka pa m, chapant sa yo gen peyi d Ayiti ladan kòm yon ansyen koloni kote lang ak edikasyon sèvi pou bloke majorite nan popilasyon an (« pèp souvren » nan liv Jean Casimir249) e pou anpeche yo antre nan wout ki mennen nan pwodiksyon konesans ak pouvwa.
249Casimir, The Haitians, xix.Tounen nan tèks la
Pou m te ka demistifye doktrin kote lang kreyòl yo se lang apa (« Eksepsyonalis Kreyòl »), mwen te oblije detere rasin syans lengwistik nan antrepriz kolonyal rasis e jan yerachi pouvwa depi nan kòmansman etid kreyòl kòm disiplin akademik te enfliyanse lide kreyolis yo sou lang kreyòl yo. Se kon sa mwen te chache idantifye ki lè e ki jan prejije nan preskripsyon sa yo te vin simaye kòm si yo se deskripsyon syantifik.
An reyalite, itinerè mwen te suiv pou m idantifye teyori eksepsyonalis sou lang kreyòl yo (« Eksepsyonalis Kreyòl ») te kòmanse anvan etid inivèsitè m yo. Men, sa se yon koze mwen te vin reyalize ann apre. Mwen ka di dekouvèt sa a, nan kèk fason, se tankou yon aksidan nan istwa pèsonèl mwen. E poutan, gen aspè nan istwa sa a nou jwenn nan tout Ayisyen. Sa ka ede esplike teyori ak ipotèz ki kache an ba levanjil Eksepsyonalis Kreyòl ki mete kreyòl yo nan yon kategori lang apa.
Lè m te ti moun ann Ayiti, mwen te viv konsekans prejije malouk kont kreyòl natif natal mwen—yon lang anpil Ayisyen ki pase lekòl toujou konsidere kòm « koripsyon franse ». Mwen menm, mwen te kwè mwen te pale « yon lang e demi ». Se kreyòl ki te yon mwatye lang epi se franse—lang prestij la, lang otorite yo, lang lekòl la—ki te lang konplè a, malgre mwen pa t pale franse nan menm nivo konpetans ak kreyòl. Kòm doktoran, lè mwen te eseye rekonsilye opinyon ak esperyans mwen kòm ti moun ak etid lengwistik mwen yo, se kon sa, ti pa ti pa, mwen te kòmanse idantifye varyab ki nan ekwasyon « Teyori eksepsyonalis sou lang kreyòl yo ».
Pafwa, 2 seri lide sa yo—ki sòti nan esperyans ti moun mwen ak nan lengwistik—t ap twoke kòn nan tèt mwen, tankou lè m t ap etidye Teyori Jenerativis. Teyori lengwistik sa a te sipoze ke baz fondamantal lang moun pale chita sou yon seri règ ki nan kòd jenetik e ki pa ka chanje kèl ke swa ki kote moun lan sòti e ki lang li pale. Règ sa yo se « Gramè inivèsèl » la. Sanble teyori sa a pa kite pyès plas pou okenn lang ki « eksepsyonèl » malgre gen kreyolis k ap plede ensiste lang kreyòl yo sòti nan yon « transmisyon ki kase » yon fason ki pa nòmal e ki katastwofik.250
250Sarah Gray Thomason ak Terrence Kaufman, Language Contact, Creolization, and Genetic Linguistics (Berkeley : University of California Press, 1998), paj 49 ak plizyè lòt.Tounen nan tèks la
Tèz doktora mwen ansanm ak kèk atik mwen pibliye ann apre te sèlman kòmanse montre rezolisyon paradòks sa a. Pandan m t ap ekri tèz mwen, mwen te byen lwen kwayans mwen te genyen sou kreyòl la kòm « franse domaje » ak « mwatye lang » ; men, mwen pa t twò lwen doktrin ki dekrete gen yon blokaj ki pa nòmal nan fòmasyon lang kreyòl yo. Se sèlman nan kòmansman ane 2000 yo mwen te vin kòmanse wè koneksyon sere ki genyen ant kwayans mwen te genyen kòm ti moun sou kreyòl ak doktrin lengwistik la. Se nan itinerè dekouvèt sa yo m vin rekonèt levanjil Eksepsyonalis Kreyòl la kòm yon vèsyon modèn doktrin rasis ki parèt syantifik ansanm ak fason lengwistik, li menm, te vin sèvi kòm yon zam pou dominasyon nan men kèk save.
Itinerè ki te mennen m rive nan kritik « Teyori ki mete lang kreyòl yo kòm yon kategori apa » (egal : « Eksepsyonalis Kreyòl »)
Ferdinand de Saussure (1857–1913) se yon lengwis suis yo konsidere kòm youn nan fondatè lengwistik nan ventyèm syèk la. Li te remake, pami tout fenomèn, se lang ki toujou ankouraje « pi plis nosyon ki tèt an ba, pi plis prejije, pi plis ilizyon ak pi plis lejann ». Selon Saussure, « premye misyon » lengwis yo se « denonse [epi] elimine pifò nan [nosyon sa yo] ».251
251Ferdinand de Saussure, Course in General Linguistics, trad. Roy Harris (LaSalle, IL : Open Court), 1998. Premye edisyon an te pibliye an franse ak tit Cours de linguistique générale, 1916.Tounen nan tèks la
Pandan m te kòmanse idantifye « Teyori eksepsyonalis sou lang kreyòl yo » (« Eksepsyonalis Kreyòl »), mwen te vin pi enterese nan relasyon ki egziste ant, sou yon bò, devlòpman ak chapant sosyete kolonyal ak pos-kolonyal yo ak, sou yon lòt bò, fason kreyolis yo te defòme reprezantasyon lang kreyòl yo. Mwen te enterese tou nan reyalite devlòpman ak chapant lang sa yo kòm objè rechèch syantifik ak pwodiksyon konesans. Enben, se kon sa mwen te vin oblije gade analiz Fanon, Foucault, Said ak Bourdieu paske yo tout te egzamine, ak anpil atansyon, relasyon ki genyen ant pouvwa ak konesans—yo te analize relasyon ant pozisyon nou nan divès nivo yerachi sosyal ak fason nou konprann epi reprezante monn lan.252
252Frantz Fanon, Peau noire ; Fanon, L'an V de la révolution al…
Frantz Fanon, Peau noire ; Fanon, L'an V de la révolution algérienne, Paris : Maspero, 1959 ; Fanon, Les damnés de la terre ; Michel Foucault, Les mots et les choses : Une archéologie des sciences humaines (Paris : Gallimard, 1966) ; Foucault, L'Archéologie du savoir (Paris : Gallimard, 1969) ; Foucault, L'Ordre du Discours. Leçon inaugurale au collège de France prononcée le 2 décembre 1970 (Paris : Gallimard), 1971 ; Foucault, Power/Knowledge : Selected Interviews and Other Writings, 1972–1977, ed. ak trad. Colin Gordon et al. (New York : Pantheon, 1980) ; Edward Saïd, Orientalism (New York : Vintage, 1979) ; Pierre Bourdieu, Le sens pratique (Paris : Minuit, 1990) ; Bourdieu, Ce que parler veut dire : L'économie des échanges linguistiques (Paris : Fayard, 1982) ; Bourdieu ak Loïc JD Wacquant. An Invitation to Reflexive Sociology (Chicago : University of Chicago Press, 1992).Tounen nan tèks la
Epi mwen te vin gen dout tou sou definisyon lang kreyòl yo kòm yon kategori apa. Nan yon atik mwen te pibliye an 2003, mwen te sèvi ak yon « definisyon sosyo-istorik ki sòti an deyò domenn chapant lang sa yo » pou m defini etikèt « kreyòl » la.253 Vreman vre, mwen konsidere lang kreyòl yo kòm mòd pale ki devlope nan yon kontèks kote plizyè lang ap fwote dri dri youn ak lòt. Sa se sitiyasyon tipik nan koloni ewopeyen yo, kòmanse nan kenzyèm syèk la. Toujou gen anpil diskisyon sou kesyon èske lang kreyòl yo se yon kategori lang apa (yon kategori « lang eksepsyonèl ») kòm « lang ki pa nòmal »254 oswa kòm « lang ki pi senp pase tout lòt »255. Men, mwen menm, mwen pa kwè gen okenn kritè estriktirèl lengwistik (egal : kritè ki depann de chapant lang kreyòl yo) ki ka mete lang kreyòl yo nan yon kategori apa. Se kon sa, pou mwen, « kreyòl » se yon etikèt pou sèten mòd pale ki te devlope nan sitiyasyon kontak kote sèten gwoup t ap kominike youn ak lòt nan kontèks antrepriz kolonyal mondyal la.
