Pale franse pa vle di lespri.
—Pwovèb ayisyen
Lè m te ti moun lekòl ann Ayiti nan ane 1970 yo nan Enstitisyon Sen Lwi Gonzag ki gen bèl renome kòm gwo lekòl nan Pòtoprens, yo te entèdi m pale kreyòl, lang manman mwen. Lè m te dezobeyi, se ak kout règ sou men m pwofesè a te mete m nan plas mwen.6
6Gen pati nan chapit sa a ki sòti mo pou mo nan yon atik mwen…
Gen pati nan chapit sa a ki sòti mo pou mo nan yon atik mwen ki gen kòm tit « Ann Ayiti, lekòl yo aprann nou rayi lang nou epi rayi tèt nou », New York Times, 14 oktòb 2022, epi gen lòt pati nan atik la mwen adapte pou chapit sa a. Dezyèm mwatye chapit la pran plizyè mòso tèks nan : Michel DeGraff, William Scott Frager, and Haynes Miller, « Language Policy in Haitian Education : A History of Conflict Over the Use of Kreyòl as Language of Instruction », Journal of Haitian Studies 28, no. 2 (2022) : 33–95 ; Michel DeGraff, William Scott Frager, and Haynes Miller, « An nou fè 2 kabès olye pou n rete nan lave men siye atè », Nouvelliste, August 29, 2022, https://math.mit.edu/~hrm/papers/nouvelliste-article.pdf ; epi Michel DeGraff, William Scott Frager ak Haynes Miller, « Let’s aim for a win-win instead of continuing to wash our hands only to then dry them on the ground », https://math.mit.edu/~hrm/papers/lenouvelliste-eng-20230528.pdf ; mwen te gade sit entènèt sa yo nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Nan lekòl la, yo te fè m ekri plizyè santèn liy « Mwen p ap janm pale kreyòl ankò » kòm pinisyon epi nou te oblije memorize tèks nan liv literati ki te anseye nou meprize kreyòl kòm yon lang ki pa vo anyen. Esperyans mwen pa t diferan de sa nou toujou jwenn jodi a pami pifò ti moun lekòl tou patou ann Ayiti. Toujou gen paran e menm pwofesè ki konn bat ti moun ki pale kreyòl oswa fòse yo lave lang yo. Se kòm si lang kreyòl la se yon salte sou lang nou.
Carl Brouard, yon powèt ayisyen (1902–1965), te mande : « Paran, pa janm pale kreyòl ak pitit nou. Fè franse tounen yon abitid ! Korije franse mawon san pitye ».7
7Sitasyon nan Raphaël Berrou, Histoire de la littérature haïtienne, illustrée par les textes (Port-au-Prince : Éditions Caraïbes, 1975).Tounen nan tèks la
Ayiti se youn nan nasyon ki sanble ra sou latè—yon nasyon kote prèske tout sitwayen pale yon sèl grenn lang natif natal lakay yo. Lang sa a, kreyòl, te vin parèt kòm rezilta kontak ant lang ki sòti Lafrans ak lang ki sòti nan zòn lwès ak zòn santral kontinan afriken an (lang sa yo rele « Nijè-Kongo »). Kontak ant lang sa yo te vin fèt nan bitasyon ak nan gwo plantasyon nan peryòd kolonyal la, nan kòmansman di setyèm syèk. Lang kreyòl sa a te vin ranpli yon wòl enpòtan nan Revolisyon Ayisyen kote « Lame Endijèn » Dessalines lan te vin antre nan lagè ak lame Napoleon an. Dessalines te chwazi non « Lame Endijèn » lan pou l te ka komemore viktim endijèn Tayino yo nan premye jenosid ki te fèt nan istwa kontinan Amerik la, nan kòmansman sèzyèm syèk apre Kristòf Kolon te debake ann Ayiti an 1492.
Ki jan Afriken ki te nan esklavaj ansanm ak desandan yo ann Ayiti, lè Ayiti te rele « Saint-Domingue », te rezoud pwoblèm baryè ant lang yo pou yo te rive mete fòs yo ansanm kont kolon franse yo epi pou yo te goumen ansanm kòm yon sèl « Lame Endijèn » ? Repons lan chita nan potansyèl inifikasyon ki egziste nan yon lang tout moun pale nan yon popilasyon ki, anvan sa, te pale plizyè lang ki pa te ka sèvi pou youn kominike ak lòt. Lang kreyòl la te vin gen fonksyon sa a lengwis yo rele « lingwa franka »—kòm lang ki sèvi pou fasilite kominikasyon ant plizyè gwoup moun ki pa pataje menm lang natif natal.
Nan Sen Domeng, kreyòl la (ke moun lòt bò dlo rele « kreyòl ayisyen » jodi a) te vin tounen yon lyen endispansab ki te konekte Afriken ki sòti nan divès gwoup etnik ansanm ak desandan yo nan zòn Karayib la. Sa vle di se kreyòl la ki te ede yo transfòme tèt yo kòm sitwayen yon sèl nasyon. Se te lang moun ki te goumen nan Revolisyon Ayisyen ki te kòmanse an 1791 e ki, nan dat 1e janvye 1804, te kreye premye nasyon nwa lib nan kontinan Amerik la. Jodi a, se sèl lang nasyonal peyi d Ayiti e ki gen tit « lang nasyonal » (egal : « lang ki simante tout Ayisyen ansanm ») dapre Konstitisyon 1987 la epi se yon lang ofisyèl menm jan ak franse.
Men, sistèm edikasyon Ayiti a fè diskriminasyon kont kreyòl an favè franse malgre se mwens pase 10% nan popilasyon an ki pale franse. Diskriminasyon sa a sòti nan yon seri manti ak medizans rasis kont kreyòl ayisyen ak lòt kreyòl yo.
Se pa sèlman kont kreyòl nou jwenn prejije sou lang ansanm ak denigreman ak mepri lang natif natal. Atitid sa yo se espresyon prejije sou ras ak prejije sou klas sosyal. Sa fè twò lontan depi taktik an ba chal sa a ap sèvi kòm zam pou diskriminasyon, dominasyon ak kolonizasyon—e se pa sèlman ann Ayiti nou jwenn sa. An n gade, pa egzanp, ka yidich, yon lang juif ki nan dyaspora e ki sòti nan Anpi Ris la. Yo te rele yidich « lang moun k ap bege » ak « yon jagon ki an ba madichon » pandan plizyè syèk8 epi se prejije rasis ki te lakòz kwayans kòm ki dirè moun ki pale yidich se moun ki bege e ki merite madichon. Menm jan ak sitiyasyon kreyòl pa rapò ak franse, yo te karakterize yidich pa rapò ak alman kòm yon lang « aryere », « ki kase », « sal », « kowonpi », « pèvèti », « geto » e latriye. Prejije kont lang yidich ak preferans pou lang ebre te sèvi pou yon objektif politik ki sanble ak objektif represyon kreyòl ann Ayiti. Nan ka yidich la, represyon an se te pou yo demounifye dyaspora juif yo epi mete yo sou kote. Se pou sa yo te konsidere juif ki nan dyaspora yo kòm « mwatye moun » e kòm « yon ras enferyè ki pa vreman juif e ki pito plezi lavi aletranje pase defi ak danje nan lavi juif ann Izrayèl ».9 Se kon sa siyonis yo te tabli yon yerachi lengwistik ki malouk kote ebre se lang nasyonal ki siperyè devan tout lang. Malgre David Ben-Gurion, premye minis pèp Izrayèl la, te pibliye yon jounal an yidich, li te rele lang lan yon lang ki « bay tèt fè mal ».10
8Christian Salmon, The Blumkin Project : A Biographical Novel (New York : Other Press, 2017), premye pibliye an franse an 2017.Tounen nan tèks la
9Howard M. Sachar, A History of Israel : From the Rise of Zionism to Our Time, 2yèm edisyon (New York : Knopf, 1986), 718.Tounen nan tèks la
10Tom Segev, The Seventh Million : The Israelis and the Holocaust (New York : Macmillan, 1993), 180.Tounen nan tèks la
Nou jwenn menm kalite jouman piman bouk sa yo, depi digdantan, nan bouch blan franse k ap joure lang kreyòl nan zòn Karayib la. An 1785, yo di kreyòl se « yon jagon enbesil ».11 An 1872, yo di lang kreyòl Giyàn lan se « yon pwodui ki sòti brid sou kou nan sèvèl moun e ki pa montre okenn mak entelijans ditou pyès » ; yo di se yon lang ki sèlman mande « ti kras memwa » ak « ti bout jefò pami moun ki pa twò entèlijan ».12 An 1889, yo di lang kreyòl yo se vèsyon enferyè lang siperyè blan ewopeyen yo. Vèsyon enferyè sa yo te vin parèt lè lang siperyè yo te oblije vin senplifye chapant yo pou « kapasite fonetik ak sentaks ras afriken ki pale lang ki enferyè ».13
11Justin Girod-Chantrans, Voyage d'un Suisse dans différentes colonies d’Amérique (Paris : Libraire Jules Tallandier), premye pibliye an franse an 1785.Tounen nan tèks la
12Alfred de Saint-Quentin, Introduction à l’histoire de Cayenne . . . , with Étude sur la grammaire créole (Antibes : J. Marchand, 1989), premye pibliye an franse an 1872.Tounen nan tèks la
13Julien Vinson, « Créoles », nan Dictionnaire des sciences anthropologiques, ed. Adolphe Bertillon et al. (Paris : Doin, 1889).Tounen nan tèks la
Yon syèk apre, an 1982, se Newsweek ki te ede simaye opinyon lengwis Derek Bickerton sou lang kreyòl kòm ki dirè se lang ki pi primitif sou latè—kòm « fosil lengwistik nou t ap chache yo », kòm « ekivalan sa Galapagòs te reprezante pou Darwin ».14 Ven ane apre pawòl Bickerton sa a, se lengwis Ameriken John McWhorter ki te vin lage gaz sou dife lè l te di yon jounalis New York Times lang kreyòl yo « se yo ki pi plis sanble lang ki te premye parèt pami espès moun » epi « se sèl lang ki te resisite » 15
14Quoted in Sharon Begley, « The Fossils of Language », Newsweek, March 15, 1982.Tounen nan tèks la
15Sitasyon nan Claudia Dreifus, « A Conversation with John McWhorter ; How Language Came to Be, and Change », New York Times, October 30, 2001.Tounen nan tèks la
Jouk jodi a, ti moun ki pale kreyòl ann Ayiti sibi anpil imilyasyon nan sal klas. Gade yon afich ki nan yon lekòl Leyogàn ki rele Institution Mixed Arbrisseaux, nan yon kominote ki apeprè 32 kilomèt sou bò lwès Pòtoprens, kapital peyi a (grafik 1.1)
Imaj la poko disponib.
