Kreyòl se lang rasin ; franse se lang achte
—Pwovèb ayisyen
Sitiyasyon Ayiti jodi a se konsekans yon istwa manch long kolonizasyon, piyaj, dominasyon, okipasyon ak lit ant klas sosyal ak lit jeyo-politik. Gen yon sistèm dominasyon ak esklizyon k ap pèsiste gras a lang ak edikasyon pami lòt zouti. Sa se yon atak kont souvrènte nasyon an.
Souvrènte se tèm santral bèl liv Jean Casimir ki te parèt an 2018 : Une lecture décoloniale de l'histoire des haïtiens. Se nan liv sa a Casimir te analize wòl prensip sa a ki pi enpòtan pou yon nasyon ki souvren : Tout moun se moun. Prensip sa a reprezante yon rèv ki sòti nan revolisyon ayisyen an nan kòmansman dis nevyèm syèk la. Pou plis presizyon, sa vle di « tout moun gen menm valè ». Gen yon lòt slogan ki mache ak pawòl sa a : « Pèp souvren an gran moun tèt li »—ki vle di : yon nasyon souvren se yon nasyon ki responsab pwòp tèt li.71
71Jean Casimir, The Haitians : A Decolonial History, Chapel Hill, NC : University of North Carolina Press, 2020), xix.Tounen nan tèks la
Chapit sa a pral ede n brase lide sou sis syèk kolonizasyon, okipasyon ak lòt manifestasyon gwojemoni ansanm ak rezistans kont gwojemoni. Nou pral konsantre atansyon nou sou egzanp ki ka ede nou konprann ki jan baboukèt sou lang nasyonal Ayiti a kontribye nan apovrisman yon peyi ki toujou an ba bòt neyo-kolonizasyon. Nan moman kriz ki grav anpil oswa nan moman kote nou dwe pran desizyon enpòtan, esklizyon kreyòl la ka mete gwo majorite pèp ayisyen an nan pi gwo danje toujou. Esklizyon kreyòl la fasilite misyon blan sa yo k ap chache kontwole politik peyi a pou yo defann enterè pa yo—ki nan dezavantaj pifò Ayisyen. Epi, tou, esklizyon sa a se yon zam puisan ki sèvi pou « klotire elit la »—yon estrateji nou te prezante nan chapit 1. Sa se yon estrateji ki pote avantaj bab e moustach pou gwoup k ap domine sosyete a e ki pale ni franse ni kreyòl.
Si yon moun pa ka kontwole pwòp lespri li, ki jan moun sa a ka asire entegrite nan eleksyon, dwa tout yon pèp pou l vote pou kandida li chwazi yo epi pou l kite yo fini tout manda yo ? Se nan paj jounal New York Times Lydia Polgreen te fè repòtaj sou manifestasyon an 2004 kont Prezidan Jean-Bertrand Aristide, ki petèt se premye prezidan Ayiti ki te eli demokratikman. Aristide te pran egzil nan yon kou d eta uit mwa apre premye manda li te kòmanse an 1991, apre li te eseye fè refòm nan wo nivo. Li te retounen, li te eli prezidan ankò epi li te sèvi depi 2001 jouk yo ba l yon lòt kou d eta an 2004.
Diz uit ane apre 2004, Polgreen te tounen sou esperyans sa a nan paj New York Times ankò. Li te mande : « Kiyès ki te vle Aristide ale ? ».72 Aristide te popilè. Polgreen pa t ka imajine pifò Ayisyen ta vle mete Aristide deyò nan peyi a. Men, Polgreen te remake Aristide « te fè lennmi pami gran puisans yo » tankou Lafrans lè l te mande $ 21 milya kòm « rekonpans pou dèt malouk Lafrans te mete sou do ansyen koloni li a ki te libere tèt li ».
72Lydia Polgreen, « ‘This Is It. This Is Our Chance.’ It’s Time for Everyone to Get Out of Haiti’s Way », New York Times, 12 oktòb 2022.Tounen nan tèks la
An reyalite, Lafrans te pami premye puisans ki te mande pou yo dechouke Aristide. Se nan New York Times Anbasadè franse nan epòk sa a te admèt Eta Zini ak Lafrans te, vreman vre, patisipe nan yon « kou d eta » (malgre Eta Zini te demanti konfesyon sa a). Ann apre, yon envestigasyon New York Times te demontre « ki jan yon òganizasyon de dwat oz Eta Zini te ede òganize opozisyon kont Aristide ».73
73Polgreen, « ‘This Is It.’ »Tounen nan tèks la
Politik Aristide yo pa pwoblèm prensipal la vre. Sa ki vre pwoblèm lan se dosye souvrènte a. Polgreen te remake pèp ayisyen an te ka vote pou l retire Aristide sou pouvwa a epi li te mande : « Ki sa sa vle di pou yon nasyon gen kontwòl sou pwòp destine pa li si l pa gen dwa pou l fè move chwa pa li tou ? »74—« chwa » se mo kle a.
74Polgreen, « ‘This Is It.’ »Tounen nan tèks la
Represyon atravè lang—nou ka rele sa « okipasyon lengwistik »—sa se yon zam nan asenal moun k ap eseye kraze souvrènte pèp ayisyen an. Pafwa, kòm konsekans, moun pèdi lavi yo lè y ap manifeste nan lari. Lòt konsekans se lanmò yo te ka evite—pa egzanp, moun ki te viktim tranblemann tè oswa kolera.
Goudougoudou ki te frape Ayiti apre midi 12 janvye 2010 te gen plis pase 50 replik ki te mezire 4,5 oswa plis pandan 12 jou. Yo te vin estime kantite moun ki mouri ant 100 000 ak 316 000. Sa se konsekans move kondisyon pòvte nan yon peyi kote twòp kay te mal bati. Apeprè 250 000 kay ak 30 000 bilding komèsyal te kraze oswa yo te domaje anpil. Dezas sa a, se moun ki te lakòz li ; se pa t sèlman yon dezas natirèl.75
75Emmanuela Douyon ak Alyssa Sepinwall, « Earthquakes and Storms are Natural, But Haiti’s Disasters are Man-made, Too », Washington Post, 20 out 2021.Tounen nan tèks la
Plis pase 60 nasyon ak plizyè santèn òganizasyon non gouvènmantal ak òganizasyon prive te voye ekip yo ak pwovizyon. Anplwaye ajans èd entènasyonal ki te deja nan peyi a te oblije vin sèvi kòm « tradiktè pou sekouris etranje yo pou yo te ka kominike ak Ayisyen ki pale kreyòl sèlman ».76 Jefò sa a pa t sifi e li pa t efikas non plis, sitou lè pifò dokiman ofisyèl ak lòt enfòmasyon nan men gouvènman an te pibliye an franse sèlman, ki fè yo te initil pou majorite popilasyon an. Yo pa t kalkile okenn bidjè nan pwogram èd entènasyonal pou finansman kreyasyon rapid yon pwogram tradiksyon mobil. Google Translate te ajoute « kreyòl ayisyen » nan bwat zouti li yon mwa apre.
76David R. DiOrio, « Operation Unified Response—Haiti Earthquake 2010 » (Norfolk, VA : Joint Forces Staff College, Novanm 2010).Tounen nan tèks la
Nèf mwa apre tranblemann tè a, kolera te parèt nan yon kominote bò Rivyè Latibonit nan Plato Santral epi, byen rapidman, sa te vin lakòz pi gwo epidemi kolera nan monn modèn lan. Anvan sa, Ayiti pa t janm gen pwoblèm kolera ditou pyès. An final, se prèske 800 000 ka yo te vin rapòte ak 9 000 mò.
Lè kolera te vin tounen yon epidemi nan tout peyi a, ajans sante etranje te vin bay asistans. Sant kontwòl maladi oz Eta Zini te vin tradui materyèl an kreyòl pou travayè sante kominotè yo. Men, sa te rive fèt lontan apre popilasyon an te premye bezwen materyèl sa yo. Konstitisyon peyi a mande pou gouvènman an pibliye tout dokiman ofisyèl ni an franse ni an kreyòl. Men, gouvènman an pa janm gaye dokiman enpòtan sou sante nan lang nasyonal la. Epi otorite Nasyon Zini ann Ayiti te fè reyinyon an franse pou moun ki pale kreyòl sèlman e ki t ap soufri an ba epidemi an.
Gen syantifik ki te deklare se tranblemann tè a ki te lakòz epidemi kolera ann Ayiti. Men, se pa vre. Epidemi sa a se konsekans yon seri zak ki ka sèvi kòm youn pami plizyè egzanp kote etranje ap konplote pou yo kraze souvrènte Ayiti. Mission des Nations Unies pour la stabilisation en Haïti (« MINUSTAH ») te tabli ann Ayiti apre dezyèm kou d eta kont Aristide an 2004 selon rezolisyon 1542 Konsèy Sekirite a ki te voye sòlda pou reponn yon demann nouvo gouvènman ayisyen an. Se menm gouvènman sa a ki te voye Gérard Latortue kòm emisè a Pari pou l te asire Lafrans yo mèt bliye demann 21 milya dola Aristide te mande pou reparasyon ranson an. Latortue te deklare se te yon demann « ki pa gen sans » e ki pa gen okenn baz legal.77
77Le Monde, « Port-au-Prince et Paris normalisent leurs relati…
Le Monde, « Port-au-Prince et Paris normalisent leurs relations », 16 me 2004 ; Max A. Joseph, Jr., « Restitution : France Needs to Accept Its Responsibilities », Haitian Times, 26 me 2015, https://haitiantimes.com/2015/05/26/restitution-france-needs-to-accept-its-responsibilities/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
MINUSTAH te opere ann Ayiti jis rive 2017. Yo t ap kore Polis Nasyonal Ayiti. Twoup ki te sòti Nepal rive Ayiti nan kad MINUSTAH an 2010 pou ede nan « rekiperasyon, rekonstriksyon ak stabilite » apre tranblemann tè a,78 te pote kolera ansanm ak zam yo. Epidemi an kòmanse apre Nepalè sa yo t ap plede pran malpwòpte nan latrin ki te nan baz yo epi vide yo nan Rivyè Latibonit.79
78« MINUSTAH Fact Sheet », https://peacekeeping.un.org/en/mission/minustah ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
79Liv Ralph R. Frerichs sa a bay detay sou fason yo te dekouvri sa : Deadly River : Kolera and Cover-Up in Post-Earthquake Haiti (Ithaca, NY : ILR Press, 2016).Tounen nan tèks la
Kòmansman kolonizasyon
Okipasyon lengwistik ak represyon kont Ayiti te kòmanse an 1492 lè Kristòf Kolon te debake sou zile ke popilasyon an—Amerendyen Tayino yo—te rele Ayiti (« tè mòn »). Premye zak okipasyon lengwistik kolonizatè yo, se te batize zile a Ispanyola (egal : « ti Espay »). Chanjman non sa a te tou anonse lavni endijèn yo nan tout kontinan Amerik la an ba puisans Espay ki t ap fè yo tounen esklav. Kèk deseni apre, pifò Amerendyen yo te vin mouri oswa fyèl yo te pete an ba travay fòse oswa yo mouri maladi kòm viktim viris Panyòl yo te pote nan zòn Karayib la. Petèt se te premye jenosid nan kontinan Amerik la.80 Lang tayino a te vin disparèt pi devan tou.
80David E. Stannard, American Holocaust : The Conquest of the New World (New York : Oxford University Press, 1993).Tounen nan tèks la
Se depi nan premye vwayaj Kristòf Kolon li te mennen yon premye gwoup Afriken nan koloni an. Lavèy Nwèl 1492, yo te debake sou yon plaj nan nò Ayiti tou pre kote vil Okap ye jodi a. Se la La Santa Maria, youn nan bato Kolon yo, te vin koule pandan yo t ap pare pou yo retounen ann Espay. Se kon sa lidè tayino a te vin dakò pou Kolon kite 39 nan maren li yo sou zile a. Lè Kolon te retounen an 1493, li te enstale baz operasyon li nan vil La Isabela ki te nan pati zile a yo rele « Repiblik Dominikèn » oswa « Dominikani » jodi a—lòt nasyon endepandan ki sou zile a. La Isabela, se te premye etablisman pèmanan Espay nan « nouvo monn » lan.
Espanyòl yo te rete sitou nan pati lès zile a. Avantirye franse yo menm, yo te rive apre. Pifò nan yo se te pirat ak boukànye ki te rete nan pati lwès zile a pou yo te ka atake koloni espayòl la ansanm ak bato espayòl yo. Ann apre, an 1697, Lafrans ak Lespay te siyen Trete Ryswick la ki te otorize Franse yo mete yon koloni fòmèlman sou pati lwès zile a.81 Se kon sa Sen Domeng te kòmanse.
81Jean Casimir ak Mary Claypool, « Going Backwards Toward the Future : From Haiti to Saint-Domingue », The Global South 6, # 1 (2012) : 172–92.Tounen nan tèks la
O kòmansman, kolon franse yo te kiltive tè sou ti pwopriyete yo rele « abitasyon ». Lè sa a, te gen Ewopeyen ki te siyen kontra ki te pèmèt yo twoke fòs kouraj yo pou yo pran bato vwayaje rive Sen Domeng epi pou yo jwenn kay ak manje nan men kolon yo pandan twaz an. Yo te rele Ewopeyen sa yo « trann sis mwa » oswa « angaje ». Te gen yon ti kantite kaptif afriken ki t ap kole zepòl ak angaje yo nan travay jaden.