253DeGraff, « Kont eksepsyonèl kreyòl », 391.Tounen nan tèks la
254Albert Valdman, Le créole : Structure, statut et origine (Pa…
Albert Valdman, Le créole : Structure, statut et origine (Paris : Klincksieck, 1978), 345f ; Valdman, « Aspects de l'enseignement du créole comme langue étrangère et langue seconde », Études Créoles 15, # 2 (1992) : 81 ; Derek Bickerton, Language and Species (Chicago : University of Chicago Press, 1990), 171 ; Bickerton, Language and Human Behavior (Seattle : University of Washington Press, 1995), 37 ; Bickerton, « Catastrophic Evolution : The Case for a Single Step from Protolanguage to Full Human Language » nan Approaches to the Evolution of Language : Social and Cognitive Bases, ed. James Hurford et al. (Cambridge, UK : Cambridge University Press, 1998), 354 ; Thomason and Kaufman, Language Contact, Creolization, and Genetic Linguistics, 8–12, 206 ; John McWhorter, « Identifying the Creole Prototype », 1998, 793, 798–799, 809–812.Tounen nan tèks la
255Derek Bickerton, « The Language Bioprogram Hypothesis », Beh…
Derek Bickerton, « The Language Bioprogram Hypothesis », Behavioral and Brain Sciences 7, # 2 (1984) : 173–188 ; McWhorter, « Identifying the Creole Prototype » ; McWhorter, « The World's Simplest Grammars are Creole Grammars », Linguistic Typology ; Poyen-Bellisle, Les sons et les formes du créole dans les Antilles (Baltimore, John Murphy Co., 1894), 13ff ; Keith Whinnom, « Linguistic Hybridization and the ‘Special Case’ of Pidgins and Creoles » nan Pidginization and Creolization of Languages, ed. Valdman, Le créole ; Valdman, « Aspects » ; Pieter Seuren ak Herman Wekker, « Semantic Transparency as a Factor in Creole Genesis » nan Substrata versus Universals in Creole Genesis, ed. Pieter Muysken ak Norval Smith (Amsterdam : John Benjamins), 1986, 61 ; Pieter Seuren, Western Linguistics : An Historical Introduction (Oxford, UK : Blackwell, 1998), 292–293.Tounen nan tèks la
Fòk nou pa bliye te gen yon peryòd lè etikèt « kreyòl » la te sèvi pou idantifye ni moun ki nan esklavaj, ni moun ki te lib depi yo te fèt nan koloni ewopeyen yo kit se sou kontinan Afrik, kit se nan zòn Karayib la. Ki donk, mo a te sèvi pou diferansye kaptif « kreyòl » sa yo an konparezon ak sila yo ki te fèt lib an deyò koloni an epi yo te mennen yo, ann apre, kòm kaptif nan koloni a. Se kon sa tou yo te diferansye « blan kreyòl » ak blan ki te fèt ann Ewòp. E latriye... Ann Afrik de Lwès, depi nan di setyèm syèk, se « kreyòl » yo te konn rele pitit ki fèt nan relasyon ant kolon ewopeyen ak fi afriken nan lokalite a.256 Ann apre oswa nan menm moman an, mo « kreyòl » la te sèvi kòm etikèt pou mòd pale pami moun « kreyòl » yo.
256Jürgen Lang, « Pg. crioulo, esp. criollo et fr. créole en tant que termes désignant des langues : les premiers témoignages de l'Ouest africain », Creolica, 27 out 2007, http://www.creolica.net/article-63.html ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Ki donk, nan orijin li, mo « kreyòl » la te premye parèt san pa te gen okenn trè lengwistik spesifik ki te oblije idantifye chapant lang kreyòl yo. Te gen moun yo te rele « kreyòl » tou senpleman akòz kote yo te fèt ansanm ak istwa fanmi yo ; se kon sa tou yo te rele mòd pale moun sa yo « kreyòl »—kòm se « kreyòl » moun sa yo te rele. Lè sa a, pa t gen save ki te deklare mòd pale « kreyòl » te gen yon chapant ki eksepsyonèl e ki dwe toujou kenbe tout tan tou patou nan tout lang kreyòl. An reyalite, pa gen okenn gwoupman lang « kreyòl », kèl ke swa kritè nou chwazi, ki ka ban nou okenn aksè privilejye pou nou konprann ki jan lang fonksyone nan lespri moun. « Kreyòl » se yon etikèt yo te enpoze sou sèten lang e ki pa gen anyen pou wè ak chapant lang sa yo.
An tou ka, nou ka konsidere lang kreyòl yo—sitou lang kreyòl nan zòn Karayib la—kòm yon gwoup lang ki pataje sèten trè istorik ak yon anviwonnman sosyal kote sèten faktè jeyo-politik sanble youn ak lòt.
Gwo kesyon : Ki jan lang kreyòl yo te vin egziste ?
Ki orijin nou kòm espès Omo Sapyen ? Sanble kesyon sa a grave nan ADN nou—nan kod jenetik nou. Enben, se ka kon sa tou chak disiplin akademik gen menm obsesyon sa a pou yo fouye zo nan kalalou kesyon orijin lan. Kanta lang kreyòl yo menm, se kesyon lengwis yo konsènan jenèz lang sa yo ki sanble ki ka ede pi plis nan montre erè ak prejije ki nan Eksepsyonalis Kreyòl. Ki kalite pwosesis, nan lespri moun ak nan sosyete a, ki responsab fòmasyon lang kreyòl yo. Resanblans nou jwenn, nan nivo istorik ak sosyal, pami divès lang kreyòl yo ka ede nou konprann pou ki sa lide ki ta fè kwè lang sa yo se yon kategori eksepsyonèl (egal : se lang apa) te vin tèlman popilè pami lengwis yo.
Levanjil eksepsyonalis sa a kòmanse nan prejije rasis konsènan pwofil kognitif moun ki pa ewopeyen e ki swadizan primitif. Se nan kontak ant moun sa yo ak kolon ewopeyen yo lang kreyòl yo te premye parèt. Se prejije sa a ki te nan nannan pwojè gwojemoni pou fòse moun ki pa ewopeyen e ki, selon blan yo, pa fin moun nèt travay gratis nan plantasyon kolonyal ki t ap anrichi metwopòl Ewòp yo.
Lè n ap gade lide lengwis yo sou kreyasyon lang, sitou lide sa yo ki te sèvi pou fè pwomosyon Eksepsyonalis Kreyòl la, nou dwe analize lide sa yo nan kontèks ipotèz ak doktrin. Yon ipotèz—yon esplikasyon ki chita sou done preliminè—sa sèvi kòm yon pwen depa pou pi plis rechèch ki pral chache jwenn pi plis done. Yon doktrin se « yon prensip oswa yon seri prensip yon otorite ekri ki dwe pase kòm yon verite san di petèt—egal : yon verite nou pa dwe doute ditou pyès »257 menm si pa gen okenn done ki konfime doktrin lan.
257Nature Immunology, « Dogmas, Paradigms and Proving Hypotheses », Editoryal. Nature Immunology 11 (2010) : 455Tounen nan tèks la
Selon astwonòm Ernst J. Öpik, doktrin yo kreye « prejije ki rann avèg » e ki « an deyò lasyans », ki lakòz « patizan li yo sèvi ak move sitasyon oswa yo defòme reprezantasyon done ki pi klè yo ». Moun ki kwè nan doktrin lan p ap menm « kesyone validite » prensip yo.258
258Ernst J. Öpik, « About Dogma in Science, and Other Recollections of an Astronomer », Annual Review of Astronomy and Astrophysics 15, # 1 (1977) : 1–18, 1.Tounen nan tèks la
Sa difisil pou n separe ipotèz ak doktrin nan travay lengwis k ap defann Eksepsyonalis Kreyòl e ki sanble yo pa enterese nan done. Lengwis sa yo pran ipotèz pa yo kòm verite san di petèt epi sanble yo triye done yo pou yo analize sèl done sa yo ki mache ak prediksyon yo toujou rive konfime paske yo kwè ladan depi an patan.
Pifò liv entwodiksyon lengwistik montre kreyòl yo kòm lang ki fèk fèt, lang ki pi jèn pami sila yo lengwis yo ka analize. Si se te vre, se ta nòmal pou nou menm, kreyolis, nou ta sèvi ak lang kreyòl yo pou n dekouvri ki jan nouvo lang vin parèt ant yon jenerasyon ak yon lòt. Èske sa pa ta mete pi bon done nan dyakout pa nou pase pa lòt lengwis pou n mennen ankèt sou pwosesis ki responsab jenèz lang ak chanjman lang menm nan kòmansman istwa moun sa fè 300 000 ane ? Si lang kreyòl yo se lang ki « pi jèn » (e menm lang ki pi « ti bebe ») nan lemonn, èske yo pa ta pi bon echantiyon lang pou ede nou konprann ki jan premye lang yo kòmanse ? Lang « nòmal » ki pi ansyen pase kreyòl, tankou franse, gen tan chanje anpil depi lè yo te premye parèt. Ki fè sa dwe difisil pou nou dekouvri istwa orijin yo.259 An reyalite, tout lang evolye selon menm prensip fondamantal yo.