Yon afich koulè blan ak yon tablo nwa. Gen yon gwo goril nan mitan afich la. Afich la gen « 8AF » (8yèm ane fondamantal) a kote goril la Tèks ki an lè goril la di : : « Je dois toujours m’exprimer en français Si non »; tèks ki anba goril la di: « Je suis le gorille de la classe. »
Siveye ti moun k ap pale kreyòl epi pini yo
Ann Ayiti, yo anseye ti moun òtograf kreyòl (egal : konvansyon pou ekri lang lan) ansanm ak konpozisyon kreyòl e latriye pou yo ka rive pase egzamen ofisyèl sou « Kominikasyon kreyòl ». Men, gen plizyè lekòl ki toujou ap pini elèv yo epi imilye yo lè yo pale kreyòl depi yo pa nan sal klas kote y ap aprann kominikasyon kreyòl. Youn nan pinisyon sa yo se fòse elèv yo mete yon senbòl sou yo ki gen desen yon goril sou li. Objektif pinisyon sa a se fè elèv yo denonse lòt ti moun k ap pale kreyòl epi se kon sa y ap pase senbòl la bay pwochen viktim lan. Souvan, pwofesè yo fòse elèv yo kenbe yon lis kanmarad ki dezobeyi règleman ki entèdi yo pale kreyòl. Pinisyon sa yo se miwa atitid anti-kreyòl ki anrasinen fon nan tradisyon peyi a.
Se blan franse, depi nan dis nevyèm syèk, ki te entwodui itilizasyon senbòl kòm pinisyon nan lekòl katolik ann Ayiti. Franse yo te sèvi ak menm pinisyon sa a nan peyi Lafrans ann Ewòp yon fason pou yo elimine lang rejyonal tankou bask, pwovansal, breton ak oksitan. Senbòl sa yo te egziste anvan Nazi yo te sèvi ak yon zetwal David koulè jòn pou idantifye juif yo epi yo te ankouraje Alman yo denonse juif ki t ap eseye pran pòz yo pa juif.
Move tretman nou wè tout tan ak tout kote kont ti moun ki pale kreyòl nan lekòl, sa se vyolasyon dwa moun san di petèt. Vyolasyon sa yo afebli o mwen twa aspè nan pèsonalite ti moun yo : diyite ti moun yo ; estim yo genyen pou pwòp tèt yo ; idantite kiltirèl yo. Konsekans sa yo ka fè yo mal anpil ni sou plan sikolojik ni sou plan emosyonèl e sa ka kite mak pou lontan.16 Kalite abi sa yo ranfòse baz vyolans ki nan fonksyonnman sosyete a.17 Sa antre nan yon sistèm apatèd lengwistik ki vin kraze plezi ki nesesè pou ti moun yo ka kreyatif pandan y ap aprann nan sal klas.18Sa ajoute sou abi sikolojik ak fizik.
16Dominique Dupuy, « Language Matters for Development, Peace, and Reconciliation : The Case for Change in Haiti », nan The Handbook of Linguistic Human Rights, ed. Tove Skutnabb-Kangas ak Robert Phillipson (Hoboken, NJ : John Wiley and Sons, 2022).Tounen nan tèks la
17Barry Roth, « How Do You Know When It Is Torture? », Medicine and Law 32 (2013) : 327.Tounen nan tèks la
18Kathy Hirsh-Pasek, Roberta Michnick Golinkoff, Kimberly Nesbitt, Carol Lautenbach, Elias Blinkoff ak Ginger Fifer, Making Schools Work : Bringing the Science of Learning to Joyful Classroom Practice (New York : Teachers College Press, 2022).Tounen nan tèks la
Abi sikolojik anti-kreyòl yo gen yon lòt konsekans nan domenn grafi kreyòl la ak deba k ap fèt sou kesyon òtograf kreyòl la. Deba sa yo antre nan yon pi gwo batay politik ak ideyolojik kont dominasyon lang franse nan lekòl ak lòt aspè sosyete ann Ayiti. Pou anpil moun ki nan elit peyi a, fason nou dwe ekri kreyòl se yon engredyan nan vizyon pa yo sou Ayiti kòm yon pwolonjman, yon « pwovens » Lafrans. 19 Youn nan kesyon ki pi konkrè yo se sou fason ki miyò pou n anseye alfabè kreyòl la.
19https://www.elysee.fr/francois-hollande/2014/02/21/point-de-presse-conjoint-de-mm-francois-hollande-president-de-la-republique-et-joseph-michel-martelly-president-de-la-republique-dhaiti-sur-les-relations-entre-la-france-et-haiti-a-paris-le-21-fevrier-2014 ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
De (2) nan kòlèg mwen—Bemol Telfort ak Mandaly Claude Louis-Charles—ansanm avè m, nou te konpoze Chante Alfabè Kreyòl La pou ede ti moun yo vin maton nan lekti ak ekriti kreyòl. Chante sa a fè pwomosyon non lèt ki koresponn kif kif ak son (sa lengwis yo rele « fonèm ») nan alfabè kreyòl la. Fonèm se inite lengwistik ki kontribye nan kreye diferans ant mo tankou nan premye son ki nan « ba » ak « pa ». Non lèt kreyòl nou te pwopoze yo evite imitasyon sistèm alfabè franse a. Chwa nou yo enpòtan paske òtograf franse a ansanm ak non lèt franse yo chita sou yon sistèm etimolojik (sa vle di yon sistèm ki baze sou istwa mo franse yo) alòs ke òtograf kreyòl la baze sou yon lojik transparans fonemik ki prèske ideyal : chak lèt koresponn ak yon sèl son epi chak son koresponn ak yon sèl lèt.
Gen yon manm enpòtan nan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) ki te plenyen paske, nan analiz li, son ki nan Chante Alfabè Kreyòl La « twò afriken ». Yon lòt Akademisyen (ki te vin prezidan AKA ann apre) te gen laperèz devan chante a paske, nan analiz pa li, adopsyon non lèt kreyòl ki nan chante a ta egal yon « deklarasyon lagè » kont Lafrans. Reyaksyon negatif sa yo koresponn ak atitid lòt entelektyèl, edikatè ak politisyen ki bay enterè Lafrans priyorite sou tèt enterè ti moun ayisyen. Se kon sa yo vle pou òtograf kreyòl la imite òtograf franse menm lè imitasyon sa a andikape aprantisaj ti moun yo.20 Gen yon Akademisyen ki te menm pwopoze, an 2020, pou n ta chanje òtograf kreyòl la yon fason pou l sanble ak franse paske, selon li, se kon sa n ap ka « amelyore » òtograf kreyòl la.21
20Michel DeGraff, « An n reflechi ansanm pou n rele chalbari dèyè pwopozisyon k ap menase òtograf lang kreyòl la », Potomitan, 14 April 2023, http://www.potomitan.info/ayiti/degraff/otograf.php ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025..Tounen nan tèks la
21Christophe JP Charles, « Propositions pour améliorer la grap…
Christophe JP Charles, « Propositions pour améliorer la graphie du créole haïtien », Le Nouvelliste, 26 oktòb 2020, https://web.archive.org/web/20220930022839/https://lenouvelliste.com/article/222071/propositions-pour-ameliorer-la-graphie-du-creole-haitien ; http://www.potomitan.info/ayiti/degraff/otograf.php ; mwen te gade sit entènèt sa yo nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
An final, atak sa yo kont lang kreyòl la ak moun ki pale kreyòl se konsekans kolonizasyon ak neyo-kolonizasyon ann Ayiti depi lè Ayiti te an ba bòt Lafrans. Se dominasyon kolonyal sa a ki kontinye ap apovri nasyon an e ki toujou ap feraye pou kenbe Ayisyen an ba kontwòl nòm lengwistik ak nòm kiltirèl Lafrans.
Diskriminasyon kont kreyòl kòmanse nan lekòl ; men, sa pa rete la. Yo bay kreyòl la baboukèt nan tout sektè kote enstitisyon fòmèl yo ap kreye epi transmèt konesans ak pouvwa. An reyalite, kreyòl se sèl lang k ap sèvi depi plis pase 2 syèk pou n bati nasyon nan lakou pèp souvren nou an. Malgre sa, tribinal ann Ayiti toujou kontinye ap fè pifò pwosè an franse. Sa se yon enjistis pou moun ki pa pale franse e k ap pote plent ak akizasyon nan tribinal.22
22Jessica Carew Kraft, « Establishing the Rule of Law in a Country Where Justice Hardly Exists », The Atlantic, 22 avril 2015.Tounen nan tèks la
Enben, se menm kalite enjistis sa yo ki ka ede nou konprann sa k te pase nan mwa d me 2022 apre New York Times te pibliye yon seri atik ki rele « Ranson » sou yon ankèt detaye nan dosye kokenn chenn dèt Lafrans te enpoze ansyen koloni li a (dosye sa a detaye nan chapit 2). New York Times te pibliye atik sa yo, non sèlman ann angle, men, yo te pibliye atik yo an franse ak kreyòl tou. Men, gen 2 nan pi gwo jounal Ayiti yo—Le Nouvelliste ak Le National—ki pibliye mòso nan atik sa yo an franse sèlman.23
23Catherine Porter, Constant Méheut, Matt Apuzzo ak Selam Gebrekidan, « The Ransom—The Root of Haiti’s Misery : Reparations to Enslavers », New York Times, 20 me 2022.Tounen nan tèks la
Pou n rezoud pwoblèm apovrisman ak enstabilite politik ki toujou ap frape Ayiti, fòk se chak ti moun ann Ayiti ki jwenn yon bon jan kalite edikasyon—e sa mande pou lekòl fèt an kreyòl. Nivo ki pi ba nan echèl ekonomik divès peyi sou latè mache men nan men ak represyon lang natif natal elèv yo. Fowòm Ekonomik Mondyal klase Ayiti an ba nèt nan dosye edikasyon ak inovasyon. 24 Wi, ann Ayiti, se mwens pase 10% pami ti moun ki antre nan lekòl primè ki rive diplome nan lekòl segondè. Se apeprè menm pousantaj pami Ayisyen ki gen kèk konesans nan lang franse.25 Sa se pa yon aza, non.
