Mwen pa pale franse ; ki donk, mwen pa moun.Pou ki sa MIT peye w pou w anseye sou lang kreyòl ? Pou ki sa ou pa anseye franse pito ?Mwen pale sou fason mwen pa te plante grenn yo twò fon. Se te fòt teren an, fòt peyi a, fòt vil nou yo. Kounye a, mwen rive panse se tè tout peyi ki pa te vle wè choublak pa nou yo ane sa a. Teren sa a, gen sèten flè ki pa fouti fleri ladan. Gen semans li p ap nouri, gen fwi ki pa fouti donnen ladan epi lè teren sa a deside touye fwi sa yo, nou dakò ak lide ki di se viktim lan ki pa te gen dwa pou l viv. Nou gen tò, se vre. Men, sa pa vle di anyen. Li twò ta. An tou ka, nan zòn bò lakay mwen, nan mitan fatra ak flè diz è, li twò, twò, twò ta.11Toni Morrison, The Bluest Eye (New York : Knopf Doubleday, 2007), 206.Tounen nan tèks la
Premye sitasyon an sòti nan bouch Madan Kamo, yon malerèz nan yon ti bouk ann Ayiti ki t al chache swen nan lopital pou pitit li ki te malad (istwa sa a nan chapit 5 liv la). Dezyèm sitasyon an sòti nan yon konvèzasyon ak manman m de-twa ane anvan li travèse nan peyi san chapo. Manman m se pwofesè lekòl primè nan Pòtoprens. Pawòl li sa a, se yon pati nan yon konvèzasyon lè m te premye esplike l travay mwen kòm pwofesè nan MIT. Twazyèm sitasyon an sòti nan liv Toni Morrison ki rele The Bluest Eye (« Foli je ble ») kote Morrison dekri pwazon rasis ki nan teren k ap depafini ti moun yo ; lengwis yo tou te pwazonnen pui a pou moun ki pale kreyòl ak lòt lang ki sibi prejije tou patou nan lemonn.
Mwen te grandi nan yon fanmi ayisyen nan klas mwayèn epi mwen te ale nan yon lekòl prive kote yo te entèdi m pale kreyòl—ki se lang matènèl Madan Kamo, lang matènèl mwen ak lang matènèl manman m. Paran m, tankou pwofesè m yo, te fè m kwè kreyòl pa te lang ; yo te fè m kwè se franse m bezwen pou m vin yon bon moun oswa yon moun tout bon ! Nan chapit 1, n ap kalkile kote lide sa yo sòti.
Liv sa a se rezilta travay mwen kòm lengwis nan MIT. Gen yon pati nan travay sa a ki te kòmanse nan dat 12 janvye 2010—katòz ane apre mwen te entegre MIT—pandan mwen te nan biwo m nan MIT. Mwen te nan yon brase lide nan telefòn ak gran entelektyèl aktivis Yves Dejean (1927–2018) ki te Pòtoprens nan moman sa a. Yves te ekri liv Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba2—yon radyografi sistèm edikasyon ann Ayiti kote pifò ti moun yo ap soufri nan eseye « aprann » an franse, yon lang yo pa pale. Se menm lekòl sa yo k ap aprann ti moun yo rayi kreyòl—lang natif natal yo, sèl grenn lang nasyonal peyi d Ayiti. Se kòm ki dirè sistèm lekòl la te mete kreyòl deyò nan kategori « lang ». Lè lekòl ann Ayiti sèvi ak franse kòm lang « ansèyman », sa anpeche pifò ti moun yo aprann. Se youn nan prensipal rezon ki fè majorite lekòl yo tèt an ba nan peyi tèt an ba.
2Yves Dejean, Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba (Port-au-Prince : FOKAL, 2006).Tounen nan tèks la
Pandan Papa Yves avè m t ap pale, goudougoudou frape. Kèk semenn apre, li te lanse yon pledwaye pou nou rebati lekòl yo sou fondasyon lang natif natal ti moun yo, kreyòl.3 Sa te enspire m antre nan jefò sa a ; mwen te gen espwa MIT te ka ede mete lekòl Ayiti yo « tèt an wo ».
