Ale dirèk nan tèks la
Lang a nou

Chapit 5

Lengwistik se zouti pou jistis tou patou nan lemonn—egzanp : edikasyon ann Ayiti

Kreyòl pale, kreyòl konprann !

—Pwovèb ayisyen

An 2010, mwen fè konesans ak Madan Kamo (fo non) nan Matènwa, sou Zile Lagonav.297 Lagonav se pi gwo zile pami zile satelit Ayiti yo. Mwen t ap dirije yon pwojè pilòt nan Lekòl Kominotè Matènwa (LKM). Sa se yon pwojè Fondasyon Nasyonal pou Lasyans oz Eta Zini (US National Science Foundation) te finanse. Objektif la se te evalye rannman itilizasyon kreyòl kòm lang ansèyman lekti, ekriti, matematik ak syans.298 Madan Kamo te nan klas katriyèm ane nan lekòl la, nan menm klas ak youn nan kat pitit li yo—yon ti gason ki rele Makso (fo non). Madan Kamo se yon fanm vanyan. Li te fyè anpil paske li finalman t ap aprann lekti, ekriti ak chapant fòmèl aritmetik.

297Se zanmi kòlèg mwen, Pwofesè John Baugh, otè Linguistics in Pursuit of Justice, ki enspire tit chapit sa a. John Baugh te kreye tèm « linguistic profiling ». Se youn nan pi gwo konbatan kont itilizasyon lang nan divès kalite enjistis.Tounen nan tèks la

298Michel DeGraff, « Mother-Tongue Books in Haiti : The Power of Kreyòl to Read and in Reading to Learn », Prospects 46, # 3 (2016) : 435–464.Tounen nan tèks la

Sa k te fè Madan Kamo pi kontan toujou se paske li t ap aprann an kreyòl—ki se sèl lang ki rele ni li ni pifò popilasyon Lagonav la « chè mèt, chè mètrès ». Li te gen menm nivo angouman ak tout rès klas la pou pwojè sa a kote kreyòl te sèvi kòm lang ansèyman nan jwèt edikatif sou òdinatè pou aprantisaj aktif.

Yon fwa Madan Kamo te rele m pou m vin pale ak li an deyò sal klas la. Makso te gen move vant fè mal epi manman l te priye m akonpaye yo ale lopital.

Sa te etone m paske m te konnen yo te ka pran wout la pou kont yo alèz. M te oblije mande l pou ki sa mwen te bezwen ale ak yo. Li di li pa pale franse, ki fè anplwaye lopital la—kòmanse ak resepsyonis la—t ap ban mwen meyè sèvis pase l paske se mwen ki konn pale franse.

Tristès istwa sa a grave nan memwa mwen pou lavi. Demann Madan Kamo a, se te yon rèl detrès ki sòti dirèk nan kè yon manman ki te vle garanti l ap rive jwenn pi bon swen ki posib pou pitit gason l.

Tout anplwaye lopital la se ayisyen. Se kreyòl ki lang manman yo tout, se lang sa a yo tout pale. Poutan, Madan Kamo te di m : « Mwen pa pale franse, mwen pa moun ». Li te konnen, depi l pale kreyòl ak anplwaye nan lopital la, sa t ap fè yo gade ni li ni Makso kòm si yo pa moun. Se yon esperyans mwen sèten li te deja soufri anvan sa, tankou anpil lòt Ayisyen y ap vyole dwa yo tou lè jou nan lopital, labank, biwo leta, lekòl, tribinal, e latriye—kote se moun ki pale franse yo toujou bay priyorite.

Sa ki pi tris toujou se lè nou sonje LKM, kote m t ap dirije pwojè pilòt la, se youn pami ra lekòl ann Ayiti kote kreyòl la se lang ansèyman fòmèl depi lontan epi lekòl la fè yon gwo travay pou bay elèv yo bèl fyète pou lang nasyonal la. Modèl LKM lan te ka parèt tankou antidòt kont prejije anti-kreyòl ki afekte twòp paran ayisyen nan klas mwayèn ni ann Ayiti ni lòt bò dlo—nan Boston, Nouyòk, Miyami, Monreyal, Pari ak lòt kote. Paran sa yo souvan derefize pale kreyòl ak pitit yo e y ap plede devalorize lang matènèl pa yo nan peyi etranje. Sa tou se yon konsekans rayisman kont pwòp tèt nou anpil Ayisyen aprann depi nou tou piti, mete sou rayisman kont Ayisyen nou konn jwenn nan peyi kote nou emigre yo.

Lè yo mande elèv LKM yo ki sa yo pi renmen konsènan Ayiti, yo souvan reponn : « Mwen konn pale kreyòl. Se pi bèl lang pami tout lang. Chak grenn etranje ki vin isit la mande pou nou montre yo kreyòl. Yo swete yo te ka pale l ».299

299« Kids Speak », Faces : People, Places, and Cultures Across the Globe, « Haiti : Rebuilding a Nation », Septanm 2011, 18.Tounen nan tèks la

Malerezman, apatèd lengwistik ann Ayiti toujou ap fè moun soufri. Nan yon rechèch an 2010, Bank Mondyal ak Ajans Ameriken pou Devlòpman Entènasyonal (USAID) te dekouvri se prèske mwatye elèv nan klas twazyèm ane ki pa t ka li menm pa yon sèl grenn mo. An 2020, USAID te fè nou konnen 75% elèv ki te fini klas premye ane ansanm ak prèske 50% ki te fini klas dezyèm ane pa t ka li yon sèl grenn mo non plis.300 Tou patou ann Ayiti, nou konn tande ti moun ki ka li e k ap koupe fraz nan mitan oswa menm nan mitan mo epi y ap memorize bout fraz kòm si se chante y ap chante. Sa tou se pa kè jako repèt (gade sa m te di sou sa nan chapit 1). Aprann pa kè sa a se yon tradisyon ki la lontan ann Ayiti kote aprenan yo memorize tèks franse yo. Menm lè ti moun sa yo rive aprann lekti, se yon lekti ki souvan baze sou memorize korespondans ant lèt ak son epi yo fè lèt pouse son san yo pa konprann tèks y ap li a. Sa se yon teknik lekti ki fè ti moun yo pa konprann anyen nan sa y ap li a.

300US Agency for International Development, « USAID/Haiti Education Fact Sheet », Janvye 2020, h https://policycommons.net/artifacts/18357516/usaidhaiti-education-fact-sheet/19257988/view/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Men, ti moun mwen te obsève nan LKM yo te konprann sa yo t ap li e yo te pran plezi nan tout pwosesis lekti a. Yo te pami lektè ki te pi kontan pami lektè mwen te konn obsève nenpòt lòt kote. Yo te kontan patisipe nan pwojè pilòt sou aprantisaj aktif nan matematik ak jwèt sou òdinatè ki sèvi ak kreyòl ansanm ak lòt zouti nimerik mwen te entwodui nan LKM an 2010. Kreyòl, lang matènèl la, te ede ti moun yo aprann nan kè kontan ak angouman pou chak matyè.