24World Economic Forum, « The Global Competitiveness Report 2019 » (Geneva : World Economic Forum, 2019).Tounen nan tèks la
25Groupe de travail sur l'éducation et la formation (GTEF), «…
Groupe de travail sur l'éducation et la formation (GTEF), « Pour un pacte national pour l’éducation en Haïti—Rapport au président de la République » (Port-au-Prince, Bibliothèque Nationale, 2010), https://mit-ayiti.net/wp-content/uploads/2023/06/Haiti-Pacte-National-Education-GTEF-2010-1.pdf ; Yves, Dejean, « Creole and Education in Haiti » nan The Haitian Creole Language : History, Structure, Use, and Education, ed. Arthur Spears ak Carole M. Berotte Joseph (Lanham, MD : Lexington Books, 2010).Tounen nan tèks la
Gen lektè ki siman pral mande : Pou ki sa yo pa anseye ti moun yo franse pou yo gen plis chans reyisi lekòl ? Kesyon sa a, ki souvan poze ann Ayiti ak lòt kote, se egzakteman sa liv sa a pral reponn : Pou ki sa pou nou anseye elèv yo franse pou yo ka aprann matematik, pa egzanp. Epi kiyès ki pral anseye milyon ven ti kreyolofòn franse lè pifò anseyan yo, ki se kreyolofòn tou, pa metrize franse ?
Tristès nan defèt Refòm Bernard 1982 a
An 1982, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) te pibliye yon dekrè pou pwomosyon Refòm Minis Joseph C. Bernard. M ap detaye Refòm sa a pi devan nan chapit la. Minis la te pwomèt yon gwo chanjman nan sistèm edikasyon an lè l te mande pou kreyòl sèvi kòm lang ansèyman (L.An.) pou premye 10 ane lekòl yo epi franse ta dwe sèvi kòm dezyèm L.An. kòmanse nan sizyèm ane a. Sa ta dwe bay elèv ayisyen yo yon chans pou yo fonksyone nan tou lè 2 lang yo pandan y ap onore idantite nasyonal yo. Rechèch modèn nan syans aprantisaj ak nan ansèyman lang pote bon jan agiman pou kore edikasyon miltileng ki baze sou lang manman. Apwòch sa a gen gwo anbisyon ladan ; men, se yon objektif nou ka reyalize nan yon sistèm k ap diplome elèv ki metrize bilengwis fonksyonèl — egal : yo ka fonksyone nan yon 2yèm lang, tankou franse, nan sèten domenn spesifik. Objektif sa a pi bon lontan pase mepri reyèl pou lang kreyòl la ki nan objektif bilengwis ekilibre ki se yon kochma kote lekòl yo ap mande pou elèv yo gen konpetans nan yon lang etranje (franse) ki nan menm nivo ak lang matènèl yo. Objektif bilengwis fonksyonèl la, kote kreyòl sèvi kòm lang ansèyman epi franse se matyè nan klas ansèyman lang, pi reyalis pase objektif bilengwis ekilibre a epi sa ta ede tabli yon sistèm lekòl ki, o mwen, ka selebre e valide idantite nou kòm nasyon.
Malerezman, gouvènman an te bafwe Refòm Bernard sa a—swa yo te ba l vag, swa yo te mal entèprete l. Se ansèyman tout kalite matyè ki toujou kontinye ap soufri ann Ayiti—ansèyman lang franse kontinye ap echwe tou. Pwofesè franse yo sèlman yon ti kras pi maton pase elèv yo nan pale franse epi anpil ladan yo ap sèvi ak lang natif natal yo (kreyòl) lè y ap eseye imite yon seri fraz an franse yo te senpleman memorize. Sa se konsekans tradisyon pa kè jako repèt kote elèv yo memorize tèks an franse yo pa konprann. An jeneral, tèks an franse sa yo pa gen anyen pou wè ak sa ki enpòtan nan lavi tou lè jou elèv yo epi tèks sa yo pa mache ni ak idantite ti moun yo ni ak pwofil kiltirèl yo.26 Genyen nan tèks sa yo ki menm rive fè elèv yo rayi lang pa yo, kò pa yo, koulè po pa yo, relijyon pa yo e latriye.27 Memorizasyon tèks sa yo pa sèlman bloke kreyativite ti moun yo ; men, sa pwovoke alyenasyon ak rayisman pwòp tèt yo. Rayisman sa a gen rasin li nan istwa kolonyal Ayiti.28
26Marky Jean-Pierre, Language and Learning in a Post-colonial Context : A Critical Ethnographic Study in Schools in Haiti (London : Routledge, 2016).Tounen nan tèks la
27Bruny, Rebecca, « Des manuels scolaires prolongent la colonisation en Haïti, selon un expert », antrevi ak Jacques-Michel Gourgues, Ayibopost, 3 me 2021, https://ayibopost.com/interview-des-manuels-scolaires-prolongent-la-colonisation-en-haiti-selon-un-expert/, mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
28Dejean, Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba ; Jean-Pierre, Language and Learning in a Post-colonial Context.Tounen nan tèks la
Ata ansèyman lekti baze sou memorizasyon pa kè jako repèt sou korespondans ant lèt ak son an franse ; pa gen anpil jefò ki fèt pou ede ti moun yo konprann tèks an franse sa yo. Itilizasyon franse kòm L.An. nan aprantisaj lekti pami ti moun ki pale kreyòl fè ti moun sa yo tounen aprenan ki andikape pou tout rès vi yo.29
29S. Messaoud-Galusi ak E. Miksic, « Haïti : Early Grade Reading Assessment, (EGRA) : Rapport pour le Ministère de l’Éducation et la Banque Mondiale—Résultats en français et en créole », World Bank ak USAID (Washington, DC : RTI International, 2010).Tounen nan tèks la
Anpil kote ann Ayiti, elèv ki pran egzamen ofisyèl yo pa jwenn vèsyon kreyòl egzamen yo oswa se yo menm menm ki chwazi fè egzamen yo an franse paske se an franse yo te memorize matyè a. Twò souvan, elèv yo pa rive jwenn tout liv yo bezwen an kreyòl, sitou pou aprantisaj syans ak matematik nan nivo ki pi avanse. Ki fè sèl sa yo ka fè nan ka sa yo se memorize tèks an franse epi resite yo pa kè san konpreyansyon. Sa pa dwe fè nou sezi si pifò egzamen elèv yo pran an kreyòl se egzamen sou kreyòl kòm matyè.
Memorizasyon ka ede elèv yo aprann powèm, pyès teyat e latriye ; men, sa pa ede ase nan kreyasyon matematisyen, syantis, enjenyè, ekriven ak lòt pwofesyonèl ki gen kapasite pou yo fè rechèch kreyatif ki ka pwodui inovasyon. Gen bon jan done ki montre ki jan metòd pa kè jako repèt sa a ki popilè nan lekòl ann Ayiti pa ka bay rannman pou aprantisaj ki pwofon, ki dirab e ki pote solisyon kreyatif pou rezoud vre pwoblèm nan lavi tou lè jou aprenan yo. 30 Epi, tou, memorizasyon an jako repèt nan yon lang pifò elèv yo pa metrize pa fouti ankouraje konpetans kreyatif, panse kritik ansanm ak kapasite pou rezoud pwoblèm. Se ladrès sa yo ki nesesè pou byennèt Ayiti kòm nasyon souvren.31
30Ference Marton ak Roger Säljö, « Approaches to Learning » na…
Ference Marton ak Roger Säljö, « Approaches to Learning » nan The Experience of Learning : Implications for Teaching and Studying in Higher Education, 2yèm edition, ed. Ference Marton, Dai Hounsell ak James Entwistle (Edinburgh : Scottish Academic Press, 1997) ; Michael Prosser, Keith Trigwell, Elizabeth Hazel, and Fiona Waterhouse, « Students’ Experiences of Studying Physics Concepts : The Effects of Disintegrated Perceptions and Approaches », European Journal of Psychology of Education 15 (2000) : 61–74.Tounen nan tèks la
31Dejean, Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba ; Benjamin…
Dejean, Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba ; Benjamin Hebblethwaite, « French and Underdevelopment, Haitian Creole and Development : Educational Language Policy Problems and Solutions in Haiti », Journal of Pidgin and Creole Languages 27, no. 2 (2012) : 255–302 ; Jean-Pierre, Language and Learning in a Post-colonial Context.Tounen nan tèks la
Yon mal ki pwofon e ki dire tout lavi
Metòd aprantisaj mwen fèk dekri yo, se yo ki ede nan kenbe Ayiti kòm yon peyi ki apovri e ki oprime. Pa egzanp, lè an 2011 mwen te vizite yon klas twazyèm ane nan yon lekòl piblik Lagonav, mwen te obsève konsekans malouk ki frape ti moun yo lè lekòl yo enpoze franse kòm lang ansèyman—yon lang ki vreman etranje pou pifò pwofesè ak elèv. 32 Foto ilistrasyon 1.2 a se yon kesyon a chwa miltip nan yon kou « syans esperimantal » kote pa gen anyen ki « esperimantal » nan aprantisaj pa kè yon seri done syantifik ti moun yo ap vale san dijere. Pwofesè a sèlman pale yon ti bout franse.
32Egzanp sa a se adaptasyon yon mòso tèks nan Michel DeGraff ak Glenda S. Stump, « Kreyòl, Pedagogy, and Technology for Opening Up Quality Education in Haiti : Changes in Teachers Metalinguistic Attitudes as First Steps in a Paradigm Shift », Language 94, no. 2 (2018) : e127–e157.Tounen nan tèks la
Imaj la poko disponib.
Yon tablo vèt ki montre yon tèks ki ekri alamen ak lakrè blan sou twa liy. Gen yon fant kote tablo a kase nan pati an wo nan mitan.
Tèks orijinal la an franse. Nan tradiksyon kreyòl mwen an, mwen chache repwodui erè gramatikal ak erè òtograf ki nan franse ki sou tablo a.
Pye bwa se :A – èt vivan
B – èt ki pa vivan
C – èt ki ga pye
Òtograf ki kòrèk pou repons B an franse se :êtres non-vivants kote gen yon <s> pou adjektif « non-vivants » ki o pliryèl. Nan repons C, pwofesè a te ekri « passedant » nan plas « possédant » ; se kòm si, an kreyòl, nou ta ekri « ga » nan plas « gen ». Epi ki kote pawòl « possédant des pieds » a, nan repons C, ta sòti ? Pou ki sa pwofesè a ta konsidere « gen pye » kòm yon repons ki posib ? Repons mwen pral bay la ava montre nou ki kalite blokaj sa kreye lè n ap anseye oswa aprann nan yon lang ni anseyan ni aprenan pa metrize.
