Men anpil, chay pa lou !
—Pwovèb ayisyen
A 560 kilomèt distans kòt wès kontinan afriken an, gen yon ti achipèl ki rele Kap Vèt. Se premye teritwa ann Afrik yon puisans ewopeyen te kolonize—depi lontan, an 1462. Se depi premye syèk kolonizasyon Kap Vèt, an ba gwojemoni Pòtigal, gen yon nouvo kominote ak yon nouvo lang ki te vin pran nesans. Kominote sa a ansanm ak lang li te devlope nan kontak pami Afriken ansanm ak kolon pòtigè ki te mennen yo sòti nan grann tè pou yo vin travay sou nouvo plantasyon Kap Vèt yo. Lang sa a, li menm tou, te vin tonbe an ba prejije Eksepsyonalis Kreyòl.
Petèt ou deja tande pale de « diva pye atè » Cesária Évora (1941–2011). Yo rele l « Rèn Mòna » tou. Mòna se yon stil mizik ki se mak fabrik Kap Vèt. Évora te genyen yon pri Grammy an 2004. Kriyolou se lang natif natal li. Se sèl lang ki rele l « chè mèt, chè mètrès » e se nan lang sa a li te konn chante. Sanble kriyolou se premye lang yo te rele « kreyòl » (oswa « Crioulo » nan lang pòtigè). Li te premye parèt nan echanj ant Afriken ak kolon blan yo sou zile Kap Vèt yo.333
333Jürgen Lang, « Crioulo », Creolica, 27 out 2007, http://www.creolica.net/article-63.html ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Jodi a, yon demi syèk apre 1975—egal : 50 ane depi Kap Vèt te vin endepandan—se chenn neyo-kolonyal ki toujou nan nannan istwa sa a kote se tou patou nan monn lan yo valorize Évora kòm ikòn kiltirèl ki pi popilè nan lang kriyolou a alòs ke se nan peyi li ke yo devalorize menm lang sa a ki te ede l jwenn glwa entènasyonal li a. Sa ki dwòl e ki tris la se lè sèl lang tout moun pale nan Kap Vèt—ki se lang ki te retire Évora sòti nan mizè pou fè l briye kon zetwal—se menm lang sa a Leta bay baboukèt. Menm jan ak kreyòl ann Ayiti, gwo baryè ki bare wout kriyolou nan lekòl, nan gouvènman ak nan lajistis se yo tou ki kenbe pifò sitwayen Kap Vèt nan mizè ak mepri.334
334Joan Vilalta Flo, « Educational Challenges in Cape Verde : Navigating the Problems of a Developing Educational System », Broken Chalk, san dat https://brokenchalk.org/educational-challenges-in-cape-verde-navigating-the-problems-of-a-developing-educational-system/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Pòtigè—sèl lang ofisyèl la—se yon lang etranje pou pifò pèp Kap Vèt. Menm jan ak franse ann Ayiti, pòtigè se tankou eko sistèm kolonizasyon ak esklavaj.335 Abel Amado se yon moun Kap Vèt k ap fè rechèch nan syans politik. Li ekri konsènan fòmasyon yon eta nan Kap Vèt kote pifò popilasyon an pa ka ni « li » ni « konprann ». Ki fè se yon eta ki pa demokratik paske pifò sitwayen yo—sila yo ki pa pale pòtigè—pa fouti patisipe tout bon nan kreyasyon, nan pataj ak nan transmisyon konesans ak pouvwa.336 An menm tan, tou kòm tout lòt ansyen koloni ki nan liv ki nan men w lan, Kap Vèt ap soufri an ba bòt « koperasyon » neyo-kolonyal kote ansyen metwopòl la sèvi ak finansman « èd » pou l kontinye kenbe kontwòl ekonomik e politik.337
335Abel Djassi Amado, « A Língua Cabo- Verdiana e a ‘Quinta Coluna’ Nacional- Lisitanista », Santiago Magazine, 21 desanm 2021, https://santiagomagazine.cv/ponto-de-vista/a-lingua-cabo-verdiana-e-a-quinta-coluna-nacional-lusitanista ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
336Abel Djassi Amado, Creole Language, Democracy, and the Illegible State in Cabo Verde, Lanham, MD : Rowman & Littlefield, 2023 ; Abel Djassi Amado, « Language Policy in Cabo Verde », nan Palgrave Handbook of Language Policies in Africa, ed. Esther Mukewa Lisanza ak Leonard Muaka, London : Palgrave Macmillan, 2024.Tounen nan tèks la
337Amado, Creole Language, chap. 3.Tounen nan tèks la
Kriyolou se yon kadans lengwistik ki tire kont, rakonte istwa ak idantite Kap Vèt tankou nan chante Évora sa yo ki fè nou reve. Lang matènèl la endispansab pou bati nasyon ki souvren. Se sèlman lè Kap Vèt va kraze baryè lengwistik yo l ap ka vin yon nasyon kote chak sitwayen ava gen o mwen yon chans pou l patisipe nan yon monn ki miyò pou tèt li ak pou kominote li.
Pou mizisyen Kap Vèt yo, kriyolou se lang « ki pi pre kè nou, se li ki ka esprime nanm nou paske li sonnen byen ».338 E se pou sa mizisyen yo sèvi ak li pou konpoze chante. Se menm verite sa a ki mache ak kreyòl ann Ayiti tou. Sanble se nan dosye mizik sèlman ke kreyolis eksepsyonalis yo fè yon « eksepsyon » inivèsèl kote yo pa mete « limit » yo te deja enpoze sou lang kreyòl yo—egal : yo aksepte pouvwa espresyon lang kreyòl yo nan domenn mizikal la. Kèl ke swa lang lan, mizik se youn nan kle ki aksesib pi fasil pou debloke pòt ki ouvri sou konesans ak pouvwa atravè lang matènèl la.
338Carla D. Martin, « Music : An Exception to Creole Exceptionalism ? Cape Verdean National Identity and Creativity Post-Independence », Social Dynamics 42, # 1 (2016) : 46–68.Tounen nan tèks la
Enben, se kon sa pou nou entegre kriyolou nan lekòl Kap Vèt yo pou ankouraje fyète ak enklizivite, ankouraje siksè akademik nan plas echèk alawonn Badè. Sa enpòtan anpil pou nou asire tout moun Kap Vèt ka patisipe nan yon eta demokratik lizib ki respekte dwa moun e ki ka fasilite moun jwenn jistis.
Se menm bezwen ijan sa a nou wè nan chak peyi nou diskite nan liv sa a. Se sa nou wè tou nan plizyè lòt kominote tou patou nan lemonn kote diskriminasyon lengwistik ap kontinye kòm yon manifestasyon dirèk sèten prejije sosyete a aksepte pi fasil pase lòt kalite prejije ki oblije nan kache paske yo pa akseptab ankò. Jije moun selon jan yo ekri oswa selon ponktiyasyon, vokabilè ak chapant fraz yo, sa vin tounen yon degizman pou prejije sou ras, klas, dosye fi ak gason ak pou lòt prejije. Se estrateji ranplasman sa a sosyolengwis yo toujou ap dokimante san pran souf.339
339Anne Curzan, Robin M. Queen, Kristin VanEyk ak Rachel Elizabeth Weissler, « Language Standardization and Linguistic Subordination », D ædalus 152, # 3 (2023) : 18–35.Tounen nan tèks la
Pandan Ayiti ap fè pwogrè sou bò pa l, itinerè Kap Vèt fèk antre nan chimen liberasyon lengwistik. Gwoup defansè kriyolou yo ap ede pi plis moun rekonèt enpòtans kriyolou. Aktivis yo ap fè pwomosyon kriyolou kòm lang ansèyman. An 2002, yo te mande Asanble Nasyonal la rekonèt egalite ant kriyolou ak pòtigè kòm dwa lengwistik nan Kap Vèt. An 2009, yo te entwodui yon alfabè ki rele « ALUPEC » nan lwa Kap Vèt e ki tabli règ byen senp nan relasyon ant lèt ak son.340 An 2015, Manuel Da Luz Gonçalves, ki te pran baton kòm ti moun lè l te pale kriyolou nan lekòl, se li ki te pibliye premye diksyonè konplè angle–kriyolou. An 2024, li te lanse premye aplikasyon pou anseye kriyolou sou entènèt.341
340Marlyse Baptista, Inês Brito ak Saidu Bangura, « Cape Verdean in Education : A Linguistic and Human Right » nan Creoles in Education : An Appraisal of Current Programs and Projects, ed. Bettina Migge, Isabelle Léglise ak Angela Bartens, Amstèdam : John Benjamins Publishing, 2010.Tounen nan tèks la
341Manuel Da Luz Gonçalves, Capeverdean Creole-English Dictionary, Boston, MA : Mili Mila, 2015 ; Peter C. Roby, « Roxbury publisher at work on Cape Verdean Dictionary » Bay State Banner, 13 septanm 2023.Tounen nan tèks la
Nan Boston, Masachousèt, nan ane 2021–2022. prèske 3.000 elèv—6% nan popilasyon elèv lekòl piblik yo—se te moun Kap Vèt. Ki fè yo te pwopoze yon pwogram bileng kriyolou-angle nan Boston.342 Petèt yo pral ofri menm opòtinite sa a nan Brockton tou, ki se yon ti vil nan sid Boston ki gen pi gwo kantite moun Kap Vèt oz Eta Zini. Men, se kote yo neglije elèv yo anpil.343 Yo menm ofri klas kriyolou nan sant kiltirèl Kap Vèt ak nan inivèsite oz Eta Zini tankou Harvard. Ki donk, lang lan ap vale teren nan dyaspora a.