259Michel DeGraff, « Linguists’ Most Dangerous Myth : The Fallacy of Creole Exceptionalism », Language in Society 34, # 4 (2005) : 533–591, 558–563.Tounen nan tèks la
August Schleicher (1821–1868), yon lengwis alman, se petèt premye moun ki te aplike mòd teyori evolisyon Darwin yo nan kontèks lengwistik istorik. Nou dwe analize lide li yo tou. Li te devlope « teyori pyebwa jeneyalojik » sou chanjman lang. Se yon konsèp yo souvan anseye nan klas entwodiksyon nan lengwistik. Teyori sa a sipoze chanjman son nan lang yo fèt yon fason ki regilye e ke lengwis yo ka rekonèt. Idantifikasyon chanjman sa yo ka sèvi pou idantifye relasyon « jenetik » ki lakòz resanblans pami lang ki nan menm « fanmi » an, tankou pami lang womàn ak lang jèmanik. Teyori Schleicher sa a ka parèt rezonab jis nou reyalize « istwa revòltan »260 ki nan rasin li—yon istwa yo pa souvan esplike etidyan lengwistik.
260Anne Charity Hudley, Christine Mallinson ak Mary Bucholtz, « Toward Racial Justice in Linguistics : Interdisciplinary Insights into Theorizing Race in the Discipline and Diversifying the Profession », Language 96, # 4 (2020) : e200–235, e213.Tounen nan tèks la
Schleicher te deklare sa klè : objektif teyori lengwistik pa li a se te mezire « karakteristik nou ka wè nan divès gwoup moun ki nan diferan degre mounite » li te klase sòti nan primitif rive nan avanse. Li te evalye Chinwa kòm « primitif », pa egzanp. Pami lang li te mete nan kategori lang avanse yo gen lang Endo-Ewopeyen, tankou laten, ladan yo—pa gen sipriz nan sa.261
261August Schleicher, « On the Significance of Language for the Natural History of Man » (1865) nan Linguistics and Evolutionary Theory : Three Essays, ed. ak trans. J. Peter Maher (Amsterdam : John Benjamins, 1983), 79–80.Tounen nan tèks la
Selon doktrin Eksepsyonalis Kreyòl, lang kreyòl yo se lang lengwis yo konsidere kòm « jèn » e « primitif » an konparezon ak lang yo konsidere kòm « ansyen » e « avanse » tankou lang ewopeyen yo. Men, èske lang kreyòl yo se lang ki « tou nèf » vreman vre ? Èske lang kreyòl yo se « bebe » lang vreman pami tout lang yo pale sou latè ? Oswa èske tout lide eksepsyonalis sa yo se jis yon vèsyon modèn rasis syantifik ki la depi nan epòk kolonyal la ? Nan epòk sa a, lide rasis sa yo te parèt nòmal kòm si se te lasyans tout bon ?
Levanjil ki preche pawòl ki di lang kreyòl yo se tankou « yon lang ki ti moun pou yon ras ki ti moun » sòti lwen nan istwa etid sou lang kreyòl yo.262 Alfred de Saint-Quentin te bay kout lang sou kreyòl Giyàn kòm « yon pwodui entelektyèl tou kri, yon pwodui ki pa gen okenn kilti entelektyèl ladan » e ki sèlman mande « ti jefò tou piti pami moun ki gen ti entelijans tou piti lakay yo ». Li te pran nayivte kòm yon « trè lang ki fèk ap parèt ».263 Opinyon sa yo te byen chita nan kad rasis syantifik filozòf tankou Hegel (sonje chapit 2) ki te rele Lafrik « yon peyi ki ti moun . . . ki pa ko gen ase matirite pou l antre nan kategori nasyon ki konsyan yo gen istwa pa yo tou ».264 Lide sa yo te sèvi dirèk dirèk kòm pretèks pou esklavaj. Se menm lide sa a ki te nan tèt Aristòt lè l te ekri « se lanati menm ki te kreye Afriken yo pou yo vin esklav ».265 Ki donk, kaptif yo ta dwe di kolon blan yo mèsi pou pwofi yo t ap tire nan sistèm esklavaj la !266
263Saint-Quentin, Introduction, 40f, 169.Tounen nan tèks la
264Hegel, Philosophy of History, 91.Tounen nan tèks la
265Aristotle, Politics, trad. H. Rackham. Loeb Classical Library 264. Cambridge, MA : Harvard University Press, 1932, I :3, 1254a15–16.Tounen nan tèks la
266David Brion Davis, The Problem of Slavery in Western Culture, 2yèm ed. (New York : Oxford University Press, 1988), 175, 392.Tounen nan tèks la
262Sa sòti nan tit yon tèz an 1902 ; sitasyon an nan : John E.…
Sa sòti nan tit yon tèz an 1902 ; sitasyon an nan : John E. Reinecke, « William Greenfield, a Neglected Pioneer Creolist » nan Studies in Caribbean Language, ed. Lawrence D. Carrington, Dennis R. Craig ak Ramon Todd-Dandoré (St. Augustine : Society for Caribbean Linguistics, 1983). Gade tou Lucien Adam, Les idiomes négro-aryen et maléo-aryen : Essai d'hybridologie linguistique (Paris : Maisonneuve, 1883 ; René de Poyen-Bellisle, Les sons et les formes ; Saint-Quentin, Introduction ).Tounen nan tèks la
Ata nou menm ann Ayiti konsidere lang kreyòl yo kòm lang « ki ti moun » e ki pa gen chapant sofistike sa yo nou jwenn nan lang ki « avanse » tankou franse. Menm gen kèk pwofesè kreyòl ak entelektyèl ayisyen ki panse kreyòl pa ko pare pou esprime konsèp syantifik paske otorite lengwistik yo pa ko ba li vokabilè syantifik. Se kòm si lengwis yo te ka kreye vokabilè sa a anvan lang lan sèvi pami syantis, enjenyè e latriye. Pawòl sa a kontredi pratik kouran kote vokabilè teknik parèt pami moun k ap travay oswa k ap fè rechèch nan domenn pa yo.
Prejije sa yo ki di kreyòl yo se lang « ki ti moun » reflete opinyon kòm ki dirè gen faktè kognitif entèn oswa faktè sosyal ekstèn ki te fè Afriken nan koloni nan zòn Karayib la pa ta ka metrize chapant lang ewopeyen ke yo t ap tande nan sosyete kolonyal yo. Lengwis sa yo k ap defann Eksepsyonalis Kreyòl deklare Afriken sa yo ak pitit yo nan zòn Karayib la te oblije kreye swa lang ki nouvo nèt e ki gen chapant ki pi senp lan, swa lang kote mo yo sonnen kòm si se mo lang ewopeyen malgre chapant lan sòti dirèk dirèk nan lang natif natal Afriken yo.
Ipotèz eksepsyonalis « nouvo nèt » la se Derek Bickerton ki te prezante l ak anpil fraka an 1984. Li te deklare inovasyon nan chapant lang kreyòl yo « se te envansyon premye jenerasyon ti moun ki t ap benyen nan lang pidjin kòm sous done lengwistik yo—chapant sa a pa te sòti nan okenn lang ki te deja egziste ».267
267Bickerton, « Language Bioprogram Hypothesis » 173, se mwen ki ajoute anfaz la.Tounen nan tèks la
Senaryo sa a diferan nèt an konparezon ak sa nou konnen sou transmisyon lang nan kad aprantisaj lang kote aprenan yo devlope, nan lespri yo, yon apwoksimasyon chapant lang sib la—yon lang ki deja egziste. Selon Bickerton, nan kontèks fòmasyon lang kreyòl yo, ti moun yo pa te nan sitiyasyon kote yo te ka aprann okenn lang ki te deja egziste e ki te deja fin devlope nèt ; men, yo te patisipe nan yon pwosesis eksepsyonèl kote yo te envante vokabilè ak nouvo gramè pou nouvo lang kreyòl la, prèske san okenn done lengwistik solid nan anviwonnman yo. Li kwè, nou menm kòm moun, nou fèt ak yon kapasite natirèl pou nou kreye lang—yon « biyo-pwogram pou lang » (egal : yon lojisyèl ki pwograme nan biyoloji nou pou nou kreye lang). Epi se biyo-pwogram sa a ki te ede premye moun ki te kòmanse pale kreyòl yo ranmase kèk ti myèt nan yon lang pidjin kòm materyo pou yo kreye yon lang ki nouvo nèt—yon kreyòl.
Ipotèz Bickerton lan, ki te vin popilè depi an lagan, pa esplike pou ki sa lang kreyòl nan zòn Karayib la gen anpil etimoloji ansanm ak règ gramè ki sòti nan lang ewopeyen oswa lang afriken malgre kreyòl sa yo se lang ki « tou nèf » nan ipotèz la e pou ki sa gramè diferan lang kreyòl yo diferan youn de lòt alòs ke yo tout se ta rezilta biyo-pwogram lan.
