Ale dirèk nan tèks la
Lang a nou

Chapit 3

Lang se zam pou neyo-kolonizasyon tou patou nan lemonn

Tir gan teanga, tír gan anam. ("Yon peyi san yon lang se yon peyi san yon nanm.")

—Yo di sa se pawòl Pádraig Mac Piarais (Patrick Pearse)171

171Pearse se te youn nan lidè rebelyon nan fèt pak an 1916 nan peyi Ilann kont okipasyon britanik la. Pawòl sa a site nan Diarmuid Lynch, The IRB and the 1916 Insurrection (Cork : The Mercier Press, 1957).Tounen nan tèks la

Se depi nan di setyèm syèk filozòf René Descartes (1596–1650) te esprime yon prensip fondamantal konsènan « edikasyon pou tout moun » nan Lafrans, peyi natal li. Prensip sa a te mande pou tout kalite konesans gaye nan lang tout popilasyon an pale olye pou sa fèt an laten ke sèl yon ti gwoup elit entelektyèl te pale ann Ewòp :

Si m ekri an franse . . . olye de Latin, ki se [lang] pwofesè mwen yo, se paske m espere moun ki sèvi ak rezon natirèl pa yo sèlman pral evalye opinyon m pi byen pase moun ki sèmante sèlman sou liv ansyen yo. Epi, konsènan sila yo ki konbine bon sans ak aplikasyon, se yo sèlman mwen ta renmen genyen kòm jij epi mwen sèten yo pa damou laten nan pwen pou yo ta derefize konprann analiz mwen yo paske m esprime yo nan lang nou pale tou lè jou a.172

172René Descartes, A Discourse on the Method of Correctly Conducting One’s Reason and Seeking Truth in the Sciences, trad. Ian Mclean (Oxford, UK : Oxford University Press, 2006), 62. Li te premye pibliye an franse an 1637.Tounen nan tèks la

Jodi a, prensip Descartes la se yon verite ki asire pami lengwis, edikatè ak òganizasyon entènasyonal k ap fè pwomosyon edikasyon pou tout moun sou yon echèl mondyal. Sa dwòl lè nou sonje, menm lè yo te sispann sèvi ak laten kòm lang ansèyman an Frans, se franse yo te vin adopte kòm sèl grenn lang nasyonal epi yo te mete baboukèt nan bouch lòt lang « vènakilè » rejyonal yo, tankou alzasyen, bask, breton, kòs, oksitan ak lang d òyl yo. An 1882, yo te pase yon lwa ki te entèdi lang rejyonal sa yo nan edikasyon. Se sèlman nan mitan ventyèm syèk la lang rejyonal sa yo te kòmanse resevwa rekonesans ofisyèl an Frans.

Nan chapit anvan an, nou te wè jan kolon franse ann Ayiti yo te sèvi ak lang pou esklizyon ak dominasyon e jan, menm jodi a, lang yo toujou sèvi kòm zouti nan pwojè neyo-kolonyal k ap byen mennen. Nou pa dwe sezi si Ayiti pa sèl nasyon kote politik ak pratik lang pa mache ak rezilta syantifik ki montre se lang matènèl aprenan yo ki pi bon lang ansèyman pou tout kontni akademik. Tou patou sou latè, se moun nwa ki pale lang lokal ki toujou rete dèyè nan domenn akademik ak sosyo-ekonomik. Youn nan rezon pou sa se paske lang natif natal pa yo pa sèvi nan lekòl. Se apeprè 40% nan popilasyon mondyal la ki oblije ap aprann nan yon lang yo pa pale lakay yo.173

173Global Education Monitoring Report Team, « If You Don’t Understand, How Can You Learn ? » (Paris : UNESCO, 2016).Tounen nan tèks la

Prejije lengwistik anpeche yo jwenn bon jan kalite edikasyon epi sa ogmante distans ant rich ak pòv. Sa anpeche pèp yo gen fyète nan jwi idantite yo ak kilti yo epi sa lakòz vyolasyon dwa moun tou lè jou. Abi sa yo egziste tou patou sou latè. Sa mande yon revolisyon nan lengwistik, edikasyon, gouvènans ak travay ajans « èd » entènasyonal yo.