342Losangela Batista, « What Does Involvement Look Like for Cap…
Losangela Batista, « What Does Involvement Look Like for Cape Verdean Families in Boston : The Opportunities and Challenges of Being an Engagement Parent in Boston Public Schools », Merrimack ScholarWorks, Prentan 2024, https://scholarworks.merrimack.edu/cgi/viewcontent.cgi?article=1107&context=soe_student_ce ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
343Marena Mosher, « Brockton families ‘fall through the cracks’…
Marena Mosher, « Brockton families ‘fall through the cracks’ due to language barriers, councilor says », Brockton Enterprise, 17 mas 2023, https://www.enterprisenews.com/story/news/state/2023/03/17/brockton-ma-cape-verdean-creole-state-legislaton-language-barriers-interpretation-translation/70016837007/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Poutan, gen anpil travay ki rete pou fèt toujou. Chenn mantal esklavaj yo kontinye ap toumante konsyans nou, fanmi nou, lekòl nou, kominote nou lontan, trè lontan apre chenn « ofisyèl » yo tankou kolonizasyon ak esklavaj te kaba. Ki fè chapit sa a se yon ranmase kèk istwa pwogrè ansanm ak yon kout lanbi pou aksyon dirèk. N ap chache nouvo fason pou n kreye sosyete ki enklizif e ki byen edike pou nou kraze sikui opresyon lengwistik neyo-kolonyal yo. Fòk nou lanse yon revolisyon nan edikasyon ki baze sou pouvwa lang matènèl yo nan direksyon dekolonizasyon ak liberasyon. Se kon sa n ava bati nasyon souvren pou tout pèp oprime ak ansyen koloni nan lemonn.
An n remanbre lang manman tou patou nan lemonn
Nan chapit 3 a, mwen prezante save nan peyi Eta Zini ak Lachin k ap feraye pou yo sove lang zansèt endijèn yo. Ann Awayi, lengwis ak edikatè mete tèt yo ansanm pou defans ak pwomosyon dwa lengwistik nan enterè tout yon kominote. Enspirasyon pa yo se inisyativ « nich pou lang » mawori yo—egal : pwogram kiltirèl kote ti moun yo benyen nan lang endijèn yo—nan Awoteyarowa (non endijèn Nouvèl Zelann). Sa se te yon mouvman ki te lanse an ba lidèchip kominote mawori a menm, depi nan ane 1980 yo. Plizyè fanmi te mete tèt yo ansanm pou yo rasanble lajan ki te nesesè pou yo jwenn espas pou sal klas yo epi se volontè ki te planifye e anseye kou yo. Gouvènman Nouvèl Zelann lan pa te gen okenn entansyon, ditou pyès, pou yo patisipe nan jefò kominotè sa a. Modèl « nich pou lang » pou kominote mawori a reyisi epi sa vin gaye nan lemonn. Sa vin « ede kilti tou patou sou latè reklame sa kolon yo te vòlè ».344
344Aroha Awarau, « The Māori Saved Their Language from Extinction. Here’s How », National Geographic, 28 jen 2024, https://web.archive.org/web/20240701002532/https://www.nationalgeographic.com/culture/article/maori-language-nest-model-new-zealand ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Egzanp Awayi a remakab anpil lè nou konsidere kantite abi fizik e sikolojik nan istwa kominote sa a an ba diktati lang enperyalis nan estrateji gwojemoni kolonyal. Nan premye mwatye dis nevyèm syèk la, byen anvan kolon ameriken yo te debake sou zile Awayi yo, Wayòm Awayi te gen yon bèl popilasyon ki te pale lang awayen ; lè sa a, se pifò yon popilasyon apeprè 130.000 moun ki te pale awayen kòm lang matènèl pa yo epi te gen esplorè, komèsan, misyonè e latriye ki te pale lòt lang—sitou angle ak lòt lang ewopeyen. An 1841, awayen te sèvi kòm lang ansèyman (L.An.) nan 1.100 lekòl.345 Dapre kèk estimasyon, te gen plis pase 90% pami Awayen yo ki te konn li ak ekri nan fen dis nevyèm syèk la.346 Men, kòm yon eleman kle nan estrateji okipasyon kolon Ameriken yo, yo te chache antere lang Awayen yo menm jan yo te fè sa ak lòt lang endijèn nan lòt eta sou gran tè Eta Zini nan kontinan Amerik la. An 1896, yon gwoup biznismann ameriken ak ewopeyen te dechouke monachi Awayi a—« yo te bay manti di kon sa lame [ameriken] te ak yo ».347 Ann apre, yo te entèdi itilizasyon lang awayen nan lekòl yo e yo te enpoze angle kòm sèl L.An.348
345C. Kalani Beyer, « The Shifting Role of the Language of Instruction in Hawaii during the 19th Century », AlterNative : An International Journal of Indigenous Peoples, Volim 5, Issue # 2, https://journals.sagepub.com/doi/abs/10.1177/117718010900500209 ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
346University of Hawaii Foundation, « Saving the Hawaiian Language », san dat, https://www.uhfoundation.org/saving-hawaiian-language ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
347Stephanie Hall, « How Hawaiians Saved Their Language », Library of Congress Blogs, 24 me 2017, https://blogs.loc.gov/folklife/2017/05/how-hawaiians-saved-their-language/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
348Sara Kehaulani Goo, « The Hawaiian Language Nearly Died. A Radio Show Sparked Its Revival », Radyo Piblik Nasyonal, 22 jen 2019, https://www.npr.org/sections/codeswitch/2019/06/22/452551172/the-hawaiian-language-nearly-died-a-radio-show-sparked-its-revival ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
An 1978, Eta Awayi te amande konstitisyon li a pou l te fè awayen ak angle sèvi kòm 2 lang ofisyèl nan eta a. An 1985, te gen sèlman 32 ti moun nan Awayi an ba laj 18 an ki te ka pale lang lan. Nan resansman 2010 la, sepandan, te gen 24.000 fanmi ki te reklame awayen kòm lang prensipal yo pale lakay yo e te gen plis pase 2.500 elèv ki te enskri nan 21 lekòl ak 11 preskolè ki sèvi kòm « nich pou lang ». Yon lòt 8.000 etidyan nan inivèsite t ap etidye awayen.349 Kounye a, Awayi se sèl eta nan peyi Eta Zini ki gen yon lang endijèn kòm lang ofisyèl pou ansèyman nan lekòl leta nan menm nivo ak angle e nan tout nivo klas.
349Goo, « The Hawaiian Language Nearly Died »Tounen nan tèks la
Nan sezon otòn 2023, 4.128 ti moun (2.2% pami tout elèv ki te enskri nan lekòl piblik Awayi) te enskri depi nan jaden d anfan rive nan klas 12yèm ane nan pwogram kote yo t ap benyen nan lang awayen. Pwogram sa yo kontinye ap devlope chak ane alòs ke kantite enskripsyon nan lòt lekòl Awayi ap desann. Men rezilta ki pi remakab la : plis lekòl yo sèvi ak awayen kòm L.An., se plis elèv yo reyisi. Elèv ki gradye nan pwogram nich pou lang yo, yo menm rive pale angle pi byen pase kanmarad yo ki al lekòl ki anseye ann angle.350
350Estatistik enskripsyon eskolè ànyèl nan Hale Kuamoʻo Hawaiian Language Center, Hilo.Tounen nan tèks la
Istwa Awayi sa a se gwo zafè. Lengwis, edikatè ak aktivis ki gen espètiz nan dwa te reyisi remanbre yon lang endijèn yo te prèske fin antere. Pwofesè ki sòti nan youn nan lekòl nich pou lang ki gen plis siksè, Nāwahīokalaniʻōpuʻu (Nāwahī), ansanm ak kòlèg k ap anseye nan lang endijèn oz Eta Zini, te fòme Kowalisyon Nasyonal Lekòl Ameriken Pou Lang Endijèn. Objektif la se pwoteje pwogram pou anseye lang endijèn oswa pou anseye nan lang endijèn tou patou nan peyi a. Alyans lan ap chache asire li politik ak pratik edikasyon oz Eta Zini pa kite okenn ti moun dèyè kèl ke swa lang endijèn ke yo pale lakay yo.