• An kreyòl, mo pye a sèvi ni pou pye bwa ni pou pye moun
• Mo franse pou pye zoranj se « oranger ».
• Mo franse pou pye bannann se « bananier ».
• Mo franse pou pye bwa se « arbre ».
Yon pwofesè ayisyen ki pale kreyòl kòm lang matènèl li e ki pa maton ditou nan pale franse, men, ki oblije anseye an franse ka panse sa nòmal pou l mande elèv li yo si yo ka defini « pye bwa » kòm ki dirè se yon bagay ki « gen pye » (egal : « possédant des pieds » an franse) alòs ke pye an kreyòl pa ekivalan ak pied an franse menm si yo gen menm pwononsyasyon.
Gen yon elèv ki te chwazi repons B a, êtres non-vivants, kòm ki dirè pye bwa yo se « èt ki pa vivan ». Lè m te mande l si yon pye bwa vivan oswa li pa vivan, men, mwen te sèvi ak vèb « viv » nan plas adjektif « vivan » : « Yon pye bwa, èske l ap viv oswa li p ap viv ? »
Li te reflechi sou sa epi li te reponn : « Yon pye zoranj, li bay fèy, li grandi, li mouri. Ki donk, l ap viv ! »
Elèv la te mal reponn kesyon an an franse—ki pa lang natif natal li. Men, lè m te poze l menm kesyon an an kreyòl, li te konprann, san grate tèt, yon pye bwa se yon èt k ap viv. Erè elèv la te sòti nan yon koneksyon otomatik, ki gen sans, ant 2 mo diferan nan 2 lang diferan—2 mo ki pwononse menm jan nan tou lè 2 lang yo.
Kreyòl se sèl lang ke elèv la benyen ladan e ki rele l « chè mèt, chè mètrès ». Sa pa ta dwe etone nou si elèv la pa t reyalize mo franse vivant ka sèvi pou nenpòt bagay k ap viv, tankou pye bwa ak lòt bagay k ap viv e ki pa moun. Erè elèv la fè nan entèpretasyon mo franse « vivant » an sanble se yon konsekans nòmal anviwonnman ti moun lan nan kominote li. Anviwonnman sa a pa diferan de anviwonnman plizyè milyon lòt elèv tou patou ann Ayiti. Sanble elèv la te pale kreyòl sèlman nan anviwonnman lakay li, nan lakou lekòl la, nan mache, nan legliz, nan kominote l e latriye. Pifò gran moun nan kominote a, yo menm tou, se kreyòl yo pale sèlman. Tout moun sa yo sèvi ak mo kreyòl vivan an pou yo dekri moun—« vivan » an kreyòl pa sèvi pou dekri pye bwa. Se sa ki fè ti moun lan te chwazi repons B a—« Les arbres sont des êtres non-vivants » an franse—yon repons ki pa kòrèk, men, ki gen sans nan yon kominote ki gen vivan an kreyòl, lang matènèl li.
Gen anpil lòt mo an kreyòl ak franse ki gen sans ki diferan malgre yo pwononse menm jan—tankou pye ak vivan an kreyòl epi pied ak vivant an franse. Se sa ki rele « faux amis » an franse. Fo zanmi sa yo rann aprantisaj an franse trè difisil pou ti moun ki pi maton lontan nan pale kreyòl. 33 Ki fè lang lokal yo endispansab pou aprantisaj pwofon e sa se yon zouti ki nesesè pou patisipasyon demokratik nan bon jan edikasyon e, nan ka Ayiti a, pou kaba dominasyon.
33Pou pi plis done ak analiz sou paradòks sa yo, gade Dejean, see Dejean, Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba ; ak Jean-Pierre, Language and Learning in a Post-colonial Context.Tounen nan tèks la
Frankofoni : Bòt Lagrandyab sou kou Ayiti
Souvan, yo dekri Ayiti kòm « peyi ki pi pòv nan emisfè oksidantal la ». Men, mwen konsidere pawòl sa a kòm yon gwo kout lang. Pito nou di Ayiti se nasyon yo pi apovri apre syèk kolonizasyon ak neyo-kolonizasyon blan ewopeyen. Kwame Nkrumah (1909–1972), ki te premye prezidan Gana apre endepandans li an 1957, se yon revolisyonè, yon save nan syans politik. Li te esplike : « Esans neyo-kolonyalis la se kontwole politik ansyen koloni ki swadizan endepandan e ki bay aparans li gen souvrènte. An reyalite, se puisans etranje ki kontwole sistèm ekonomik ak politik ansyen koloni sa yo. »34
34Kwame Nkrumah, Neo-Colonisation : The Last Stage of Imperialism (New York, NY : International Publishers, 1966), ix.Tounen nan tèks la
Ayiti jodi a se youn nan ra peyi ki endepandan depi plis pase 2 san ane e ki gen yon lang nasyonal tout moun pale, men, ki pa sèvi ak lang sa a nan lekòl kòm prensipal L.An.35 Enpozisyon franse kòm L.An. se yon gwo zam kolonizasyon mantal pou dominasyon ak kontwòl politik.
35Dejean, Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba.Tounen nan tèks la
Nan dat 31 oktòb 2014, Michel Martelly, prezidan Ayiti epòk la, te mande François Hollande, tokay franse li a, pou l ede Ayiti jwenn pwofesè franse ki retrete e ki ka ede rebati « mantalite ak mounite ann Ayiti ». Demann Martelly a, se te yon repons pou Hollande ki te deklare lang franse se « yon gwo lyen ant Lafrans ak Ayiti » epi li te asosye esponnsòchip Lafrans pou devlòpman lekòl segondè nan peyi a ak yon demann pou lekòl sa yo « angaje kòm anseyan sitwayen Lafrans lè sa posib, si non anseyan ki frankofòn ».36
36https://www.youtube.com/watch?v=d2CJYucVVrU&t=37s ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Hollande te deklare : « Nou pa vle Ayiti pèdi lang franse sa a ki ba li idantite li ». Se kòm ki dirè se yon kado li t ap fè Ayiti lè l t ap chache ranfòse yon sistèm edikasyon elitis ki fè nou menm, Ayisyen, rayi pwòp kilti lokal nou ak lang nasyonal nou epi fè nou diskrimine kont majorite popilasyon an. Lè Hollande ap pwomèt Ayiti « èd », an reyalite, se yon diskou rasis ki deklare se sèlman blan franse ki ka byen anseye lang franse.
Pifò moun ki an deyò Lafrans ka konprann mo « frankofòn » lan vle di « yon moun ki pale franse ». Men, Hollande li menm, lè l sèvi ak mo sa a, se pou moun ki pale franse, men, ki pa blan franse. « Frankofòn » sa yo se sitou moun ki gen koulè po mawon ak nwa—ann Ayiti, nan ansyen koloni Lafrans ann Afrik e pami imigran nan peyi Lafrans.37
37Roger Little, « World Literature in French ; or is Francophonie Frankly Phoney », European Review 9, no. 4 (2001) : 421–436.Tounen nan tèks la
Lè Hollande deklare frankofòn k ap anseye franse pa nan menm nivo ak blan franse, sa se yon jouman rasis li voye pou tout ekriven « frankofòn » ki fyè de rekonpans yo resevwa pou jan yo maton nan lang franse a. Pami rekonpans sa yo, gen pozisyon ki chaje ak prestij nan Akademi Fransèz ak nan Kolèj de Frans ki nan Pari. Menm gen moun ki pran etikèt « Frankofòn » lan kòm yon konpliman. Nan kòmansman ane 2014 sa a, Martelly li menm te menm gen fyète pou l rele Ayiti « sèl peyi frankofòn » nan Karayib la e « yon pwolonjman Lafrans ». 38 Zansèt nou yo ki te fonde Ayiti e ki te konprann enpak malouk pouvwa lang franse a, èske yo te fè kòlè nan sèkèy yo lè yo te tande pawòl sa yo ?
38https://www.elysee.fr/francois-hollande/2014/02/21/point-de-presse-conjoint-de-mm-francois-hollande-president-de-la-republique-et-joseph-michel-martelly-president-de-la-republique-dhaiti-sur-les-relations-entre-la-france-et-haiti-a-paris-le-21-fevrier-2014 ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Ane apre a (2015), Hollande pwomèt pou l ranbouse « dèt moral » Lafrans dwe Ayiti (yon koze nou analize nan chapit 2). Pami metòd pou ranbousman sa a, Hollande di Lafrans pral envesti nan sistèm edikasyon Ayiti a epi l ap onore pi plis wòl Ayiti kòm nasyon frankofòn !
Nan dat 11 desanm 2017, nan vil Pari, te gen yon lòt prezidan ayisyen, defen Jovenel Moïse, ki te rankontre Emmanuel Macron, yon lòt prezidan franse. Moïse te deklare franse se sèl « lang ofisyèl ». Poutan, Konstitisyon 1987 la mete ni franse ni kreyòl kòm lang ofisyèl peyi a epi Konstitisyon an rekonèt kreyòl kòm sèl lang nasyonal Ayiti.
Nan tou lè 2 reyinyon yo, an 2014 epi an 2017, tou lè kat prezidan yo te met tèt yo ansanm sou yon objektif komen : rapousuiv yon tradisyon frankofil k ap plede trayi, depi plizyè syèk, meyè pratik nan edikasyon k ap plede vyole prensip dwa moun ki mande pou lang natif natal ti moun yo sèvi kòm lang ansèyman. Wi, lang matènèl la endispansab pou tout ti moun ka jwenn bon jan edikasyon ansanm ak opòtinite egal ego.
Mete kreyòl kòm L.An. ann Ayiti se yon batay ki difisil anpil nan kontèks yon yerachi klas sosyal kote gen yon elit ki pale franse a kote yon kantite Ayisyen k ap chache antre nan klas elit la. Ayisyen sa yo nan elit la toujou ap fè jefò pou yo viv pi lwen posib mas pèp ki pale kreyòl la—pi lwen nan jeyografi, sosyete, kilti, relijyon ak lang. Ayisyen sa yo toujou patisipe nan estrateji dominasyon ak esklizyon epi yo wè lang franse a kòm yon « butin de guerre ». An jeneral, elit la grandi ak franse kòm lang manman ak lang yo pale lakay yo, yo ale nan sa yo rele « bon lekòl » kote pwofesè yo pale franse epi yo prefere ansèyman an franse ; men, yo pa fè anyen pou ede majorite peyi a jwenn bon jan ansèyman lang franse.