Ann Ayiti, rezilta aprantisaj pami elèv ki gen chans aprann an kreyòl ban nou lespwa demen miyò ansanm ak yon ti apèsi sou itinerè pou lòt pèp sou latè ki gen lang matènèl pa yo tou ki an ba baboukèt. Nan chapit sa a, m ap pataje istwa pwogram pilòt LKM la epi m ap pataje enfòmasyon sou pwojè ki te kòmanse avèk atelye aprantisaj aktif ki sèvi ak teknoloji adapte pou pwofesè S.T.En.M. (syans, teknoloji, enjeniri/jeni ak matematik) nan lekòl segondè ak inivèsite.301

301N ap jwenn pi plis detay sou 2 istwa sa yo ak rezilta yo bay…

N ap jwenn pi plis detay sou 2 istwa sa yo ak rezilta yo bay nan 2 atik sa yo ki se sous prensipal pou chapit sa a : DeGraff, « Mother-Tongue Books in Haiti » ak Michel DeGraff, « The Politics of Education in Post-Colonies : Kreyòl in Haiti as a Case Study of Language as Technology for Power and Liberation », Journal of Postcolonial Linguistics 3 (2020) : 89–125. Mwen pi byen dekri konparezon de baz la nan : Michel DeGraff, « Mother-Tongue Books : Learning to Read in Haiti—Baseline Survey Report on Reading Levels »—rapò mwen te soumèt bay All Children Reading : A Grand Challenge for Development, 13 mas 2013.Tounen nan tèks la

Aprantisaj lekti ak matematik nan yon « bèl » lang matènèl

Sonje rapò 2010 ki te revele prèske mwatye elèv nan klas twazyèm ane pa t ka li pa menm yon sèl grenn mo. Nan menm rapò sa a, ti moun ki te kapab li yo te fè sa nan yon mwayèn ki te mwens pase 23 mo pa minit.302 Lè nou konnen konpetans nan lekti ak ekriti se yon bagay ki nesesè pou siksè akademik elèv yo pi devan, echèk kwonik sa a ki gaye tout kote gen konsekans ki grav anpil pou elèv Ayiti yo ak pou demen peyi a.

302Messaoud-Galusi ak Miksic, « Haiti : Early Grade Reading Assessment »Tounen nan tèks la

Premye fwa m te vizite LKM, kote yo anseye ti moun yo an kreyòl, elèv twazyèm ane yo t ap li an mwayèn 60 mo pa minit, prèske twa fwa pi vit pase elèv kèk lekòl ki te jwenn finansman Bank Mondyal.303

303Michel DeGraff, « Kreyòl-based and Technology-enhanced Learning of Reading, Writing, Math, and Science in Haiti : Project Outcomes Report », Washington, DC : National Science Foundation, 2015.Tounen nan tèks la

Ki sa ki esplike yon gwo diferans kon sa ? Lè LKM te inogire an 1996, Abner Sauveur ak Chris Low, fondatè yo, te rejte tradisyon sistèm lekòl elitis neyo-kolonyal Ayiti a epi yo te adopte pratik pedagojik ki onore e respekte dwa anseyan ak aprenan, kilti yo, lang yo, idantite yo, kominote yo ak anviwonnman yo. Filozofi fondal natal sa a te vle di sèvi ak kreyòl pou alfabetizasyon ki bay rannman e pou aprann tout matyè akademik yo.304 Pou mwen, sa te klè, depi an lagan, bèl nivo lekti elèv LKM yo te mare ak metòd ansèyman an kreyòl ki sèvi ak Liv Lang Manman (LLM).

304Zanmi Matènwa, « Our Story », san dat, https://www.matenwa.org/about1-cmfd ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

San di petèt, LKM se te pi bon lekòl pou yon pwojè pilòt ki t ap chache done enkontounab pou m konfime sa mwen te deja konnen sou kreyòl kòm yon lang ki nòmal kòm zouti pou ansèyman ak aprantisaj epi, tou, mwen te vle demontre lè nou pa anseye ti moun yo nan lang matènèl pa yo, sa se yon vyolasyon dwa moun—yon krim, pa gen manti nan sa.

Mwen te vin kole zepòl ak kòlèg LKM mwen yo pou nou devlope yon pwojè an twa faz ki t ap kòmanse ak yon konparezon inisyal ant, sou yon bò, elèv premye ane ak dezyèm ane LKM ak, sou yon lòt bò, kanmarad yo nan senk lekòl ki tou pre LKM e ki se lekòl kote anseyan yo te itilize metòd tradisyonèl ak yon konbinezon meli melo kreyòl ak franse.305 Nou te obsève elèv nan lekòl sa yo ki t ap aprann pa kè an jako repèt, selon metòd mwen deja dekri a, san yo pa vreman konprann sa y ap aprann li a. Yo t ap jis memorize pou yo vomi tèks sa yo nan resitasyon oswa nan egzamen.

305Michel DeGraff, « Mother-Tongue Books : Learning to Read in Haiti—Baseline Survey Report on Read ing Levels », »—rapò mwen te soumèt bay All Children Reading : A Grand Challenge for Development, 13 mas 2013.Tounen nan tèks la

Evalyasyon inisyal la te montre jan elèv LKM yo t ap li nan yon nivo ki pi wo lontan pase elèv lòt lekòl yo kote rezilta jeneral la te trè ba. Anpil ti moun nan lòt lekòl sa yo, menm elèv dezyèm ane yo, te sanble yo pa te ka li ata yon sèl grenn mo. Nan 2 lekòl, prèske chak elèv nou te teste yo—kèl ke swa klas yo—pa te ka li anyen menm nan yon istwa byen kout. Men, lè nou te teste konpreyansyon istwa oral—ki pa depann de nivo lekti—elèv yo te bay apeprè menm rezilta kèl ke swa lekòl la. Sa demanti lide sèten doktrin Eksepsyonalis Kreyòl ki di, lè lang kreyòl yo sèvi kòm lang ansèyman, sa afebli kalite ansèyman ak aprantisaj epi, jan yon atik anpil save site te di, chapant « apovri » lang kreyòl yo « se yon andikap nan devlòpman pèsonèl entelektyèl kreyolofòn yo ».306

306Whinnom, « Linguistic Hybridization and the ‘Special Case’ of Pidgins and Creoles ».Tounen nan tèks la