Malerezman, pratik pedagojik retwograd ak gwojemonik kontinye ap pèsiste tout kote sou planèt la e sa gen enpak negatif sou tout dire lavi elèv yo. Gen yon lwa yo te vote sou lang endijèn Eta Zini yo ki bay tout ti moun nan tout peyi a dwa pou yo aprann nan lang natif natal pa yo.351 Malgre sa, yo toujou ap bay elèv yo egzamen nan lang ki pa L.An. oswa yo evalye yo selon metòd ansèyman ki diferan de metòd ansèyman nan lang manman pa yo. Ti moun yo pa ta dwe ap soufri an ba enjistis ak fay ki nan egzamen sa yo ki pa konpatib ak « nòm pwofesyonèl » ki nan lwa federal sou edikasyon. Lengwis ak edikatè Awayi leve kanpe fèm pou yo entèdi pratik enjis sa yo.
351“Native American Language Act,” S.2167 – 101yèm Kongrè (1989–1990), https://www.congress.gov/bill/101st-congress/senate-bill/2167 ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Voye lang manman monte tou patou nan lemonn
Nan Nouvèl Zelann, Awayi ak kèk lòt kote nan lemonn, lang ki te kouche sou kabann lanmò kòmanse ap leve kanpe pou yo rekòmanse viv kòm sa dwa. Men, chapit 3 a deja montre nou toujou gen baboukèt sou lang tou patou nan lemonn, menm nan kominote kote lang matènèl yo se lang ki sèvi tou lè jou. Kourikoulòm ak politik lekòl yo ankouraje alyenasyon lè yo valorize lang ak kilti ansyen kolon yo sou tèt lang ak kilti ansyen kolonize yo. Men, gen bon nouvèl : tou patou sou latè, gen nouvo inisyativ pou edikasyon nan lang manman e ki valorize kilti ak idantite elèv yo. Rezilta nou jwenn ann Ayiti ak Awayi montre ki jan inisyativ sa yo ap rann aprantisaj la pi pèfòman. Jefò sa yo ankouraje yon apwòch dekolonyal k ap kore sa Jean Casimir rele « pouvwa ak bote pèp souvren an ».352 Sa ap ede elèv yo konbat rayisman ki sòti nan kanpay asimilasyon ki rejte lang natif natal ak tradisyon zansèt yo, tankou Vodou ak lòt tradisyon nan eritaj Ginen ann Ayiti.
352Casimir, The Haitians, 267.Tounen nan tèks la
Jefò dekolonyal sa yo ki sèvi ak lang matènèl pou yon revolisyon nan edikasyon simaye nan tout kwen monn lan. Eta Zini ladan tou. Gen kèk jefò ki rive fèt gras a pwogram edikasyon bileng ki respekte divèsite lengwistik ak dwa moun epi jefò sa yo garanti sèvis, resous ansanm ak opòtinite pou moun ki pale lang minoritè yo. Pami prèske 42 milyon noun oz Eta Zini ki pale panyòl kòm premye lang yo, gen òganizasyon ak inisyativ kominotè k ap travay san pran souf pou kraze baryè lengwistik yo epi pou ankouraje enklizivite nan edikasyon. Se sa k ava bay tout kominote sa yo mwayen pou yo pwospere sou plan akademik e sosyo-ekonomik.353 Sonje repondong Maggie nan Mafa an 1954 : « Nadie me va a parar que yo no hable el español » (« Pa gen pyès moun ki ka anpeche m pale panyòl »). Nou tande eko repondong sa a (nan chapit 3) k ap enspire jenerasyon apre jenerasyon pou yo reklame eritaj lengwistik yo epi pou yo konbat baboukèt kont lang pa yo tou.
353Sandy Dietrich ak Erik Hernandez, « What Languages Do We Spe…
Sandy Dietrich ak Erik Hernandez, « What Languages Do We Speak in the United States ? » US Census Bureau, 6 desanm 2022, https://www.census.gov/library/stories/2022/12/languages-we-speak-in-united-states.html ; Erik L. Hernandez ak Kevin McElrath, « Gains in Educational Attainment, Enrollment in All Hispanic Groups, Greatest Among South American Population », US Census Bureau, 10 me 2023, https://www.census.gov/library/stories/2023/05/significant-educational-strides-young-hispanic-population.html ; mwen te gade sit entènèt sa yo nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Gen espwa nan Timò-Leste tou, kote kanpay asimilasyon neyo-kolonyal ki valorize lang pòtigè a twòp te andikape edikasyon moun ki pale lang endijèn yo (gade chapit 3). Nan Lekòl Primè Mwapitini, pwofesè yo ak liv lekòl yo sèvi ak fataloukou—lang ti moun yo pale lakay yo nan zòn sa a—pou yo ka aprann li ak ekri pi fasil. Fataloukou ede mete yon baz solid pou lekti ak ekriti ansanm ak konpetans pou matematik nan 2 lang ofisyèl Timò-Leste yo—tetoun (yon lang veyikilè ki se lang matènèl yon ti ponyen Timorè) ak pòtigè (ki se lang matènèl pou yon pousantaj ki pi piti toujou). Nan zòn riral Timò-Leste, anpil elèv lekòl matènèl ak lekòl primè pa rive jwenn avantaj lang matènèl kòm L.An. Se baboukèt lang etranje ki fè gen yon gwo kantite elèv k ap double klas souvan oswa ki abandonnen lekòl nèt.
Yon lòt pòt lespwa te ouvri an 2015 gras a yon pwojè pilòt nan Lekòl Matènèl Mayna 1 nan Lawtenm. Pwojè sa a te demontre jan elèv ki gen ant 4 ak 5 ane te ka rive aprann li ak ekri nan fataloukou natif natal pa yo apre sèlman sis mwa ansèyman.354 Pèfòmans yo nan matematik te 2,3 fwa pi wo epi yo te menm rive aprann konprann pòtigè pi byen pase tokay yo nan lekòl piblik ki te anseye an pòtigè.
354Kirsty Gusmao, « MTB-MLE Maina I, Lautem (English Version) », videyo YouTube, 4:19, 10 fevriye 2016, https://youtu.be/xDO48fybpek?si=dPG0OpsY_WhoqG4v ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Ansèyman ki fèt nan lang manman te akselere aprantisaj ti moun yo jis li rive ba yo 2 ane avans sou lòt ti moun.355 Non sèlman pèfòmans yo te ogmante 100% nan klas dezyèm ane, men tou, mwayèn nivo lekti pa yo te 3 fwa pi wo pase nivo lekti nan lekòl kote se tetoun ak pòtigè ki sèvi kòm L.An. Rezilta sa yo enpresyonan e yo sanble rezilta entèvansyon nou te jwenn ann Ayiti yo (chapit 5).
355Stephen L. Walter, « The Mother-Tongue-Based Multilingual Education (EMBLI) Pilot Program Endline Assessment : Executive Summary », Oktòb 2016, https://timor-leste.gov.tl/wp-content/uploads/2017/01/Eng-Executive-Summary-for-EMBLI-Endline-Assessment-V4.pdf ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Rezilta sa yo pa ta dwe yon sipriz. Ki jan sa ta posib pou ti moun nan lekòl pòtigè/tetoun ta aprann nan yon lang etranje nan menm nivo ak elèv k ap aprann nan lang natif natal yo ? Ki jan nenpòt elèv ta ka aprann matematik nan yon lang yo pa konprann ?
Sa ki pi bèl ankò : evalyasyon metòd lang manman an montre metòd sa a pi ekonomik epi li pi efikas pase konpetitè yo, espesyalman lè n sonje anseyan ak aprenan deja tou pare pou yo anseye ak aprann nan lang lokal yo, san konte elèv ki abandonnen akòz echèk akademik ki sòti nan « aprann » nan lekòl kote L.An. se yon lang etranje. Yon lòt bon nouvèl se lè gouvènman Timò-Leste finalman ap bay kout men nan mouvman edikasyon ki sèvi ak lang matènèl la.356
356Bala Jose Balarmino de Sa, “President Horta Underscores Importance of Multilingual Education for Timor-Leste’s Future,” Tatoli, 18 avril 2024, https://en.tatoli.tl/2024/04/18/president-underscores-importance-of-multilingual-education-for-timor-lestes-future/22/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Fenlann se yon bon modèl pou peyi tankou Ayiti ki toujou ap make pa an plas nan deba sou zafè lang. Konstitisyon 1999 Fenlann lan garanti « dwa lengwistik ak dwa kiltirèl » epi, tou, gen Lwa 628/1998 amande sou Edikasyon de baz nasyonal ki oblije otorite lokal yo pou yo anseye nan lang lokal yo.357 Se ta ka youn nan lang nasyonal Fenlann yo (fenlandè oswa syedwa) oswa youn nan lang endijèn yo rekonèt ofisyèlman yo (tankou lang Sami yo) epi, tou, gen règleman espesyal pou moun ki sèvi ak lang siy ansanm ak moun ki pale lòt lang, tankou woma. Moun sa yo ki pale lòt lang jwenn èd pou yo aprann fenlandè oswa syedwa kòm yon dezyèm lang.