Bartolomé de las Casas (1484–1566), yon pè misyonè nan kongregasyon ki rele « Dominiken », te rekòmande pou kolon yo te sèvi ak Afriken olye de Ameriken pou travay tè. Se te òf « libète pou sovaj [Endyen] yo » epi « esklavaj pou [Afriken] san koutcha yo ».82 Aranjman sa a te chita, an pati, sou prejije kolon an sou fizik Afriken yo kòm ki dirè Afriken yo te pare pou travay agrikilti. Afriken yo, ki te sòti nan divès gwoup etnik ann Afrik de Lwès, te sitou pale lang Nijè-Kongo tankou kwa ak bantou. O kòmansman, yo te viv yon fason ki te yon ti jan pre kolon franse ak angaje yo—pifò nan angaje sa yo pa t pale franse parizyen menm. An 1667, Jean-Baptiste Du Tertre (1610–1687), yon lòt pè misyonè kongregasyon Dominiken yo, te panse pifò ti moun nwa nan koloni an te pale sèlman franse ansanm ak yon « jagon ki gen mo ki sòti nan franse, panyòl, angle ak olandè ».83 Petèt li pa t konnen si ti moun sa yo te pale lang natif natal paran afriken pa yo tou.
82Michel-Rolph Trouillot, Silencing the Past : Power and the Production of History (Boston : Beacon Press, 1995), 75.Tounen nan tèks la
83Jean-Baptiste Du Tertre, Histoire Générale Des Antilles Habitées Par Les François Et Enrichie De Cartes & De Figures (1467), vol. 2, 510.Tounen nan tèks la
Rasin lang kreyòl la te kòmanse parèt kòm varyete franse ni Ewopeyen yo ni Afriken yo pa t pale kòm lang natif natal. Sa se yon konsekans okipasyon lengwistik ni an Frans ni Sen Domeng, ki mete baboukèt nan bouch zansèt angaje Ewopeyen yo ak esklav Afriken yo.
Rasin lang kreyòl la kòmanse ap pouse nan Sen Domeng
Nou pa dwe sezi lè nou reyalize jan Afriken nan zòn Karayib epòk kolonyal la te pale yon kalite franse ki te souvan gen son, mo ak chapant fraz ki te fè vèsyon franse pa yo diferan, nan divès degre, de varyete franse natif natal blan franse yo. Imajine ki jan blan franse t ap pale si yo t ap aprann youn nan lang Afriken yo tankou ewe oswa yowouba.
Modèl lengwistik nan koloni Sen Domeng lan te sòti Pari ak lòt zòn an Frans kote mas pèp la te pale sa yo rele « lang rejyonal ». Petèt, se sèlman kèk grenn ladan yo ki te pale varyete franse nou ta ka rele « franse parizyen » an. Diferans sa a enpòtan anpil si nou vle konprann sa ki fè chapant kreyòl ayisyen modèn diferan de chapant franse modèn e pou nou konprann ki jan lang te sèvi–e toujou kontinye sèvi—kòm zam pou okipasyon, dominasyon ak represyon. Istwa lang ann Ayiti pa ka separe ni ak istwa esperyans ayisyen an ba fòs kolonizatè, otorite politik ak entelektyèl, ni ak istwa gwojemoni lengwistik an Frans menm. Koneksyon sa a ant lengwistik ak politik vin klè nèt nan kontèks edikasyon ak pwojè gwojemonik sa a yo te vin rekonèt kòm Misyon Sivilizatris Ewopeyen yo nan Ayiti nan peryòd kolonyal la kòmanse nan di setyèm syèk la.
Prèt Jezuit Pierre Pelleprat (1606–1667), youn nan premye misyonè « sivilizatè » sa yo, se te youn nan premye moun ki te pibliye remak li sou mòd pale Afriken sa yo ki te kòmanse ap pale kreyòl nan Karayib la.84 Ewopeyen yo te konsidere Afriken yo kòm yon ras moun ki te fèt tou enferyè e ki te destine pou esklavaj. Kolon ewopeyen yo te konsidere esklavaj kòm yon metòd efikas pou transfòme Afriken « sovaj » yo an kretyen dosil. Pelleprat te konsidere Afriken yo tankou yon ras moun ki plen defo sou plan lengwistik ak nan lòt dimansyon. Li te panse se edikasyon ak evanjelizasyon ki t ap pral korije esklav yo.
84Pierre Pelleprat, Relation des missions des pères de la Comp…
Pierre Pelleprat, Relation des missions des pères de la Compagnie de Jésus dans les îles et dans la terre ferme de l'Amérique méridionale (Paris : Cramoisy, 1655). Pibliye an panyòl ak tit : Relato de las misiones de los padres de la compañía de Jesús en las islas y en tierra firme de América meridional (Caracas : Fuentes para la Historia Colonial de Venezuela, 1965).Tounen nan tèks la
Jean-Baptiste Labat (1663–1738) se te yon lòt misyonè kongregasyon pè sa yo ki rele « Dominiken ». Yo te souvan rele l « Pè Labat ». Nan yon repòtaj li te pibliye an 1722 sou vwayaj li, li te dekri esklavaj kòm « yon metòd garanti . . . pou mete adorasyon Bon Dye nan kè Afriken yo, retire yo nan idolatri epi fè yo pèsevere nan relijyon kretyen jis yo mouri ».85 Vèsyon krisyanis sa a te gen manda pratik sa a ladan, pou sèvi pwòp enterè blan yo : moun nwa nan Karayib la ta dwe pèsevere jiska lamò kòm travayè gratis nan yon sistèm plantasyon blan yo te kreye nan objektif pou yo pote gwo pwofi ak richès bay Lewòp.
85Jean Baptiste Labat ak Charles Marchesné, Nouveau Voyage Aux Isles de l'Amérique (Voyage au Pays des Flibustiers et des Caraïbes) Préface de Charles Marchesné, Illustré de huit photogravures, Paris : Les œuvres représentatives, 1931. Premye piblikasyon an 1722.Tounen nan tèks la
Pelleprat te santi gwo ijans pou l konvèti Afriken yo nan krisyanis anvan yo mouri. Men, li te panse lang yo te pale a pa t ka esprime konsèp ki enpòtan yo. Li te bay egzanp ki te montre chanjman nan òganizasyon mo lang lan kote afiks yo te vin disparèt. Afiks se inite lengwistik ki tou kout—an jeneral, yon silab—epi, lè yo vin kole ak yon lòt mo, swa yo chanje sans mo a, swa yo chanje fonksyon gramatikal li. Pelleprat te montre jan gen vèb an franse ki gen afiks ladan yo epi, an kreyòl, vèb sa yo pèdi afiks yo. Sa se yon chanjman nou wè nan lòt lang tankou angle. An final, Pelleprat te vin dakò sèvi ak « mòd pale » Afriken yo pou l evanjelize yo, malgre li te konsidere mòd pale sa a kòm yon echèk nan aprantisaj franse. Men, li te panse move franse sa a se yon mal ki nesesè pou yon pi gwo byen !86
86Pelleprat, Relato de las misiones, 30f.Tounen nan tèks la
Premye dokiman ki montre jan Afriken nan Karayib la te pale franse se transkripsyon yon jijman an 1671.87 Epi, tou, te gen moun save nan premye peryòd koloni a (souvan, se te misyonè kretyen yo) ki te ekri obsèvasyon sou pawòl an kreyòl yo te konn tande.88 Tout sous sa yo dokimante itilizasyon sa ki sanble yon fòm vèb enfinitif kote franse ta itilize yon fòm ki pa enfinitif. Nan dimansyon sa a, kreyòl se pou franse sa angle modèn ye pou ansyen angle. Epi, tou, chanjman sa yo sanble anpil ak istwa franse ki sòti nan laten. Nan tou lè 2 ka sa yo, vèb yo te pèdi afiks yo epi yo te vin pran makè prevèbal (egal : ki vini devan vèb la) ki pa afiks. Chanjman sa yo te fèt nan yon peryòd tan e nan kontèks konkèt, migrasyon ak kontak ant plizyè lang. Sa montre pa gen okenn kalite chanjman ki egziste sèlman nan evolisyon sentaks vèb yo an kreyòl. Lang kreyòl la te devlope menm jan ak lòt lang lengwis jodi a pa rabese kòm lang « enferyè » oswa « dezyèm klas ».
88Jean Mongin, « Lettres Du RP Jean Mongin : L'évangélisation des esclaves au XVIIe siècle », Bulletin de la Société d'Histoire de la Guadeloupe 61 (1984) : 3–136 ; Labat ak Marchesné, Nouveau Voyage ; Hazaël-Massieux, Textes anciens en créole français de la Caraibe.Tounen nan tèks la
87Guy Carden, Morris Goodman, Rebecca Posner ak William Stewar…
Guy Carden, Morris Goodman, Rebecca Posner ak William Stewart, « A 1671 French Creole Text from Martinique », yo te prezante atik sa a nan reyinyon Society for Pidgin and Creole Linguistics, 5 janvye 1991, Chicago. Yo site atik sa a nan Marie-Christine Hazaël-Massieux, ed., Textes anciens en créole français de la Caraïbe : Histoire et analyse, (Paris : Publibook, 2008).Tounen nan tèks la
Orijin prejije anti-kreyòl—ki, an reyalite, se prejije rasis kont moun nwa
Detay lengwistik sa yo enpòtan anpil nan kontèks istwa nou e y ap ede nou konprann sitiyasyon peyi d Ayiti pi byen.
Sanble blan franse sa yo kòm misyonè te pami premye moun ki te konsidere mòd pale Afriken yo kòm « franse mawon »—egal : move aprantisaj franse. Analiz sa a sou fòmasyon lang kreyòl la kòm « franse ki senplifye » oswa « move franse » oswa « jagon » kontribye anpil nan repitasyon lang kreyòl la kòm yon lang dezyèm klas, yon varyete franse ki enferyè e ki dwe sèvi sèlman nan moman aprenan yo ap aprann pale « bon » franse. Sa se yon prejije sou lang kreyòl la ki pèsiste pandan plis pase twa syèk89 e ki te ede nouvo kolon yo sèvi ak lang, lengwistik ak lekòl tèt an ba kòm zam pou dominasyon. Se prejije sa yo ki te vin kreye tradisyon nan lekòl ann Ayiti k ap pouse ansèyman franse kòm ki dirè se pale franse ki ta dwe objektif prensipal sistèm lekòl Ayiti epi se objektif sa a ki vin pi enpòtan pase lekti, ekriti, matematik, syans, istwa, enstriksyon sivik e latriye.
89Lambert-Félix Prudent, Des Baragouins à la Langue Antillaise : Analyse Historique et Sociolinguistique du Discours sur le Créole, Paris : L'Harmattan, 1999.Tounen nan tèks la
Gwo diferans ant moun k ap pale lang manman yo ak sa k ap pale menm lang sa a kòm lang yo te aprann nan gran moun, sa se konsekans nòmal aprantisaj yon dezyèm lang. Nan Sen Domeng, rezilta aprantisaj lang sib la (yon lang ki te siperyè sou plan sosyo-ekonomik e politik) te gaye tankou sou yon pant mòn, kòmanse sòti depi an ba pant lan ak varyete ki te trè diferan de lang sib la, rive an wo nèt ak varyete ki te pi plis sanble ak lang sib la. Nan tèt mòn lan, te gen varyete franse ki te pale kòm lang manman. Te gen kèk aprenan pami Afriken yo ki te menm rive pale franse pi byen pase anpil peyizan an Frans (an deyò Pari) ki, nan peryòd sa a, te pale sa yo rele « patwa » tankou langue d'Oïl, langue d'Oc, normand e latriye. Blan save ki te prezan e ki t ap suiv fenomèn sa yo an dirèk te deklare sèten moun nwa Sen Domeng, sitou sa ki te fèt nan Karayib la (nwa « kreyòl » yo), te pale franse « trè byen » tandis ke sèten angaje ki te sòti nan peyi Lafrans (sa yo te rele « trann sis mwa » yo paske kontra travay yo te dire twa lane) t ap « kokobe lang franse a » 90 kòm moun ki te pale patwa kòm lang matènèl yo—patwa sa yo te trè diferan de lang franse a. Pè Jean Mongin, yon lòt misyonè jezuit, te menm panse sèten nwa te ka anseye franse bay sèten peyizan an Frans91 paske, byen souvan, te gen blan franse an Frans ki te gen mwens kontak ak lang franse pase sèten pami Afriken Sen Domeng yo, sitou sila yo ki te rete nan menm kay oswa nan menm katye ak kolon blan ki te pale « bon franse » kòm lang matènèl yo.92
90Labat ak Marchesné, Nouveau Voyage, 253, 27.Tounen nan tèks la
91Mongin, « Lettres », 55.Tounen nan tèks la
92Robert Chaudenson, Creolization of Language and Culture ; se Chaudenson ki edite liv sa a an kolaborasyon ak Salikoko S. Mufwene (London : Routledge, 2001).Tounen nan tèks la
Panorama sosyal koloni Sen Domeng lan te vin transfòme nèt lè plantasyon kann yo te kontinye devlope. Se devlòpman plantasyon sa yo ki te lakòz ogmantasyon rapid popilasyon nwa a paske kolon yo pa t sispann enpòte yon pakèt kaptif Afriken sòti nan zòn Nijè-Kongo. An paralèl, metòd ki te sèvi pou kontwole kaptif yo te vin pi malouk toujou. Lalwa te klasifye kaptif yo kòm pwopriyete kolon yo e sa te bay kolon yo dwa pou yo fè vyolans fizik sou moun nwa yo nan yon mouvman pou eseye demounifye kaptif yo jouk nan nanm yo.