Preferans pou franse kòm L.An., sa sèvi enterè elit sa yo, ansyen kolon yo ansanm ak gouvènman, enstitisyon ak kòporasyon sa yo ki, depi nan epòk kolonyal la, ap pwofite de mizè malere yo—sila yo ki touche salè ki pi ba nan peyi a. Se menm pratik lengwistik sa yo ki fèmen pòt elit la e ki apovri moun ann Afrik nan zòn kote lekòl yo derefize sèvi ak lang lokal yo.39 Gen yon korelasyon ki parèt solid ant « peyi soudevlope » (pito n ta di « peyi yo apovri ») ak peyi kote pifò lekòl yo pa sèvi ak lang elèv yo pale lakay yo kòm lang prensipal pou ansèyman.40
39Carol Myers-Scotton, « Elite Closure as a Powerful Language Strategy : The African Case », International Journal of the Sociology of Language no. 103 (1993) : 149–163 ; Zehlia Babaci-Wilhite, Local Languages as a Human Right in Education : Comparative Cases from Africa (Rotterdam : Sense Publishers, 2014).Tounen nan tèks la
40Hebblethwaite, « French and Underdevelopment » ; UNESCO, World Data on Education : Haiti ; Walter, « The Language of Instruction Issue » nan The Handbook of Educational Linguistics, ed. Bernard Spolsky ak Francis M. Hult, 127–146. Malden, MA : Blackwell Publishing.Tounen nan tèks la
Esklizyon sa a se yon vyolasyon dwa moun selon divès konvansyon Nasyon Zini.41 Pa egzanp, Konvansyon Nasyon Zini sou dwa ti moun di sa klè : se tout ti moun ki gen dwa pou yo resevwa edikasyon sou baz opòtinite egal ego e pou yo sèvi ak pwòp lang pa yo sou ban lekòl. Enben, sa te dwòl anpil lè sit entènèt UNICEF « Timoun yo ! The Voice of Haiti's Children » te afiche Konvansyon Nasyon Zini sou dwa ti moun sou paj akèy li malgre sit la menm te an franse ak angle, san okenn vèsyon an kreyòl.42 Sa te fè pifò kontni sou sit la pa fouti aksesib pou ti moun sa yo UNICEF te di li reprezante. An 2016, UNICEF fèmen sit la.
41Babaci-Wilhite, Local Languages as a Human Right in Education.Tounen nan tèks la
42https://web.archive.org/web/20190203100940/http://timounyo.com/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Tout gouvènman ayisyen ki vini apre yo te konplis nan ranfòse dekoneksyon ant lang franse a ak lavi tou lè jou ti moun yo. Pandan epidemi Kovid-19 la, Ministè Edikasyon Nasyonal te lanse yon platfòm ki resikle materyèl sou entènèt—pifò te sòti lòt bò dlo, tankou videyo ti moun k ap pale an franse sou viris kowona nan yon kontèks sosyal ki etranje nèt pou pifò ti moun ann Ayiti.
Preferans sa a pou franse ak pou tradisyon kiltirèl ki sòti an deyò Ayiti se yon fòm vyolans ki kòmanse depi nan jaden d anfan.
Vyolans lengwistik nan yon klas jaden d anfan ann Ayiti
Se nan yon klas lekti nan yon jaden d anfan nan Lagonav mwen te obsève ti moun ki pale kreyòl ki t ap aprann non ak adjektif an franse pou divès objè. Pandan pwofesè a te mande yo pou yo repete mo franse yo, li te remake ti moun yo sèvi ak yon seri vwayèl ki pwononse devan bouch yo e ki pa awondi (egal : ki pwononse ak lèv nan yon pozisyon rilaks tankou lè n di vwayèl nan « diri ») kote franse sèvi ak vwayèl devan ki awondi (egal : ki pwononse ak lèv ki pran fòm yon sèk tankou lè n ap sifle oswa lè n ap di vwayèl nan mo franse « jus » oswa mo angle « who »). Mwen te pran yon videyo jou sa a (gade lyen ki nan nòt la) ki montre klè ki jan diferans ant pwononsyasyon kreyòl ak franse kreye dezòd nan pedagoji mwen pral dekri kounye a.43
43Michel DeGraff, « Black Lives Will Not Matter Until our Lang…
Michel DeGraff, « Black Lives Will Not Matter Until our Languages also Matter : The Politics of Linguistics and Education in Post-Colonies », Videyo sou YouTube, 2:26:05, 4 jen 2020, https://www.youtube.com/watch?v=-M91rn4Tr_Q&t=3882s ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025. Seksyon ki pi enpòtan an kòmanse nan 1:04:42.Tounen nan tèks la
Kontras sa a se youn pami yon seri diferans ki byen dokimante nan konparezon fonoloji franse ak kreyòl.44 Vwayèl ki pa awondi nan plas vwayèl ki awondi souvan sèvi kòm yon endikasyon si yon moun pa alèz nan pale franse epi sa tou sèvi kòm makè klas sosyal.45 Gen plizyè blag ki fawouche moun ki pale kreyòl sèlman e menm moun ki ka pale yon ti franse e k ap mete vwayèl awondi nan mo franse kote vwayèl la pa awondi—tankou « il a ru » nan plas « il a ri ».
44Jean-Robert Cadely, « Les sons du créole haïtien », Journal of Haitian Studies 99, no. 2 (2003) : 4–41.Tounen nan tèks la
45Bambi B. Schieffelin and Rachelle Charlier Doucet, « The ‘Real’ Haitian Creole : Ideology, Metalinguistics, and Orthographic Choice », American Ethnologist 21, no. 1 (1994) : 176–200.Tounen nan tèks la
Lè n sonje istwa lang kreyòl la nan sosyete nou, nou pa ta dwe etone si ti moun yo te ka wè degou nan figi anseyan an lè yo te mete vwayèl ki pa awondi nan mo franse sa yo kote ki, selon anseyan an, dwe gen vwayèl awondi. Anseyan an te ka esplike ti moun yo diferans sa yo se yon konsekans nòmal enfliyans lang kreyòl la sou lang franse kòm yon lang etranje ti moun yo ap aprann. Nou jwenn menm konsekans sa a (sa lengwis yo rele « transfè ») pami moun ki pale panyòl e k ap aprann franse oswa moun ki pale franse e k ap aprann kreyòl (souvan nou rele sa « aksan etranje »). Men, anseyan an pa t bay ti moun yo okenn ankourajman.
Sa ki pi tris se lè nou reyalize nivo franse anseyan lang franse a te nan apeprè menm nivo ak pa anseyan syans ki te mande ti moun yo si pye bwa gen pye. Anseyan lang franse a te di pawòl ki gen non san atik alòs ke atik sa yo obligatwa devan non sa yo an franse pou klarifye sans non an. Epi anseyan an te fè pwòp « erè » gramatikal pa li lè li t ap eseye korije franse ti moun yo an ven. Li pa te janm rekonèt ti moun sa yo gen pwòp lang natif natal pa yo—egal : kreyòl—kote vwayèl ki pa awondi sa yo se yon aspè nòmal lang lan. Olye li rekonèt sa, li prefere, brid sou kou, sèvi enterè nouvo kolon yo ki vle ranfòse, nan tèt ti moun ki tou piti, chenn mantal sa yo k ap fòse yo konsidere kreyòl natif natal yo kòm yon franse ki « manke » kichòy oswa ki « kowonpi »—yon « franse mawon ». Li te ede nan demounifikasyon ti moun yo an ba chenn mantal yon kwayans kote fòk yo demele yo jis yo « ranje » lang kreyòl la pou l tèt koupe ak franse epi se kon sa y ap ka vin « edike » epi y ap vin « moun » nèt nan yon Ayiti « frankofòn »—ki se « yon pwolonjman Lafrans ».
Sal klas nan jaden d anfan sa a se miwa enjistis kolonyal k ap demounifye ti moun yo. Si anseyan an te ede elèv li yo reyalize jan kreyòl ak franse se 2 lang diferan, sa t ap montre pi plis respè pou lang natif natal ak idantite ti moun yo kòm Ayisyen. Men, sa t ap kaba itilizasyon lang kòm zouti pou dominasyon.
Gen anpil anseyan ann Ayiti ki rekonèt malsite ke sistèm malouk sa a ap simaye nan peyi a. Nan yon sondaj gouvènman an te fè an 2010, anseyan yo di kon sa, menm lè se franse yo pale pi plis nan sal klas pa yo, elèv yo aprann pi byen an kreyòl.46 Imajine gwo domaj chwa sa yo ap fè sou idantite ak byennèt ti moun yo, jenerasyon apre jenerasyon. Se vyolans lengwistik, apatèd lengwistik.
46GTEF, Pour un Pacte National pour l'Education en Haïti .Tounen nan tèks la
Kafou kote lang, pouvwa ak konesans kontre
Konesans se pouvwa. Fason yo anseye elèv yo depi yo tou piti, sa se koze pouvwa k ap regle. Lang ak edikasyon se zam ki te sèvi pou esklizyon ak dominasyon nan fondasyon Ayiti nan epòk kolonyal la ak fondasyon tout sistèm kolonyal sa a enperyalis ewopeyen yo te kreye nan kontinan Afrik ak Amerik. Nan epòk neyo-kolonyal jodi a, estrateji gwojemoni kreye enstitisyon ak ideyoloji ki anpeche popilasyon jeneral la jwenn edikasyon ak lòt mwayen pou pwogrè sosyal ak ekonomik.
Konsènan gwojemoni, se revolisyonè Sid Afriken Steve Biko ki te di kon sa : « Zam ki pi puisan nan men moun an wo yo se sèvèl moun an ba yo. »47 Se kon sa tou sèvèl moun an ba yo se zam ki pi puisan nan konba liberasyon. Sonje chante « Redemption Song » mizisyen rege Bob Marley ki te mande : « Chape tèt ou sòti an ba chenn mantal ; se nou menm menm ki dwe libere lespri nou. »
47Steve Biko, I Write What I Like : Selected Writing (Chicago : University of Chicago Press, 2002).Tounen nan tèks la
Istwa lemonn chaje ak egzanp kote lang sèvi pou dominasyon jeyo-politik ak pou fèmen pòt elit la. An 1835, Lord Macaulay te chita kòm manm Konsèy Siprèm koloni Britanik nan peyi Enn epi se li ki te entwodui sistèm edikasyon oksidantal pami Endyen yo. Li te rejte tout sa ki te ekri nan lang sanskri kòm zèv ki gen « mwens kalite » pase « pi piti mànyèl ki sèvi nan lekòl primè ann Angletè » epi li te deklare Endyen yo pa t ka fouti aprann nan lang manman yo. Li te mande pou kolon yo kreye « yon klas moun ki endyen nan san ak koulè po, men, ki tankou blan nan peyi Angletè nan fason yo manje, nan fason yo panse e nan moralite yo ak entèlijans yo ». Li te vle pou Endyen sa yo ka vin « entèprèt » ant blan britanik yo « ak plizyè milyon moun n ap gouvène ».48
48Thomas Babington Macaulay, Speeches : With His Minute on Indian Education (New York : AMS Press, 1979), premye pibliye an 1835.Tounen nan tèks la
Macaulay t ap chache konvenk Endyen yo angle se pi bon lang pou ansèyman ann Enn paske se yon lang ki pi djanm pase sanskri ak lòt lang lokal yo. Pawòl Macaulay sa yo se egzanp ki byen montre enpòtans lang ak kilti pou ranfòse pouvwa kolon yo.