357Markku Suksi, « Finish and Swedish as National Languages of Finland : A Linguistic Human Rights Success Story—Why and How? » nan Handbook of Linguistic Human Rights, chap. 33.Tounen nan tèks la
Itilizasyon lang matènèl sa yo kontinye rive nan inivèsite ak lòt enstitisyon ansèyman siperyè : fenlandè ak syedwa se L.An. prensipal yo epi gen règleman pou ansèyman nan lòt lang, tankou angle, pou fasilite etidyan ak pwofesè etranje. Etidyan ki deside kontinye etidye nan lang matènèl kòm L.An. jwenn ankourajman ak ankadreman pou sa.
Se kon sa otorite yo te wè lekòl Fenlann—ki toujou klase pami pi bon lekòl nan lemonn358—kòm lekòl ki dwe respekte epi ranfòse yon bèl degre divèsite lengwistik. Garanti pifò elèv ka aprann nan lang matènèl pa yo te mennen nan kreyasyon yon sistèm edikasyon ki enklizif anpil anpil.
358« Finland », Education GPS, OECD, 7 mas 2024, https://gpseducation.oecd.org/CountryProfile?plotter=h5&primaryCountry=FIN&treshold=5&topic=PI ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
An 2014, Fenlann ak Ayiti te antre nan yon pwojè kolaborasyon ki te vize amelyorasyon lekòl ann Ayiti sou baz fòmasyon anseyan ak refòm kourikoulòm.359 Dis rekòt kafe ann apre, te gen anpil pwogrè nan itilizasyon kreyòl kòm L.An, gras ak ni modèl Fenlann lan ni kolaborasyon ant MIT-Ayiti ak gouvènman ayisyen.360
359« Haiti – Education : Towards a stronger partnership between Haiti and Finland », Haiti Libre, 12 septanm 2014, https://www.haitilibre.com/en/news-12035-haiti-educationtowards-a-stronger-partnership-between-haiti-and-finland.html ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
360Dizikes, « MIT and Haiti Sign Agreement » ; Dizikes, « 3 Questions » ; « Haiti—Training », Haiti Libre.Tounen nan tèks la
Pouvwa Egzanp Ayiti a
Esperyans Ouygou, Tibeten, Kapvèdyen, Awayen, Timorè ak lòt pèp nou te wè nan chapit 3 ak 5, se yon seri egzanp enpak pwofon lang ak edikasyon genyen sou idantite, souvrènte ak bati nasyon. Chak egzanp nou itilize nan liv sa a gen pwòp istwa pa li, pwòp konplikasyon pa li ak pwòp kontèks pa li. Men, nan chak ka, kominote sa yo k ap viv nan ansyen koloni sa yo e k ap chache reyalize souvrènte tout bon vre ansanm ak byennèt endividyèl e kolektif, fòk yo valorize divèsite lengwistik epi yo dwe priyorize edikasyon ki baze sou lang manman ak sou rasin kiltirèl pèp yo.
Gen anpil obstak sou wout mouvman sa a, mete sou opozisyon pouvwa peyi ansyen kolon yo ansanm ak elit lokal yo ki gen enterè y ap defann nan sistèm neyo-kolonyal la. Pou Ouygou ak Tibeten, lang ak kilti pa yo an ba gwo menas imedya. Pou Mawori, Awayen ak plizyè lòt pèp endijèn, lang pa yo te an danje pou yo fin disparèt ale nèt e gen kèk ki ka toujou an ba menas sa a. Pou Timorè ak Afriken nan Afrik de Lwès, defi a se gwo kantite lang lokal yo pale nan chak peyi sa yo ki prezante difikilte pou yon distribisyon lekòl ak resous yon fason ekitab pou tout moun ka jwenn san patipri.
Nan Istwa d Ayiti, nou jwenn esklavaj nan chenn ansanm ak esklavaj nan ekonomi epi nou toujou nan esklavaj mantal an ba dominasyon yon lang kolonyal. Malgre tou sa, nou gen yon bèl avantaj bab e moustach. Ayiti gen yon sèl vre lang nasyonal. Kreyòl se sèl lang tout Ayisyen ann Ayiti pale e se yon lang ki byen vivan. Yo pale l tou lè jou epi li toujou ap evolye tankou nenpòt ki lòt lang. Pwofil lengwistik peyi d Ayiti se yon richès nou pa ko janm rive esplwate : pa gen okenn nesesite pou n sove oswa revitalize okenn lang lokal k ap mouri oswa pwodui materyèl pou n sipòte yon bann ak yon pakèt lang lokal. Sa klè, wout la difisil ; men, opòtinite a bèl anpil. Kreyòl kòm L.An. prensipal ka kraze baryè atifisyèl k ap bloke aprantisaj reyèl ti moun yo.
Pouvwa lang matènèl kòm zouti ki nesesè pou dekolonizasyon ak liberasyon depase kontèks sal klas yo. Pouvwa sa a ka libere moun ki santi yo oblije sèvi ak lang ansyen kolon yo nan tout lòt sektè fòmèl, an plis lekòl. Twò souvan, obligasyon sa a sèvi kòm zouti pou dominasyon ak represyon.
Deba an franse nan Palman ann Ayiti fè anpil senatè ak depite pe bouch yo pou yo pa fè erè franse ki ka sal repitasyon yo. Senatè Willot Joseph toujou renmen pale anpil lè se kreyòl l ap pale. Men, li pa t ka reponn yon senp kesyon yon jounalis te poze l an franse, li te jis vire do l ale paske li pa t ka fini yon fraz li te kòmanse an franse. Li te repete premye ti bout fraz la plizyè fwa—yon bout fraz ki pa te gen okenn sans.361 Plizyè santèn remak an ba videyo sa a sou Facebook montre Ayisyen byen konnen Senatè a te ka esprime panse li klè nan lang manman l—si li te bay tèt li libète pou l pale kreyòl nan entèvyou a.
361Tripotay Lakay, « Senatè Willot Joseph (Nèg Emay la) devan Jounalis #RFI », Facebook, 19 mas 2017, https://fb.watch/sVhj-mxAdF ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
An jen 2024, se an franse Garry Conille te kòmanse diskou enstalasyon li kòm premye minis Ayiti : « Malgré la solemnité du moment, je vais dévier du protocole et vous parler directement du cœur » (egal : « Malgre se yon okazyon solanèl, m ap kase pwotokòl la pou m pale pawòl ki sòti dirèk nan kè m »). Epi li antre nan kreyòl pou l di fòk travay la kòmanse brid sou kou devan gwo defi k ap frape nasyon an.362
362Primati Repiblik d Ayiti, « Cérémonie de remise de l'ampliation de l'Arrêté nommant le Docteur Garry Conille », videyo YouTube, 2:18, 3 jen 2024, https://youtu.be/7X6scXQe2KM?si=NyWZStokZ7a6qHQ8 ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Nan ane 2018, Sherly Jeudy, yon vedèt foutbòl, te make yon gòl ki te voye Ayiti nan koup di monn « U20 » (pou foutbolèz ki gen mwens pase 20 lane). Apre match la, yon jounalis te poze l yon kesyon an franse epi l te reponn nan yon swadizan franse, ak aksan natif natal kreyòl li ki makonnen ak chapant epi chwa mo ki an ba enfliyans kreyòl. Yo te pase l nan betiz pou sa sou rezo sosyal yo. Yo te di li pale franse « mawon », franse « domaje ». E se Ayisyen parèy li ki t ap ekri pawòl mechan sa yo sou Facebook. Nan ki lang ? An . . . kreyòl ! Esklavaj mantal !363
363Ou ka gade videyo orijinal la ansanm ak kòmantè yo nan afich sa a : https://www.facebook.com/share/v/16TGf8Th7S/; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Apre yon lòt match, Melchie Dumornay, yon lòt foutbolèz ekip ayisyen an, te santi li libere ase pou l pale kreyòl nan entèvyou pa li a. Li pale kreyòl ak fyète e san ezitasyon. Kreyòl se sèl lang ki te ka esprime emosyon sa yo ki te sòti nan fon nanm li.364
364Feris Sports, « Video Interview Coventina », 22 avril 2018, 1:24, https://fb.watch/te-Rx0Ifol/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Ayiti gen anpil pwovèb konsènan lang. Mwen mete 2 ladan yo, pami sa ki pi popilè yo, nan kòmansman chapit 1 ak 2 : Kreyòl se lang rasin ; franse se lang achte epi Pale franse pa vle di lespri.365 Pwovèb sa yo se temwayaj sou enpòtans lang matènèl ki kore diyite, ki pèmèt espresyon sensè e spontane, ki ankouraje aprantisaj aktif, sitwayènte ki angaje, demokrasi patisipatif ak gouvènman ki enklizif e ki efikas.