Chanjman sosyal ak demografik sa yo te gen yon enpak fondamantal sou fason kominote lokal yo t ap devlope mòd pale yo pandan yo t ap tabli fondasyon pou revolisyon ayisyen an. Nan kòmansman 1791, Afriken yo ak desandan lokal yo te lanse yon seri rebelyon pou revandike dwa yo kòm moun selon prensip inivèsèl pou respè diyite moun—pou mounite nou. Sa se repons kaptif yo te bay devan vyolans sovaj « Misyon Sivilizatris » blan franse yo pandan syèk esklavaj ak esplwatasyon. Rezon fondamantal pou revolisyon an—Tout moun se moun—se petèt premye slogan nou ka enskri nan istwa mouvman #BlackLivesMatter lontan anvan envansyon « hashtag ».
Sa klè, Ayiti se sèlman youn pami plizyè lòt kominote kote vyolans te nesesè pou libere malere an ba fòs jeyo-politik Lagrandyab ki t ap vyole diyite yo kòm moun pandan plizyè deseni oswa syèk. Frantz Fanon nan yon tèks ki rele De la violence (« Konsènan vyolans ») ak Prahlad Iyengar nan yon tèks ki rele On pacifism (« Konsènan absans vyolans ») byen esplike pou ki sa dekolonizasyon radikal raman parèt nan listwa nan senaryo kote se nan lapè pou oprime yo ta rete dosil epi aksepte vyolans opresè yo.93
93Frantz Fanon, Les damnés de la terre (Paris : Maspero, 1961)…
Frantz Fanon, Les damnés de la terre (Paris : Maspero, 1961), liv sa a pibliye ann Angle ak tit The Wretched of the Earth, trad. Constance Farrington (New York : Grove Weidenfeld, 1991), chap. 1 ; Prahlad Iyengar, « On Pacifism » International Union of Scientists, 17 desanm 2024, https://www.iuscientists.org/on-pacifism/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Mòd pale moun ki nan esklavaj yo
Pandan tout peryòd kolonyal la, te toujou gen yon ti pousantaj Afriken ansanm ak pitit yo ki te fèt Sen Domeng (« kreyòl » yo) ki te nan yon nivo siperyè yerachi sosyal la gras a travay yo (egzanp : travay kòm « esklav andedan kay »). Se kon sa yo te rive gen anpil kontak dirèk ak moun ki te pale « bon jan franse » kòm lang matènèl epi se kon sa tou yo te vin reyisi metrize yon mòd pale siperyè nan lang sa a. Sa se yon senaryo nou te jwenn souvan nan premye faz abitasyon nan Sen Domeng. An jeneral, e sa se yon bagay ki lojik, plis moun nwa yo te antre an kontak dirèk ak kolon franse sa yo ki pale franse, se plis moun nwa sa yo te rive metrize lang lan. Nan Sen Domeng, kontak dirèk tou lè jou ant ti gwoup moun nwa ak kolon franse te fèt pi fasil e pi souvan nan ti abitasyon, nan vil, nan kay mèt plantasyon yo ak nan kominote moun lib yo. Pandan tout peryòd kolonyal la, kominikasyon konstan ak moun ki pale franse kòm lang natif natal oswa ki pale varyete franse ki pwòch varyete natif natal la te fasilite ti sektè Afriken ki privilejye yo—sila yo ki pi enfliyan e ki pi anbisye—pale yon kalite franse ki te nan bon nivo konpetans. Se kon sa pale franse te gen yon rapò ak sitiyasyon sosyo-ekonomik popilasyon an : an jeneral, moun ki pale franse pi byen yo, se yo menm ki te pami moun ki te pi rich nan koloni an.
Kontrèman ak Afriken ki t ap viv nan abitasyon nan kòmansman di setyèm syèk la, sila yo ki te debake nan diz uityèm syèk la te vin abite nan gwo plantasyon kann a sik ki te kòmanse parèt nan menm epòk sa a epi yo te entegre yon sosyete ki te vin gen pi plis segregasyon ladan. Nan mitan diz uityèm syèk la, yon pakèt Afriken te debake an mas Sen Domeng. Te gen lontan plis Afriken nwa ki t ap debake sòti ann Afrik pase blan franse ki t ap sòti an Frans. E pifò pami blan sa yo pa t pale franse menm. Se kon sa pousantaj popilasyon kaptif nwa yo te vin pran devan nèt depase popilasyon blan yo. Rive 1791, Sen Domeng te gen 500 000 kaptif, 32 000 blan ak 24 000 nwa ak milat ki te lib.94
94https://www.statista.com/statistics/1070615/estimated-population-haiti-1789-by-slave-status-and-race/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Nan peryòd lè te gen pi gwo kantite Afriken yo te mete nan trafik esklav sòti ann Afrik, pifò nan kaptif ki te debake Sen Domeng yo prèske pa t gen okenn kontak ak moun ki te pale franse kòm lang natif natal yo. Kontak Afriken sa yo ak lang franse nan koloni a te sitou yon kontak dezyèm men nan konvèzasyon ak Afriken ki te rive anvan yo e ki te rive aprann pale franse kòm dezyèm lang nan gran moun. Moun sa yo ki te aprann franse sou gran plantasyon kann yo te rive kreye yon varyete franse ki te lwen anpil de chapant lang franse nan bouch moun ki pale lang lan kòm lang matènèl.
An brèf, transfòmasyon Sen Domeng—sòti nan yon sistèm abitasyon rive nan yon sistèm plantasyon—te kreye 2 kalite chanjman : sa te ranfòse segregasyon kolonyal ki baze sou esklavaj epi sa te akselere kreyasyon nouvo varyete lang. Menm lè nouvo varyete sa yo te sanble ak franse orijinal kolon blan yo, yo te diferan anpil paske yo te gen ladan yon melanj engredyan nan lang ki sòti nan zòn Nijè-Kongo ann Afrik ansanm ak engredyan nan lang ki sòti an Frans, men, ki pa t menm ak lang franse —lang yo rele « lang rejyonal ». Kòm se raman Afriken sa yo te an kontak ak blan ki te pale franse kòm lang natif natal, yo te vin kreye yon nouvo mòd pale ki te gen ladan son, mo ak fraz ki te sanble franse, men, ki te gen diferans ase ak franse ki fè yo te rekonèt mòd pale sa a kòm yon lang nouvo—espesyalman paske prejije rasis te lakòz yon diferans fondamantal ant pèsepsyon blan franse ak pèsepsyon moun ki te pale nouvo lang sa a. Te gen 2 sous pou plizyè trè lengwistik nan varyete franse Afriken yo te kreye nan Sen Domeng : lang matènèl Afriken yo (ewe, fon, kongo e latriye) ansanm ak estrateji inivèsèl nan aprantisaj lang. Estrateji aprantisaj sa yo byen dokimante nan lòt sitiyasyon kote moun ki pale divès lang kominike tou lè jou antre yo.
Moun ki t ap aprann franse kòm lang etranje nan koloni a, se yo ki te plante rasin lang kreyòl la. Lè sa a, moun ki te fèt nan koloni Sen Domeng (sila yo ki te rele « kreyòl ») te aprann mòd pale kominote a kòm pwòp lang natif natal pa yo. Se nouvo mòd pale « kreyòl » sa yo, ki te pale pami sila yo ki te fèt e ki te grandi nan koloni a, ki an final te tounen lang majoritè ki te gaye pi plis nan kominote Sen Domeng yo. Se varyete sa yo ki vin tounen zansèt kolonyal lang kreyòl jounen jodi a. Se yo menm tou ki te vin sèvi kòm siman lengwistik ki te inifye kaptif ki te sòti nan divès zòn Lafrik Ginen.
Nan dènye mwatye diz uityèm syèk la, nouvo mòd pale sa a te orijinal ase e li te gen nòm spesifik pa li ki te stab ase pou l atire atansyon obsèvatè kolonyal nan Sen Domeng e menm an Frans ki te reyalize ke nouvo lang sa a se te mwayen ideyal pou kominike ak diferan gwoup etnik nan koloni a. Lè lè a te rive nan mwa out 1791 pou revolisyon an te kòmanse, lè Dutty Boukman ak Cecile Fatiman te òganize yon seremoni vodou nan Bwa Kayiman (sa se youn nan evennman pi plis moun konnen nan istwa Ayiti), se an kreyòl revolisyonè yo (pifò ladan yo te fèt ann Afrik) te lapriyè epi yo te sèmante yo t ap pral goumen ansanm pou libète yo.95
95Carolyn E. Fick, The Making of Haiti : The Saint Domingue Revolution from Below (Knoxville, TN : University of Tennessee Press, 1990) ; Hérard Dumesle, Voyage dans le Nord d'Hayti ou Révélations des lieux et des monuments historiques (Les Cayes, Ayiti : Imprimerie du gouvernement, 1824), 88–89.Tounen nan tèks la
Kreyòl se « lang a nou »
Plizyè istoryen te remake wòl enpòtan kreyòl te jwe nan fondasyon Ayiti kòm nasyon souvren. 96 Dessalines, li menm, te deja rekonèt kapasite kreyòl pou bati nasyon lè li te rele kreyòl « lang a nou » epi li te di pou nou te veye zo nou ak « lang lè zòt" (lang lòt moun). 97 Sonje nou te wè nan chapit 1 an ki jan Dessalines te deja konprann enpòtans kapital kreyòl la pou libète ak souvrènte Ayiti. 98 Nan deklarasyon endepandans Ayiti premye janvye 1804, li te remake jan nou menm, pèp ayisyen an, nou pa t viktim an ba fòs militè franse yo sèlman ; nou te viktim, tou, an ba « puisans elokans trèt yo ».99
96Casimir, The Haitians ; Laurent Dubois, Haiti : The Aftershocks of History (New York : Metropolitan Books, 2012).Tounen nan tèks la
97Descourtilz, Voyages, 281.Tounen nan tèks la
98Annette K. Joseph-Gabriel, « Creolizing Freedom : French–Creole Translations of Liberty and Equality in the Haitian Revolution », Slavery & Abolition 36, # 1 (2015) : 111–123.Tounen nan tèks la
99Jean Casimir, La nation haïtienne et l'état (Pòtoprens : Les éditions du CIFIHCA, 2018), 163.Tounen nan tèks la
E poutan, menm lè yo t ap sèvi ak franse pou yo atake Ayisyen ki te kanpe pou libète, gouvènman Lafrans t ap pibliye pwoklamasyon an kreyòl pou l te ka kominike ak piblik la pi byen. Pa egzanp, an 1793, Santhonax—youn nan komisè ke Napoleon te voye pou kraze revòlt Toussaint Louverture (1743–1803)—te mande pou yo ekri pwoklamasyon abolisyon esklavaj la an franse ak an kreyòl.100 Politik lengwistik sa a ka ede nou konprann yon koneksyon enpòtan ant lang, ras ak pouvwa nan yon sosyete ki chita sou gwojemoni rasis.
100Kòm egzanp, gade https://www.loc.gov/resource/gdcwdl.wdl_14721 ak https://commons.wikimedia.org/wiki/File:Proclamation_du_commissaire_Sonthonax_en_langue_créole_-_Archives_nationales_-_AD-XX-C-69-A.jpg ; mwen te gade sit entènèt sa yo nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Pami kolon save yo, Mederic Louis Élie Moreau de Saint Mery (1750–1819), ki te abite Sen Domeng, te yon ka espesyalman remakab nan pèspektiv sa a. Yon blan kreyòl (egal : yon blan ki te fèt nan Amerik kolonyal la), li te oblije konfwonte yon paradòks konsènan valè ak ideyal nòb revolisyon franse a—« Libète, Egalite, Fratènite »—ansanm avèk devlòpman « Syèk Limyè » ewopeyen an. Wi, sa te difisil pou ideyal sa yo mache men nan men ak sistèm esklavaj pete fyèl nan koloni Lafrans yo nan Karayib la—se menm sistèm malatchong sa a ki t ap anrichi metwopòl la.
Moreau t ap chache agiman eklere pou l ede gouvènman Lafrans jistifye sitiyasyon Sen Domeng nan yon nouvo kontèks sosyal ki te chita sou ideyal nòb. Sa klè, misye te rasis. Pa egzanp, li te pibliye seri remak sa yo : moun nwa ki te fèt nan Karayib la (nwa « kreyòl » yo) te gen « kalite fizik ak moral ki te ba yo dwa pou yo siperyè devan moun nwa ki te fèt ann Afrik » ; « travay domestik te anbeli ras moun nwa » ; « esklav kreyòl te miyò pou tout kalite travay » ; « pou pi piti, valè yo ka toujou 25% an plis valè kaptif ki te fèt ann Afrik yo ».101 Yo te menm ranfòse diferans sa yo avèk yon adjektif « bosal » ki te transmèt yon nouvo deskripsyon pou Afriken yo ki vle di « san koutcha », « sovaj », « ki pa donte » e latriye. Mo « bosal » sa a te sèvi pou ogmante diferans ant moun nwa « bosal » ak moun nwa « kreyòl » (egal : ki te fèt nan Karayib la).