Dezyèm ipotèz nan doktrin Eksepsyonalis Kreyòl chita sou sa lengwis yo rele « Ipotèz Sibstra ». Mo « sibstra » a nan kontèks lengwistik istorik vle di gen yon lang oswa yon gwoup lang ki fòme yon kouch lengwistik ki te la depi lontan nan yon zòn (lang « endijèn » yo) epi lang sa yo te jwe yon wòl kle nan fòmasyon nouvo varyete lang ki vin fòme nan kontèks kontak ant lang endijèn sa yo ak lòt lang ki fèk ap rantre nan zòn lan. Lang ansyen pèp sèltik ke yo te rekonèt kòm Golwa se yon egzanp anpil moun konnen. Apre teritwa yo (yon pati nan Lafrans modèn) te vin tonbe an ba okipasyon lame women Jil Seza a, Golwa yo te wè avantaj lè yo pale lang laten konkeran women yo epi yo te vin adopte l apre yon tan. Lang golwa natif natal yo (« sibstra » a) te enfliyanse fòmasyon varyete laten yo te pale pami Golwa yo epi varyete laten sa yo te vin evolye jis yo vin tounen franse nou konnen jodi a. Lang golwa a, li menm, vin disparèt ; se sèlman kèk mo ak kèk non vil ak lòt lokalite ki rete ladan.268
268Xavier Delamarre, Dictionnaire de la langue gauloise : Une approche linguistique du vieux-celtique continental (Paris : Errance, 2003).Tounen nan tèks la
Lè n aplike Ipotèz Sibstra nan fòmasyon lang kreyòl Ayiti a, sekans lan vin baskile. Nan Karayib kolonyal la, se kaptif afriken yo—ke kolon yo te « konkeri » epi mennen ann Ayiti—ki vin kreye kreyòl kòm yon lang kote fonetik mo yo sòti nan franse. Men, chapant lan sòti nan lang natif natal kaptif afriken yo (ki vin bay plizyè kouch « sibstra » nan pati ki an ba yerachi sosyal kolonyal la). Lang sibstra Golwa yo te « lokal » nan tout dimansyon. Men, nan epòk fòmasyon kreyòl la, sibstra lang afriken yo nan zòn Karayib la te vin tounen lokal, sou plan jeyografi, pou moun yo te bwote vini nan Karayib la.
Robert Chaudenson (1937–2020) se ansyen prezidan Komite Entènasyonal Etid Kreyòl. Se li ki te fòmile ipotèz kote kreyòl sa yo ki pran nesans nan koloni Lafrans (« kreyòl franse ») sòti nan « fason kolonize yo te pran yon kòyne franse brid sou kou epi yo adapte l e yo adopte l pou kont yo, san okenn gid, selon pwòp estrateji aprantisaj pa yo »269 (yon kòyne se yon mòd pale pami divès gwoup moun ki gen pwòp varyete natif natal pa yo epi chak varyete yon ti jan diferan menm lè youn ka konprann lòt). Chaudenson te kwè kaptif afriken yo pa te rive aprann lang ewopeyen yo nèt epi se kon sa lang kreyòl yo te pran nesans. Nan « Ipotèz Sipèstra » (kote « Sipèstra » se lang ewopeyen yo epi se yo ki gide fòmasyon lang kreyòl yo), lang kreyòl yo se tankou kopi gwosomodo—« apwoksimasyon apwoksimasyon »—lang ewopeyen ki te pale nan koloni yo.
269Chaudenson, La créolisation : théorie, applications, implications (Paris : L'Harmattan, 2003), 448.Tounen nan tèks la
Ipotèz Sipèstra a chita sou resanblans enpòtan ki egziste ant lang ewopeyen yo ak kreyòl yo pale nan zòn Karayib la ak nan Oseyan Endyen. Chaudenson te panse moun sa yo ki te kreye lang kreyòl yo te pran lang ewopeyen yo t ap aprann yo epi yo chanje yo yon ti kras selon tandans ki te deja prezan nan lang ewopeyen an. Nan ka Ayiti ak lòt koloni Lafrans, se kòm si fòmasyon lang kreyòl sa yo te jis pote yon chanjman nan franse epi yo mennen l nan yon etap devlòpman ki pi « avanse ».
Ipotèz Sipèstra a gen gwo limit ladan. Malgre gen anpil aspè nan chapant lang kreyòl la ki yon jan suiv chapant franse e ki byen mache ak ipotèz la, gen lòt aspè ki montre enfliyans lang afriken yo klè tou e ki pa gen okenn tokay nan varyete franse ki te sèvi kòm sipèstra nan fòmasyon lang lan. Egzanp : Gen paralèl solid ant kreyòl ayisyen ak lang Afrik Lwès, sitou lang gbe yo pale ant zòn lwès Nijerya ak zòn lès Gana ann Afrik.
Tout bagay sa yo ranfòse ipotèz pa mwen an ki apiye lide ki di se nan baz analiz jenèz lang kreyòl yo nou ka dekouvri Eksepsyonalis Kreyòl e nou ka konprann sa ki fè l pèsiste kon sa. An 2005, mwen te esplike pou ki sa e ki jan anpil moun—pami yo, sèten lengwis tou—panse lang kreyòl yo se lang ki pa nòmal e ki byen diferan de lòt lang. Mwen te rasanble kwayans sa yo an ba etikèt « Eksepsyonalis Kreyòl ». Kwayans sa yo sou lang kreyòl—tankou lide ke yo se dezavantaj sou plan kognitif, entelijans, akademik e latriye270—sa lakòz yo vin anpeche lang kreyòl yo sèvi nan lekòl epi sa fè l vin pi difisil pou moun ki pale kreyòl sèlman reyisi nan lavi.
270DeGraff, « Linguists’ Most Dangerous Myth », 533Tounen nan tèks la
Pèsistans doktrin rasis yo
Eksepsyonalis Kreyòl la se yon may nan chenn diskou kolonyal ki konekte « pwoblèm » esklavaj nan zòn Amerik la ak prejije rasis nan lasyans—« rasis syantifik »—ann Ewòp ki te vle fè kwè « ras enferyè » pa ka aprann lang ras siperyè.271 Piblikasyon nan epòk kolonyal la te chaje ak kwayans rasis sou lang kreyòl yo. An 1894, René de Poyen-Bellisle te panse lang kreyòl yo egziste paske yo te fòse Afriken, kòm moun ki « primitif » e « enferyè », antre an kominikasyon ak yon sivilizasyon ki pi « avanse » e ki pale lang siperyè ki te deja gen tan evolye. Nan analiz li, Afriken yo pa t ka aprann lang sivilize a paske ras yo te gen ògàn vokal ak bouch ki pa menm ak pa ras siperyè a. Kèl ke swa jan yo te eseye imite blan yo, Afriken yo te sèlman rive « defòme » lang siperyè a.272
271Vinson, « Creoles ».Tounen nan tèks la
272de Poyen-Bellisle, Les sons et les formes, 13ff.Tounen nan tèks la
Rasis syantifik nan Misyon Sivilizatris Ewopeyen yo depi nan kenzyèm syèk la, se sa ki rasin kwayans sa yo ki nan Eksepsyonalis Kreyòl la. Nou te deja gade doktrin transmisyon anòmal la. Yon lòt tit pou li se tranzisyon sòti nan pidjin rive nan kreyòl. Se la nou jwenn « Biyo-pwogram pou lang » Bickerton lan ki te enspire « Pwototip Kreyòl » nan travay John McWhorter. Pwototip sa a an rapò dirèk ak kwayans ki di lang kreyòl yo se tankou yon « Ursprachen » oswa « fosil lengwistik ki vivan ». « Ursprachen » (egal : lang premye zansèt yo) se yon lang nou imajine selon ipotèz syantifik ki ka ede nou konprann orijin ak istwa yon lang oswa yon fanmi lang. Egzanp, lang « Proto-Jermanik » se ta yon lang ansestral pou fanmi lang jèmanik kontanporen. Nan Eksepsyonalis Kreyòl la, kwayans Ursprachen sa a pran pidjin kòm pwotolang epi fòmasyon lang kreyòl yo se tankou yon demonstrasyon sou jan premye lang primitif yo te sòti nan pwotolang pandan limanite t ap premye parèt. Sonje se jounal Newsweek, an 1982, ki te site pawòl Bickerton sa a : « lang kreyòl yo se fosil lengwistik nou t ap chache a . . . se ekivalan Galapagòs yo pou Darwin. »273
273Sa te site nan Begley, « Fossils of Language ».Tounen nan tèks la
Se doktrin ki di kreyòl se fosil lengwistik ki transfòme moun ki pale kreyòl yo (« kreyolofòn » yo) an « Adan e Èv » lengwistik.274 Sa se yon eko vizyon Kristòf Kolon te genyen sou Karayib la kòm kote ki pi pre Jaden d Edèn orijinal la. Reprezantasyon lang kreyòl yo kòm fosil oswa kòm rezilta transmisyon ki pa nòmal fè yo tounen lang ki pa gen okenn pase istorik e ki gen chapant ki pi senp pase tout lòt lang. Nenpòt ki bon diksyonè kreyòl oswa bon atlas kreyòl bay enfòmasyon ki demanti pawòl sa yo.275
274Richard Price, « The Miracle of Creolization : A Retrospective », NWIG : New West Indian Guide/Nieuwe West-Indische Gids 75, # 1/2 (2001), 58–59.Tounen nan tèks la
275Faculté de Linguistique Appliquée de l'Université d'Haïti, Atlas linguistique d'Haïti, ed. Dominique Fattier (Cergy-Pontoise, France : Université de Cergy-Pontoise, 2015).Tounen nan tèks la
Yon lòt doktrin, ki sòti nan Ipotèz Sibstra, se sa lengwis kontanporen rele Releksifikasyon. Doktrin sa a reprezante lang kreyòl yo kòm ki dirè se lang « ibrid » ki gen jeneyaloji san parèy : lang kreyòl yo se ta tankou rezilta yon pwosesis kote lang afriken yo (kòm lang swadizan « enferyè ») ta pran vokabilè [egal : leksik] sòti nan lang ewopeyen (kòm lang swadizan « siperyè »). Egal : yo ta gen chapant sentaks afriken ki kwaze ak vokabilè (leksik) ki pwononse kòm si se vokabilè ewopeyen. Vèsyon orijinal doktrin sa a gen ladan li lide ki nan sous rasis syantifik konsènan kapasite mantal Afriken yo.