365Pou yon konpreyansyon pi pwofon enpòtans pwovèb sa yo pami Ayisyen, gade atik Michel DeGraff, « Error Correction and Social Transformation in Creole Studies and among Creole Speakers : The Case of Haiti », Language in Society 47, # 3 (2018) : 354–360.Tounen nan tèks la
Lè kòlèg mwen yo nan MIT ansanm ak kòlèg nou ann Ayiti te lanse Inisyativ MIT-Ayiti mwen detaye nan chapit 5 lan, objektif nou se te sèvi ak pouvwa transfòmasyon lang kreyòl la kòm lang ansèyman pou dekolonizasyon. Sa nou te kòmanse ann Ayiti a deja ap fè eko atravè lemonn e gen lòt kominote ki sonnen alam pa yo tou pou yo antre nan batay pou emansipasyon lengwistik, sitou nan zòn Karayib la kote yo rekonèt MIT-Ayiti kòm yon modèl kote « lang lokal [gen] enpak global » nan sèvis popilasyon yo te konn bafwe yo.366
366Wilkinson ak De Lisser, « Local Languages with Global Impact » ; « Creolese and a Language Education Policy », Stabroek News, 7 me 2018, https://www.stabroeknews.com/2018/05/07/features/in-the-diaspora/creolese-and-a-language-education-policy/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Ki donk, nou menm, lengwis ak aktivis ki gen menm objektif, n ap voye yon kout lanbi pou tout edikatè, politisyen, save, etidyan, paran, aktivis ak moun ki wè lwen ! Li lè, li tan pou n limen dife pou revolisyon nan edikasyon, yon revolisyon ki mete pouvwa lang matènèl kòm poto mitan aprantisaj pou elèv yo te kite dèyè nèt yo. Edikasyon kote lang manman se prensipal L.An. se edikasyon ki ka transfòme esperyans aprantisaj, ankouraje konpreyansyon ki pwofon epi enspire kreyativite ak inovasyon nan rezoud pwoblèm.
Manifès pou yon revolisyon ki apiye sou lang matènèl
Paragraf ou pral li kounye a, yo se yon manifès. Mo sa a gen yon istwa byen long nan mouvman pou chanjman sosyal. Yon manifès se yon « deklarasyon piblik konsènan yon pozisyon oswa yon pwogram » epi sa ka « pwopoze yon plan aksyon ».367 Manifès pa nou an se yon seri revandikasyon ki dwe sèvi kòm kondisyon pou liberasyon lengwistik ki pral mennen nan liberasyon politik kòm sa dwa. Pou moun ki nan batay la, manifès la detaye sa yo dwe fè pou yo garanti revandikasyon yo ap satisfè.
367https://www.britannica.com/topic/manifesto ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
(M ap raple lektè yo mwen gen kont imilite pou m te rekonèt, depi nan prefas la, liv sa a se sèlman kòmansman yon brase lide ki ka antre nan analiz anpil nan nou ki pral antre nan batay oswa ki deja nan batay. Tanpri, gade demann sa yo byen epi adopte yo oswa adapte yo jan w pi pito selon bezwen w ak mwayen w.)
Premyèman, demann yo :
• Lang lokal pou enterè tout pèp : Nan tout monn lan, lang matènèl popilasyon lokal yo dwe, san di petèt, sèvi kòm lang prensipal nan edikasyon, swen sante, administrasyon, lajistis ak tout lòt sektè nan sosyete a—pou souvrènte nasyonal, pou respè dwa moun ak pou byennèt endividyèl ak kominotè.
Se chak istwa ki nan liv sa a, nan dosye lang ak lengwistik pou dekolonizasyon, liberasyon ak bati nasyon, ki montre rezon ki fè sa a se premye demann lan.
• Yon lwa inivèsèl tou patou sou planèt la : Se yon dwa fondamantal pou aprenan ak anseyan : yo gen dwa pou yo aprann epi pou yo anseye nan lang manman pa yo nan peyi natal yo.
Edikasyon nan lang natif natal nou se yon dwa fondamantal. Sa enskri nan konvansyon Nasyon Zini. Rezilta syantifik solid nan lengwistik ak pedagoji pwouve se sèl fason yon sosyete ka pran responsabilite li pou li garanti ti moun yo ka vreman aprann epi pwofite. Dwa sa a konsène tout matyè akademik nan tout nivo edikasyon, sòti nan lekòl matènèl rive nan inivèsite. Sa konsène edikasyon pou gran moun, edikasyon travayè ak nenpòt lòt sektè kote yo kreye e pataje konesans.
Dominique Dupuy te esplike sa pi byen toujou nan yon diskou li te fè kòm anbasadèz Ayiti nan UNESCO. Li te dekri pwoblèm « peyi sou wout devlòpman » ak « sosyete nan ansyen koloni yo » tankou pwòp peyi pa li. Li di : « Pifò konpatriyòt nou, yo kite yo dèyè chak jou . . . lè [gouvènman] yo pa respekte dwa lengwistik yo, lè yo pa ka jwenn edikasyon nan lang natif natal pa yo, lè yo pa ka patisipe totalman nan tout sektè sosyete a akòz baryè lang, lè sosyete a itilize lang kòm enstriman pou majinalizasyon, kòm rezon pou esklizyon. »368
368Dominique Dupuy, « Language Matters for Development, Peace, and Reconciliation : The Case for Change in Haiti » nan The Handbook of Linguistic Human Rights, chap. 31.Tounen nan tèks la
• Ansyen kolon yo ansanm ak enstitisyon entènasyonal yo dwe bay finansman konplè : Sa pral garanti, nan tout nivo, disponibilite total tout zouti ak materyèl ki nesesè pou edikasyon ki fèt nan lang manman. Pami materyèl sa yo, gen bon jan kalite materyèl syantifik pou edikasyon nan lang lokal yo ansanm ak enfrastrikti teknoloji dènye kri.
Konsidere tout finansman sa yo kòm « reparasyon » k ap chache garanti dwa fondamantal tout kominote pou yo jwenn konesans ak edikasyon nan lang natif natal yo. Yo dwe respekte dwa sa yo tout bon ; sa pa sifi si nou sèlman rekonèt yo nan liv. Objektif sa yo p ap janm reyalize san yon baz teknolojik ki djanm ansanm ak bon jan kalite materyèl edikatif nan lang lokal ki ankouraje aprantisaj aktif ki gen nanm e ki pouse aprenan yo ale pi lwen pase metòd memorizasyon.
Sa nòmal pou se puisans neyo-kolonyal yo—Eta Zini, Frans, Angletè, Pòtigal, Espay, Olann e latriye—ki dwe finanse jefò sa yo paske pase kolonyal peyi sa yo ansanm ak kantite richès yo vòlè toujou ap rapòte yo pwofi. Bay kou, bliye ; pote mak, sonje.. Sa fè nou sonje pi gwo vòl nan istwa lemonn fèt lè Lafrans ak Eta Zini te fè dappiyanp brital sou Ayiti.369 Finansman edikasyon ak teknoloji kòm reparasyon pral ede puisans enperyal yo ranbouse kokenn richès yo te vòlè. Epi, tou, se kominote lokal yo ki ta dwe jere finansman sa yo pou yo sèvi ak yo kòm sa dwa.
369Marlene Daut, « When France Extorted Haiti—The Greatest Heist in History », The Conversation, 30 jen 2020, https://theconversation.com/when-france-extorted-haiti-the-greatest-heist-in-history-137949 ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
• Kanpo imedya epi entèdiksyon pèmanan sou tout pratik pedagojik retwograd k ap mete baboukèt nan bouch aprenan yo : Adopte, adapte, kreye metòd ki onore kilti, idantite ansanm ak lang manman elèv yo—oswa lang zansèt yo—lè yo an ba menas pwojè kolonyal oswa neyo-kolonyal.
Jodi a, nan ansyen koloni yo, toujou gen twòp lekòl ki anseye nan lang ansyen kolon yo e ki sèvi ak abi fizik e sikolojik pandan y ap fè elèv yo wont idantite yo ak kilti kominote pa yo. Nou dwe ranplase kalite ansèyman sa a ak metòd ki chita sou aprantisaj aktif, kreyativite, kilti kominote a ak tradisyon zansèt yo.
• Yon kanpo imedya epi entèdiksyon pèmanan sou tout pratik « èd pou devlòpman » retwograd k ap mete baboukèt nan bouch aprenan yo : Kreye nouvo enstitisyon nasyonal e entènasyonal ki ka pouse revolisyon sa a pi devan epi ki onore souvrènte nasyon yo.