101M.L.E. Moreau de Saint-Méry, Description topographique, physique, civile, politique et historique de la partie française de l’isle de Saint Domingue, 3 vols. (Philadelphia : Chez l’auteur, 1797) (Paris : Société de l’histoire des colonies françaises, 1958), 40, 55–59 (1958 ed.).Tounen nan tèks la
Moreau te pibliye yon katalòg ki gen 128 konbinezon posib nan popilasyon moun ki gen zansèt ewopeyen ak zansèt afriken, sòti nan moun blan san melanj rive nan moun nwa san melanj. Konbinezon sa yo te baze sou yon kalkil konplike sou « melanj san » ki, selon ipotèz li, remèt rezilta varye nan kalite moral, tanperaman, entelijans, koulè po, kalite cheve, fòm figi, fòs kouraj, trè feminen, karakteristik endividyèl e latriye. Li te kreye divès tab pou chak konbinezon sa yo ansanm ak tèminoloji byen detaye pou divès kalite koulè po selon sa li te kalkile kòm pousantaj « san blan » ak pousantaj « san nwa » ki t ap koule nan venn yo nan ipotèz li : sakatra (7/8 nwa), grif (3/4 nwa), milat (1/2 nwa), kwatewon (1/4 nwa), metis (1/8 nwa), mamelouk (1/16 nwa), kwatewone (1/32 nwa) e latriye.102 Nan epòk sa a, kalite klasifikasyon rasis sa yo te pase pou « syans nòmal ». 103 Analiz Moreau yo te petèt fè eko nan pati sid Eta Zini kote nenpòt moun ki te gen menm yon sèl gout san zansèt afriken nan venn li te klase kòm « nwa ». Pa egzanp, nan Lwizyàn nan peryòd kolonyal la, yo te anplwaye yon sistèm klasman sosyal e rasyal ki te trè konplèks e ki te sèvi ak yon tèminoloji ki raple Moreau—tankou òktowoun (12,5% zansèt afriken), kwadwoun (25%) ak milat (50%). Yo te deklare moun ki gen melanj blan ak nwa nan san yo te gen kalite moral ak entelektyèl ki miyò pase moun ki te klase kòm 100% nwa, ki fè sila yo ki te gen melanj blan ak nwa nan san yo te merite sèten privilèj sosyal ak ekonomik.104 Èske se enfliyans eritaj franse nan Lwizyàn ki te enspire devlòpman sistèm rasis sa a ?
102Moreau de Saint-Méry, Description, 86–111.Tounen nan tèks la
103Thomas W. Kuhn, The Structure of Scientific Revolutions (Chicago : University of Chicago Press, 1962).Tounen nan tèks la
104Mary Gehman ak Lloyd Dennis, The Free People of Color of New Orleans : An Introduction (New Orleans : Margaret Media, 1994).Tounen nan tèks la
« Milat » se yon tèminoloji rasis ki sòti nan etimoloji mo « milèt », ki vle di yo te konsidere milat kòm kwazman 2 espès biyolojik (blan ak nwa) ki diferan sou plan jenetik. Moreau te bay milat sa yo yon valè siperyè nan yerachi sosyo-ekonomik koloni a paske, nan analiz li, « milat yo . . . te reyini avantaj bab e moustach nan fizik yo pa rapò ak tout lòt kwazman yo : se yo ki te gen kò ki pi kòdjòm pou klima Sen Domeng lan ». 105 Nan istwa Ayiti, Franse yo te repete pawòl Moreau sa yo anpil anpil. Baron de Mackau (1788–1855) wa Charles X te voye Ayiti an 1825 pou « negosye » « dèt endepandans » Ayiti anvè Lafrans nan youn nan premye demonstrasyon « diplomasi kannon », te di jan Prezidan Jean-Pierre Boyer, yon milat, te bèl gason e jan li te entelijan. Se nan menm epòk sa a Gaspard Theodore Mollien (1796–1872), ki te sèvi kòm konsil Lafrans ann Ayiti, te fè klas milat sa a yon engredyan kle nan yon estrateji ki te vin gen anpil siksè nan fè Ayiti tounen yon pwovens Lafrans ki depann de metwopòl la menm apre Ayiti te deklare « endepandans » li.106
105Moreau de Saint-Méry, Description, 90.Tounen nan tèks la
106Haïti-France, les chaînes de la dette. Le rapport Mackau (18…
Haïti-France, les chaînes de la dette. Le rapport Mackau (1825), ed. Dorigny, Marcel, Jean-Claude Bruffaerts, Gusti-Klara Gaillard ak Jean-Marie Théodat. Paris : Hémisphères Éditions, 2022 ; Jean-François Brière, « Du Sénégal aux Antilles : Gaspard-Théodore Mollien en Haïti, 1825–1831 », French Colonial History 8 (2007) : 71–79 ; Porter et al., « The Ransom » ; DeGraff, « Ann Ayiti, lekòl yo aprann nou rayi lang nou epi rayi tèt nou »Tounen nan tèks la
Apre endepandans Ayiti an 1804, te gen plizyè milat ki te kòmanse ap pwoklame se yo ki mèt plantasyon ke ansyen kolon blan yo te kite dèyè nan peyi a. Milat sa yo te kwè se yo ki te eritye siperyorite ras blan sou ras nwa. Se prejije sa a ki, nan fen peryòd kolonyal la, te lakòz plizyè demann privilèj politik ak sosyal ke milat yo te panse yo te dwe jwenn paske papa yo te blan franse alòs ke demann sa yo te mete ansyen kaptif nwa yo sou kote—ata nègès ki te manman milat yo. Apre revolisyon an te kòmanse, te vin gen yon moman kle lè milat yo ansanm ak elit ansyen lib po nwa yo te reyalize sistèm kolonyal la pa t ap janm ba yo menm privilèj ak blan franse yo. Se lè sa a tou yo vin reyalize kolon blan ak lame franse t ap pral vin masakre yo kòm rebèl menm jan ak ansyen esklav nwa yo. Se sèlman lè sa a milat yo ak ansyen lib nwa yo te deside fè rasanbleman ansanm ak ansyen esklav nwa yo pou yo goumen pou mete Franse yo deyò.
Se kon sa tou Dessalines te vin bay yon bon dòz antidòt legal kont pretansyon klas milat la te genyen pou asire siperyorite politik ak ekonomik yo. Li te mete yon atik enpòtan nan Konstitisyon 1805 lan ki di kon sa : « Nou dwe kaba tousuit tout koze sou koulè po pami ti moun nan yon sèl fanmi . . . Kounye a, nou tout Ayisyen fè pati kategori moun nwa ».107
107The Annual Register, or a View of the History, Politics and Literature of the Year, 1805, vol. 47, London : W. Otridge and Son, 1807.Tounen nan tèks la
Ann Ayiti, ti moun lekòl etidye yon pawòl Dessalines ki t ap defann ansyen esklav nwa yo ki, kontrèman ak milat yo, pa te gen zansèt franse ki te ba yo tè kòm eritaj. Dessalines te di kon sa : « Kòman sa fèt, depi nou fin chase kolon blan yo, se pitit kolon yo k ap reklame byen kolon sa yo ? Se san nou ki te koule pou nou te pran tè sa a. Mwen ensiste fòk nou pataje l yon fason ki jis ».108
108Louis Auguste Joint, Système éducatif et inégalités sociales en Haïti : Le cas des écoles catholiques (Paris : L'Harmattan, 2006), 45n14 ; Mark Danner, Stripping Bare the Body : Politics, Violence, War (New York : Bold Type Books, 2009).Tounen nan tèks la
Koulè po moun ki nan klas sosyal ki pote etikèt « elit ki gen maleng moral »109 montre nou klè se klas milat la ki toujou ap kontwole resous ekonomik peyi a. An menm tan, gen twòp Ayisyen ki toujou fèmen tèt yo nan prizon kote sèvèl yo mare nan chenn mantal rasis ki fè yo rayi pwòp tèt yo kòm moun nwa. Lekòl yo toujou ap preche doktrin ki valorize estanda kolon franse yo ki fè ti moun nan klas mwayèn ak nan elit la prefere poupe blanch pase poupe nwa—menm jan yo lave sèvèl yo pou fè yo prefere pale franse pase kreyòl.110 Jis kounye a, mwen sonje kaye souvni m yo nan jaden d anfan ; kouvèti yo te montre pòtre bèl ti moun blan ki pa t janm sanble avèk mwen ditou pyès.
109Robert Fatton, Haiti’s Predatory Republic : The Unending Transition to Democracy (Boulder, CO : Lynne Rienner Publishers, 2002), xii.Tounen nan tèks la
110Lucnise Duquereste, « ‘Je ne trouve pas ces poupées très jolies, elles font peur et je ne veux pas les regarder’ », Ayibopost, 24 novanm 2023, https://ayibopost.com/entre-peur-et-colorisme-les-poupees-noires-meprisees-dans-les-magasins-en-haiti/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Moreau te konsidere kreyòl kòm yon franse ki « gate » e ke « pèsonn pa fouti konprann lè se yon gran moun afriken k ap pale li. »111 Li te di kon sa sèl fason moun nwa Sen Domeng ka amelyore tèt yo se pou yo ta aprann valè ak lang Lafrans : plis ou pale franse, se plis ou bon moun. Pwogram andoktrinman sa a pa te janm ka manyen majorite popilasyon Ayiti a—« pèp souvren » an nan analiz Jean Casimir.
111Moreau de Saint-Méry, Description.Tounen nan tèks la
Nouvo zam nan asenal pou dominasyon112
112Seksyon sa a pran anpil detay nan DeGraff, Frager ak Miller, « Language Policy ».Tounen nan tèks la
Yerachi rasyal ak politik ki favorize ras blan ak lang franse kontinye ap kore dominasyon pèp ayisyen jis jodi a, espesyalman prejije ki di Ayiti pa t merite endepandans 1804 la epi nou pa eklere ase pou nou bati nasyon san entèvansyon dirèk oswa endirèk ansyen kolon yo ansanm ak kèk lòt nan puisans enperyalis yo. Se sa ki lakòz, depi deklarasyon endepandans nou, n ap wè ranson, okipasyon, manipilasyon, afeblisman, sipò pou diktati nan tan lontan ak nan tan prezan, e latriye. Souvan, tout sa chita sou sipresyon sèl lang nasyonal peyi a. Apatèd lengwistik sa a vin tounen yon zouti ki endispansab nan pwolongasyon baboukèt yo mete sou peyi d Ayiti pou yo bloke jèvrin revolisyonè nèg vanyan endepandans yo.
Jean Casimir te ekri kon sa : « Tout sa pèp ayisyen sonje de tan pase li, tout jan li entèprete tan prezan li, tout sa li kwè li ye, tout sa li kwè li ka ye, tout sa li kwè li ka reyalize selon pwòp vizyon pa li, li esprime tout sa nan pwòp lang pa li. »113 Casimir esplike se gras a kreyòl—lang Dessalines te rele « lang a nou »—ke pèp ayisyen « te devlope mwayen pou li te siviv ak metòd pou li te rapousuiv mwayen sa yo ». Se kon sa tou Ayisyen « fè plan yo tounen reyalite » selon « pwòp sistèm konesans pa yo—pa selon sistèm mèt la ». Kreyòl se lang rèv nou ak lang pou nou vanse san nou pa depann « nan okenn fason de kategori sa yo ki nan lang kolonyal la ».
113Casimir, The Haitians, 226–227.Tounen nan tèks la
Ayiti te viktim okipasyon ameriken sòti 1915 rive 1934 kòm konsekans yon koze jeyo-politik ki sòti ann Ewòp Santral. Peryòd sa a tou bay yon egzanp ki montre lang se zam pou pouvwa.
Lamarin ameriken te debake ann Ayiti ak misyon ofisyèl pou li stabilize yon nasyon ki te chanje gouvènman sèt fwa nan sèlman katr an. Men, vre objektif okipasyon sa a se te pou bloke enterè komèsyal ak militè yon Almay enperyalis ki t ap grandi rapid ann Ayiti—sa se yon kwasans ki t ap kontrarye doktrin Monroe ki te kont anbisyon enperyalis ewopeyen nan emisfè oksidantal la.114
114Robert Debs Heinl, Nancy Gordon Heinl ak Michael Heinel, Written in Blood : The Story of the Haitian People, 1492–1995 (Lanham, MD : University Press of America, 2006).Tounen nan tèks la
Pandan peryòd okipasyon sa a, maren ameriken yo te demontre jan yo te rasis pandan yo t ap goumen kont Ayisyen ki t ap reziste yon okipasyon ki pa t popilè ditou. Se Ameriken yo ki te ekri konstitisyon 1918 Ayiti a e ki te deklare franse kòm « lang ofisyèl » peyi a pou premye fwa nan istwa Ayiti. Yo te dekrete itilizasyon franse « obligatwa nan kad administratif ak jidisyè ». Se te yon estrateji pou achte figi elit yo epi pou kalme laperèz yo te genyen kòm ki dirè lang angle t ap pral ranplase lang franse ann Ayiti. Sa se yon iwoni lè se yon okipasyon militè an ba bòt Ameriken ki te simante lang franse nan lalwa ann Ayiti—ki egal yon okipasyon lengwistik Lafrans nan peyi a.