Si yon lengwis pwofesyonèl t ap chache defann analiz Macaulay an, li t ap chaje ak pwoblèm pou l montre angle se yon lang ki pi « sofistike » oswa pi « konplike » pase sanskri, ki se yon zansèt angle ! Poutan, Macaulay ak kòlèg li yo te konvenk anpil Endyen angle se yon lang ki nesesè pou edikasyon. Egzanp sa a suiv menm modèl ke Lafrans te itilize e ke li kontinye ap ankouraje ann Ayiti—sètadi : lang se zouti pou puisans kolonyal ak pou elit ki vle fèmen pòt klib privilejye yo pou yo pwoteje avantaj pa yo. Epi se kon sa elit sa yo toujou ap defann modèl sa a kòm ki dirè sa se nan « enterè nasyon an ».49
49Claire Kramsch, « Between Globalization and Decolonization » nan Decolonizing Foreign Language Education, ed. Donaldo Macedo (New York : Routledge, 2019).Tounen nan tèks la
Itilizasyon franse nan lekòl, nan fonksyon administratif, nan tribinal ak lòt kote ann Ayiti se vyolasyon dwa moun tou lè jou. Sa anpeche moun jwenn bon jan kalite edikasyon ak devlòpman dirab. Sa antre nan yon istwa manch long kote lang toujou sèvi kòm zouti pou ranfòse dominasyon ak esklizyon.
An n analize istwa lekòl ann Ayiti
Se an 1920 James Weldon Johnson (1871–1938), youn nan premye aktivis pou dwa sivil, te dekri vwayaj li te fè ann Ayiti lè peyi a te an ba okipasyon Marin Ameriken (n ap tounen sou peryòd sa a nan chapit 2). Johnson te wè sitiyasyon sosyo-lengwistik Ayiti tankou yon nasyon ki gen 2 pati ladan : yon ti pousantaj moun an wo ki pale franse epi yon « mas » moun an ba ki pale kreyòl sèlman e ki pa gen anyen pou yo li.
Li te ekri : « Yo pa gen okenn liv pou li » epi yo pa te gen jounal non plis ; ti moun yo « etidye franse pandan kèk ane lekòl ; men, franse pa janm vin sèvi kòm lang yo pale tou lè jou ».
Johnson te di sa tou : « Pou elimine pwoblèm analfabèt ann Ayiti, yo dwe fè kreyòl la sèvi kòm lang moun ni ekri ni pale. Echèk nan konfwonte pwoblèm sa a se akizasyon ki pi malouk kont gouvènman ayisyen an. »50
50James W. Johnson, « Self-Determining Haiti », The Nation, 25 septanm 1920.Tounen nan tèks la
Nan premye vre defi kont politik lang ansèyman ki favorize elit frankofòn lan, nan mwa septanm 1979, palman ayisyen an te elimine entèdiksyon kont sèvi ak kreyòl nan lekòl epi yo te legalize lang lan kòm matyè pou yo anseye (M.An.). Sa vle di ansèyman kominikasyon an kreyòl kòm matyè pou elèv yo aprann epi kreyòl tounen yon lang ansèyman (L.An.) ki ka sèvi nan sal klas.51 Sa te ouvri yon pòt pou chak ti moun ann Ayiti ka jwenn yon bon kalite edikasyon gras a ansèyman nan lang manman. An 1982, jan nou te deja esplike, Minis Edikasyon Joseph C. Bernard te chache pwofite opòtinite sa a ; men, sa pa ko janm fin reyalize nèt.
51Gouvènman Ayisyen, Loi du 18 septembre 1979. Loi otorisant l'usage du créole dans les écoles comme langue d'enseignement et objet d'enseignement, 1979.Tounen nan tèks la
Sa fè plizyè dizèn ane depi gen anbivalans nan dosye L.An. sa a : konsèy ki twò vag sou pratik ansèyman nan sal klas, objektif akademik ki tèt an ba (si yo gen tèt !), move deskripsyon lejislasyon ki pwomouvwa kreyòl, mepri ni pou konsèy espè nan edikasyon ni pou lengwistik. Epi tout mi wo mi ba sa yo gen enpak sou dwa moun. Ni politik edikasyon ni pratik ansèyman, tou lè 2 kontribye nan echèk nasyon an, malgre bèl « pwomès » gouvènman an ansanm ak ajans devlòpman entènasyonal yo. Antite sa yo pwomèt tout ti moun ann Ayiti bon kalite edikasyon ; men, pwomès sa a pa fouti reyalize san lang kreyòl kòm L.An. Batay ant frankofil ak kreyolofil sou kesyon politik lang nan edikasyon ak pratik ansèyman nan sal klas ap kontinye pi rèd apre plis pase 2 syèk.
Tousuit apre endepandans Ayiti an 1804, nouvo gouvènman an te oblije chwazi lang ki t ap pral sèvi pou fonksyonnman leta. Menm si te gen eksepsyon pami yo, elit frankofòn ki te nan tèt yerachi pouvwa a te prefere kenbe franse nan gwo enstitisyon piblik yo. Jean-Jacques Dessalines (1758–1806)—yon lidè revolisyon an ki te vin premye chèf peyi d Ayiti an 1804—te ensiste, menm anvan endepandans Ayiti, sou dwa popilasyon lokal la pou yo pale pwòp lang pa yo—« lang a nou ». Dessalines, li menm tou, te konprann enpòtans lang kòm yon zam pou pouvwa. Se pou sa, nan Deklarasyon Endepandans 1804 la, li te deklare, klè kon dlo kokoye, lame revolisyonè anti-kolonyal Ayiti a te viktim, non sèlman an ba fòs lame franse, men tou, an ba « elokans ipokrit pwoklamasyon ajan Lafrans yo ».52
52Gade https://haitidoi.com/doi/ pou tèks Deklarasyon Endepandans Ayiti a ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Jeneral Étienne Gérin, yon lòt manm elit la e yon kontanporen Dessalines, te pwopoze kreyòl kòm L.An. pou ede ti moun yo jwenn edikasyon kòm sa dwa. Li te wè kreyòl kòm zouti ki endispansab pou kenbe souvrènte Ayiti devan « teknoloji » lang franse a kòm zouti neyo-kolonyal pou puisans enperyal yo. Li te menm ekri yon liv gramè kreyòl pou nivo lekòl primè.53 Men, inisyativ li a pa te rive mache.
53Joseph Saint-Remy, Pétion et Haïti : Étude monographique et historique, vol. 5 (Paris : Auguste Durand, 1864).Tounen nan tèks la
Goumen sou baz ras ak klas vin pwolonje tansyon ki te la depi anvan endepandans, epi peyi a te menm vin separe an 2 teritwa endepandan apre asasina Dessalines nan mwa oktòb 1806 : Repiblik d Ayiti an ba Prezidan Alexandre Pétion nan sid ak Wayòm d Ayiti an ba Wa Henry Christophe nan nò. Tou 2 te prefere sèvi ak lang ewopeyen nan lekòl : Pétion te prefere franse epi Christophe te prefere angle. Jean-Pierre Boyer, ki te pran plas Pétion, te ranmase tout Ayiti nan yon grenn teritwa apre lanmò Christophe an 1820. Teritwa sa a te gen pati lès Espay te okipe a. Boyer te fè pwomosyon franse kòm lang ki dwe domine nan lekòl sou tout zile a.
Pami elit yo, pa te gen anpil moun tankou Dessalines ak Gérin ki t ap valorize lang kreyòl la. An jeneral, kreyòl te envizib nan lekòl yo pandan tout dis nevyèm syèk la.54 Otorite yo te prezante franse kòm si se sèl lang yo pale tou patou ann Ayiti. An 1820, te gen yon lwa ki te mande pou elèv ki antre nan lekòl leta nan nivo segondè ka li, ekri epi konprann gramè san yo pa menm presize de ki lang lwa a pale.55 Kanta admisyon nan lekòl leta pou medsin nan ane 1830 yo, etidyan yo te oblije ekri kòrèkteman nan « lang pa yo » ak « lang ki sèvi nan repiblik la ».56
54Sténio Vincent ak L.-C. Lhérisson, La Législation de l'instruction publique de la République d'Haïti (1804–1895) (Paris : Vve Ch. Dunod et Vicq, 1895).Tounen nan tèks la
55Vincent ak Lhérisson, La Législation, 126.Tounen nan tèks la
56Vincent ak Lhérisson, La Législation, 307, 327.Tounen nan tèks la
An 1860, François Elie Dubois, ki te Minis Enstriksyon Piblik ann Ayiti, te pibliye yon rapò ki onèt sou pwofil sosyo-lengwistik peyi a ak estrateji elitis e diskriminatwa nan sistèm lekòl la. Elie Dubois te di se sèlman elit yo ki dwe gen « privilèj » pou y ale « nan lekòl segondè pou yo jwenn konesans ki pwofon e ki solid ». Si egzamen ànyèl yo ta revele kèk elèv nan lekòl primè ki sòti nan klas sosyal ki pi ba yo e ki « ka suiv kou avanse nan lekòl segondè », lè sa a « n ava enskri yo epi n a peye kòb lekòl la pou yo ».57 Li te pale de twa ti moun ki te pwofite bous leta sa yo.
57Repwodui nan Vincent ak Lhérisson, La Législation, 443.Tounen nan tèks la
Sa klè : lang franse te sèvi kòm baryè pou pifò Ayisyen. Ti moun ki pa t pale franse lakay yo t ap sèlman aprann ti kras franse sou ban lekòl ; men, yo te ka vanse nan lekòl segondè sèlman lè yo ka briye nan egzamen an franse.