3Yves Dejean, “Rebati,” Ayiti Cheri June 12, 2010, https://we…
Yves Dejean, “Rebati,” Ayiti Cheri June 12, 2010, https://web.archive.org/web/20100929170846/http://ayiticheri.com/rebati/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025. [Susan: Following the suggestion in the English version for URLs in the endnotes, I'm adding this string about access date. But since it's the same string repeated 116 times, I am now wondering if we should simply add it once at the beginning of the endnotes—perhaps something like: Konsènan tout sit entènèt ki nan nòt sa yo, mwen te verifye yo tout nan dat 31 janvye 2025. All websites in these endnotes were accessed and verifed on January 31, 2025. Thoughts?]Tounen nan tèks la
Mwen te ale wè Doktè Vijay Kumar, direktè Biwo Inovasyon ak Teknoloji pou Edikasyon nan MIT. Mwen t ap chache èd pou nou planifye yon patenarya ant edikatè nan MIT ak edikatè ann Ayiti epi nou te rive monte yon bèl ekip ki te gen kòm objektif pou nou ede kreye yon sistèm lekòl ann Ayiti ki chita sou materyèl lib pou aprantisaj aktif an kreyòl—ki vle di : resous ki disponib gratis ti cheri epi tout itilizatè yo ka modifye, resikle epi pataje materyèl sa yo jan yo pi pito, lib e libè. Jefò sa a te vin remèt Inisyativ MIT-Ayiti ke mwen ak Pwofesè Haynes Miller ap dirije e ki te mennen nou nan entèvansyon mwen dekri nan chapit 5 lan.
Yon lòt enspirasyon se Cheikh Anta Diop (1923–1986), yon gran entelektyèl senegalè ki te bay tèt li misyon pou l demistifye yerachi kolonyal nan sistèm konesans blan ewopeyen ki mete Afriken an ba nèt kòm moun yo panse ki san koutcha. Diop te sèvi ak bèl chay konesans nan plizyè matyè pou l goumen kont atak gwojemoni blan ewopeyen sou lang ak kilti afriken.
Diop te di kon sa : « Pa gen nasyon ki janm ka devlope lè l sèvi ak lang yon lòt nasyon » Mete sou sa, « An reyalite, yon nasyon ki sèvi ak lang yon lòt nasyon ka menm rive pèdi pwòp lang ak kilti pa li. Asimilasyon se lanmò menmman parèyman ak dominasyon ki se lanmò tou. »4
4Molefi Kete Asante, Cheikh Anta Diop : An Intellectual Portrait (Los Angeles : University of Sankore Press, 2007).Tounen nan tèks la
Se analiz Diop yo ki te ede m konprann ki jan enpozisyon lang franse sou nou menm Ayisyen ki pale kreyòl (menm jan ak enpozisyon franse sou Senegalè ki pale lang afriken) se vyolasyon dwa lengwistik—egal : dwa moun. Enpozisyon sa a makonnen ak pwojè kolonyal ak neyo-kolonyal ki vle anpeche Afriken ak lòt kominote nwa ki defavorize tou patou nan lemonn reyalize souvrènte ak byennèt—blokaj sa a se ekivalan « lanmò » pou Diop. Se esklavaj mantal ak safte ki fè politisyen lokal yo vin konplis pouvwa jeyo-politik k ap dirije frè ak sè nou yo nan yon mach finèb pou destinasyon lanmò.
Se konplisite sa a ant fòs jeyo-politik ak ajan lokal yo ki vin kreye dinamik pouvwa ki enfliyanse atitid Madan Kamo ak manman m konsènan franse ak kreyòl. Atitid sa yo se rezilta sèten kwayans ki fin gaye sou lang ak ras e ki toujou ap pèsiste ann Ayiti kòm rezilta fòs lokal ak global ki makonnen nan konfwontasyon ant klas sosyal ak enterè jeyo-politik depi digdantan.
Fòk sa chanje ! Pou sa chanje, fòk gen revolisyon. Se Frantz Fanon ki te ekri : « Solisyon an se nan men moun ki vle dechouke rasin pouri ki nan fondasyon sistèm lan ».5 Se pou sa dènye chapit liv la se yon manifès ki trase yon plan pou yon revolisyon nan edikasyon ak lòt sektè nan sosyete a.
5Frantz Fanon, Peau noire, masques blancs (Paris : Éditions de Seuil, 1952). Vèsyon angle : Black Skin, White Masks, tradiksyon Richard Philcox (New York : Grove Press, 1967), 11.Tounen nan tèks la
Lè m lanse yon apèl kon sa, mwen reyalize paradòks sitiyasyon pa m kòm yon pwofesè ayisyen ki nan MIT, youn nan pi gwo inivèsite nan lemonn kote mwen gen yon pozisyon pèmanan ak yon salè ki pi wo pase sa pifò nan konpatriyòt mwen yo touche. Epi, tou, MIT nan kòkòt ak figaro ak menm puisans kolonyal sa yo k ap apovri pifò nan konpatriyòt mwen ak lòt malere nan lemonn.
Tanpri, konsidere manifès sa a kòm yon senp kòmansman—yon bwouyon. Sa m ap chache se yon revolisyon ki dwe sòti nan mas pèp la. Moun ki pral elabore detay manifès sa a se moun ki pral adopte oswa adapte sa ki ka itil ladan pou ajannda nou tout ta dwe pataje : dekolonizasyon, liberasyon, lapè, bati nasyon . . .