Maren ameriken yo te kole lè yo te bezwen kominike ak majorite popilasyon an. Enben, se an ba kontwòl militè ameriken yo premye deskripsyon gramè kreyòl ansanm ak liv pou ansèyman kreyòl te parèt. Pa te gen òtograf ofisyèl, ki fè mo yo te ekri ak yon melanj òtograf franse ansanm ak apwoksimasyon fonetik.115
115Gendarmerie d'Haïti Service Medical, Lessons in Haitian Creole with Some Information Regarding the Republic of Haiti (Pòtoprens : Edmond Chenet, 1921).Tounen nan tèks la
Apre okipasyon ameriken an te fini an 1934, pa te gen twòp chanjman konsènan politik lang ann Ayiti, apa kèk ti jefò kazwèl nan devlòpman yon òtograf kreyòl fonemik ak kèk esperimantasyon pilòt UNESCO te lanse apre inogirasyon li an 1945. Sa se esperimantasyon kote kreyòl te sèvi kòm prensipal lang ansèyman (L.An.).
Nan mwa septanm 1957, pèp la te chwazi yon doktè kòm Prezidan d Ayiti. Li te rele Francois Duvalier epi yo te vin ba l ti non « Papa Dòk ». Li te fè kanpay sou yon platfòm elektoral ki te melanje ideyoloji popilis ak nasyonalis nwa e ki te jwenn enspirasyon nan abi rasis li te soufri lè li te jèn nan men Ameriken pandan okipasyon an. Apre Papa Dòk te bloke yon kou d eta militè an 1958, li te chanje byen rapid, sòti nan otokrat, pase nan tiran e finalman li rive nan diktatè. An 1964, Duvalier deklare tèt li « Prezidan a vi ». Pou ede konsolidasyon rejim li, li te vin devlope yon pèsonalite mistik ki te pèmèt li manipile ni istwa ni mitoloji ayisyen. Estrateji politik sa a te vin konfwonte opozisyon ant franse ak kreyòl tou.
Desanm 1957, se te premye fwa yon dokiman legal enpòtan te mansyone kreyòl ladan. Atik 35 nan nouvo Konstitisyon an te konfime franse kòm « lang ofisyèl » epi li te dekrete itilizasyon franse « nesesè nan sèvis piblik yo ». Konsènan kreyòl, Konstitisyon an te deklare « se lalwa ki pou detèmine nan ki ka oswa sikonstans » yo dwe « otorize oswa rekòmande itilizasyon kreyòl pou pwoteksyon enterè materyèl ak moral sitwayen ki pa konn lang franse a byen ase ».
Konstitisyon 1957 la, se premye dokiman legal ki te rekonèt franse pa t lang inivèsèl ann Ayiti. Se te yon koupe fache ak tradisyon legal.116 Malgre Atik 35 sa a te yon ti jan vag, sa te sanble kòm yon viktwa pou kreyòl kòm lang inivèsèl pèp ayisyen an. Sepandan, te gen lòt atik ki te opoze espresyon ak inisyativ an favè kreyòl la. Pafwa opozisyon sa a te brital.
116Lefranc Joseph, « Lang nan pwodiksyon sosyete ayisyen an : Istorik, fòs pouvwa ak konsyantizasyon », Journal of Haitian Studies 27, # 1 (2021) : 4–37.Tounen nan tèks la
Kòd riral Duvalier a te mande pou se sèl franse ki sèvi nan tout kontra travay ki t ap siyen. Se te yon souflèt nan figi « enterè materyèl ak moral » pou majorite sitwayen ki te pale kreyòl sèlman e ki te konprann kreyòl sèlman. Se menm jan an tou, nan premye pati dis nevyèm syèk la, Prezidan Boyer te pibliye kòd riral li a pou l ralanti yon gwo dekadans ekonomik lè pwodiksyon agrikòl te kòmanse ap bese. Kòd sa a, li menm tou, te ekri an franse e li te vyole dwa abitan (ki te pale kreyòl sèlman) pou yo deplase kite tè kote yo t ap travay pou yo ale lavil. Menm kòd sa a te entèdi abitan yo fè komès, ouvri boutik, twoke machandiz epi li te fòse yo siyen kontra yo pa t ka konprann e yo pa t ka negosye—kontra ki te egzije pou yo rete mare nan travay kiltivatè sèlman, ki te fikse orè travay yo, salè yo ak enpo yo. Abitan sa yo se te yon klas san vwa (paske yo te pale kreyòl sèlman). Sa vle di « se pawòl pwopriyetè, lokatè oswa notè sèlman ki te ka retire yo nan vagabondaj » ; si se pa sa, « yo te pèdi plas yo nan sosyete a e yo te vin anti-sosyal e kriminèl. Yo te ka chwazi ant pòvte ak soumisyon an ba yon nouvo mèt oswa yon vi kòm nèg mawon. Nan tou lè 2 ka, yo te pèdi byennèt yo ! »117
117Casimir, The Haitians, 175.Tounen nan tèks la
Kòd riral Boyer a te kreye yon fòs polis riral ki te la pou ranfòse aplikasyon kòd la. Fòs sa a te sanble ak patwouy ki te konn ap fèt nan zòn sid Eta Zini pou kontwole kaptif nan di setyèm ak diz uityèm syèk. Sa se pwototip fòs polis jodi a. Wòl yo se te bare kaptif ki t ap sove epi mennen yo tounen bay mèt yo epi, an menm tan, simen laperèz pou dekouraje kaptif ki te ka revòlte yo. Youn nan manda fòs polis sa yo oz Eta Zini, tankou manda fòs Boyer yo ann Ayiti, se pini kaptif ki te dezobeyi règleman plantasyon yo.118 Fòs sa yo te egziste pou defann enterè mèt plantasyon yo, menm jan ak kòd riral Boyer a ak pa Duvalier a tou. Misyon tout kòd sa yo ann Ayiti se pwoteje enterè leta ayisyen ak puisans etranje yo.119
119Michel-Rolph Trouillot, Ayiti, Haiti, State Against Nation : The Origins and Legacy of Duvalierism (New York : Monthly Review Press, 1990) ; Casimir, The Haitians.Tounen nan tèks la
118Kala Bhattar, « The History of Policing in the US and its Im…
Kala Bhattar, « The History of Policing in the US and its Impact on Americans Today », University of Alabama Institute for Human Rights Blog, 8 desanm 2021, https://sites.uab.edu/humanrights/2021/12/08/the-history-of-policing-in-the-us-and-americans-to/impact ; Gary Potter, « The History of Policing in the United States, Part 1 », EKU Online, Eastern Kentucky University, 25 jen 2013, https://web.archive.org/web/20240126115308/https://ekuonline.eku.edu/blog/police-studies/the-history-of-policing-in-the-united-states-part-1/ ; mwen te gade sit entènèt sa yo nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Byen vit apre François Duvalier te monte sou pouvwa a, li te pwopoze yon kanpay alfabetizasyon nasyonal ki te sipoze sèvi ak lang kreyòl depi an patan. Plan sa a pa t janm konkretize. Men, malgre sa, mouvman kreyòl la te fè kèk ti pwogrè. 120 An 1961, Ayiti te patisipe nan yon konferans UNESCO ann Etyopi ki te enspire anpil nan nasyon pos-kolonyal yo, sitou sa ann Afrik yo, pou yo te adopte sistèm edikasyon inivèsèl ki baze sou lang matènèl. Nan menm ane sa a, gouvènman ayisyen te kreye Office Nationale d'Education Communautaire (ONEC, Biwo Nasyonal Edikasyon Kominotè) epi, an 1969, li te kreye Office National d'Alphabétisation et d'Action Communautaire (ONAAC, Biwo Nasyonal Alfabetizasyon ak Aksyon Kominotè). Tou lè 2 ajans sa yo, se yo ki te responsab pou yo ede ogmante nivo alfabetizasyon an kreyòl. Yo te bay rannman : to alfabetizasyon an te sòti nan dis monte a ven pousan an 1971. 121 Pandan tout peryòd sa a, te kontinye gen dout sou itilite alfabetizasyon an kreyòl la, akòz mank materyèl ki pibliye nan lang lan epi franse te kontinye ap penpennen kòm prensipal lang ansèyman (L.An.) nan tout nivo sistèm edikasyon ann Ayiti. Sa se te yon rapèl malouk konsènan reyalite Ayiti ki te toujou an ba bòt ansyen kolon yo.
120Trouillot, Haiti ; Matthew Robertshaw, « Kreyòl anba Duvalier, 1957–1986 : A Circuitous Solution to the Creole Problem? », New West Indian Guide/ Nieuwe West- Indische Gids 93, # 3–4 (2019) : 231–257.Tounen nan tèks la
121Mats Lundahl, Peasants and Poverty : A Study of Haiti (London : Routledge, 2015), 477–480.Tounen nan tèks la
Nan kòmansman ane 1971, Papa Dòk te nonmen Jean-Claude (« Bebi Dòk ») Duvalier, pitit gason li, ki te gen 21 an, kòm ranplasan li nan prezidans a vi a. Nan dat 21 avril menm ane a, Papa Dòk te ale nan peyi san chapo.
Kou Jean-Claude Duvalier monte sou pouvwa a, li te kòmanse gwo jefò pou amelyore relasyon Ayiti avèk gouvènman ameriken ki te konn sipòte Papa Dòk nan kòmansman rejim li e ki te menm kolabore nan antrènman tonton makout li yo (« tonton makout » se non yon lougawou nan mitoloji ayisyen). Lè Prezidan Kennedy te reyalize Papa Dòk te vòlè dè milya dola èd Eta Zini pou Ayiti, li te fè koupe tout asistans ekonomik ameriken. An repons, Papa Dòk te fè yon kout demagoji lè l te deklare li te « yon lidè izole ki te oze kanpe kont dominasyon yon sipè puisans » epi li te fè yon deklarasyon piblik pou li refize tout èd nan men Washington D.C.122 Duvalier te menm bay tèt li akolad ak chapo ba pou asasina Kennedy an novanm 1963 lè li te di se te yon « kout vodou » li ki te lakòz lanmò trajik prezidan sa a.123
122Richard A. Haggerty, « Haiti : Historical Setting § François Duvalier, 1957–71 » in Dominican Republic and Haiti, ed. Richard A. Haggerty, Country Studies, 2nd ed. (Washington, DC : Federal Research Division, Library of Congress, 1991), 234.Tounen nan tèks la
123Rolland Murray, « Black Crisis Shuffle : Fiction, Race, and Simulation », African American Review 42, # 2 (2008) : 215–233.Tounen nan tèks la
Lè Bebi Dòk monte kòm nouvo diktatè an 1971, anvlòp èd finansye ameriken te remonte byen vit rive nan yon nivo remakab.124 Eta Zini te rekòmanse sipòte yon lòt diktatè kòm barikad kont Linyon Sovyetik.
124Matthew Robertshaw, « Kreyòl anba Duvalier, 1957–1986 : A Circuitous Solution to the Creole Problem? », New West Indian Guide/ Nieuwe West- Indische Gids 93, # 3–4 (2019) : 231–257.Tounen nan tèks la
Chapit 1 se dokimantasyon istwa ak detay ki te pi enpòtan nan refòm pwo kreyòl Joseph C. Bernard 1982 a. Bernard te Minis Edikasyon Nasyonal nan gouvènman Bebi Dòk sòti avril 1979 rive jiyè 1982. Sou plan politik, refòm sa a te lakòz yon kriz pami elit yo ki te gen, pami yo, Michelle Bennett Duvalier, madanm Bebi Dòk, yon milatrès ki te sòti nan yon klas sosyal ki pi wo pase Duvalier.125 Finalman, yo te vin revoke Bernard e gouvènman an te sispann tout aktivite refòm. Frank Saint-Victor, nouvo minis edikasyon yo te nonmen an, se te yon ansyen pwofesè Premyè Dam lan e li te restriktire ministè a. Men, boulvès nan sistèm edikasyon an te pèsiste. Saint-Victor te sèlman dezyèm pami yon douzèn moun ki te pase nan pòs sa a nan ane 1980 yo.