An nou vanse nan peryòd modèn lan pou n gade 2 pwopozisyon ki te twoke kòn konsènan politik lang nan lekòl ann Ayiti—youn nan ane 1980 yo ; epi lòt la, ki pi resan, nan ane 2020 yo.
Premye a se Refòm Bernard mwen te deja entwodui nan chapit la. Dekrè Bernard nan dat 30 mas 1982, se te dokiman ki pi enpòtan li te pibliye kòm Minis Edikasyon. Dekrè sa a te kreye yon pwogram obligatwa ki rele « Lekòl Fondamantal » kote kreyòl se ni matyè ansèyman (M.An.) ni lang ansèyman (L.An.) pou tout matyè enpòtan yo—matematik, istwa, syans e latriye—jiska dizyèm ane.58 Mànyèl yo te dwe an kreyòl tou. Franse te dwe kòmanse sèvi kòm yon dezyèm L.An. nan klas sizyèm ane. Dekrè a te tou esprime yon bezwen pou devlope materyèl ki pratik e ki konekte ak kilti ti moun yo—materyèl ki ka ede yon tranzisyon pedagojik sòti nan memorizasyon rive nan aprantisaj aktif.
58Département de l’Éducation Nationale, « Décret organisant le système éducatif haitien en vue d'offrir des chances égales à tous et de refléter la culture haitienne » 30 mas 1982.Tounen nan tèks la
Imajine si refòm sa a te reyalize !
Ministè Edikasyon an te detaye motivasyon, jistifikasyon ak objektif dekrè 30 mas 1982 a nan yon lòt dokiman—« La réforme éducative »— ki te pibliye nan menm ane a e ki te kouvri lòt tematik an plis pedagoji. Dokiman sa a te pale de enpòtans lang kreyòl la pou onore idantite nou menm Ayisyen kòm nasyon : « pa gen ansèyman ki pi efikas e ki kite yon enpak pi pwofon pase ansèyman ki sèvi ak lang manman an »; lekòl « ta dwe ankouraje kilti ak idantite nasyon an »; « lè nou bay Ayisyen yon kilti ki sòti nan peyi endistriyalize yo, sa fè yo pèdi konsyans sou pwòp idantite pa yo epi sa fè yo aprann zafè etranje anvan yo vin konsyan de pwòp tèt yo ».59 Dokiman sa a te idantifye dominasyon franse nan lekòl kòm responsab « gwo echèk » nan « 2 premye ane lekòl primè yo ». Li te kritike yon « pedagoji ki chita sou tradisyon negatif tankou otorite gwo ponyèt anseyan an, dosilite aprenan an, memorizasyon konesans nou konnen ti moun yo bliye byen vit ».
59Département de l’Éducation Nationale, La réforme éducative – Éléments d'information (Port-au-Prince : DEN, 1982).Tounen nan tèks la
Refòm Bernard sa a, se te yon pwojè avan gad, espesyalman nan peyi kote L.An. se lang ansyen kolon yo. Objektif la se asire elèv yo ka bati fondasyon entelektyèl ak emosyonèl ki solid sou baz lang manman epi sa pral ba yo siksè nan aprantisaj dezyèm lang. Kòm Bernard te konnen ki kritik ki t ap pral atake refòm lan, li te esplike piblik la ti moun ann Ayiti ka aprann franse pi byen lè se kreyòl ki se lang prensipal ansèyman sou ban lekòl. Li te raple lektè yo ke refòm lan « pa te janm mande oswa li pa te vle mande esklizyon lang franse a ».
Malerezman, opozisyon anti-kreyòl ki te sòti nan rejim Duvalier a te fòse Bernard demisyone nan mitan ane 1982. Enstabilite politik ki te vin ann apre, mete sou rezistans kont pwomosyon kreyòl nan lekòl te bloke tout aktivite refòm jis Duvalier te tonbe an 1986 lè pwojè a te rekòmanse an ba yon nouvo minis edikasyon. Men, lè sa a, pifò nan antouzyas pou ansèyman an kreyòl te pèdi epi elit peyi a pa t vle pèdi prestij ak benefis ekonomik sa yo ke pale franse te ede yo jwenn kòm benefis pou klas sosyal pa yo.
Premye desanm 1988, Ministè Edikasyon te pibliye yon lòt dekrè ki t ap pral swadizan aplike Refòm Bernard nan tout peyi a. Men, li pa te di anyen menm sou wòl kreyòl ak franse nan sistèm edikasyon an. Ki fè, jodi a, gen anpil konfizyon ak mal konprann sou wòl fondamantal Bernard te bay kreyòl la pou demen miyò nan peyi a. Kantite erè yo ekri sou Refòm Bernard 1982 a nan dokiman ofisyèl ki vin ann apre yo, sa sanble magouy oswa, si n vle kenbe espwa, nou ka di sa se rezilta enkonpetans ak neglijans.
An 2007, UNESCO (United Nations Educational, Scientific and Cultural Organization ; egal : Òganizasyon Nasyon Zini pou Edikasyon, Syans ak Kilti) te di yon pawòl ki sanble yon aseptasyon ki vini ak yon ti reta pou Refòm Bernard 1982 a : « Lang kreyòl la ta dwe okipe yon plas privilejye nan edikasyon ; fòk aprenan yo ta etidye l kòm yon lang epi fòk yo ta itilize l kòm lang ansèyman sòti depi nan lekòl matènèl rive jis nan inivèsite ».60 Enben, an n konpare Refòm Bernard 1982 a ak Cadre d'Orientation Curriculaire (COC) 2021 an. Se espè Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl Ayiti a (MENFP), gras a sipò teknik ak finansye Agence Française de Développement (AFD), ki te pwodui COC sa a pou sistèm edikasyon an epi yo te mete franse kòm sèl L.An. depi nan senkyèm ane a. Nan COC 2021 a, kreyòl se sèl L.An. nan premye ane ak dezyèm ane epi se kreyòl ak franse k ap sèvi kòm ko-L.An nan twazyèm ane ak katriyèm ane. Ministè Edikasyon bay dokiman COC sa a tit fòmèl Cadre d'Orientation Curriculaire pour le système éducatif haïtien—Haïti 2054.61
60UNESCO, World Data on Education : Haiti.Tounen nan tèks la
61Ministère de l'Éducation Nationale et de la Formation Profes…
Ministère de l'Éducation Nationale et de la Formation Professionelle (MENFP), Cadre d'Orientation Curriculaire pour le système éducatif haïtien—Haïti 2054, 2021. Nan kreyòl pale, yo rele COC « Kòk »—yon mo ki vle di « kòk » nan jaden (papa poul) ak « penis » (« kòk » pi vilgè pase « penis »). Kòk la se yon senbòl Lafrans tou—yon reyalite ki pa pèdi pou Ayisyen, sitou sila yo ki fanatik foutbòl e k ap suiv seleksyon foutbòl Lafrans.Tounen nan tèks la
An 2054, Ayiti pral selebre 250 ane depi l koupe fache ak Lafrans pou nou gen yon nasyon endepandan. Se sa ki fè chif « 2054 » ki nan tit COC 2021 an dwe fè nou souke tèt nou paske dokiman sa a se yon atak dirèk kont souvrènte Ayiti. Pandan COC 2021 an anonse li vize fòmasyon yon lòt kalite sitwayen ki ka sèvi avni peyi yo, sitwayen 2054 sa a se youn ki pral resevwa yon edikasyon ki fonde sou yon foli frankofòl ki alyene lespri ti moun yo e ki fè yo krebete. Epi COC 2021 sa a antre nan yon lòt magouy lè l di objektif li se ede reyalize misyon Refòm Bernard 1982 a ki t ap chache yon chanjman radikal nan pratik lengwistik lekòl yo pou kreyòl ta ranplase franse kòm lang prensipal nan edikasyon ti moun yo.
Malgre COC 2021 an te reklame Refòm Bernard kòm premye enspirasyon li, li te ankouraje yon vizyon ki 100% kontredi Bernard konsènan wòl kreyòl nan sal klas ann Ayiti. Pa gen okenn done ak rezilta syantifik ki te ka konfime objektif anti-kreyòl COC 2021 an ki te voye jete rezilta solid ki sòti nan plizyè deseni rechèch ki konfime nesesite lang manman elèv yo kòm L.An. Fondasyon COC sa a te rejte konsansis pami lengwis ki te demontre tout lang gen menm kapasite pou esprime panse ak konsèp. Selon lengwis yo, si gen limitasyon nan itilizasyon sèten lang, sa se rezilta esklizyon lang sa yo nan pwodiksyon ak transmisyon konesans akademik e syantifik pandan yon peryòd tan. Sa Bernard te pwopoze pou sistèm edikasyon ann Ayiti a se te yon vre revolisyon anti-kolonyal, yon modèl pou transfòme lekòl nan tout lòt peyi k ap soufri an ba menm kalite enjistis lengwistik sa yo. Si yo te aplike COC 2021 sa a—ki te devalorize sèl lang ki « simante tout Ayisyen ansanm » (Konstitisyon 1987)—sa t ap pral tounen yon lòt rezon pou echèk plizyè milyon ti moun ann Ayiti.
Objektif « bilengwis ekilibre » ki nan nannan COC 2021 an te mande pou yon elèv fonksyone « nan menm nivo fasilite nan tou 2 lang yo nan pale, koute, ekri ak li ».62 Reyalizasyon yon egalite lengwistik ki pafè nan pale kreyòl ak franse se yon objektif ki kareman enposib lè nou konsidere reyalite sistèm edikasyon ayisyen an ansanm ak demografi ak pwofil sosyo-lengwistik peyi a. Yon objektif kon sa, si yo te vreman chache aplike l, sa t ap kenbe yon lòt avantaj bab e moustach pou ti moun nan elit la pandan sa t ap defavorize majorite ti moun nan peyi a. Kòm majorite ti moun sa yo eseye aprann franse sou ban lekòl sèlman, pi souvan nan men pwofesè ki pa metrize franse ditou pyès, ki jan yo pral rive jwenn konpetans an franse « nan menm nivo » ak nan lang matènèl la ? Èske y ap rive aprann pale franse pou yo bay blag ? Pou yo machande pri lè y ap achte nan mache ? Pou yo chofe ekip pa yo nan match foutbòl ?