Gen twòp mepri pou lang lokal yo nan twòp enstitisyon ak òganizasyon nasyonal e entènasyonal, menm pami moun k ap preche divèsite lengwistik. Èske UNESCO, ki gen yon istwa admirab nan dosye pwomosyon lang lokal ann Ayiti ak lòt kote depi ane 1950 yo,370 ta ka sèvi kòm egzanp enstitisyon pwogresis ? Gade byen ankò epi w ap wè biwo lokal UNESCO ann Ayiti ak lòt kote ap plede vyole prensip fondamantal divèsite lengwistik ak dwa moun nan misyon UNESCO (gade chapit 1). Epi, pandan Bank Mondyal ap pwoklame, « byen fò e byen klè », lang manman nesesè pou bon jan edikasyon ann Ayiti, biwo li ann Ayiti, tankou biwo UNESCO a, sèvi ak franse sou sit entènèt li yo ansanm ak lòt platfòm kominikasyon alekri.371
370UNESCO, « The Use of Vernacular Languages in Education », Monographs on Fundamental Education 8 (14), ED52/III.8a/A, 1953.Tounen nan tèks la
371World Bank, « Loud and Clear : Effective Language of Instruc…
World Bank, « Loud and Clear : Effective Language of Instruction Policies for Learning », 14 jiyè 2021, https://documents1.worldbank.org/curated/en/517851626203470278/pdf/Effective-Language-of-Instruction-Policies-for-Learning.pdf ; nou ka wè yon skrinchòt sou fason Bank Mondyal sèvi ak franse ak angle, san kreyòl, sou sit entènèt li ann Ayiti : https://x.com/MichelDeGraff/status/1416099714186072064/photo/1 ; mwen te gade sit entènèt sa yo nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Se puisans neyo-kolonyal yo ansanm ak ajan lokal pa yo ki kontwole tout enstitisyon sa yo, tankou UNESCO ak Bank Mondyal. Nou dwe enpoze kanpo imedya ak entèdiksyon pèmanan sou pratik « èd pou devlòpman » ki retwograd e k ap mete baboukèt nan bouch moun. Yo dwe transfere yon bon pati nan mwayen finansye ak otorite pa yo bay moun ki an ba bòt dominasyon neyo-kolonyal la pandan plizyè dizèn ane pou nou pa di syèk. Se kominote lokal yo, òganizasyon pa yo ansanm ak nasyon ki vreman souvren ki dwe deside ki « espè » ki ka sèvi ak finansman sa a pou enklizyon lang matènèl ak lòt refòm edikasyon ki pral onore epi kore sa gran sosyològ-istoryen ayisyen Jean Casimir rele « pouvwa ak bèlte pèp souvren an ».372
372Casimir, The Haitians, 264.Tounen nan tèks la
Ki jan n ap reyalize demann nou yo
Mouvman pou edikasyon ak liberasyon ki chita sou lang matènèl nan ansyen koloni yo se yon wout ki long e ki difisil. Aplike nenpòt chanjman total kapital ka vreman difisil. Men kat faktè ki souvan bloke avantaj pèp yo te ka jwenn nan bon kalite edikasyon ki chita sou lang matènèl : rezistans kont chanjman ; enterè pèsonèl ; konpetisyon ant klas sosyal ; politik kote youn ki genyen fè lòt pèdi. Biwokrat k ap tire pwofi de sitiyasyon an depi syèk oblije tounen obstak, kit paske yo jis pa konprann oswa yo soufri parès mantal (« se kon sa nou te toujou fè sa ! ») oswa yo bliye pou ki moun yo dwe travay. Nan ka ki pi mal yo, yo gen ajannda ki egoyis e ki kowonpi epi y ap esplwate rezo ki deja egziste yo nan enterè pèsonèl yo oswa enterè elit yo.
Pandan tout listwa, se majorite moun ki oprime ki lanse revolisyon kont ti klik opresè. Pou nou genyen revolisyon manifès la detaye a, n ap bezwen volonte kolektif ansanm ak aksyon pèp yo ki dwe aji nan non pèsonèl pa yo nan yon mouvman ki alafwa lokal e global. Sa m ap pwopoze nan pwochen paragraf yo se sijesyon pou n kòmanse devlope yon kad pou travay revolisyonè nou yo. Sa se pa yon chapant an fè fòje—nou ka modifye l kòm sa dwa.
Kanpay. Nou dwe goumen pou nou retire kontwòl la nan men gouvènman yo ak enstitisyon neyo-kolonyal yo, demonte chapant baboukèt kolektif ke yo te bati nan ansyen koloni yo epi kreye yon lòt kalite sosyete. Nou ka jwenn enspirasyon ak direksyon nan pwojè nòd ès Ayiti ke yo rele « Kanal la p ap kanpe » kote kiltivatè yo ansanm ak alye pa yo nan kominote lokal nan zòn lan te pran lidèchip la nan abòde yon defi konsènan yon dosye sou dwa dlo epi asire fanmi yo ka siviv.373 Nou pral bezwen kontakte epi aktive rezo elèv, paran, anseyan, dirijan ak popilasyon an epi angaje yo nan yon gwo kanpay edikasyonèl sou enpòtans lang lokal pou dwa moun, libète ak souvrènte. Ann apre, fòk nou devlope responsabilite kolektif pou kèl ke swa pwojè ki kòmanse. Lè sa a, nou pral bezwen èd rezo medya k ap patisipe nan aktivis sosyal ak aksyon dirèk an favè majorite a.374
374Pierre Negaud Dupenor, « 40 ans de Communication Sociale en Haïti : Bilan, enjeux et perspectives,” Nouvelliste, 10 septanm 2014, https://lenouvelliste.com/article/135241/40-ans-de-communication-sociale-en-haiti-bilan-enjeux-et-perspectives ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
373Valéry Felix, « A Controversial Irrigation Canal Is a New Sy…
Valéry Felix, « A Controversial Irrigation Canal Is a New Symbol of Hope for Haiti », New Lines Magazine, 27 novanm 2023, https://newlinesmag.com/spotlight/a-controversial-irrigation-canal-is-a-new-symbol-of-hope-for-haiti/ ; Inisyativ MIT-Ayiti, « Brase lide ant Dòk Bertrhude Albert ak Pwòf Michel DeGraff sou konbit pou bati kanal nan zòn Wanament », videyo YouTube, 47:31, 11 jiyè 2024, https://youtu.be/feuUSh1MWG8 ; mwen te gade sit entènèt sa yo nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Youn nan objektif kle kanpay sa yo se antere, yon fwa pou tout, mit kote aprantisaj nan lang manman se ta yon obstak pou moun ki ta vle aprann yon lang etranje.
Siksè ak lonjevite pwogram nasyonal pou kreye enstitisyon ki enklizif mande kanpay politik—pafwa, sa pral mande platfòm elektoral ki solid. Nou pral bezwen goumen pou lwa ak règleman k ava mande pou lang lokal yo sèvi nan operasyon ak kominikasyon nan enstitisyon lokal yo, selon prensip aksyon afimatif pou elimine konsekans prejije kont lang lokal yo epi pou reziste kont enpozisyon neyo-kolonyal lang ak kilti etranje. Prensip sa yo, ki nesesè pou vre demokrasi ak jistis sosyal inivèsèl, pral rasanble mas popilasyon an ansanm ak òganizasyon sosyete sivil la ak pati politik yo. Se rasanbleman sa a ki ka ede kreye yon kad legal dirab pou defans dwa lengwistik nan tout sektè sosyete a. Lè politisyen ki kandida pou pòs politik di yo pral kore ajannda nou yo, nou dwe veyatif pou nou asire yo kenbe pwomès yo.