An 1883, lengwis franse Lucien Adam—youn nan premye save ki te defann Ipotèz Sibstra—te panse diferan ras moun chita sou diferan mach pye echèl evolisyon an epi chak ras gen diferan chapant ki klase selon yon yerachi konpleksite. Lè 2 lang vin kwaze (oswa « ibridize ») nan kontak youn ak lòt, pitit yo vin klase nan nivo denominatè komen an. San di petèt, se lang Afriken yo—lang ras ki pi « enferyè » a selon Adam—ki nan dènye mach pye ki nan pi ba nivo echèl evolisyon an. Se kon sa lang Afriken yo enpoze yon limit sou konpleksite chapant lang ibrid sa a ki vin kòmanse lavi li—egal : lang kreyòl k ap kòmanse egzistans li. Ras Ewopeyen yo se ras sa a ki nan nivo ki « pi wo » a. Sèl sa li ka bay se kontribisyon ki sipèfisyèl e ki fasil pou aprann tankou pwononsyasyon mo yo.276
276Adam, Les idiomes.Tounen nan tèks la
Se pa nan travay Adam sèlman nou jwenn prejije rasis ki kache an ba lasyans. An 1936, Suzanne Sylvain—premye lengwis pwofesyonèl ayisyen—te dekri sa l te wè kòm senplisite kreyòl Ayiti a. Sylvain te pran sa kòm yon eritaj ki sòti nan lang Afriken yo e kòm yon konsekans « kristalizasyon prematire kapasite mantal ras moun nwa yo. »277 Li te repete yon lide F.W.H. Migeod ki te ekri yon liv trè rasis sou lang Afrik de Lwès yo. Depi an lagan, liv sa a deklare : « pifò nan ras moun nwa yo, selon pèspektiv moun ki sivilize yo, toujou nan yon eta sovaj ».278 Sa se kolonizasyon mantal tout bon, menm nan tèt Sylvain, yon entelektyèl pyonye ki se yon patizan vanyan dekolonizasyon !279
277Suzanne Sylvain, Le créole haïtien : Morphologie et syntaxe (Wetteren, Belgique : de Meester, 1936, 36–37).Tounen nan tèks la
278Frederick William Hugh Migeod, The Languages of West Africa, vol. 2 (London : Kegan Paul, Trench, Trübner & Co., 1911), 417.Tounen nan tèks la
279Michel DeGraff, « ‘Hybridity’ and Scientific Racism in Suzan…
Michel DeGraff, « ‘Hybridity’ and Scientific Racism in Suzanne Comhaire-Sylvain’s Le créole Haïtien », Prezantasyon nan Collège de France, 7 jen 2024, https://www.college-de-france.fr/fr/agenda/colloque/emergence-des-parlers-et-des-cultures-creoles-syncretismes-et-hybridations/hybridity-and-scientific-racism-in-suzanne-comhaire-sylvain-le-creole-haitien-the-first-phd ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Travay Suzanne Sylvain an dwe atire atansyon nou pi plis lè n reyalize papa l se aktivis Georges Sylvain ki te vin tounen yon senbòl rezistans kont okipasyon ameriken mwen diskite nan chapit 2 a. Suzanne te ede valorize tradisyon tire kont an kreyòl kòm yon fòm literati epi li te travay pou amelyore sitiyasyon fi ann Ayiti ak ann Afrik.280 Li te deklare kreyòl se vokabilè franse ki koule nan moul lang ewe (yon lang Afrik de Lwès) ; men, nou ka jwenn bèl kantite done nan pwòp liv pa li ki montre anpil resanblans ant chapant kreyòl ak franse tou—mete sou resanblans ant kreyòl ak ewe.
280Suzanne Comhaire-Sylvain, Femmes De Lomé, Ceeba Publications, Série Ii, vol. 77 (Bandundu : Ceeba, 1982).Tounen nan tèks la
Selon moun ki adopte vèsyon modèn modèl ibridite Adam ak Sylvain an, se gran moun afriken yo ki te deklannche fòmasyon lang kreyòl yo lè yo pa te rive aprann okenn nan aspè ki nan nannan lang Ewopeyen yo. Selon ipotèz sa a, Afriken yo te kenbe gramè pa yo jan yo te ye pandan y ap ranplase vokabilè lang natal la (« leksik » la) ak vokabilè ki sòti nan lang Ewopeyen yo. Sa se teyori « Releksifikasyon » Claire Lefebvre nan ventyèm syèk—yon teyori ki gen rasin nan ibridoloji ; men, san prejije rasis yo.281 Nan vèsyon Lefebvre pou Ipotèz Sibstra, se te distans sosyal ant Afriken ak Ewopeyen nan sosyete plantasyon yo ki te bloke transmisyon chapant lang Ewopeyen yo rive nan lang kreyòl la—se pa limit entelektyèl Afriken yo ki te lakòz blokaj la. E poutan, mete distans sosyal sa a ant 2 gwoup yo kòm yon faktè kle nan fòmasyon lang kreyòl yo, se iyore diferan etap nan etablisman koloni ewopeyen yo nan Karayib la. Pwosesis kolonizasyon sa a te kòmanse ak kontak sere sere ant Ewopeyen yo ak lòt gwoup etnik yo.
281Claire Lefebvre, Creole Genesis and the Acquisition of Grammar : The Case of Haitian Creole (New York : Cambridge University Press, 1998). Gade kritik nan Michel DeGraff, « Relexification : A Reevaluation », Anthropological Linguistics 2002 : 321–414.Tounen nan tèks la
N ap kontinye esplore prensip rasis ki nan fondasyon Eksepsyonalis Kreyòl. Nou pral gade yon lòt seri lide nan kad Ipotèz Sipèstra a. Seri sa a gen yon gwo erè ladan—petèt se erè ki pi popilè pami kreyolofòn yo. Kòm ki dirè lang kreyòl yo se ta yon branch dejenere lang kolonyal Ewopeyen yo. Se lide sa a ki vin remèt pawòl tankou « franse mawon », « bebe lang » e latriye. Rasin entelektyèl opinyon sa yo te kòmanse pouse depi nan di setyèm syèk la.
Finalman, pami lengwis k ap kore Eksepsyonalis Kreyòl, gen kèk ladan ki kwè lang kreyòl yo deja kouche sou kabann lanmò. Doktrin sa a kore anpil jefò k ap fèt pou kenbe franse kòm lang ki nesesè pou pèp ayisyen vanse epi pou li fè pwogrè. Apre tou, si lang kreyòl yo se branch pouri nan pye bwa lang ewopeyen, èske li pa ta nan avantaj kreyolofòn yo pou yo aprann lang kolon ewopeyen yo epi, an final, pou yo voye lang natif natal yo jete ? Si yo fè sa, y ava jwenn pi plis avantaj lè yo vin entegre resous lang Ewopeyen yo nan pwòp lang natif natal pa yo. Se kon sa lang kreyòl yo ava « de-kreyolize » epi rezilta final dekreyolizasyon sa a se fè lang kreyòl yo fonn nan lang ewopeyen yo. An reyalite, se sa sèten kreyolis predi lè yo konsidere objè pwogram rechèch yo se lang ki domaje depi nan nannan akòz pòvte yo panse ki afekte chapant lang kreyòl yo.282
282Albert Valdman, « Le cycle vital créole et la standardisation du créole haïtien », Études Créoles 10 (1987) : 107–25.Tounen nan tèks la
Tout doktrin sa yo byen anrasinen nan rasis syantifik k ap sèvi gwojemoni. Se yo tout ki sèvi pou mete baboukèt nan bouch kominote ki pale kreyòl yo, sitou nan sektè edikasyon. Ann Ayiti, prejije ki pi popilè a se sa ki di rezon ki fè lang kreyòl la vin parèt se paske Afriken yo pa te reyisi aprann franse kòrèkteman lè yo te jwenn ak li epi, jodi a, kreyòl vin manke chapant ak vokabilè ki nesesè pou anseye matyè tankou syans ak matematik. Prejije sa yo popilè menm pami pwofesè kreyòl yo ansanm ak « espè » Ministè Edikasyon Nasyonal angaje nan jefò pou fè pwomosyon materyèl an kreyòl. Ki fè nou dwe mande : Ki jan yon moun ka « pwo-kreyòl » epi li kwè nan prejije sa yo ? Kolonizasyon mantal ak chenn nan tèt ? Enfeksyon nan sèvèl ?