125Guy Alexandre, « La Politique éducative du Jean-Claudisme : Chronique de l’échec ‘organisé’ d’un projet de réforme » nan Le Prix du Jean- Claudisme : Arbitraire, parodie, désocialisation, ed. Pierre Buteau ak Lyonel Trouillot (Pòtoprens : C3 Edisyon, 2013).Tounen nan tèks la
Menm lè yo te bloke refòm Bernard 1982 a, kreyòl la rete kòm engredyan esansyèl nan demagoji Bebi Dòk ki t ap chache sipò pèp la. Konstitisyon yo te adopte ann out 1983 a te anile entèdiksyon jeneral kont itilizasyon kreyòl nan sèvis piblik yo. Atik 62 te dekrete : « Lang nasyonal yo se franse ak kreyòl. Franse se lang ofisyèl Repiblik la. »
Rezistans popilè pa t sispann pandan plizyè ane, jis li te fè Bebi Dòk kouri kite peyi a an janvye 1986 ; sa te fini ak prèske 30 ane diktati Duvalier. An ba yon gouvènman pwovizwa yo te mete an mas 1987, Palman te apwouve yon nouvo konstitisyon demokratik (gen yon vèsyon amande ki toujou sèvi jodi a). Li valorize kreyòl tou ; men, se te anpil pawòl nan bouch, san aksyon konkrè menm si se te premye konstitisyon ki te pibliye an franse ak an kreyòl. Atik 5 lan te deklare « sèl lang ki ini tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl » epi li te fè kreyòl ak franse 2 lang ofisyèl ann Ayiti ; epi Atik 40 lan te sipoze fòse gouvènman an itilize tou lè 2 lang yo pou « pibliye tout lwa, òd, dekrè, akò entènasyonal, trete ak konvansyon, tout sa ki ka afekte lavi nasyonal, esepte enfòmasyon konsènan sekirite nasyonal, nan laprès oral, ekri ak televize ». Atik 40 sa a pa t janm respekte. Jis kounye a, prèske tout bagay ekri sèlman an franse sou pifò sit entènèt gouvènman yo ak nan dokiman ofisyèl yo. An 1987, konstitisyon an te pibliye an franse ak an kreyòl. Men, an 2012, ata amannman Konstitisyon 1987 la te pibliye an franse sèlman. Sa se yon lòt vyolasyon Atik 5 ak 40 konstitisyon an.
Pou fè pwomosyon lang kreyòl la, Atik 213 te mande pou leta kreye yon akademi, tankou Académie Française, « pou ranje lang kreyòl la »—kèl ke swa sa sa vle di—« epi pèmèt li devlope syantifikman e ann amoni ». Sa te pran prèske twa deseni pou Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) te kòmanse fonksyone epi fonksyonnman sa a toujou chaje ak pwoblèm. Youn nan pwoblèm sa yo se direksyon AKA vle pran konsènan òtograf kreyòl la,126 anpil nan desizyon sa yo baze sou yon imitasyon neyo-kolonyal lang franse a. Imitasyon sa a sòti nan laperèz pou « fè lagè kont lang franse a ». Pawòl sa a te pale klè nan yon imel ke lengwis ki vin prezidan AKA jodi a te voye bay tout manm akademi a an Septanm 2005.
126Michel DeGraff, « Brase lide sou pwojè ‘estandadizasyon’ ekr…
Michel DeGraff, « Brase lide sou pwojè ‘estandadizasyon’ ekriti kreyòl la – pou n kore edikasyon ak devlòpman ann Ayiti e pou n ede Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) nan misyon li », Rechèch Etid Kreyòl II, # 1 (2023); Péguy Flore Pierre, « DeGraff denonse dezòd ak koripsyon k ap fèt nan Akademi Kreyòl Ayisyen an », AyiboPost, 17 avril 2018, https://ayibopost.com/degraff-denonse-dezod-ak-koripsyon-k-ap-fet-nan-akademi-kreyol-ayisyen-an/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Youn nan rezilta segondè pozitif diktati Duvalier a (yon rezilta ki pa efase krim li yo) se fòse li te fòse anpil entelektyèl kreyolofil ak defansè demokrasi kite Ayiti. Se menm yo ki, lè yo te fin kite Ayiti, te vreman kòmanse ap defann kreyòl kòm yon zouti ki esansyèl pou liberasyon ak souvrènte.127 Dyaspora sa a te vin jwe yon wòl kle nan mouvman kreyòl la. Anpil nan Ayisyen save nan peyi etranje te fè tèz doktora yo sou kreyòl epi lang lan te vin sèvi pou prezève idantite yo kòm Ayisyen natif natal e menm kòm yon zam pou rezistans popilè—kreyòl te tounen yon zam nan men jibye kont chasè.128 Entelektyèl sa yo te rive kraze chenn kolonizasyon mantal la. Mwen menm, mwen reyalize, si m te rete Ayiti byen konfòtab nan klas mwayèn lan, mwen prèske sèten m t ap kontinye ap byen mennen nan fè chèlbè ak lang franse kòm « butin de guerre » mwen.
127Robertshaw, « Kreyòl anba Duvalier, 1957–1986. »Tounen nan tèks la
128Flore Zéphir, Haitian Immigrants in Black America : A Sociological and Sociolinguistic Portrait (Westport, CT : Bergin and Garvey, 1996).Tounen nan tèks la
Chenn mantal pi rèd pase chenn metal
An 1952, Frantz Fanon (1925–1961), gran sikyat ak filozòf politik nan etid pos-kolonyal, te kritike menm kalite prejije rasis ak lengwistik nou jwenn nan liv Moreau yo. Li te rakonte kòman imigran matinikè nan Pari konn tonbe nan yon pyèj dwòl nan pratik koreksyon egzajere lè y ap bat pou yo imite aksan franse ewopeyen an, menm malman : yo konn woule /r/ yo twòp—tankou nan Garrrçon ! Un vè de biè—epi yo bliye pwononse menm /r/ sa a nan verre ak bière. An kreyòl matinikè, menm jan ak kreyòl ayisyen, pifò moun pa pwononse /r/ nan fen silab yo. « Garrrçon » Matinikè yo se gwo jefò pou yo evite pale kalite franse yo rele « franse mawon » kote mo franse « garçon » ta pwononse tankou mo kreyòl « gason ». Fanon te reprimande konpatriyòt matinikè li yo pou pratik lengwistik anti-nwaris sa yo—yon konsekans banal prejije rasis pandan syèk nan zòn Karayib la.129
129Fanon, Peau Noire, Masques Blancs, 16.Tounen nan tèks la
Nan diz uityèm syèk la, Moreau te deklare se aprann tradisyon, kilti ak lang franse ki pral amelyore Afriken yo ak desandan yo nan Sen Domeng. Nan ventyèm syèk la, Frantz Fanon te byen konprann wòl yerachi rasyal ak klas sosyal nan fondasyon plan Moreau ak lòt kolon pou kolonizasyon mantal ak kontwòl moun ki pale kreyòl jodi a.
Sèten lidè Revolisyon 1791 lan te gen menm kalite prejije ak Moreau. Yon egzanp se Toussaint Louverture, yon nwa kreyòl ki te fèt nan esklavaj e ki te pale kreyòl trè byen. Menm lè Toussaint t ap goumen kont kolon franse yo, li te manifeste mi wo mi ba pa rapò ak lang kreyòl la. Pafwa li te menm konn joure moun ki te pale ak li an kreyòl.130 Poutan, se sèlman an kreyòl li te kapab kominike ak tout sòlda li yo—pifò ladan yo te fèt ann Afrik ki fè yo te pale divès lang diferan e kreyòl te sèl lang yo tout te pale kòm lang kominote a.
130Descourtilz, Voyages ; Deborah Jenson, Beyond the Slave Narrative : Politics, Sex, and Manuscripts in the Haitian Revolution (Liverpool : Liverpool University Press, 2010), 65, 85.Tounen nan tèks la
Sonje jan komisè kolonyal franse yo, ki te nan konpetisyon ak Toussaint konsènan kontwòl popilasyon rebèl la, te byen konprann enpòtans itilizasyon kreyòl la. Pwoklamasyon pa yo sou abolisyon esklavaj te pibliye ak yon « tradiksyon » an kreyòl kote diferans ant vèsyon kreyòl yo ak tèks orijinal an franse yo te petèt gen yon wòl estratejik.131
131Joseph-Gabriel, « Creolizing Freedom ».Tounen nan tèks la
Frankofili Toussaint an te ka parèt dwòl paske konpetans li te limite nan lang franse. Se sa nou wè nan tèks li te ekri pèsonèlman yo—ki se yon apwoksimasyon franse ki chaje ak detay òtograf ki reflete chapant kreyòl kòm lang natif natal li.132
132Jenson, Beyond the Slave Narrative, 17–18, 41, 65, 304–305.Tounen nan tèks la
Dessalines menm se te yon lòt pè de manch. Michel Étienne Descourtilz (1796–1855), yon blan franse ki t ap ekri yon liv sou plant nan koloni an ak sou istwa Revolisyon Ayisyen an, te esplike jan Dessalines te rayi lang franse. Dessalines te konn joure moun ki te pèmèt yo pale franse ak li.133 Nan premye pwoklamasyon ofisyèl Leta ayisyen an, Dessalines ak Boisrond-Tonnerre, sekretè li, (1776–1806), te deklare kareman kolon franse yo te sèvi ak « lang terib » yo a pou demounifye moun nwa epi pou kache krim Lafrans kont limanite.134 Jodi a, estrateji lengwistik pou twonpe moun an mòd mòde soufle fè mikalaw. An reyalite, depi revolisyon an, Ayiti te tounen sa Casimir rele « yon eta endepandan san yon pèp souvren » kote franse kòm « lang enperyal » se sèl kòk chante ki sèvi kòm « zam pou diktati lokal ».135
134Marlene Daut, « Un-silencing the Past : Boisrond-Tonnerre, Vastey, and the Re-writing of the Haitian Revolution, 1805–1817 », South Atlantic Review 74, # 1 (2009) : 35–6448 ; Jenson, Beyond the Slave Narrative, 89.Tounen nan tèks la
135Casimir, The Haitians, 306, 222.Tounen nan tèks la
133Descourtilz, Voyages d'un naturaliste, et ses observations f…
Descourtilz, Voyages d'un naturaliste, et ses observations faites sur les trois règnes de la nature, dans plusieurs ports de mer français, en Espagne, au continent de l'Amérique septentrionale, à Saint-Yago de Cuba, et à St.-Domingue. Dufart, père, 1809.
https://www.google.com/books/edition/Voyages_d_un_naturaliste/NJAaAAAAYAAJ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Egzanp : lè lè a te rive pou zansèt yo ekri deklarasyon endepandans Ayiti ansanm ak premye konstitisyon peyi a, ata Dessalines te chwazi franse nan plas kreyòl. Dekrè franse yo te sèvi kòm egzanp epi pifò moun nwa ki te pase sou ban lekòl te deja abitye ak pwoklamasyon ofisyèl an franse konsènan Deklarasyon dwa moun.136 Men, rayi chen, di dan l blanch, fòk nou rekonèt ke Dessalines t ap vize, kòm odyans, obsèvatè entènasyonal ke l t ap chache konvenk ke sitwayen Ayiti yo ta pito « viv lib oswa mouri ». « Liberté ou la mort », sa se te pawòl Deklarasyon Endepandans 1804 la epi sitwayen sa yo pa t ap janm dakò pou yo tounen esklav ankò. Epi, tou, Dessalines te konnen ke pifò konpatriyòt li yo pa t konn ni li ni ekri ; ki donk, se diskou a wot vwa, nan plas tèks ekri, ki te ka sèvi pou l kominike ak yo—kreyòl pale, kreyòl konprann.
136Joan Dayan, Haiti, History, and the Gods (Berkeley, CA : University of California Press, 1996) ; Deborah Jenson, Beyond the Slave Narrative : Politics, Sex, and Manuscripts in the Haitian Revolution (Liverpool : Liverpool University Press, 2010), 80.Tounen nan tèks la
Petèt yon lòt objektif nan ajannda Dessalines nan tèks franse sa yo se te demontre ke, malgre Afriken yo te kaptif, yo te ka sèvi ak lang franse ansyen kolon yo menm jan ak yo e se kon sa yo te moun egal ego ak yo. Sa ta dwe demanti pwopagann Ewopeyen yo kòm ki dirè lang Afriken yo se miwa mank kapasite entelektyèl Afriken sa yo.137 Sanble te gen espwa metriz franse a ta fasilite Ayiti jwenn plas li pami nasyon « sivilize » tankou Eta Zini ak peyi Ewòp yo.
137Léon-François Hoffman, Haiti : Regards (Paris : L'Harmattan, 2010), 146ff.Tounen nan tèks la
Siperyorite entelektyèl ?