Patenarya. Anseyan, paran ak aprenan se aktè ki gen pi gwo enterè nan yon revolisyon pou chanje edikasyon. Men, gen plizyè lòt aktè ki pral vin patnè nan jefò sa yo. Gen moun ak òganizasyon ki deja pare pou yo reziste epi efase enfliyans neyo-kolonyal òganizasyon entènasyonal sou sistèm edikasyon lokal yo. Òganizasyon sa yo toujou ap enpoze lang etranje ak modèl ki kopye sou Ewòp e ki sèvi pwòp enterè pa yo. Edikatè ki gen konsyans sosyal, lengwis, espè nan kourikoulòm, ekriven, ilistratè, enprimè, chantè ak lòt aktè ka ede pwodui bon jan materyèl edikatif nan lang lokal yo. Epi gen vizyonè—moun ki wè lwen—ki byen entegre nan kominote lokal yo e ki ka enfliyanse sistèm edikasyon, politik lang, konsepsyon kourikoulòm, pratik kominikasyon ak lòt eleman nan konba a. BIC Tizon Dife se yon egzanp nan kad MIT-Ayiti. Se yon chantè, konpozitè e rapè pwogresis ki wè lwen. Kounye a BIC se yon pòt pawòl puisan pou kòz n ap defann lan.375
375Inisyativ MIT-Ayiti, « BIC Tizon Dife @ MIT (Avril 2019) »,…
Inisyativ MIT-Ayiti, « BIC Tizon Dife @ MIT (Avril 2019) », videyo YouTube, 5:16, 21 fevriye 2021, https://youtu.be/cv6pa0HAliY ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025. Se mwen ki ekri prefas twazyèm edisyon liv BIC ki rele Le Champ MagnéBIC e ki rasanble pifò nan chante l yo. Mwen remèsye BIC pou jan l ap fè pwomosyon lang kreyòl la. Mwen remèsye BIC pou atizay li kòm aktivis nan prefas m ekri pou twazyèm edisyon yon liv BIC ki rele Le Champ MagnéBIC ki rasanble pifò nan chante l yo.Tounen nan tèks la
Mwen dwe mansyone lengwis tou. Lengwis yo deja montre kòman nou ka defann respè dwa lengwistik ak lòt dwa moun. Yo deja montre fason nou ka ede konbat pèsekisyon lengwis oswa kominote k ap sibi kokenn chenn kanpay represyon politik, ata jenosid.376 Nan ka lang ouygou ak tibeten (gade chapit 3), lengwis ak lòt entelektyèl te eseye ede pwoteje dwa endividyèl, dwa kominotè ak dwa lengwistik lè yo te limen limyè atansyon entènasyonal sou lang endijèn ki an ba represyon gouvènman chinwa a. Sosyete Lengwistik Eta Zini (Linguistic Society of America—LSA) te mande gouvènman Lachin mennen ankèt sou arestasyon epi detansyon Abduweli Ayup, yon defansè lang ouygou. PEN America, yon òganizasyon ekriven, te pibliye yon lèt dekachte bay Xi Jinping, lidè chinwa a. Lèt la te raple obligasyon Lachin devan akò entènasyonal pou respè dwa moun epi PEN te mande pou yo libere Tashi Wangchuk, yon aktivis tibeten. Prèske mil ekriven ak pwofesè te siyen lèt la.377
376Linguistic Society of America, « Linguistics and Human Right…
Linguistic Society of America, « Linguistics and Human Rights », videyo YouTube, 59:13, 31 mas 2015, https://youtu.be/ZQpeWRAXsqc ; Rustem Shir, « Resisting Chinese Linguistic Imperialism : Abduweli Ayup and the Movement for Uyghur Mother Tongue-Based Education », Uyghur Human Rights Project, me 2019, https://docs.uhrp.org/pdf/UHRP_Resisting_Chinese_Linguistic_Imperialism_May_2019.pdf ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
377Linguistic Society of America, « LSA Advocates on Behalf of…
Linguistic Society of America, « LSA Advocates on Behalf of Detained Uyghur Linguist », 18 avril 2014, https://web.archive.org/web/20220929053509/https://www.linguisticsociety.org/news/2014/04/18/lsa-advocates-behalf-detained-uyghur-linguist ; PEN America, « An Open Letter to His Excellency Mr. Xi Jinping, President of the People's Republic of China », 26 janvye 2020, https://pen.org/an-open-letter-to-his-excellency-mr-xi-jinping-president-of-the-peoples-republic-of-china/ ; mwen te gade sit entènèt sa yo nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Men, nou dwe ale pi lwen. Fòk nou lanse yon revolisyon nan domenn akademik nou tou. Nou dwe entegre kwazman lengwistik, edikasyon ak jistis sosyal nan nannan kourikoulòm akademik nou yo. Se kwazman ant branch konesans sa yo Diop te konprann ki nesesè pou yon oryantasyon dekolonyal anti-rasis nan inivèsite (chapit 5). Sa pral ede kòz ki pi laj la.
Nan chapit 4, mwen te raple avètisman Saussure te bay an 1916 lè l te di lang « ankouraje pi plis pawòl dwòl, pi plis prejije, pi plis ilizyon ak pi plis fantezi » pase nenpòt ki lòt matyè akademik. Pou li, « se travay prensipal yon lengwis pou l fè tout sa ki posib pou l denonse yo epi pou l dechouke yo ».378
378Saussure, Course in General Linguistics.Tounen nan tèks la
Lengwistik bezwen yon atansyon espesyal akòz orijin li « kòm yon zouti pou kolonizasyon ak konkèt ». Depatman lengwistik ki gen plis renome yo, tankou nan MIT, separe misyon yo ak pwogram etid yo, yon bò, epi, yon lòt bò, fonksyon enpòtan lang nan sèvis edikasyon, dwa moun ak jistis sosyal pou popilasyon ki gen dwa lengwistik ak lòt dwa y ap vyole. Nou dwe denonse esklizyon ki mete lengwistik pou liberasyon, lengwistik pou revitalizasyon lang endijèn ak lengwistik pou jistis sosyal an deyò « nannan etid lengwistik ».379 Li lè pou n adopte yon kad pwodiktif pou « lengwistik akeyan », pou « enklizyon nan lengwistik » ak « lengwistik dekolonyal », pou n fè lengwistik tounen yon patnè nan revolisyon sa a ki chita sou lang matènèl nan edikasyon.380
379DeGraff, « Toward Racial Justice in Linguistics » ; DeGraff, Michel, « Linguistics for domination or for liberation », The Tech, 22 out 2024, https://thetech.com/2024/08/22/degraff-linguistics-for-domination ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
380Nicholas Faraclas, Anne Storch ak Viveka Velupillai, ed. Hos…
Nicholas Faraclas, Anne Storch ak Viveka Velupillai, ed. Hospitable Linguistics : Alternative, Indigenous and Critical Approaches to Language Research and Language Encounters, Bristol UK : Multilingual Matters, 2024 ; https://badlab.stanford.edu/publications-resources/inclusion-and-decolonizing-linguistics ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Kolaborasyon. Finalman, sòlda k ap goumen nan revolisyon sa a gen kolaborasyon pou yo tabli.
Bon nouvèl : kominote yo deja gen materyèl lengwistik, kiltirèl e ideyolojik byen fon nan esperyans manm li yo. Materyèl sa yo dwe sèvi pou gaye konesans ak apresyasyon enpòtans lang manman kòm fondasyon konesans, libète, dwa moun, byennèt, jistis e latriye. Vreman vre, jan nou te wè sa nan tout liv la, lang matènèl pa nesesè kòm lang ansèyman sèlman ; li nesesè tou kòm zouti pou libere mounite ak kreyativite, pou byennèt sosyal e ekonomik ansanm ak patisipasyon politik. Ki donk, kolaborasyon nou yo dwe gen plizyè aspè ak plizyè kad ak kategori pou divès patnè.
Kòm egzanp, konsidere kolaborasyon nan pwojè konkrè ki apiye sou lang matènèl e ki gen lengwis, edikatè, aktivis ak dirijan ki pataje menm ideyal e k ap evolye nan tout ansyen koloni nan monn lan. Imajine vèsyon lokal platfòm MIT-Ayiti ki devlope nan plizyè lòt lang lokal e ki bay moun ki pale lang sa yo materyèl yo bezwen nan pwòp lang matènèl pa yo. Platfòm sa yo ka bay « lang lokal yo enpak mondyal » tou.381 Jwenn materyèl edikatif nan lang matènèl pral fasilite moun ki pale lang sa yo kreye epi pataje materyèl ak zouti ki pral benefisye kominote nou yo. Sa pral ba yo chans pou yo ret vivan pou yo menm devlope nan mitan gwo inegalite global yo. Nou deja wè enpak global sa a lè materyèl ti moun Matènwa yo te kreye yo antre nan sal klas Kenmbridj ak Matapann, Masachousèt.
381Wilkinson ak De Lisser, « Local Languages with Global Impact ».Tounen nan tèks la
Pou mezire enpak sa a, kolaborasyon ap nesesè ak enstitisyon lokal ki angaje nan rechèch nan syans sosyal. Yo ka ede evalye rezilta yo e yo ka enspire konfyans nan entèvansyon yo. Lè kon sa, rezilta sa yo pral ede sansibilize kominote a sou pouvwa lang manman yo.
Revolisyon moun an ba
Tout pawòl sa yo pale de sa ki pral vreman yon « revolisyon moun an ba »—se kon sa yo rele revolisyon Ayiti ki te dechouke kolon franse yo nan diz uityèm syèk la.382 Nan ventyèm syèk la, nou te wè yon mouvman pou dwa sivil—yon lòt revolisyon moun an ba—emèje nan kòmansman ane 1950 yo nan zòn sid Eta Zini pou konbat kèk nan eleman ki pi malouk nan opresyon rasyal yo. Rezistans sa a te sòti spontaneman pami kominote lokal yo. Ki donk, sa ka enspire revolisyon lengwistik nou bezwen jodi a.
382Fick, The Making of Haiti.Tounen nan tèks la
Se « kreyativite . . . mas popilasyon an » ki te lanse mouvman pou dwa sivil la. Se sa sosyològ Aldon Morris esplike nan liv li sou kominote nwa ki te òganize pou fòse chanjman sosyal.383 Se « desizyon konplike ak aksyon moun an ba yo » ki te lanse mouvman an e ki te vin deklannche yon pi gwo batay. Nan Baton Wouj, Lwizyàn, an 1953, yon bòykòt otobis—pifò moun bliye jodi a—te sèvi kòm enspirasyon pou yon lòt bòykòt pi plis moun konnen ki te fèt an 1955–1956 Montgomeri, Alabama. Se Martin Luther King Jr. ki te dirije bòykòt sa a apre arestasyon Rosa Parks, yon koutiryè nwa. Yo te arete l paske li te refize obeyi rejim segregasyon ki te mande pou l bay yon kliyan blan plas li nan chèz devan yon otobis.