Lengwistik ak edikasyon pou dekolonizasyon ak liberasyon
An reyalite, pa gen okenn diferans fondamantal nan nivo kalite ant fòmasyon lang yo rele « kreyòl » ak lang yo pa rele « kreyòl ». Ki fè mwen te kreye etikèt « Eksepsyonalis Kreyòl » pou m rasanble doktrin sa yo ki mete lang kreyòl yo nan yon kategori lang apa.
William Greenfield se yon pyonye nan rechèch sou lang kreyòl yo. Se depi nan dis nevyèm syèk Greenfield te byen konprann pwoblematik Eksepsyonalis Kreyòl lè li te pibliye opinyon pa li kont doktrin anti-kreyòl sa yo. Selon li, lang kreyòl yo se lang ki 100% nòmal, menm jan ak lang yo pa rele « kreyòl » yo. Pifò kontanporen li yo, ata kòlèg misyonè li yo ki te gen bòn fwa, te konsidere l kòm yon radikal epi yo te rejte opinyon li. Pozisyon Greenfield tou senpleman pa te ka mache ak kwayans popilè ki t ap chache jistifye esklavaj ak kolonizasyon—kòm ki dirè Afriken yo pa moun menm jan ak Ewopeyen yo, yo te gen mwens kapasite mantal epi yo « se esklav selon lanati » nan plan Bondye te envante pou sèvi Ewopeyen yo.
Opinyon Greenfield konsènan fòmasyon lang kreyòl yo te parèt nan yon pawòl estwòdinè li te pibliye nan epòk sa a—yon pawòl ki te avan gad an 1830. Li te ekri : « Tout moun, tou patou sou latè, gen menm kalite sèvo ; ki fè nou jwenn apeprè menm pwosesis ki sèvi nan fòmasyon chak grenn lang nan chak grenn peyi ».283 Pawòl « apeprè menm pwosesis » la byen tonbe. Se vre, fason lang yo evolye ka varye yon ti kras selon istwa kominote a ak faktè sosyal yo. Nan zòn Karayib pandan epòk kolonyal la, anpil gran moun t ap aprann yon dezyèm lang alòs ke pifò moun nan Zile Fewoe pale menm lang. Diferans nan konbyen moun k ap aprann pale yon nouvo lang nan kontèks divès kominote ka lakòz diferans nan evolisyon lang sa yo nan yon peryòd tan. Ogmantasyon relasyon dirèk ant moun ki pale diferan lang, sitou lè gran moun ap aprann yon dezyèm lang, ka lakòz diferans nan fòmasyon lang konpare ak kominote ki gen mwens divèsite oswa mwens gran moun k ap aprann yon dezyèm lang.
283Greenfield, William, A Defense of the Surinam Negro-English Version of the New Testaman (London : Samuel Bagster, 1830), 51.Tounen nan tèks la
Li enpòtan pou n di sa klè : nou ka analize kreyolizasyon kòm yon chanjman lengwistik nòmal menm si sikonstans yo te estwòdinè. Menm lang womàn yo te devlope nan sikonstans ki « difisil » pou premye moun ki te pale lang sa yo. Menm si esklavaj pa t defini anviwonnman sa yo, kominote sa yo te soufri divès kalite aktivite enperyalis ki te mete diferan popilasyon an kontak, tankou nan fòmasyon ansyen franse ki te sòti nan sa yo rele « laten vilgè » yo te pale pami mas pèp analfabèt la.
An tou ka, èske sikonstans nan istwa lang kreyòl yo te vreman « estwòdinè » ? Mwen pa vle minimize nivo britalite esklavaj ; men, petèt sikonstans sosyo-lengwistik kontak sere ant lang pa ra ditou. Istwa monn lan chaje ak egzanp kote divès popilasyon ki pale divès lang te deplase epi yo te rasanble an ba vyolans kolonizasyon, konfli etnik, migrasyon fòse, dezas natirèl e latriye.284
284Salikoko S. Mufwene, The Ecology of Language Evolution (Cambridge, UK : Cambridge University Press, 2001.Tounen nan tèks la
Sepandan, sanble okenn nan agiman sa yo pa fouti chanje lide moun sa yo ki nan kan fanatik Eksepsyonalis Kreyòl yo. Kwayans gwojemonik ki chita nan fondasyon etid kreyòl se konsekans òdinè kontèks sosyo-istorik ak jeyo-politik domenn pwofesyonèl nou yo kòm lengwis, edikatè, misyonè, istoryen ak lòt save k ap sèvi Lagrandyab—kontèks ki te fè opinyon Greenfield la tounen sa Michel Foucault rele yon « enpansab ».285 Ki vle di : lide ki di lang kreyòl yo te ka « nòmal » tankou nenpòt lòt lang pa te menm ka antre nan lespri moun nan peryòd sa a. Jounen jodi a, gen twòp lengwis ak lòt save ki iyore kontèks sa a.
285Foucault, L'Ordre du Discours.Tounen nan tèks la
Kanta kreyolis eksepsyonalis pami lengwis sa yo, se raman travay yo, jodi a, kontribye dirèk dirèk nan mete baboukèt fèmen bouch moun k ap pale lang kreyòl yo, menm si yo kontinye ap pibliye pawòl ki sanble ak prejije rasis kolonyal yo nan plizyè fason. Mwen ka menm pran chans fè ipotèz sa a : pifò kreyolis kontanporen yo konsidere travay lengwistik teyorik yo pa gen konsekans konkrè sou sitiyasyon sosyo-politik kreyolofòn yo. Yo ta prefere prezante tèt yo kòm save k ap fè rechèch—yo p ap fè politik. An reyalite, jodi a, anpil nan kreyolis yo chita byen lwen kominote kreyolofòn yo ansanm ak politisyen k ap pran desizyon e k ap kreye pwogram ki chaje ak konsekans pou lavni ak byennèt kominote ki pale kreyòl yo.
An tou ka, nou pa fouti iyore relasyon ki egziste ant diskou ak ideyoloji nan analiz sou lang kreyòl yo, depi tan lontan rive jounen jodi a. Piblikasyon save yo depi digdantan demontre yon kontinuite konsènan analiz teyorik yo : anpil nan baz analiz sa yo chita sou prejije rasis nan lasyans. Plizyè nan kreyolis eksepsyonalis jodi a te vin aksepte sèten lide ki sòti nan tan lontan san poze kesyon. E poutan, gen kèk nan lide sa yo ki pa erè sèlman ; nou ka mete yo nan kategori lejann.
Mwen konn sa paske se te esperyans pa m tou. Kòm etidyan epi kòm jèn pwofesè ki te fèk pran doktora, mwen te konn ap li piblikasyon gwo lengwis tan lontan pwofesè m yo ansanm ak menntò m yo te respekte anpil. Se kòm si mwen ta yon trèt si m te rejte lide lengwis sa yo. Ki donk, mwen te fè tankou lòt jèn lengwis jenerasyon m nan ane 1990 yo : mwen te aksepte lide sa yo san m pa evalye yo yon fason kritik. Nan yon sans, konfime lide sa yo te vin tounen objektif mwen.
Mwen voye mesaj sa a bay chak kreyolis eksepsyonalis : ou vin adopte lide ki chita sou prejije ki di gen sèten moun ki enferyè nan plizyè fason epi, selon menm prejije sa yo, gen sèten lang ki enferyè devan lòt lang. Se fòs pouvwa ke konesans te kreye ki vin anpeche moun sa yo patisipe nan pwodiksyon konesans sou pwòp tèt yo.
Jodi a, se posib doktrin Eksepsyonalis Kreyòl yo rive rejte aspè rasis premye moun ki te pwopoze agiman anti-kreyòl sa yo. Men, toujou gen prejije rasis an ba chal ki parèt klè lè yo karakterize lang kreyòl kòm « lang san fanmi », ki « pi ba », ki « pi senp » e latriye. Jodi a, tranzaksyon politik ak ekonomik ka pa gen esklavaj dirèk ladan ; men, sa pa anpeche dominasyon politik e ekonomik kontinye ogmante. Epi se ansyen kolon yo k ap fasilite dominasyon sa a lè se pa yo menm menm k ap pratike l dirèk dirèk. Rasis syantifik pase fwèt la bay rasis enstitisyonèl.
Selon sèten lide ki nan nannan Eksepsyonalis Kreyòl, moun tankou m ki pale kreyòl se « fosil k ap viv » lang zansèt ominid primitif nou yo nan premye moman evolisyon premye lang moun, sa fè 200 000 ane, lè lang t ap parèt sòti nan pwotolang. Kòm ki dirè nou se desandan ki pi dirèk de « Neyandètal »—yon mo nan jagon modèn ki vle di nou « nou pa ko moun ».
Kreyolis eksepsyonalis yo, tanpri, egzamine tèt nou devan lide rasis sa yo nou te erite nan men fondatè etid kreyòl yo.