Sèvi ak lang franse kòm zouti pou rive nan nivo blan franse se yon konplèks enferyorite ki te fè entelektyèl ayisyen yo vin konsidere pale franse kòm yon mezi siperyorite entelektyèl.138 Jean Price-Mars (1876–1969), yon fondatè mouvman Indigénisme ann Ayiti, te dekri kilti kreyòl la kòm yon bagay ki te « parèt sispèk e ki te menm vin parèt sal nan je elit yo ki t ap mouri an ba nostalji pou metwopòl yo te pèdi a ».139 Gran entelektyèl Demesvar Delorme (1831–1901) te menm deklare : « Lafrans pale lang dwa moun nan yon lang ki fè nanm nou vibre » epi, selon li, misyon Ayiti se fonde « dans les Amériques une nouvelle civilisation française »—egal : misyon Ayiti se ede fonde yon nouvo sivilizasyon franse nan Nouvo Monn lan.140
138Yon egzanp se analiz Hoffmann nan « Francophilia and Cultural Nationalism in Haiti » nan Haiti—Today and Tomorrow : An Interdisciplinary Study, ed. Charles R. Foster ak Albert Valdman, 57–76. Lanham, MD : University Press of America, 1984.Tounen nan tèks la
139Louis Price-Mars, Ainsi parla l'oncle : Essais d'ethnographie (Pòtoprens : Imprimerie de Compiegne, 1928), pibliye ann angle ak tit So Spoke the Uncle, trad. Magdaline Shannon (Washington, DC : Three Continents, 1983), 8.Tounen nan tèks la
140Demesvar Delorme, Les théoriciens au pouvoir (Paris : Plon, 1870), Hoffman te tradui epi site liv sa a nan « Francophilia and Cultural Naturalism in Haiti », 61.Tounen nan tèks la
Petèt pa t gen lòt moun ki te pi dirèk nan defans atachman kiltirèl e lengwistik elit ayisyen yo ak Lafrans pase Dantès Bellegarde (1877–1966), ki te fè yon kokenn chenn travay nan ranmase opinyon boujwazi ayisyen an. Se byen sa pitit pitit li, Patrick Bellegarde-Smith, yon istoryen, te dokimante.141 An 1904, Dantès Bellegarde te deja responsab edikasyon nasyonal ann Ayiti epi li t ap defann gwo refòm nan sistèm lan. Egzanp : manda ak depolitizasyon pwofesè yo. Epi li te sèvi kòm pwofesè volontè. Ann apre, li te vin jwe wòl gran politisyen nan dosye afè etranjè, enstriksyon piblik, afè relijye, agrikilti, diplomasi e latriye.142
141Patrick Bellegarde-Smith, In the Shadow of Powers : Dantès Bellegarde in Haitian Social Thought (Atlantic Highlands, NJ : Humanities Press, 1985), xiii, 155 ; Patrick Bellegarde-Smith, Haiti : The Breached Citadel (Boulder, CO : Westview, 1990), 58.Tounen nan tèks la
142Bellegarde-Smith, In the Shadow of Powers, 61.Tounen nan tèks la
Se Anténor Firmin (1850–1911), ki te yon gran entelektyèl anti-kolonyal ki te goumen pou egalite rasyal, ki te enspire sèten pozisyon lengwistik ak etnografik nou jwenn nan tèks Bellegarde yo.143 Firmin te kwè pa t gen « pi bon zouti lengwistik » pase franse pou Ayisyen ki bezwen « evolye mantalman ».144 Pawòl sa a, nan bouch yon entelektyèl nasyonalis, montre jan lang te antre fon nan prejije rasis ki ka fè tout yon pèp parèt kòm enferyè.
143Anténor Firmin, De l’égalité des races humaines : Anthropologie positive (Paris : F. Pichon, 1885).Tounen nan tèks la
144Bellegarde-Smith, In the Shadow of Powers, 51.Tounen nan tèks la
Kolon franse yo te plante prejije rasis byen fon nan lespri Bellegarde ak nan idantite li. Pwòp manman l se te yon moun ki te pòv e se sèlman kreyòl li te pale. Malgre sa, Bellegarde te meprize kreyòl e li te vle pou Ayiti tounen « yon pwovens entelektyèl Lafrans ». Egal : li te vle pou Ayiti adopte yon idantite lokal ki depann de lang ak kilti Lafrans. Bellegarde te wè kreyòl kòm yon lang ki « krebete lespri » epi li te wè franse kòm « zouti ki nesesè pou esprime panse » e ki « nesesè pou bati yon kilti nasyonal » epi li te pran lang ewopeyen yo kòm lang ki toujou siperyè devan lang kreyòl la ak lang afriken yo kòm lang enferyè. Li te mande pou Leta ede alimante eritaj franse Ayiti a. Selon li, se sa ki t ap pral fè sivilizasyon Ayiti a fè pwogrè paske « tout vi moral e entelektyèl ann Ayiti chita sou prensip ki nan fondasyon kilti ak sivilizasyon Lafrans ». Kalite prejije sa yo se egzakteman konsekans plan neyo-kolonyal Mollien te deja trase pou Ayiti depi an 1825.145
145Bellegarde-Smith, In the Shadow of Powers, 55, 104, 123, cha…
Bellegarde-Smith, In the Shadow of Powers, 55, 104, 123, chapit 4 ak 5 ; Bellegarde, « La langue française et le créole haïtien », 43 ; Bellegarde, « La langue française et le créole haïtien », Konjonksyon : Bulletin de l'Institut Français d'Haïti 19 (1949) : 39–43, 43. Bellegarde, Un haïtien parle (Pòtoprens : Chéraquit, 1934), 14, 18 ; Brière, « Du Sénégal aux Antilles ».Tounen nan tèks la
Malgre Bellegarde te di chapant kreyòl la menm fè l « pi pre franse pase sèten patwa franse »,146 li te toujou konsidere kreyòl kòm « yon lang matènèl ki kokobe » e ki bay ti moun yo « vis » nan fason yo pale, ki fè yo « bay bagay non ki pa kòrèk » epi, selon li, se yon lang ki bay mo yo « move sans » oswa « pwononsyasyon ki defòme ».147
146Bellegarde, Un haïtien parle, 12 ; gade tou Bellegarde, « La langue française et le créole haïtien », 40.Tounen nan tèks la
147Bellegarde, « La langue française et le créole haïtien », 42.Tounen nan tèks la
Kontradiksyon ki nan nannan analiz Bellegarde yo makonnen ak itilizasyon lang kòm zam pou dominasyon. Se kon sa aprann franse vin tounen objektif prensipal sistèm edikasyon peyi a.
Bellegarde te meprize eleman nan eritaj Ayiti ki, selon li, te tonbe an ba « madichon Lafrik Ginen » ke li te blame pou swadizan reta kiltirèl ak entelektyèl Ayiti a. Li te konsidere vodou kòm « move katolik women ».148 Soumisyon entelektyèl Bellegarde kòm yon frankofil ki rayi tèt li te fè l vin tounen yon defansè kolonizasyon ak esklavaj. Li te envesti karyè diplomatik li nan « vann » Ayiti bay Lafrans sou plan kiltirèl ak ekonomik—pou l ta fè Ayiti tounen sa Fanon te rele yon « bòdèl pou Lewòp ».149
148Yon egzanp se Bellegarde, Un haïtien parle, 28f ; n ap jwenn lòt egzanp nan Bellegarde-Smith, In the Shadow of Powers, 81f, 107, 121, 170f e latriye.Tounen nan tèks la
149Fanon, The Wretched of the Earth, 154.Tounen nan tèks la
Gen yon pawòl ki dwe trakase nou ki te vin parèt anvan pawòl « madichon Lafrik Ginen » Bellegarde la : deklarasyon filozòf alman Georg Wilhelm Friedrich Hegel (1770–1831) nan Filozofi Istwa ki di kon sa : « Lafrik . . . vlope an ba yon manto tou nwa tankou nan yon nuit ». Menm jan ak anpil lòt moun, jis jounen jodi a, Hegel pa t gade moun nwa kòm moun ; kòm ki dirè, nou pa gen « anyen ki ann amoni ak limanite »—egal : kòm moun nwa, nou nan nivo « objè ki pa gen valè ». Lafrik, li menm, se tankou yon « espri ki pa istorik, ki pa devlope ».
Sanble Hegel, menm jan ak Moreau anvan li, te vreman kwè nan esklavaj kòm mwayen pou « amelyore » moun nwa, yon fason pou « ogmante mounite » yo e menm « yon fason pou yo ka patisipe nan yon moralite ki pi nòb ansanm ak kilti ki mache ak moralite sa a ».150
150Georg Wilhelm Friedrich Hegel, The Philosophy of History, trad. J. Sibree (New York : The Colonial Press, 1899), 91–99, premye piblikasyon an se ann alman ak tit Vorlesungen über die Philosophie der Weltgeschichte (1837).Tounen nan tèks la
Delivrans sòti nan madichon « Kontra ak dyab la »
Prejije kont kilti Ayiti a kontinye ap fè mikalaw, sitou kont eleman ki sòti ann Afrik yo tankou eleman sa yo ki nan relijyon Vodou a. Se estereyotip Oliwoud ak lòt kote ki ankouraje prejije sa yo.151 Pa egzanp, an 2010, yon jou apre tranblemann tè Ayiti a, pastè ameriken Pat Robertson te pwoklame katastwòf sa a se konsekans yon madichon sou Ayiti. Selon li, zansèt nou yo te siyen yon « kontra ak dyab » pou yo te jwenn èd Satan nan konba revolisyon an ki te kòmanse ak seremoni Vodou nan Bwa Kayiman pre Okap. Nan demen, jounalis David Brooks nan New York Times te deklare Vodou « gaye mesaj ki di lavi renmen fè kapris epi sa rann planifikasyon initil » epi sa antre nan « yon rezo enfliyans kiltirèl ki ralanti pwogrè » !152 Sèten misyonè kretyen ameriken ansanm ak fidèl ayisyen konsidere malèz sosyo-ekonomik ak politik ann Ayiti kòm « prèv Bondye fache » epi yo mande pou Ayisyen « rejte tradisyon [Satanik] ki sòti ann Afrik yo » ; yo menm panse koulè po nwa nou se « madichon Kayen an ».153
151Michel DeGraff, « `Voodoo Science' nan MIT ? », MIT Faculty Newsletter XXX, # 2 (2017), https://web.mit.edu/fnl/volume/302/degraff.html ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
152Frank James, « Pat Robertson Blames Haitian Devil Pact for Earthquake », NPR, 13 janvye 2010, https://www.npr.org/sections/thetwo-way/2010/01/pat_robertson_blames_haitian_d.html ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.David Brooks ; « The Underlying Tragedy », New York Times, 14 janvye 2010.Tounen nan tèks la
153Elizabeth McAlister ak Karen Richman, « Catholic, Vodou, and…
Elizabeth McAlister ak Karen Richman, « Catholic, Vodou, and Protestant : Being Haitian, Becoming American—Religious Pluralism, Immigrant Incorporation, and Transnationalism » nan Immigration and Religion in America : Comparative and Historical Perspectives, ed. Richard Alba, Albert J. Raboteau ak Josh De Wind (New York : New York University Press, 2009).Tounen nan tèks la
Nou pa ka iyore prejije rasis ki dèyè kanpay anti-Vodou sa yo. Men, gen yon mi wo mi ba ki twoublan toujou sou Vodou ak kreyòl pami kèk moun ki pretann y ap onore tradisyon zansèt yo. Roxane Ledan bay egzanp mi wo mi ba sa yo. Se yon moun ki di li fè rechèch epi se li ki ekri liv Vèvè Vodou Ayiti. Se yon liv li ekri epi li pibliye an franse sou Vodou.154 Se ak anpil fyète li te deklare li pa gen pyès entansyon pou l janm pibliye yon tradiksyon kreyòl liv la. O kontrè, li di li vle « rale Vodou sòti nan labou » epi « mennen li monte nan yon nivo ki pi wo » gras a piblikasyon an franse ak ann angle.155
154Roxane Ledan, Vèvè Vodou Ayiti (Pòtoprens : Ayiti Bèl, 2023).Tounen nan tèks la
155Konvèzasyon nan lansman liv nan Okap, Ayiti, 1e out 2023, otè a te prezan.Tounen nan tèks la
Lide sa a ki pale de yon misyon « sivilizatris » an franse ak angle pou leve nivo Vodou—kote tout chante ak litiji se an kreyòl—se yon sentòm ki klè ki montre Ayiti soufri yon gwo malèz kolonyal pami elit sa yo ki kontinye ap penpennen yon butin de guerre ki pa vo tout sa yo kwè a. « Selebre » yon fenomèn kiltirèl nasyonal ki mare ak lang nasyonal la epi w ap fè sa an franse ak angle sèlman, sa vin tounen yon vyolans senbolik k ap denigre idantite lengwistik nasyon ayisyen an pandan w ap mete aktè ki responsab vyolans sa a kòm « pwomotè » istwa nou ak eritaj kiltirèl nou.
Se yon andikap k ap ralanti avansman nasyon nou lè n ap plede valorize franse nan lekòl, nan tribinal, nan biwo leta ak nan lòt enstitisyon kote franse se sèl kòk chante. Frankofili sa a se egzanp yon pwoblèm ke filozòf franse Jean-Paul Sartre (1905–1980) te rele, nan yon lòt kontèks, « maskarad boujwazi lokal la depi nan kòmansman rive nan fen ».156
156Jean-Paul Sartre, « Preface » nan Fanon, The Wretched of the Earth.Tounen nan tèks la
« Emancipate yourselves from mental slavery »—« Delivre tèt ou sòti an ba chenn mantal »
Gen plizyè lengwis ki deklare lang kreyòl yo « se andikap nan devlòpman pèsonèl e entelektyèl moun ki pale kreyòl ».157 Lang kreyòl yo rete pami lang yo pi meprize nan lemonn ; gen anpil moun ki pa kwè lang kreyòl yo pare pou yo sèvi kòm lang ansèyman oswa lang pou esprime konsèp konplike nan sosyete modèn yo. Se pa yon aksidan ki fè moun ki pale kreyòl yo konte pami sila yo y ap peze pi plis an ba baboukèt ak lamizè tou patou nan lemonn. E poutan, ata moun ki pale kreyòl patisipe nan ranfòse stigmatizasyon anti-kreyòl—ata gwo entelektyèl antiyè sa yo ke yo konsidere kòm gwo defansè konpatriyòt ki pale kreyòl e gwo defansè souvrènte pa yo. Mi wo mi ba sa yo redui enpòtans lòt kontribisyon pa yo.