Nan dezyèm faz la, nan dis sal klas nan lòt lekòl sa yo. Objektif la se te rezoud gwo diferans nan konparezon nan premye faz la. Metòd la se aprantisaj aktif ki vle di : « metòd [ki] mande elèv yo konsantre yo sou aprantisaj la pandan y ap reflechi, diskite, envestige epi kreye. Nan sal klas yo, elèv yo pratike konpetans ak ladrès, yo rezoud pwoblèm, yo fouye zo nan kalalou kesyon ki difisil, yo pran desizyon, yo pwopoze solisyon epi yo sèvi ak pwòp mo pa yo pou yo esplike, pou yo ekri epi pou yo brase lide ».307

307Center for Teaching Innovation, Cornell University, « Active Learning », san dat, https://teaching.cornell.edu/teaching-resources/active-collaborative-learning/active-learning ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Senk lekòl ki pa LKM yo te bezwen aksyon ratrapaj imedya. Nou te fè ipotèz metòd ki baze sou LLM—egal : ansèyman lekti ak ekriti sou baz pedagoji patisipatif ki santre sou ti moun ak sou kolaborasyon pou pwodiksyon liv an kreyòl—te ka amelyore nivo lekti ti moun yo. Se sa nou te deside ofri elèv premye ane ak dezyèm ane yo.

Twazyèm faz la se te evalye epi mezire enpak entèvansyon an sou nivo lekti nan pwochen ane lekòl la.

Pou entèvansyon pou nou amelyore nivo lekti inisyal la nan lekòl yo, nou te sèvi ak yon metòd endiktif—ki vle di anpil egzèsis pou devlope ladrès pou ti moun yo rive rekonèt korespondans ant lèt ak son nan kreyòl ekri. Nou pa sèvi ak metòd memorizasyon pa kè jako repèt la. O kontrè, nou mete ti moun yo nan yon anviwonnman aprantisaj aktif. Nou sèvi ak istwa ki gen desen e ki sòti nan imajinasyon ti moun yo menm. Pafwa ti moun yo jwenn enspirasyon nan youn nan Liv Lang Manman sa yo anseyan yo te li pou elèv premye ane yo oswa se pwofesè yo oswa elèv ki pi gran yo ki ede elèv dezyèm ane yo li liv LLM yo. Ti moun yo rakonte esperyans yo te viv oswa yo kreye istwa nan sal klas la epi pwofesè yo ekri istwa yo sou tablo a. Lè sa a, elèv yo jwe wòl pèsonaj ki nan istwa yo. Apre sa, yo travay ansanm pou yo rafine tèks yo epi pou yo fè desen an ba bon jan sipèvizyon pwofesè yo.308

308Ou ka jwenn yon mànyèl an kreyòl ki esplike metòd Liv Lang manman an etap pa etap : https://mit-ayiti.net/resous/gid-liv-lang-manman/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Apre sa, pwofesè yo ede chak elèv chwazi de twa fraz pou yo ekri nan liv la bò kote desen yo. Epi klas la mete fraz yo ak desen yo nan lòd. Gran moun yo tradui istwa a an franse, angle oswa panyòl ; pafwa lòt ti moun—nan Pòtoriko, Boston ak lòt kote—te patisipe nan tradiksyon liv yo tou.309 Tradiksyon liv yo ann angle ak panyòl bay elèv premye ane ak dezyèm ane yo yon ti lougal byen bonè—pye kout pran devan—sòti nan 2 lang y ap oblije aprann kòm dezyèm lang pi devan nan klas siperyè yo. Epi fòk nou konsidere pozisyon kreyòl tou, sitou nan kontinan Amerik la, ki fonksyone kòm yon lang entènasyonal nan pwen ke gen plis kreyolofòn pase frankofòn nan rejyon an.310 Epi, tou, kreyòl se yon lang ki gen yon istwa ki rich e ki ouvri yon fenèt sou yon bèl kilti. Ki donk, lè ti moun ki pa ayisyen ka aprann nenpòt ki kantite kreyòl, sa se yon avantaj pou yo tou. Mete sou sa, ti moun ayisyen yo kontan e yo fyè lè yo konnen istwa pa yo pral tonbe an ba je jèn lektè nan peyi etranje k ap pataje istwa pa yo tou epi istwa sa yo konn gen anpil resanblans ak istwa pa nou ann Ayiti. Se pwofesè LKM yo ak lòt gran moun ki tradui istwa sa yo an kreyòl epi se sa ki boukle yon bèl sèk zanmitay a distans.

309Ou ka wè yon egzanp youn nan liv sa yo nan https://mit-ayiti.net/resous/liv-lang-manman-bet-lanme/ Nan videyo sa a, ou ka koute yon ti moun k ap li youn nan istwa Liv Lang Manman ke m pi renmen : https://youtu.be/h4Tcu5r14QE ; mwen te gade sit entènèt sa yo nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

310Suze Marie Mathieu, Depi nan Ginen, nèg renmen nèg : Kreyòl ak demokrasi nan peyi d Ayiti (Pòtoprens : Bibliyotèk Nasyonal Peyi d Ayiti, 2005).Tounen nan tèks la

Evalyasyon final pou mezire rannman entèvansyon an te fèt pandan ane lekòl ki vin ann apre a epi li te revele yon bèl ogmantasyon nan nivo lekti elèv premye ane ak dezyèm ane nan senk lekòl ki pa LKM yo. Rezilta sa a pa kite okenn dout sou enpak pozitif entèvansyon an lè nou sèvi ak metòd Liv Lang Manman. Elèv ki pa LKM yo te rive rejwenn nivo kanmarad yo nan LKM yo nan konpetans lekti.

Ratrapaj la te pran sèlman yon ane ansanm ak envestisman nan fòmasyon anseyan nan metòd LLM ak teknik evalyasyon epi nou te achte materyèl ak zouti ki sèvi nan pwodiksyon liv yo. Sa se yon ti envestisman tan ak lajan ki te bay rezilta ki prèske imedya e ki vreman pozitif. Rezilta sa yo ta dwe fè « pwogram èd » ameriken ak ewopeyen yo wont. Pwogram sa yo souvan mete kreyòl sou kote. Ajans etranje gaspiye dè santèn milyon dola ak ewo nan pwojè k ap plede echwe an ba direksyon « espè » ki meprize kreyòl e ki pa konn anyen sou Ayiti. Objektif espè sa yo se mete lekòl Ayiti yo nan rezo faktori malatchong ki di yo vle fè ti moun yo tounen « bileng ekilibre » an franse ak an kreyòl (gade chapit 1). An reyalite, pwogram sa yo pa menm ka rive asire jèn Ayiti yo aprann syans, matematik ak tout lòt matyè—pa menm lekti ak ekriti an franse ak an kreyòl.