Ajiste balans pouvwa a : Yon antidòt kont Eksepsyonalis Kreyòl
Jounen jodi a, kreyolofòn nan zòn Karayib la ak lòt kote ap viv nan kominote pos-kolonyal ki endepandan ofisyèlman, sòf nan kèk teritwa ki toujou an ba kontwòl kolonyal (egzanp : Gwadloup, Kiraso, Giyàn e latriye). Sa ki te yon « dezekilib pouvwa » (espesyalman pandan epòk esklavaj la) ant kreyolis ki nan zòn Nò a ak kreyolofòn nan zòn Sid la—kote se Nò ki t ap deside ki sa lang kreyòl yo ye—sa vin chanje kounye a. Nan kèk ka, chanjman an trè vizib, sitou devan kontribisyon lengwis kreyolofòn tankou John Jacob Thomas nan Trinidad depi nan dis nevyèm syèk epi Suzanne Sylvain ann Ayiti nan premye mwatye ventyèm syèk la.286 Jodi a, se ak anpil fyète Sosyete pou Lengwistik nan Karayib la konte pami manm li yo kèk nan kreyolis ki gen pi plis enfliyans nan rechèch sou lang kreyòl yo. Mwen se yon egzanp : kreyòl se lang matènèl mwen ; mwen fèt epi mwen grandi ann Ayiti epi, kounye a, mwen se yon kreyolis nan MIT, kote depatman lengwistik la toujou klase pami depatman ki pi pèfòman nan monn akademik la depi plis pase 50 lane.
286John Jacob Thomas, Theory and Practice of Creole Grammar (Port-of-Spain : Chronicle Publishing Office, 1869) ; Faith Smith, Creole Recitations : John Jacob Thomas and Colonial Formation in the Late Nineteenth Century Caribbean (Charlottesville : University of Virginia Press, 2002) ; Sylvain, Le créole haïtien.Tounen nan tèks la
Anvan ventyèm syèk la, sa te prèske enposib pou n ta jwenn pwofesè antiyè nwa k ap anseye nan inivèsite Amerik di Nò. Ki donk, sa klè : « avantaj » lengwis kontanporen yo nan dinamik relasyon Nò-Sid la pa egzakteman nan menm nivo ak avantaj save blan nan peyi kolonize yo pandan peryòd kolonyal la lè yo te konn ap envante teyori sou lang kreyòl yo san okenn opozisyon pami kreyolofòn yo. Reyalite sa klè: kreyolofòn yo pa te janm gen opòtinite pou yo menm kwaze ak teyori kreyolis yo epi bay dizon pa yo konsènan teyori sa yo.
Kounye a, gen plizyè kreyolis pwofesyonèl ki fèt nan menm peyi ki te kolonize zòn Karayib la. Nasyon ak enstitisyon—inivèsite yo ladan tou—toujou solidè nan relasyon gwojemonik ak kreyolofòn nan peyi Sid yo epi gen yon kontinuite nan dezekilib ant pouvwa kreyolis ki nan inivèsite yo ak pouvwa kreyolofòn ki nan kominote lokal yo.
Esplorasyon dezekilib sa a mande anpil prekosyon paske kreyolis nan epòk kolonyal la, kèl ke swa ras pa yo, yo te byen klè sou rezon ki fè chapant lang kreyòl yo te tèlman senp e sou rezon ki fè yo te oblije senp kon sa. Nou wè sa klè nan sitasyon pi wo a konsènan « rasis syantifik ». Kwayans sa a konsènan enpozisyon siperyorite rasyal ansanm ak reyalite siperyorite sosyo-ekonomik kolon yo antre nan koneksyon ki mare premye kreyolis yo ak pifò (se pa tout !) kreyolis kontanporen yo. Koneksyon sa yo egziste menm lè yo ka yon ti jan flou. Pa egzanp, ni nan tan lontan, ni kounye a, pifò kreyolofòn k ap bay kreyolis yo done pa ko janm entegre sant pouvwa entelektyèl, ekonomik e politik ki jeneralman aksesib a kreyolis sa yo, sitou sila yo ki abite e k ap travay oz Eta Zini ak ann Ewòp. Mete sou sa, gen anpil nan kreyolis sa yo nan zòn Nò a ki senpleman pa janm bay tèt yo traka pou yo aprann pale lang y ap etidye yo. E poutan, tankou sosyològ, antwopològ ak lòt moun k ap etidye kominote defavorize yo, yo souvan jwenn gwo akolad akademik ak avantaj sosyo-ekonomik pou rechèch yo sou kreyòl. Sa se yon paradòks ki abouti nan yon dinamik enperyalis ki ridikil !
Nou dwe byen analize lengwistik ak istwa li pou n reyalize li kontinye ap reflete yerachi pouvwa kolonyal ki te nan fondasyon prejije rasis ki te deklannche doktrin Eksepsyonalis Kreyòl la. Se pa etonan gen anpil nan lide teyorik sou lang kreyòl ki toujou reflete istwa kolonyal etid sou lang kreyòl yo—yon istwa ki te tranpe nan esklavaj ak nan lòt inegalite kolonyal brital.
Mwen kwè gen yon antidòt pou Eksepsyonalis Kreyòl—yon antidòt ki detere « rasin pouri ke vè tè ap manje an ba chapant lan »—sa se pawòl Fanon.287 Antidòt sa a tou ofri yon kad pou n goumen kont baboukèt ki sou lang kreyòl yo ansanm ak represyon ki frape nou nan lòt sektè an deyò kote yo pale lang kreyòl yo. Ki donk, antidòt la se yon gid pou n kontinye mache sou wout dekolonizasyon ak liberasyon. Mwen rele wout sa a : « Kreyolistik Pos-Kolonyal »—yon nouvo apwòch pou n etidye lang kreyòl yo nan yon kad ki entegre apèl « Grenadye, Alaso ! ».
287Fanon, Peau noire, masques blancs, 4.Tounen nan tèks la
Nouvo apwòch sa a ap chache kaba erè ak doktrin nou te analize anvan yo epi l ap fokis sou fason kwayans sa yo mare ni ak anviwonnman sosyo-istorik kote lang kreyòl yo te parèt, ni ak devlòpman sosyo-istorik etid kreyòl kòm yon disiplin akademik. Sa se lengwistik ki pran responsabilite l sou plan syantifik ak sosyal e ki gen yon eleman militan ladan ki pa jwenn satisfaksyon nan briye nan deba akademik ak kreyolis eksepsyonalis. Olye de sa, apwòch sa a anvizaje yon konba kont konsekans Eksepsyonalis Kreyòl te lage sou do kreyolofòn yo nan kominote yo, nan espas travay yo, nan enstitisyon fòmèl yo, espesyalman nan lekòl primè ak segondè kote elèv yo ap soufri vyolans entelektyèl ak fizik akòz lang manman yo.
Potansyèl global antidòt sa a ale pi lwen pase kreyòl ann Ayiti ak lòt lang kreyòl yo. Nou te detaye sa klè nan chapit 3 a. Viktwa nou rive jwenn jounen jodi a se tematik chapit 5. Kounye a, an n sonnen lanbi pou kòlèg mwen yo nan inivèsite.
Fòk nou klè sou sa : Sa se pa yon kout lanbi pou militan ki pral defann doktrin nan menm stil ak kreyolis eksepsyonalis yo. Sa se pa yon kout lanbi pou militan ki pral asiyen entansyon bay chak grenn kreyolis oswa ki pral chache disipline tout kalite move tik nan kreyolistik.
Nou gen yon opòtinite pou n mete Eksepsyonalis Kreyòl an ba limyè solèy devan tout pèp ki pale kreyòl yo tou patou nan lemonn e ki ta dwe konnen ki jan plizyè kreyolis gade yo ak move je nan fason yo dekri kreyolofòn yo ansanm ak lang kreyòl yo. Fòk kreyolofòn yo reyalize enpak negatif move je sa yo lage sou reprezantasyon pwòp tèt yo, sou byennèt sikolojik e sosyo-ekonomik yo ak sou souvrènte yo—oswa sou mank souvrènte. Pifò moun ki pale kreyòl pa gen okenn lide de ki sa kreyolis yo di ak ekri sou yo. Rezoud pwoblèm sa a se, dapre mwen, youn nan meyè fason pou n demonte kèk nan pi ansyen doktrin anti-kreyòl nan Eksepsyonalis Kreyòl. Se kon sa doktrin sa yo ava monte sou kabann lanmò !
Mwen sispèk, si kreyolis yo te konnen ke moun y ap denigre nan atik sa yo t ap li e konprann atik sa yo, yo t ap fè pi plis atansyon lè y ap ekri. Sa ta ka redui kantite « tenten » ki pibliye konsènan ni moun ki pale kreyòl yo, ni lang kreyòl yo, menm si sa pa t ap sispann nèt. Petèt kreyolis yo t ap vin gen pi plis respè pou tematik y ap envestige yo epi yo t ap vin santi yo pi responsab nan entèpretasyon ak reprezantasyon done yo.
Petèt mwen twò optimis. Men, kòm aktivis, mwen dwe kenbe lespwa nan pawòl ki di « se verite k ap libere nou ».