157Keith Whinnom, « Linguistic Hybridization and the ‘Special Case’ of Pidgins and Creoles » nan Pidginization and Creolization of Languages, ed. Dell Hymes (Cambridge, UK : Cambridge University Press, 1971), 110.Tounen nan tèks la
Gen anpil egzanp kon sa. Aimé Césaire (1913–2008) se te yon ekriven matinikè ki te popilè anpil e ki te ekri yon diskou anti-kolonyal an 1950—yon diskou ki te chaje ak repondong. Li te ankouraje « konsyantizasyon moun nwa » ; men, li te estime kreyòl natif natal li a kòm yon lang ki « pa fouti ka esprime konsèp abstrè ». Selon li, lang kreyòl la se te « yon aspè nan reta kiltirèl zile Matinik ».158 Hénock Trouillot (1923–1988), youn nan pi gran istoryen ayisyen, te deklare : « lang kreyòl fasilite medyokrite nan plizyè fason » ; se yon lang ki bloke kreyolofòn nan wout pou yo jwenn konesans ki siperyè ; « yon moun ki pale kreyòl sèlman, se yon moun ki oblije analfabèt ». Trouillot te kwè kreyòl manke « materyèl ki gen bon nivo pedagojik » pou aprenan yo reyisi nan « matematik, fizik, jeyografi ak syans natirèl », ki ta dwe anseye « an franse oswa nan nenpòt lòt lang ki inivèsèl ».159 Jean Métellus (1937–2014) se yon Ayisyen ki te romansye, powèt, otè dramatik, newològ e lengwis, ki t ap fè kanpay pou franse kòm lang ansèyman ann Ayiti. Li te kwè kreyòl se yon lang ki « sèlman ka sèvi nan pwezi . . . se pa yon lang ki ka sèvi pou syans de baz oswa ki ka sèvi nan pwogrè konesans ».160
158Aimé Césaire, Discours sur le colonialisme (Paris : Présence Africaine, 1955) ; « Entretien avec Aimé Césaire par Jacqueline Leiner », Tropiques 1 (1941) : v–xxiv.Tounen nan tèks la
159Hénock Trouillot, Les limites du créole dans notre enseignement (Pòtoprens : Imprimerie des Antilles, 1980), 12, 13, 22.Tounen nan tèks la
160Jean Métellus, « What Is an Intellectual » (Entèvyou), Haïtiens aujourd'hui 2, # 1 (1997) : 11–26.Tounen nan tèks la
Raphaël Confiant, yon save matinikè anpil moun konnen, karakterize kreyòl natif natal li kòm « yon lang ki pa pèmèt ou gen panse abstrè ».161 E poutan, nan youn nan woman li yo, rakontè a esplike ke moun ki pale kreyòl Matinik dwe « tounen zonbi pou yo pale franse—ala tèt fè mal ». Men, lè yo pale kreyòl matinikè, yo ka « esprime bagay » ou ka santi sèlman anndan w epi « w ka degiste nannan chak pwovèb tankou fwi ki etranj e ki gen bon gou ».162
161Carolyn Mooney, « On Martinique : Elevating the Status of Creole », Chronicle of Higher Education, 9 jen 2000.Tounen nan tèks la
162Raphaël Confiant, Eau de Café : Roman (Paris : B. Grasset, 1991).Tounen nan tèks la
Mwen konnen gen anpil moun ki pale kreyòl ki wè lang ansyen kolon yo kòm zam pou zonbifikasyon alòs ke lang manman se yon lang pou reveye nanm.
Egzanp sa yo demontre ki jan agiman akademik sou lang ka sèvi kòm zam pou ranfòse enterè elit nasyonal yo ansanm ak elit neyo-kolonyalis yo—e ki jan ata moun an ba yo ka vin dakò ak pwopagann k ap mete etikèt « enferyè » sou do yo. Entelektyèl kolonize yo toujou ap debat an ba menm kalite chenn mantal sa yo ke Dessalines te denonse an 1804, ke Fanon te analize nan epòk li a e ke romansye Ngũgĩ wa Thiong'o te dekri nan liv li te pibliye an 1986 sou « Dekolonizasyon lespri : Politik lang nan literati afriken yo ».163
163Fanon, Peau noire ; Ngũgĩ wa Thiongʼo, Decolonising the Mind : The Politics of Language in African Literature, London : J. Currey, 1986.Tounen nan tèks la
Jounen jodi a, si sèlman entelektyèl sa yo ki gen chenn nan tèt ta ka suiv konsèy gran mizisyen jamayiken Bob Marley mwen te deja site : « An n delivre tèt nou sòti an ba esklavaj mantal. Pa gen pyès moun, sòf tèt nou sèl, ki ka libere lespri nou ».164
164https://genius.com/Bob-marley-and-the-wailers-redemption-song-lyrics ; mwen te gade sit entènèt sa yo nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Sòti nan pèspektiv kote kreyòl se yon zouti ki nesesè pou bati yon Ayiti ki gen souvrènte, nenpòt ki mannèv pou devalorize ak mete baboukèt sou lang lan, sa sèvi estrateji ansyen kolon ak nouvo kolon k ap demounifye Ayisyen epi k ap fè Ayiti tounen sa yo rele « eta ki echwe ». Sistèm edikasyon an kondane majorite a nan gwo echèk pandan sistèm sa a garanti ti pousantaj moun ki pale franse ka kontinye kontwole sosyete a.165 Objektif prensipal fabrikasyon echèk sa a antre nan estrateji neyo-kolonyal ak neyo-liberal yo : se remèt nan men Eta Zini ak Ewòp gwoup travayè ki apovri e ki demounifye ansanm ak nenpòt ki matyè premyè ke puisans sa yo estime ki nesesè pou anrichisman pa yo ak pouvwa pa yo. Estrateji sa a benefisye akolit lokal yo tou. Se ajan lokal sa yo menm ki manifeste yon « mepri pwofon » pou mas pèp la regilyèman. Moun an wo sa yo tèlman « krenn demokrasi » ata Anbasad Ameriken nan Pòtoprens konnen yo kòm « elit ki pi repiyan ann Ayiti » (« most repugnant elites »—M.R.E.).166
165Michel Saint-Germain, « Problématique linguistique en Haïti et réforme éducative : quelques constats », Revue des sciences de l'éducation 23, # 3 (1997) : 611–642.Tounen nan tèks la
166Fatton, Haiti’s Predatory Republic, xii, xxx.Tounen nan tèks la
Esplwatasyon ak abi san pran souf kont moun brav k ap reziste san rete
Istwa ak prejije ki detaye nan chapit 2 sa a, mete sou istwa lekòl nan chapit 1 a, sa koute pèp ayisyen an vreman twòp. Responsab yo konn sa epi pafwa yo menm rive admèt aksyon yo ak konsekans terib aksyon sa yo—jan Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) te fè.
OEA te fonde « pou reyalize lapè ak jistis » nan peyi Amerik yo « pou ankouraje solidarite, ranfòse kolaborasyon epi defann souvrènte yo, entegrite teritoryal yo ak endepandans yo ».167 Se Sekretarya Jeneral menm OEA sa a ki te pibliye yon deklarasyon an 2022 kote li te admèt OEA te bay Ayiti kout ba nan dosye « souvrènte » a selon sa nou dwe konprann nan kontèks peyi a epi li aksepte « responsabilite enstitisyonèl » OEA nan kriz ki frape Ayiti a.168
167Òganizasyon Eta Ameriken yo, « Charter of the Organization of the American States » (A–41), https://www.oas.org/en/sla/dil/docs/inter_american_treaties_A-41_charter_OAS.pdf ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
168Òganizasyon Eta Ameriken yo, « Statement of the OAS General Secretariat on Haiti », 8 out 2022, https://www.oas.org/en/media_center/press_release.asp?sCodigo=E-045/22 ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
Deklarasyon an di kon sa : « 20 ane ki sot pase yo pandan kominote entènasyonal la te prezan ann Ayiti se youn nan echèk ki pi malouk e ki pi klè ki janm frape yon peyi nan kad enplemantasyon ak egzekisyon nenpòt koperasyon entènasyonal ». Echèk sa a se rezilta « 20 ane estrateji politik ki deraye » kote kominote entènasyonal la pa ede ditou pyès nan kreyasyon okenn « enstitisyon ki gen kapasite pou rezoud pwoblèm Ayisyen ap konfwonte ». OEA blame fòs an deyò pou « gang kriminèl ki sènen peyi a jodi a ». Se etranje sa yo ki te kite « dezòd, destriksyon ak vyolans dèyè » apre yo te ale fè wout yo.
OEA pa t gen okenn espwa pou Ayisyen « ta kapab rebati oswa bati kalite pwojè sekirite, otonomi (an deyò enstitisyon dominan yo) ak devlòpman ki pou ta fasilite 12 milyon sitwayen retounen nan viv ansanm nan lapè ». Pwojè sa yo « bezwen koperasyon kominote entènasyonal la nan tout dosye konsènan tout resous ki nesesè, kit se finansye, imen oswa materyèl. Se twonpe nou ta twonpe tèt nou si nou panse nenpòt nan resous sa yo ta ka devlope san sipò kominote entènasyonal la. »
Jounalis Amy Wilentz, ki ekri anpil sou Ayiti, te rele deklarasyon sa a yon « konfesyon » ki « ta dwe mennen OEA nan yon pinisyon sevè » ; men, « nou pa menm konnen ki jan yo pini yon neglijans malouk kon sa kote dirijan OEA yo trayi devwa yo ak imanite yo. Sa dwe fè nou sonje pwosè tribinal Nuremberg yo lè nou kalkile tout Ayisyen ki peri akòz vyolans gang, nan lanmè pandan y ap eseye chape epi nan mank kay pou yo abite, nan mank ijyèn ak swen sante—tout sa se resous kominote entènasyonal la te pwomèt ; men, yo pa janm bay yo ».169
169Amy Wilentz, « The OAS Admits Culpability in the Destruction of Haiti », The Nation, 10 out 2022, https://www.thenation.com/article/world/oas-statement-haiti-crisis ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la
An n pa bliye enpòtans lang nan souvrènte epi an n pa bliye yon sitiyasyon kote « kominote entènasyonal la » gen Lafrans ladan, ki se ansyen kolonizatè Ayiti, ansanm ak tout Nasyon Zini (ki gen peyi MINUSTAH yo ladan). Kounye a, an n gade paragraf sa a ki se kritik ki pi dirèk nan atik Wilentz lan :
Lè nou tradui gwo diskou politik entènasyonal nan pawòl ki sèvi pou analize kriz nan fanmi, men sa nou jwenn : « Papi te toujou sèvi ak lajan li, fòs ponyèt li ak wòl li nan kominote a pou l kontwole w epi pou li fè w abi. Li te kraze konfyans ou te genyen nan pwòp tèt ou, li te fè kadejak sou ou tou lè jou epi li fè dappiyanp sou tout ti kras bagay ou te ka genyen oswa ki te rele w pa w. Epi, tou, li ankouraje tout move nèg nan vwazinaj la fè w mal. Ou te dekouraje nèt an ba abi li yo tou lè jou. Alòs, kounye a, pou w ka geri an ba twoma sa a, tanpri kite Papi antre nan lavi w yon lòt fwa ankò (kòm si li te janm sòti ladan) epi kite l sèvi ak lajan li, fòs ponyèt li ak wòl li nan kominote a pou l kontwole w epi pou l fè w abi ankò. Se kon sa tout bagay pral retounen nan plas yo kòm sa dwa. »170170Wilentz, « The OAS Admits Culpability »Tounen nan tèks la
Ti moun sa a k ap soufri abi nan istwa Wilentz lan, yo mete baboukèt nan bouch li. Ann Ayiti, se sèlman an kreyòl nou ka libere vwa sa a ; se sèl lang sa a ki rele 100% popilasyon an « chè mèt, chè mètrès ». E poutan, papi sa yo k ap plede fè Ayiti abi yo, se pa sèlman eta nasyon, òganizasyon gouvènmantal entènasyonal ak ONG. Gen tout yon lòt kominote entènasyonal, pami lengwis yo, k ap ranfòse abi kont Ayiti ak kont lòt pos-koloni tou patou nan lemonn, espesyalman nan dosye lang. Se lengwis sa yo ki envante yon seri kwayans nan lengwistik konsènan lang kreyòl yo. Se kwayans sa yo k ap sèvi kòm zouti pou dominasyon ak diskriminasyon. Mwen te rasanble kwayans sa yo an ba etikèt « Eksepsyonalis kreyòl » (egal : teyori ki mete lang kreyòl yo nan yon kategori apa). Se yo mwen pral devwale nan chapit 4. Men, anvan sa, an n gade nan chapit 3 ki jan yo fè lang tounen zam pou neyo-kolonizasyon, lontan pi lwen pase Ayiti, rive tou patou nan lemonn.