Apwòch LKM sou aprantisaj lekti ak ekriti nan lang matènèl la se yon metòd transvèsal ki manyen lòt domenn tankou syans esperimantal kote lekòl la prezante konsèp syantifik bay elèv yo nan kad pwodui lokal ki nan anviwonnman yo tou lè jou. Pa egzanp, plante semans nan « jaden kreyòl » tounen yon aktivite nan yon laboratwa natirèl pou esperimantasyon nan biyoloji epi se yon aktivite ki manyen reyalite lavi elèv yo. Jaden kreyòl sa yo se yon antidòt kont prejije ki souvan fè Ayisyen ki gen gwo anbisyon panse edikasyon ak agrikilti se 2 lennmi. Rezon an se paske gen yon mepri pwofon pou abitan yo—moun an deyò yo.311 Entèdiksyon pinisyon kòporèl ak sikolojik se yon lòt antidòt nan LKM—kont bat ti moun lakay oswa nan lekòl. Abi sa yo sòti nan yon abitid ki anrasinen nan pase kolonyal Ayiti.

311Michel DeGraff, « Abner Sauveur (Lekòl Kominotè Matènwa) ap esplike enpòtans jaden nan kourikoulòm », videyo YouTube, 4:23, 3 out 2015, https://youtu.be/h4Tcu5r14QE ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Nan LKM, « edikasyon se yon konvèzasyon ».312 Prensip fondamantal sa a se yon pratik nou dwe aplike tou lè jou : elèv yo chita nan « wonn refleksyon » kote yo pataje esperyans pèsonèl yo. Yo diskite, yo fè deba epi yo patisipe nan egzèsis jistis ki remanbre yo lè sa nesesè. Objektif la se ankouraje elèv yo jwe yon wòl aktif nan pwòp edikasyon pa yo epi kolabore nan byennèt kominote a. Ansèyman ak aprantisaj ki dinamik mande pou nou brase lide, opinyon ak esperyans. Se pa yon ansèyman a sans inik kote transmisyon konesans fèt nan yon sèl sans sòti an wo (nan tèt anseyan an) rive an ba (nan tèt aprenan an) kòm si se anseyan k ap « plen » tèt elèv yo ak « konesans » kòm si tèt aprenan yo se veso vid. Ankouraje panse kritik, travay ann ekip ak espresyon lide pèsonèl, sa motive elèv yo pou yo vin patisipan aktif nan edikasyon pa yo ak nan pwodiksyon konesans ki enpòtan pou yo ak pou kominote yo.

312https://www.matenwa.org/institute-for-learningTounen nan tèks la

Kounye a, modèl LLM lan ap gaye nan tout peyi a pami lekòl k ap chache pratik pedagojik ki respekte dwa ti moun yo—lekòl kote ti moun yo ka aprann fè lekti pou yo ka rive fè lekti pou yo aprann. Sa se pa lekòl kote elèv yo aprann rayi tèt yo kòm desandan Afriken ki pale kreyòl.313 LKM te kreye yon seri kou fòmasyon pwofesè ki dire yon semèn, ki baze sou metòd kote elèv la se fokis la menm e ki fèt pou ede lòt lekòl entegre metodoloji aprantisaj aktif LLM nan filozofi ak pwogram etid yo.314

313DeGraff, « Ann Ayiti, lekòl yo aprann nou . . . »Tounen nan tèks la

314https://www.matenwa.org/institute-for-learning ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Anpil anseyan nan « Enstiti pou Aprantisaj » sa a sòti an deyò Lagonav. Edikatè ak administratè lekòl vin Matènwa tou pou yo aprann—nan diskisyon, obsèvasyon ak aktivite pratik—metòd aprantisaj aktif ki nan nannan apwòch Liv Lang Manman. Apre sa, yo retounen nan enstitisyon pa yo epi yo fè jefò pou aplike pratik inovatè e liberatè LKM yo. Nan mwa jiyè 2024, LKM te fòme 350 pwofesè ki sòti nan 102 lekòl atravè peyi a.315

315Kominikasyon pèsonèl ak Vana Edmond, direktè, Institute for Learning at LKM, 1e jiyè 2024.Tounen nan tèks la

Modèl LKM la, ki gen ladan leson nou te aprann nan pwojè pilòt la, te rive jwenn pwofesè lekòl primè oz Eta Zini tou. Sa te enspire kèk aspè kle nan pwogram imèsyon nan 2 lang (kreyòl ak angle) ki te lanse an 2017 nan Mattahunt Elementary School (Lekòl fondamantal nan Matahent) ki se yon lekòl leta nan Boston—sa se premye lekòl kon sa oz Eta Zini e se yon bon bagay pou elèv ki pa ayisyen yo tou.316 Lidè ak edikatè nan Boston Public Schools (nan Lekòl Leta nan Boston) te vwayaje ann Ayiti tou pou yo aprann pratik revolisyonè aprantisaj aktif nan LKM.

316Boston Public Schools, « Mattapan Early Elementary School/Ha…

Boston Public Schools, « Mattapan Early Elementary School/Haitian Creole Dual Language Program », san dat, https://www.bostonpublicschools.org/Page/6569 ; James Vaznis, « A Haitian Creole Program for Preschoolers Arrives in Mattapan », Boston Globe, 7 septanm 2017 ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025..Tounen nan tèks la

Yon lòt aspè pwojè pilòt LKM lan se te devlope epi evalye yon seri zouti edikatif an kreyòl, tankou jwèt sou òdinatè pou aprantisaj aktif matematik. Menm jan ak kreyòl nan ansèyman lekti ak ekriti, kreyòl nan matematik te bay aprenan yo kè kontan epi sa te ba yo plis angouman pou matyè sa a. Pafwa, ti moun yo te menm tonbe chante ak danse tèlman yo te kontan.317

317Michel DeGraff, « Chrisla and Dieuricame’s Place-Value Duet », videyo YouTube, 4:32, 2 avril 2011, http://youtu.be/CU4NuFcK8D0 ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Nan entèvyou nan fen faz pilòt la, prèske tout ti moun yo te klè sou sa : kreyòl kòm lang ansèyman te ede yo aprann pi vit epi pi byen.