Gen avantaj syantifik lè lengwis ankouraje kreyolofòn travay kòm kreyolis—egal : kòm patnè egal ego nan rechèch sou lang kreyòl yo. Se kalite modèl sa a Ken Hale t ap defann nan travay li sou lang Amerendyen yo ak lang Aborijèn Ostralyen yo lè l t ap kolabore ak endijèn sa yo kòm lengwis k ap analize lang natif natal pa yo.288 Fòk nou sonje youn nan kondisyon pou lengwistik modèn rive nan yon bèl nivo kalite nan analize nenpòt ki lang se lè analiz la « ka esplike kapasite lengwistik moun ki pale lang lan kòm natif natal ».289 Sepandan, patenarya sa a ak lokitè natif natal kòm lengwis—yon kolaborasyon ki pa ta dwe kreye kontwovès—ta sanble li twò radikal pou kèk kreyolis ki antre nan kan « dinozò yo » nan lengwistik e ki, nan ane 1960 ak1970 yo, te tou kareman rejte enpòtans kolaborasyon sa yo nan rechèch lengwistik.
288Ken Hale, « Some Questions about Anthropological Linguistics : The Role of Native Knowledge » nan Reinventing Anthropology, Ed Dell Hymes (New York : Pantheon, 1972), 382–397.Tounen nan tèks la
289Noam Chomsky, Current Issues in Linguistic Theory (La Haye : Mouton, 1975), 28.Tounen nan tèks la
An n pran William Samarin kòm egzanp. Se yon gran entelektyèl ki te resevwa yon prim an 2019 nan men Sosyete Lengwistik Kreyòl ak Pidjin ki te vle felisite siksè karyè li. An 1967, nan yon gid ki te trè enfliyan sou rechèch nan lengwistik, li te plenyen pou konsiltan (« enfòmatè ») ki twò sofistike nan repons yo konn bay lè lengwis ap chache done nan men yo. Li te di enfòmatè sa yo ka kontrarye rechèch lengwis la. Ala blan awogan ! Samarin te pase prèske yon deseni ann Afrik Santral. Se premye moun ki te etidye ideyofòn, ki tankou onomatope, nan plizyè lang afriken. Li te panse : « Fòmasyon enfòmatè a se responsabilite lengwis la epi lengwis la dwe frennen imajinasyon enfòmatè ak diskisyon li vle fè ak lengwis la. Se lengwis la sèlman ki responsab analiz done yo ».290
290William Samarin, Field Linguistics : A Guide to Linguistics Field Work (New York : Holt, Rinehart and Wilson, 1967), 42.Tounen nan tèks la
Yon lòt egzanp se Albert Valdman, yon kreyolis franse ki te anseye pandan plizyè dizèn ane nan Inivèsite Indyana. An 2009, li te resevwa yon prim nan men Asosyasyon Etid Ayisyen pou kalite travay li epi, an 2012, li te resevwa yon prim nan men Sosyete Lengwistik Pidjin ak Kreyòl pou tout sa l te reyalize nan karyè li. Valdman te rejte entuisyon ak obsèvasyon lokitè natif natal yo kòm done ki « pa verifyab », ki « byeze » e ki « pa nan nivo done syantifik ».291
291Albert Valdman, « Le sentiment linguistique natif dans l'analyse de la variation phonologique en créole » nan Leçons d'Afrique : Hommage à Gabriel Manessy, Collection Afrique et Langage 2, ed Roberta Nicola (Louvain : Peeters, 2001), 532, 535f.Tounen nan tèks la
Imajine enplikasyon deklarasyon Samarin ak Valdman yo sou plan metòd ak sosyoloji. Valdman te menm defann prejije malouk ki di yon moun ki pale kreyòl, depi li pale plis pase yon lang, li pa ta janm ka vin yon kreyolis ki gen bon nivo.292
292Albert Valdman, « Review of d'ans (1968) », International Jo…
Albert Valdman, « Review of d'ans (1968) », International Journal of American Linguistics 38, # 7 (1971) : 202–208 ; gade sa a tou : Valdman, « The Linguistic Situation of Haiti » nan Haiti—Today and Tomorrow : An Interdisciplinary Study, ed. Charles Foster ak Albert Valdman (Lanham, MD : University Press of America, 1984 (, 77–99).Tounen nan tèks la
Jodi a, se raman nou tande lengwis ki dakò nèt ak opinyon demode sa yo. Men, lide fondamantal ki nan opinyon sa yo kontinye ap pèsiste, an ba chal divès teyori, nan travay plizyè kreyolis. Se kon sa « avantaj rechèch syantifik nou ki sèvi ak done nou jwenn pami lokitè natif natal tou patou sou latè . . . sa toujou ale nan yon sèl direksyon, an favè lengwis yo ».293
293Michel DeGraff, « Toward Racial Justice in Linguistics : The Case of Creole Studies (Response to Charity Hudley et al.) », Language 96, # 4 (2020) : e292–e306, e303.Tounen nan tèks la
Atire plis kreyolofòn nan rechèch sou lang manman yo, sa nesesè si nou vle etid kreyòl monte nan menm nivo ak etid sou lang womàn oswa lang jèmanik. Nou tout ta benefisye si gen plis moun ki pale kreyòl ki ta vin kontribye nan pwogrè syantifik etid sou lang kreyòl nan yon wòl marasa kòm kreyolofòn e kreyolis. Sa se esperyans mwen fè nan pwòp karyè mwen.
Mete sou sa, lè gen plis kreyolofòn k ap fè rechèch nan etid kreyòl, sa pral kontribye nan rezoud pwoblèm absans moun nwa nan lengwistik—yon absans ki « fè tout pwofesyon an pòv ». Absans sa a bloke kontribisyon « save ak etidyan nwa ki gen esperyans yo viv e ki ka pote bon jan kontribisyon nan teyori ak pèspektiv ki ka transfòme lengwistik e ki ka mennen l pi lwen ».294
294Hudley, Mallinson, and Bucholtz, « Toward Racial Justice », e221.Tounen nan tèks la
Nou menm, kreyolis yo, nou ta dwe ede konvenk tout moun ki pale kreyòl ke lang sa yo—istwa, chapant, kapasite espresyon ak tout lòt aspè lang kreyòl yo—merite pou n etidye yo menm jan ak nenpòt lòt lang. Se sèten, sa se youn nan fason pou n konbat atitid negatif anti-kreyòl yo ansanm ak doktrin ki fè moun kwè lang kreyòl yo se baryè nan wout konesans pou kreyolofòn oswa se lang ki pa ka esprime panse abstrè oswa se lang ki pa ka sèvi kòm lang ansèyman.
Lengwistik pos-kolonyal la dwe patisipe nan yon pi gwo mouvman kont « gwojemoni enstitisyonèl » ki se « yon fòs ki chapante inivèsite, ki gide devlòpman teyori, metòd ak modèl yon fason ki repwodui rasis ak sipremasi blan kòm pwosesis sosyal ki ale pi lwen pase zak mechanste endividyèl ».295 An reyalite, Eksepsyonalis Kreyòl se yon manifestasyon ki sòti nan nannan sipremasi blan epi se zouti ak reflèks gwojemoni sa a. Nou ka prete fraz James Baldwin, yon gran ekriven ameriken, pou nou di Eksepsyonalis Kreyòl se tankou sipremasi blan—ki vle di : se « yon metafò ki reprezante pouvwa e sa se tou senpleman yon fason pou n dekri Chase Manhattan Bank ».296 Sonje byen pou ki moun premye kreyolis yo t ap travay ann Afrik ak ann Amerik ! Se te pou puisans enperyal yo—« Chase Manhattan Bank » nan epòk kolonyal la.
295Hudley, Mallinson, and Bucholtz, « Toward Racial Justice », e201.Tounen nan tèks la
296James Baldwin, « Black English : A Dishonest Argument » (1981) nan Cross of Redemption : Uncollected Writings (New York : Vintage, 2011).Tounen nan tèks la
Tout kouran sa yo ki antre nan lengwistik pos-kolonyal makonnen ansanm pou yo goumen kont iyorans, fo syans ak rasis syantifik nan lengwistik. Gen yon pati nan batay la ki pral mande kolaborasyon ant divès kalite espè nan lengwistik ak nan lòt branch konesans—kolaborasyon kote etidyan yo pral fouye zo nan kalalou analiz Fanon, Bourdieu, Foucault, Said ak yon bann lòt ki ka ede yo reflechi pi byen, ak lespri kritik, sou fondasyon ak istorik lengwistik. Epi, tou, fòk yo reflechi sou sèten pratik esklizyon ki toujou an vòg nan sèten branch lengwistik kote gen matyè « fondamantal »—sa yo rele « matyè nwayo »—nan teyori lengwistik ki rejte sèten domenn konesans ki endispansab pou yon lengwistik ki kont kolonizasyon e ki ka mete nou sou wout liberasyon total.
Wi, li lè, li tan pou n libere lang kreyòl yo ak lòt lang matènèl ki nan baboukèt—tankou lang endijèn nan Amerik yo, ann Afrik e ann Azi ansanm ak « lang rejyonal » ak « dyalèk » ki sòti nan ansyen lang kolonyal e ke yo meprize. Li lè, li tan pou lang sa yo rive ede nan tout nivo lavi moun ki pale yo : edikasyon ak tout aktivite entelektyèl, kilti, politik, lasyans e latriye.
Se sa ki pral mennen nou, nan chapit 5, nan yon seri senaryo kote lengwistik sèvi kòm zam pou dekolonizasyon ak liberasyon.