62MENFP, COC 2021, se mwen ki joute anfaz la.Tounen nan tèks la
Preskripsyon COC 2021 yo pa « ekilibre » ditou pyès. Yo antre nan kategori « apwòch soustraktif ak transfè rapid » 63 nan edikasyon bileng kote ti moun yo kòmanse lekòl nan lang matènèl la pandan y ap anseye yo yon dezyèm lang epi, tousuit apre sa, yo kòmanse yon tranzisyon konplè nan dezyèm lang lan kòm nouvo L.An. Epi, byen vit ann apre, lang manman an te fin disparèt nèt kòm L.An. Apwòch sa yo se trayizon lasyans epi yo chita sou yon ideyoloji gwojemoni. Enben, se kon sa menm yo gaye tou patou nan peyi yo apovri pi plis. Anpil nan peyi sa yo toujou ap leve lang ansyen kolonizatè yo byen wo. Apwòch sa yo bay rezilta negatif ni nan aprantisaj, ni nan avansman elèv yo.
63Carol Benson, « Addressing Language of Instruction Issues in…
Carol Benson, « Addressing Language of Instruction Issues in Education : Recommendations for Documenting Progress » nan Global Education Monitoring Report 2016, Education for People and Planet : Creating Sustainable Futures for All, Paris, UNESCSO, 2016 ; Adama Ouane ak Christine Glanz, Optimizing Learning, Education and Publishing in Africa : The Language Factor—A Review and Analysis of Theory and Practice in Mother-Tongue and Bilingual Education in Sub-Saharan Africa (Hamburg and Tunisia : UNESCO Institute for Lifelong Learning / Association for the Development of Education in Africa, 2011).Tounen nan tèks la
Apwòch Refòm Bernard 1982 a se te yon apwòch aditif : li te ajoute yon dezyèm lang kòm L.An. nan kourikoulòm lan san yo pa retire lang natif natal elèv yo nan sal klas la. Apwòch sa a ta dwe ede elèv yo devlope fondasyon entelektyèl ak akademik solid sou baz lang matènèl la epi sa t ap ede ti moun yo aprann lòt lang ansanm ak matyè akademik ki pi enpòtan yo. Rechèch yo montre klè sa ede ti moun yo reyisi pi byen nan aprann yon dezyèm lang.64
64Benson, « Addressing Language of Instruction Issues in Educa…
Benson, « Addressing Language of Instruction Issues in Education » ; Stephen L. Walter ak Patricia M. Davis, « The Eritrea National Reading Survey » (Dallas, TX : SIL, 2005) ; Kathleen Heugh, Carol Benson, Berhanu Bogale ak Mekonnen Alemu Gebre Yohannes, « Study on Medium of Instruction in Primary Schools in Ethiopia : Final Report », Ministè Edikasyon, Gouvènman peyi Letyopi, 22 janvye 2007, https://everythingharar.com/wp-content/uploads/2017/02/4379_Heugh_Studyonmediumofinstruction.pdf ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Vre objektif COC 2021 an pa te menm kache an ba chal : kenbe franse kòm sèl L.An. pou matyè de baz yo depi nan senkyèm ane. Se te « pwazon nan bouyon » kont Refòm Bernard 1982 a. Se te yon politik ki t ap pral kontinye trete kreyòl kòm ki dirè se yon lang ki pa fouti patisipe nan pwodiksyon ak pataj konesans ki depase nivo lekòl primè oswa se apwopriye kreyòl pa apwopriye pou sa. Yon politik kon sa t ap pral kontinye demoralize epi dekouraje majorite Ayisyen—sila yo ki pale kreyòl kòm sèl lang ki rele yo « chè mèt, chè mètrès ». Politik sa a t ap fè yon gwo pousantaj elèv abandonnen lekòl, espesyalman elèv ki pi defavorize ekonomikman e ki pa abitye pale franse lakay yo ak nan kominote yo. Mezanmi, ki jan yon baboukèt kon sa sou sèl lang nasyonal Ayiti t ap janm ka pwodui sitwayen peyi a bezwen pou yon demen miyò ?
Refòm Bernard 1982 a, se t ap yon apwòch 2 kabès pou tout Ayiti : elèv yo ta ka fini lekòl ak yon baz akademik jeneral solid ak kreyòl kòm lang natif natal yo ak bilengwis fonksyonèl an franse. COC 2021, li menm, t ap chache zonbifye elèv yo lè li mete yo nan fè jako repèt nan yon lang yo pa metrize.
Dèt nou anvè jèn aprenan yo
An 1979, Institut Pédagogique National (IPN) te pibliye yon kritik sevè sou konsekans sa pote lè lekòl yo fòse anseyan yo sèvi ak franse kòm L.An. pou pifò ti moun ann Ayiti. Rapò a « mare » kreyòl kòm lang manman ak « esperyans emosyonèl, sosyal e fizik ti moun piti » pou majorite ti moun ann Ayiti ansanm ak « enfliyans yo resevwa nan anviwonnman fanmi yo, sitou sou bò manman ». IPN te note kontak « ki ra, si yo egziste » ant pifò ti moun ayisyen genyen ak franse, espesyalman nan zòn riral ak zòn vil defavorize yo.
IPN te esplike jan kreyòl « ranpli yon wòl ki nesesè e ki fondamantal kòm lang nan devlòpman mantal » ti Ayisyen anvan yo antre lekòl. Itilizasyon franse kòm L.An. lakòz « anpil echèk yo obsève nan lekòl pandan 2 premye ane lekòl primè » epi sa « ralanti devlòpman òganizasyon mantal k ap fonksyone nan tèt ti moun yo ». Anseye an franse « pa kreye emosyon ki ka motive gran majorite ti moun k ap benyen, depi yo fèt, nan yon anviwonnman kote tout moun pale kreyòl e ki kontinye ap nouri lavi yo nan nivo emosyonèl ak sosyal. »65
65Institut Pédagogique National, « Buts, objectifs, caractéristiques d'une rénovation de l’enseignement primaire », 1979, sitasyon nan La réforme éducative, Département de l’Éducation Nationale.Tounen nan tèks la
Nou dwe ti moun tou patou nan lemonn opòtinite pou bon jan edikasyon ansanm ak espwa pou demen miyò. Pwomès sa a pa fouti reyalize lè nou monte gwo baryè lang k ap bloke devlòpman mantal yo nan lekòl kote se kourikoulòm yo menm k ap toupizi lavi emosyonèl ak sosyal ti moun yo !
Malgre sa, nou pa dwe pèdi tout espwa. An 2022, Nesmy Manigat, Minis Edikasyon, sanble li te reyalize mi wo mi ba nan COC 2021 an epi li te lanse kèk pwojè enpòtan pou mete prensip fondamantal nan Refòm Bernard 1982 a ann aplikasyon.66 Manigat te mande pou yo anseye franse kòm yon dezyèm lang nan ti klas yo epi franse t ap sèvi kòm yon dezyèm lang ansèyman ann apre. Manigat te mande pou yo anseye angle ak panyòl kòmanse nan senkyèm ane.
66https://twitter.com/nesmymanigat/status/1562783994605092870 ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Nan dat 30 oktòb 2023, Manigat te siyen yon nouvo COC « 2024–2054 Version officielle » ki mete kreyòl kòm L.An. nan tout nivo sistèm lekòl la.67 Sa ka parèt kòm yon gwo pa ann avan—menm si se ta sèlman sou papye. An tou ka, lè nouvo COC sa a deklare objektif li se miltilengwis fonksyonèl, sa vin kreye kontradiksyon nan fason yo vle aplike miltilengwis sa a : « anbisyon an » se fè elèv yo « pale, konprann, li epi ekri ak menm nivo konpetans nan o mwen twa lang ».68 Sa se menm objektif « bilengwis ekilibre » COC 2021 an ki vin degize an ba chal etikèt « miltilengwis fonksyonèl » nan COC 2024–2025. Men, kounye a se miltilengwis ekilibre nan 3 lang olye de 2 lang. Nouvo objektif sa a ka fè nou kwè Ministè Edikasyon pa fin konprann sa rechèch syantifik deja montre nou sou aprantisaj lang. Epi, sa ki pi mal ankò, COC 2024–2025 konsidere tout lòt matyè (matematik, syans, istwa e latriye) kòm zouti pou ansèyman franse.69
67MENFP, Cadre d’Orientation Curriculaire pour le système éducatif haïtien—2024–2054, 2024.Tounen nan tèks la
68MENFP, COC 2024–2054, 16.Tounen nan tèks la
69MENFP, COC 2024–2054, 32.Tounen nan tèks la
COC 2024–2054 la pral asire echèk elèv yo nan lang franse ak tout lòt matyè yo. Kòm motè pou repwodiksyon inegalite sosyal la, COC sa a ap rapousuiv sistèm lekòl tèt an ba nan 2 syèk ki sot pase yo : pitit elit sa yo ki deja bileng nan kreyòl ak franse ap kontinye pwofite avantaj bab e moustach nan dosye akademik e sosyo-ekonomik.
« Kado » 250yèm anivèsè endepandans sa a se kado Lafrans. Dessalines te gen rezon lè l te ban nou pinga sou ipokrizi ajan Lafrans yo.
An tou ka, menm lè gen kèk pati nan tèks nouvo COC ki valorize lang ak idantite elèv yo, dokiman sa a rapousuiv yon seri pwomès manch long ki te deja echwe nan administrasyon anvan yo. Erè syantifik, prejije ak enjistis ki nan nouvo COC sa a dwe korije. Dwe gen lòt chanjman nan kourikoulòm lan pou fondasyon ak objektif Refòm Bernard 1982 a rive aplike. Nou dwe gen materyèl pou ansèyman nan tout nivo ki santre sou elèv yo e ki chita sou pedagoji aprantisaj aktif. Lekòl Ayiti yo ta dwe pran swen ti Ayisyen yo epi lekòl yo ta dwe sèvi ak lang kreyòl la pou plante semans pou bon jan solidarite ak fyète nan yon lang ki onore istwa, idantite ak lavni ti moun yo kòm sitwayen yon nasyon souvren.
Libere lespri ak sosyete ann Ayiti apre plizyè syèk diskriminasyon lengwistik, sa se premye etap pou ede Ayiti repare konsekans malouk istwa kolonyal ak neyo-kolonyal li.70 Pou nou byen konprann ki jan nou rive kote nou ye jodi a ann Ayiti, fòk nou gade istwa sa a an detay nan kontèks lengwistik li. Se tematik sa a nou pral egzamine nan chapit 2 a.
70Michel DeGraff, « What Does Justice Sound Like?, » nan Editors’ Forum : Theorizing the Contemporary. Society for Cultural Anthropology, 22 desanm 2021., https://culanth.org/fieldsights/what-does-justice-sound-like ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la