Pwojè pilòt sa a te pote bon jan prèv ki konfime rezilta lòt rechèch anvan sa « ki montre politik edikasyon sou [lang ansèyman] . . . se ka varyab ki pi enpòtan pou esplike echèk nou obsève nan devlòpman konpetans lekti nan peyi [ki gen revni pi ba yo] » 318 Lè n analize pwogrè nou te wè yo, sa pwojte limyè sou yon seri kondisyon ki nesesè pou siksè ansèyman lekti ak ekriti ki ta dwe an favè kominote ki oprime tou patou nan lemonn. Anseye lekti se petèt konpetans ki pi enpòtan pou ti moun yo aprann nan ti klas yo. Se kle pou chimen dirab ki ka mennen yo nan byennèt pou tèt yo ak pou kominote yo.

318Stephen L. Walter, « Exploring the Development of Reading in Multilingual Education Programs » nan Language Issues in Comparative Education, ed. Carol Benson ak Kimmo Kosonen (Leiden : Brill, 2013), 265.Tounen nan tèks la

Ti moun yo bezwen aprann li pou yo ka rive li pou yo aprann. Syans ki etidye sèvo revele se depi nan vant manman lang yo pale nan anviwonnman manman an fòmate sèvo ti moun yo pou yo ka rekonèt sistèm son (sistèm « fonemik ») lang sa a. Se kon sa ti moun yo devlope byen bonè yon konesans sou son lang lan (sa yo rele « konsyans fonemik ») ki ede yo fè korespondans kif kif ant tèks, son ak semantik lè yo aprann lekti nan lang manman yo.319 Ki fè opòtinite ak kapasite pou yon ti moun aprann lekti nan lang natif natal li se yon kondisyon ki nesesè pou byennèt akademik ak sosyo-ekonomik nan nivo endividyèl ak nasyonal.320

319Stanilas Dehaene, Ghislaine Dehaene-Lambertz, Édouard Gentaz, Caroline Huron ak Liliane Sprenger-Charolles, Apprendre à lire ; Des sciences cognitives à la salle de classe (Paris : Odile Jacob), 2011.Tounen nan tèks la

320Peter Dizikes, « 3 Questions : Michel DeGraff on Haiti's New Policy for Teaching in Kreyòl », MIT News, 20 Jiyè 2015, https://news.mit.edu/2015/3-questions-michel-degraff-haiti-teaching-kreyol-0720 ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Si objektif la se anseye ti moun yo li pou yo ka li pou yo aprann, pa gen okenn rezon, ditou pyès, pou nou enpoze yon lang elèv yo pa pale kòm lang ansèyman (L.An.). Move pratik sa a pèsiste tou patou nan lemonn pou yon sèl rezon ki pa gen okenn relasyon ak edikasyon. Jounen jodi a, objektif chwa delibere sa a se kore pouvwa ansyen kolon ansanm ak gouvènman ak sistèm ekonomik k ap chache kontwòl konplè sou kominote yo minorize e rasyalize nan pwòp peyi pa yo. Sa sèvi enterè moun « an wo » yo sèlman, sila yo ki rich e puisan, kont enterè moun « an ba » yo, sila yo ki oprime.

Imajine, si tout ti moun tou patou nan lemonn te ka aprann lekti ak ekriti nan lang manman yo dabò, ki sa estatistik malouk Bank Mondyal an 2010 ak USAID an 2020 ta sanble ? Imajine sa : pandan ti moun yo ap aprann fè lekti kòm sa dwa, yo tou ka aprann syans, matematik, ekriti, lang etranje ak tout lòt matyè akademik sou fondasyon kognitif, kiltirèl ak lengwistik lang natif natal yo.321 Imajine yon sistèm lekòl kote chak ti moun ka aprann ak lajwa, diyite ak kreyativite nan lang matènèl yo. Imajine yon peyi kote chak enstitisyon ap fonksyone nan menm lang popilasyon jeneral la pale e konprann. Jounen jodi a, konbyen nan ti moun sa yo y ap pase nan betiz sou ban lekòl epi y ap kondane nan esklizyon ak pòvte, ki ta ka, demen, vin tounen envantè nouvo jenerasyon avans nan teknoloji ? Konbyen sitwayen ki pa ka jwenn jistis nan tribinal, ke yo met deyò nan enstitisyon fòmèl pouvwa a, ki ta ka, demen, vin tounen lidè nan nasyon ki souvren ?

321Gade plan leson Pwofesè Emilio Travieso (https://mit-ayiti.net/resous/los-acentos/) pou yon egzanp sou fason kreyòl ka bay bon jan fondasyon pou etidyan ayisyen aprann panyòl ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Gen moun ki kontinye ap bay manti ki di ansèyman lang matènèl kontrarye ansèyman lòt lang yo. Mwen menm, mwen pa mande pou yo ni retire okenn lang nan kourikoulòm lekòl yo, ni entèdi okenn lang. Se nòmal pou yo anseye ti moun ann Ayiti franse, kòm yon dezyèm lang, yon lang entènasyonal ki gen yon tradisyon literè ki rich ann Ayiti. Se kon sa tou ti moun nan Timò-Leste ta dwe gen chans pou yo aprann pòtigè nan klas ansèyman lang. Men, done yo montre sa klè : pi bon lang ansèyman se lang manman ti moun yo. Gade egzanp fenlandè an Fenlann, nòvejyen an Nòvèj ak koreyen an Kore ki se lang nasyonal ak premye lang ansèyman pou moun ki pale lang sa yo. Se nan lang matènèl pa yo ti moun nan peyi sa yo aprann lekti depi an patan. Sa se youn nan rezon ki fè ti moun sa yo byen prepare pou aprann lang etranje.

Ann atandan, gen plis pase 250 milyon ti moun nan monn lan322 ki pa jwenn ansèyman fòmèl nan lang natif natal yo, ki fè sa pa fasil pou yo jwenn bon jan kalite edikasyon. Sa se yon atak sou dwa yo. Nan lemonn, gen plis pase 2 milya moun ki pale lang ke sistèm lekòl la pa rekonèt oswa ke yo entèdi nan sal klas. 323 Li lè, li tan pou nou fini ak esklizyon lang matènèl nan sistèm edikasyon nasyonal yo. Sa gaspiye youn nan resous ki pi enpòtan nan yon peyi : preparasyon akademik jèn li yo. Se depi nan vant manman, wi, lang anviwonnman an fòmate sèvo ti bebe a pou l ka dekode sistèm fonemik ak gramatikal lang matènèl la. Se sa k fè lang matènèl se yon zouti ki endispansab pou aprantisaj tèt an wo.