383Morris, Aldon D. 1984. The Origins of the Civil Rights Movement : Black Communities Organizing for Change. New York, London : Free Press ; Collier Macmillan.Tounen nan tèks la
Enstitisyon ak òganizasyon moun nwa yo te gen pwòp materyèl pa yo ki sòti nan pwofil kominote lokal yo. Se yo ki te pran devan nan gide mouvman dwa sivil la e sa dwe sèvi kòm yon leson pou revolisyon lengwistik la tou. Selon analiz Morris, òganizasyon ki apiye sou kominote lokal ansanm ak mwayen materyèl e kiltirèl lokal, tankou mizik, sa enpòtan anpil pou lanse epi kore chanjman sosyal. Se depi digdantan chante ki sèvi ak lang lokal pou esprime konsyans sosyal ap jwe yon wòl revolisyonè nan rasanble popilasyon pou revolisyon, tankou nan ansyen koloni ewopeyen yo, sòti nan Karayib la rive ann Afrik ak ann Ostrali. Lang lokal yo byen mache ak mizik lokal epi yo ka esprime « fon nanm ».384 Se pou sa yo se zouti puisan pou diskou lè yo makonnen ak mizik. Pledwaye ki fèt sou mizik pral atire mizisyen angaje e sa pral ankouraje respè pou lang manman.
384Carla D. Martin, “Music : An Exception to Creole Exceptionalism? Cape Verdean National Identity and Creativity Post-Independence,” Social Dynamics 42, no. 1 (2016) : 46–68.Tounen nan tèks la
« Revolisyon moun an ba » jounen jodi a gen menm kalite pouvwa sa a. Men, kounye a, nou ka òganize yon fason ki pi pèfòman gras a medya sosyal yo. Teknoloji sa a te fasilite lajè ak pwofondè rezistans Prentan Arab la ki te gaye nan pifò popilasyon monn arab la an 2010. Se teknoloji sa a ki te yon gwo katalizè nan mouvman Kanal la p ap kanpe ann Ayiti. Kounye a, nou wè medya sosyal yo jwe yon wòl kle nan revolisyon lengwistik la tou.
Konsidere Shaetlan (chètlann), lang yo pale (a kote angle) pami anviwon mwatye 22.940 moun ki abite achipèl Shetland (Chètland) ann Ekòs.385 (Note diferans nan pwononsyasyon non lang lan « chètlann » ak non zòn lan « Chètland ».) Lang sa a te parèt nan fen sèzyèm syèk nan kontak ant premye Nòs yo ak nouvo kolon ki te pale ekosè yo. Moun ki pale angle yo te toujou mete lang chètlann sou kote e yo te menm entèdi l nan lekòl. Jodi a, gras a medya sosyal yo, yo kòmanse konsidere chètlann kòm yon lang ki nòmal tankou tout lòt lang epi se fyète pou lang lan k ap anpeche l disparèt. « Digital Wordle » (yon jwèt nimerik sou chache mo) ak literati sou entènèt nan lang chètlann atire anpil itilizatè Instagram tou patou sou latè. Menm gen kèk pwofesè ki sèvi ak chètlann nan lekòl. Sa se kòmansman yon revolisyon ki sòti pa an ba.
385Viveka Velupillai, « Shaetlan : An Endangered Mixed Language in the North Sea » nan Endangered Languages of Europe, ed. Jeffrey P. Williams ak Nils Langer, Cambridge, UK : Cambridge University Press, 2024.Tounen nan tèks la
Medya sosyal yo se zouti ki puisan nan difizyon revandikasyon ak òganizasyon travay revolisyon nou an. Nou ka sèvi ak yo pou nou rasanble kominote yo nan aplikasyon modèl Lekòl Kominotè Matènwa a kote kominote a menm te kreye lekòl la ak filozofi li. Se menm bagay la k ap pase pou MIT-Ayiti : anpil moun, sitou ann Ayiti, pran nouvèl sou rezo sosyal epi yo ka pwofite materyèl ki sou platfòm lan e yo ka bay materyèl pa yo tou. Se moun tou patou ki ka pataje materyèl sa yo depi yo pale kreyòl. Sikui echanj sa yo vin enspire pi plis pwodiksyon materyèl an kreyòl.
Ouygou, tibeten, LKM, revitalizasyon chètlann, nich pou lang mawori ak awayen, e latriye, menm si liberasyon popilasyon sa yo pa ko 100%, tout sa se egzanp revolisyon moun an ba oswa revolisyon pa an ba. Sonje pasaje nwa nan otobis ki t ap sibi rejim segregasyon nan Baton Rouge nan ane 1950 yo. Si kominote lokal sa yo te ka òganize yo pou yo gen gwo enpak sou istwa monn lan, enben, se menm sa tou (e menm plis ankò !) malere ki pale lang ki an ba baboukèt ka reyalize pou liberasyon pa yo.
Manifès sa a se yon rèl « Grenadye, Alaso ! »
Batay pou liberasyon lengwistik la pa kòmanse jodi a. Se depi lontan save ak aktivis ap mande pou lang matènèl sèvi nan edikasyon. Nan di setyèm syèk, lè Descartes te prezante konpatriyòt li yo metòd syantifik la, li te defann dwa l pou l ekri an franse nan plas laten pou l ede garanti « edikasyon pou tout moun ».386 Nan diz uityèm syèk, pandan Dessalines t ap goumen kont lame franse Napoleon ki t ap vize jenosid zansèt mwen yo, li te gen tan konprann enpòtans « lang a nou » nan revolisyon pou dekolonizasyon ak liberasyon ann Ayiti. Nan ventyèm syèk la, Ghandi te entegre prensip « lang a nou » sa a nan batay istorik li kont dominasyon britanik sou peyi Enn :
386Descartes, A Discourse on the Method, 62.Tounen nan tèks la
Lekòl la dwe sèvi kòm yon pwolonjman kay elèv yo. Dwe gen amoni ant emosyon ti moun lan genyen lè l lakay li ak emosyon li genyen nan lekòl la. Se amoni sa a ki va garanti pi bon rannman pou elèv yo. Ansèyman ki sèvi ak yon lang etranje kraze amoni sa a . . . Moun ki kraze relasyon sa a se lennmi pèp la menm lè yo ta ka gen bon entansyon. Patisipe kòm viktim volontè nan yon sistèm edikasyon kon sa se tankou yon pitit ki trayi devwa li genyen an favè manman l. Malè pandye ki nan kalite edikasyon etranje sa a . . . pi grav toujou . . . paske sa kreye yon gwo baryè ant moun ki edike ak mas pèp la. Pèp la gade nou kòm si nou se etranje nan pwòp peyi nou . . .Nan fason edikasyon ann angle egziste jodi a . . . sa mete gwo baboukèt sou enèji elèv endyen yo epi li te fè nou tounen makak k ap imite. Deplasman lang lokal yo se youn nan chapit ki pi tris nan okipasyon britanik la.387387MK Ghandi, « Medium of Education », nan The Selected Works of Mahatma Gandhi, Vol. 5, « The Voice of Truth » ed. Shriman Narayan, trad. Valji Govindji Desai, Gujarat, India : Navakivan Publishing House, 1968. https://www.mkgandhi.org/edugandhi/education.php ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
An n sonje pinga Steve Biko a : « Zam ki pi puisan nan men Lagrandyab k ap oprime nou se lespri sila yo ki oprime ».388 Pawòl Biko sa a se eko avètisman Cheikh Anta Diop ki te di nou lè nou « asimile » tèt nou nan lang yon lòt nasyon, sa « se lanmò menm jan dominasyon se lanmò ».389
388Biko, I Write What I Like.Tounen nan tèks la
389Asante, Cheikh Anta Diop, 13.Tounen nan tèks la
Se mesaj revolisyonè sa yo n ap rapousuiv lè n mande anseyan, aprenan, paran, dirijan ak lòt aktè yo pou yo mete tèt yo ansanm nan revolisyon pou yon meyè edikasyon. An n ranmase pouvwa lang manman nou pou n transfòme edikasyon, ankouraje aprantisaj aktif epi fè pwomosyon enklizyon ak angajman. An n kreye, tou patou sou latè, sistèm edikasyon ki respekte e valorize divèsite lengwistik kominote nou yo, ki prepare elèv yo pou yo konprann anviwonnman yo e ki ba yo zouti ki aksesib e ki efikas pou fabrike konesans pou rezoud pwoblèm ki afekte kominote ak peyi pa yo. Fòk sistèm edikasyon sa yo rive akonpli objektif sa yo an gran moun ki mèt tèt yo, san entèferans ansyen kolon yo.
Konesans se pouvwa. Edikasyon se kle pou souvrènte nasyonal tout bon vre nan ansyen koloni yo. An n bati fondasyon lengwistik, edikatif, sosyal, ekonomik ak legal pou yon monn kote pitit nou, pitit pitit nou ak tout lòt jenerasyon k ap vini demen yo pral fleri, yon monn kote chak moun se yon moun ki gen menm valè.
Tout moun se moun ! Tout moun se moun !