322https://www.unesco.org/en/languages-education/need-knowTounen nan tèks la

323Steve Walter ak Carol Benson, « Language Policy and Medium of Instruction in Formal Education » nan The Cambridge Handbook of Language Policy, ed. Bernard Spolsky (Cambridge, UK : Cambridge University Press), 278–300 ; UNESCO, « If You Don’t Understand, How Can You Learn », Policy Paper 24 (Paris : UNESCO, 2016).Tounen nan tèks la

Nou ka kalibre entèvansyon Liv Lang Manman an pou l sèvi pi plis ti moun toujou. Metòd sa a ka kreye transfòmasyon radikal nan peyi ak kominote kote gen malere k ap soufri an ba pratik lengwistik ak pedagojik ki vyole dwa yo e k ap chache detache yo de kilti yo. Pami malere sa yo, gen kominote imigran nan peyi Eta Zini tou. Lè nou sèvi ak lang matènèl elèv yo yon fason sistematik e inovatif, sa pral ouvri pòt pou bon jan kalite edikasyon pou anpil moun e sa pral leve konpetans lekti nan yon nivo ki pi wo lontan pou yon monn dekolonize, yon monn libere, yon monn ki miyò.

Edikasyon S.T.En.M. avanse nan yon « bèl » lang matènèl

An 1946, yon jèn save yo te rele Cheikh Anta Diop ki te sòti nan yon fanmi aristokrat Senegal, premye koloni Lafrans ann Afrik, te vwayaje ale Pari pou l etidye matematik avanse. Li te tou enskri nan kou filozofi nan Inivèsite Sorbonne. Byen vit ann apre, li te kòmanse apwofondi rechèch lengwistik li nan wòlòf—lang matènèl li. Kòm yon save anti-kolonyal anbisye ki te swaf konesans, etid li te vin mennen l nan literati, chimi, fizik, istwa, antwopoloji, sosyoloji ak ekonomi.

Se plis pase 10 milyon moun ki pale Wòlòf, yon lang Nijè-Kongo, nan twa peyi diferan. Se lang matènèl anviwon 40% popilasyon Senegal e pifò Senegalè pale l kòm yon dezyèm lang. Men, se franse, lang ansyen kolon yo, ki lang ofisyèl depi endepandans an 1959. Wòlòf menm se lang ki sèvi pou tout moun ka kominike antre yo—se sa yo rele yon « lang veyikilè ». Prèske yon ka nan popilasyon Gambi ak anviwon 7% nan Moritani pale wòlòf. Yo pale wòlòf tou nan kèk rejyon Gine, Gine-Bisawo ak Mali.

Pandan Diop te Pari, se enterè li pou istwa pre-kolonyal kilti Afriken yo ak pou lang kòm fòs pou souvrènte nasyonal ki te mennen l tradui an wòlòf yon pati nan teyori relativite Albert Einstein. Li t ap chache dechouke kwayans frankofil elit Senegal yo ki te kenbe franse kòm lang prensipal nan edikasyon, administrasyon, gouvènman, tribinal e latriye. O Senegal, tankou ann Ayiti, yo wè franse kòm yon zouti ki nesesè pou esprime lide konplèks tankou nan matematik ak syans Diop t ap etidye yo. Sa se yon lòt egzanp kote lang sèvi kòm zam pou kolonizasyon ak esklavaj mantal.

Twa deseni pi ta, Diop te vin sèvi ak tradiksyon wòlòf teyori Einstein lan pou l pibliye prèv sou konsèp ke Wòlòf te djanm ase pou esprime konpleksite lasyans.324

324Cheikh Anta Diop, « Comment enraciner la science en Afrique : exemples Walaf (Sénégal) », Bulletin de l'Institut Fondamental d'Afrique Noire B 37, # 1 (1975) : 154–233.Tounen nan tèks la

Ki jan nou ka sèvi ak egzanp Diop la pou Ayiti jodi a ? Enben, an n mande ki sa k ap pase lè itilizasyon lang matènèl nan ansèyman lekti pa kontinye nan ansèyman matyè ki difisil e ki konplike tankou matematik ak syans ? Matyè sa yo endispansab pou peyi yo ka pwospere nan ekonomi global modèn lan. S.T.En.M. enpòtan pou peyi pòv yo menm jan sa enpòtan pou peyi rich yo.

Epi, tou, anseye matyè S.T.En.M. yo an kreyòl antre an konfwontasyon dirèk ak doktrin Eksepsyonalis Kreyòl sa yo ki di lang kreyòl yo se yon andikap mantal, yo pa ka esprime panse abstrè, ki fè yo pa ta dwe sèvi nan sal klas. Inisyativ MIT-Ayiti nan nivo lekòl segondè ak inivèsite devwale manti ki nan kwayans anti-kreyòl sa yo. Non sèlman kreyòl ka esprime konsèp nan S.T.En.M. ki abstrè e ki konplike, kreyòl ede amelyore ansèyman ak aprantisaj matyè sa yo ann Ayiti.

An 2010, nou te lanse yon pwogram kolaborasyon sere ant pwofesè MIT ak Ayiti pou nou ankouraje aprantisaj aktif nan matematik ak syans nan lekòl segondè ak nan inivèsite Ayiti.325 Inisyativ la chita sou twa wòch dife : Kreyòl kòm lang ansèyman (L.An.), pedagoji patisipatif (aprantisaj aktif) ak teknoloji pou edikasyon.

325Morgan Bettex, « Build Back Better », MIT News, 27 oktòb 2010, https://news.mit.edu/2010/haiti-mit-event-1027 ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Depi lè sa a, prèske 300 pwofesè ak administratè ayisyen te patisipe nan atelye sou teyori edikasyon modèn, metòd aprantisaj aktif ak konsepsyon plan leson. Nou te brase lide sou estrateji aprantisaj aktif. Kèk nan estrateji sa yo, se patisipan nan atelye yo ki te kreye yo sou baz zouti lojisyèl edikatif nou te ba yo ansanm ak divès materyèl ki disponib fasil tankou mab, tiyo PVC ak planch bwa pou esperimantasyon nan fizik epi dlo, ji fwi, sik ak sèl pou esperimantasyon nan chimi. Nou te òganize sesyon sou biyoloji, matematik, estatistik, fizik, chimi ak biyochimi. Atelye sa yo te demontre pa gen okenn obstak ditou pyès pou nou fè diskisyon teknik an kreyòl. Patisipan yo te menm ede òganize yon glosè S.T.En.M. an kreyòl epi se kon sa rèv Diop pou lang afriken yo te kòmanse tounen reyalite pou lang kreyòl la.326

326Peter Dizikes, « MIT-Haiti, Google team up to boost education in Kreyòl », MIT News, 30 oktòb 2017, https://news.mit.edu/2017/mit-haiti-google-team-boost-education-kreyol-1031 ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Pandan kenz premye ane MIT-Ayiti yo, nou montre jan itilizasyon lang matènèl nan lekòl ansanm ak pedagoji aprantisaj aktif ak teknoloji apwopriye se zouti ki nesesè pou bon jan kalite edikasyon. « Teknoloji apwopriye » se nenpòt zouti, kit se nimerik oswa analòg, ki ka ede aprenan yo patisipe nan manipile konsèp yo bezwen konprann. Nou te dekouvri tou gwo twoub istorik, politik, lengwistik ak sosyo-kiltirèl ki kontinye anpeche moun jwenn bon jan kalite edikasyon ann Ayiti tankou nan ansyen koloni lòt kote.

Done ki sòti nan travay ekip MIT-Ayiti a ede nou konprann 2 tematik kle. Premyèman, kounye a nou pi byen konprann trajektwa chanjman nan atitid ak nan enstitisyon nan kontèks deba sou lang manman kòm lang ansèyman nan ansyen koloni yo—e sitou fason atitid sa yo ka chanje oswa pa chanje, pami edikatè ak politisyen, konsènan itilizasyon lang yo devalorize nan edikasyon fòmèl.

Lè nou te kòmanse seri atelye MIT-Ayiti yo an 2012, pwofesè yo te gen dout sou itilizasyon kreyòl kòm lang ansèyman S.T.En.M. Kèk pwofesè nan premye atelye sa a te menm prefere itilize vèsyon angle zouti yo sou paj entènèt MIT nan plas vèsyon kreyòl nou te mete disponib yo. Devwa prensipal atelye yo, sepandan, se te prepare prezantasyon an kreyòl kòm demonstrasyon ansèyman ki sèvi ak metòd patisipatif. Se kon sa nou te mande patisipan yo itilize vèsyon kreyòl zouti yo. Sa se te yon kondisyon ki nesesè pou patisipan yo jwenn sètifika patisipasyon.

Nan fen premye atelye sa a, pwofesè yo te esprime rekonesans dèske aktivite yo te fèt an kreyòl. Yo te di yo te rive aprann nouvo konsèp syantifik ak nouvo lojisyèl yo pi fasil an kreyòl pase si atelye yo te fèt an franse. An jeneral, patisipan yo te santi yo alèz nèt pou yo reflechi epi pou yo pataje lide nan atelye yo. Sa se yon rezilta ki t ap enposib si atelye a te fèt an franse.

An final, prèske tou lè twa san (300) edikatè ki te patisipe nan atelye MIT-Ayiti yo te vin dakò yo dwe adopte kreyòl kòm mwayen ansèyman ak aprantisaj matyè S.T.En.M. Sa se yon chanjman enpòtan nan atitid ant 2013 ak 2016.327

327DeGraff ak Stump, « Kreyòl, Pedagogy, and Technology ».Tounen nan tèks la

Pwofesè sa yo te kòmanse mande tèt yo ki jan yo ka mennen administratè yo, politisyen yo ak ajans finansman yo antre nan mouvman an. Se atitid pozitif sa a ki te ede yo tounen modèl pou etidyan nan dosye ansèyman an kreyòl.

Men dezyèm leson Inisyativ la : Kounye a, nou pi byen konprann jan lang manman tankou kreyòl ka amelyore pwomosyon ak difizyon pedagoji modèn ak teknoloji pou edikasyon S.T.En.M. ak jan sa ka, kòm kònsekans, amelyore pwomosyon tout lang yo devalorize. Ann Ayiti ak nan kèk lòt peyi, yo wè MIT-Ayiti kòm bon jan « prèv » kreyòl se lang menm jan ak tout lang ki ka esprime nenpòt konsèp konplèks nan S.T.En.M. oswa nenpòt ki lòt matyè akademik san limit epi kreyòl ka sèvi nenpòt ki bezwen sosyete a genyen nan nenpòt ki sektè lavi nou ann Ayiti.328

328Neil Savage, « Expanding the Reach of Science », Nature 562, # 7725 (2018) : S10–S11 ; Dizikes, « 3 Questions ».Tounen nan tèks la

Tou patou ann Ayiti, pwofesè yo ankouraje nou menm nan ekip MIT-Ayiti a lè yo manifeste chanjman nan atitid pa yo tou konsènan twa wòch dife Inisyativ la.329 Kounye a, moun ki te pase nan atelye yo ap dirije jefò lokal ann Ayiti pou ankouraje kreyòl ak teknoloji kòm sipò pou pedagoji entèraktif nan ansèyman S.T.En.M. nan divès enstitisyon—sòti nan lekòl ki pi prestijye nan Pòtoprens (tankou Enstitisyon Sainte Rose de Lima) rive nan lekòl nan zòn riral ki pi lwen (tankou Lekòl Kominotè Matènwa nan Lagonav). Gen lòt alye ki pran MIT-Ayiti kòm modèl pou sal klas pa yo e yo te ranmase pi plis done pou dokimante avantaj ansèyman ak aprantisaj S.T.En.M. an kreyòl.330 Ata gouvènman ayisyen te kolabore nan planifikasyon ak egzekisyon kèk atelye epi yo te vin entegre pwomosyon kreyòl nan kourikoulòm ak administrasyon.331

329Michel DeGraff ak Glenda S. Stump, « An n bati lekòl tèt an wo : Lang manman, pedagoji ak teknoloji kòm engredyan fondal natal pou yon chanjman radikal », Journal of Haitian Studies 24, # 2 (2018) : 114–124.Tounen nan tèks la

330Tatiana Behrmann, Evaluating the Effects of Mother Tongue on Math and Science Instruction (Monument, CO : ISTES Organization, 2018).Tounen nan tèks la

331Peter Dizikes, « MIT and Haiti Sign Agreement to Promote Kre…

Peter Dizikes, « MIT and Haiti Sign Agreement to Promote Kreyòl-language STEM Education », MIT News, 17 avril 2013, https://news.mit.edu/2013/mit-haiti-initiative-0417 ; “Haiti – Training : Planning for the next phase of the MIT-Haiti Initiative,” 6 jen 2014, Haiti Libre, https://www.haitilibre.com/en/news-11312-haiti-training-planning-for-the-next-phase-of-the-mit-haiti-initiative.html ; Edrid St Juste, « Un accord pour faire la promotion du créole dans les écoles », Le Nouvelliste, 8 jiyè 2015, https://web.archive.org/web/20210617211347/https://lenouvelliste.com/article/147052/Un-accord-pour-faire-la-promotion-du-creole-dans-les-ecoles ; mwen te gade sit entènèt sa yo nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

An 2019, Inisyativ MIT-Ayiti te lanse yon platfòm nimerik pou yon konbit lajman laj k ap kreye, amelyore epi òganize materyèl edikatif an kreyòl nan tout disiplin e nan tout nivo. Platfòm lan rasanble edikatè kreyolofòn ann Ayiti ak nan dyaspora a an kolaborasyon ak ekip Inisyativ la. Platfòm lan pataje plan leson ak lòt materyèl an kreyòl lib e libè gratis ti cheri nan kad yon lisans Creative Commons (egal : « Kreyativite pou tout moun »). Sa pèmèt nenpòt moun telechaje materyèl MIT-Ayiti yo legalman epi distribye yo pou itilizasyon nan sal klas ak lòt kontèks edikatif. Platfòm lan vin ede nou dekouvri rezo edikatè ayisyen nou pa t ko janm konnen e ki te deja ap pwodui materyèl an kreyòl pou kont yo, chak moun sou bò pa yo. Kounye a, yo ka mete materyèl pa yo tou sou yon platfòm ki aksesib pou tout peyi a ak pou peyi etranje.

Yon lòt avantaj bab e moustach se lè gen edikatè k ap mete materyèl aprantisaj aktif sou platfòm lan epi yo menm tou ap vin pi maton nan ekri an kreyòl kòm sa dwa—sa se yon bèl egzanp aprantisaj aktif. Kounye a, nou wè pi plis anseyan ann Ayiti e nan dyaspora a k ap pwodui bon jan kalite materyèl an kreyòl nan divès domenn teknik epi yo pataje materyèl sa yo ak anpil fyète. Mete sou sa, gen pwofesè ayisyen ki te patisipe nan atelye nou yo epi, kounye a, se yo menm menm k ap pataje materyèl an kreyòl sou rezo sosyal yo. Sa ki pi bèl toujou, menm gen patisipan k ap pwodui pwòp kontni pa yo sou pwòp sit entènèt pa yo.

Travay pa nou nan Inisyativ MIT-Ayiti vin ap patisipe nan yon pi gwo rezo òganizasyon ann Ayiti ak nan dyaspora a, sitou an ba lidèchip plizyè jèn ayisyen ki fò nan itilizasyon teknoloji kominikasyon e ki byen konprann enpòtans kreyòl kòm baz konesans, libète, devlòpman ak jistis sosyal ann Ayiti. Kounye a, siksè MIT-Ayiti vin tounen « yon modèl pou lòt nasyon Karayib yo » kote lang kominote pa yo (« lang a nou » pa yo) dwe sèvi kòm « lang lokal ki gen enpak mondyal » an favè sitwayen pa yo.332

332Charlene Wilkinson ak Tamarind Nnena De Lisser, « Local Languages with Global Impact : Resistance and Persistence of Caribbean Creole » nan Kilti kreyòl yo, Vol. 2 : Creole Cultures, Vol. 2 : Creole Identity and Language Representations (Cham, Switzerland : Springer International Publishing, 2024).Tounen nan tèks la

An brèf, MIT-Ayiti vin tounen yon prèv ki demanti ansyen doktrin ki di lang kreyòl yo pa nòmal oswa yo andikape, swa nan plan devlòpman yo, swa nan jan yo òganize, swa nan espresyon yo. Leson an klè pou rès pèp nan lemonn k ap chache anseye e aprann nan lang matènèl pa yo. Nou bezwen yon revolisyon nan edikasyon tou patou sou latè. Pwochen etap sa a enkontounab.

Yon lòt « prèv » pou kore konsèp sa a

Avèk inisyativ sa yo k ap kore itilizasyon lang matènèl nan lekòl ann Ayiti, nou te deside montre yon fason pou nou edike jenès peyi a pou yo ka patisipe kòm sa dwa nan monn jodi a. Epi, tou, nou t ap chache montre erè ak manti Eksepsyonalis Kreyòl yo pou nou dechouke yo. Nou pa t konnen nou t ap dekouvri yon lòt « prèv » sou wout la.

Nou te sèten aprantisaj aktif te pi efikas pou etidyan ayisyen yo an kreyòl. Done ki te sòti nan kesyonè sondaj pami edikatè ayisyen nan atelye yo anvan e apre chak entèvansyon (sòti 2012 rive 2016) te dokimante chanjman sa yo nou t ap chache a. Sondaj sa yo se te yon pyon 2 kabès. Nan youn nan kesyonè ann apre yon atelye, yon pwofesè di nou, lè li itilize zouti lojisyèl ak lòt resous an kreyòl nan kou fizik li, elèv yo vin tèlman chofe, pafwa klas la fè twòp bri epi aprenan yo vin twò gaye. Lè kon sa, pou l kalme elèv yo, li senpleman sispann pale kreyòl, li vire nan franse epi elèv yo vin mwen aktif e pi pasif nan klas la. An reyalite, nan ka sa a kote franse sèvi pou kreye silans nan klas la, franse tounen yon baboukèt pou fèmen bouch elèv yo e pou ralanti patisipasyon yo. Franse se tankou yon fwèt pou kontwole foul !

Istwa sa a se yon lòt « prèv » nan dosye sa a ki demontre sa klè : pou pifò aprenan ayisyen, pa fouti gen aprantisaj aktif ki posib lè lang ansèyman an se franse. Kreyòl ankouraje aprantisaj aktif alòs ke franse dekouraje sa.

Swadizan « espè » ki sòti nan ajans pou swadizan « devlòpman » ki an ba direksyon e ki anplwaye nouvo kolon blan ansanm ak konze lokal yo ki kontinye ap mande pou klas S.T.En.M. sèvi kòm « opòtinite » pou anseye elèv franse ann Ayiti. Apwòch sa a se yon doub blokaj kont objektif klas S.T.En.M. sa yo, jan nouvo « prèv » la demontre. Franse kòm lang ansèyman fèmen sèvo elèv yo ni sou S.T.En.M. ni sou franse pandan sistèm lan ap alyene elèv yo kont idantite yo. An menm tan, move pratik sa yo ralanti kiryozite natirèl elèv yo epi, an plis, sa ogmante diferans akademik ak sosyo-ekonomik ant moun an wo ak moun an ba.

Sa fè plizyè syèk depi gen Ayisyen k ap goumen kont yon sistèm edikasyon ki sèvi pou dominasyon. Eksepsyonalis Kreyòl nan peryòd pos-kolonyal la patisipe nan dominasyon sa a. Lè a rive pou nou fèmen sèkèy Lagrandyab sa a k ap souse jèvrin Ayiti kòm nasyon. Se tout lemonn nèt k ap tann, depi twò lontan, lekòl tèt an wo pou peyi tèt an wo—egal : ansèyman nan lang manman kòm yon dwa moun ki garanti pou tout moun, pou tout moun ka moun tout bon. Ki jan pou nou rive jwenn garanti inivèsèl sa a ? Se kesyon sa a nou pral trete nan chapit 6 la kote nou pral kòmanse brase lide sou revolisyon nou bezwen an.

Nòt