Gen twòp pami nou ki aprann patisipe, depi nou ti kat kat, nan yerachi pouvwa ak konesans sa yo nan pwòp kominote nou. Nou bezwen aprann rekonèt jan lang sèvi kòm zam gwojemoni tou patou nan lemonn. Nurit Peled-Elhanan, pwofesè izrayelyen e aktivis pou lapè, sèvi ak pawòl « enfeksyon mantal » kòm metafò nan analize yon pwosesis sosyalizasyon ki pi laj e ki mennen nou nan prejije pa mwayen edikasyon—sitou pa mwayen mànyèl nan lekòl pou ti juif ann Izrayèl.174 Pa gen plas nan liv sa a pou nou analize ansanm tout detay nan istwa ak kontèks konplèks pou chak egzanp ki nan chapit sa a. Men, mwen te chwazi egzanp sa yo, kanmenm, pou m montre jan pratik gwojemoni sa yo egziste nan istwa lemonn tou patou sou latè.

174Nurit Peled-Elhanan, « Education or Mind Infection ? », The Palestine Chronicle, 2 oktòb 2006, https://www.palestinechronicle.com/nurit-peled-elhanan-education-or-mind-infection/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Chibolèt ak pwofilaj lengwistik

Enjistis lengwistik kòmanse souvan ak yon « chibolèt ». Mo sa a sòti nan Ansyen Testaman. Sa montre jan sa fè lontan depi y ap itilize lang kòm zam nan lagè ak nan lòt kalite konfli. Moun Galarad yo te voye sòlda travèse rivyè Jouden pou y al goumen kont moun Efrayim yo. Lè sòlda Efrayim yo t ap chache chape sou lòt bò rivyè a, santinèl Galarad yo te mande yo si yo se moun Efrayim. Si yo te di non, santinèl yo te mande pou yo di mo « chibolèt ». Men, te gen yon diferans nan pwononsyasyon : moun Efrayim yo te di mo a ak yon son <s> olye de yon son <ch>. Sa te ase pou santinèl Galarad yo idantifye sòlda sa yo epi touye yo.

Depi lè sa a, chibolèt yo te sèvi nan masak, nan kondane inosan, nan refize azil ansanm ak tout lòt kalite vyolasyon dwa moun. An 1937, Dominiken te touye 30 000 Ayisyen anviwon nan « Masak Pèsi » a. Nan Repiblik Dominikèn tou pre fwontyè ak Ayiti, depi w te gen po nwa, yo te sispèk ou se Ayisyen. Yo te bay moun sa yo lòd pou yo pwononse mo panyòl « perejil » (« pèsi »). Dezyèm ak twazyèm konsòn mo a, ki antoure dezyèm vwayèl <e> a, pa egziste an kreyòl epi se kon sa yo te touye moun ki echwe nan tès la.175 Apre gwo tranblemann tè Kantō an 1923 o Japon, fo nouvèl te sikile kòm ki dirè gwo kominote lokal Koreyen an te kontamine pi dlo yo. Japonè yo te itilize fraz difisil pou pwononse tankou 15,50 Yen (Jūgoen goissen) pou idantifye epi touye Koreyen.176 Pandan Gè Sivil o Liban (1975–1990), militan kretyen nan pòs kontwòl yo te ofri Palestinyen yo tomat epi yo te mande « Ki sa sa yo ye ? »—mo a se « banadoura » nan Arab Libanè ; men, « bandoura » nan Arab Palestinyen. Sote yon silab nan vèsyon Libanè a te fatal.177

175Richard Lee Turits, « A World Destroyed, a Nation Imposed : The 1937 Haitian Massacre in the Dominican Republic », Hispanic American Historical Review 82, # 3 (2002) : 589–635.Tounen nan tèks la

176Cho Ki-weon, « A Play Teaching the History of the Great Kanto Earthquake Massacres to Japanese Youth », Hankyoreh, 5 jen 2017, https://english.hani.co.kr/arti/english_edition/e_international/797581.html ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

177Stewart Ross, The Middle East Since 1945 (London : Hodder & Stoughton, 2006).Tounen nan tèks la

Chibolèt se egzanp ki antre nan yon kategori ki pi laj : « pwofilaj lengwistik » kote yo sèvi avèk lang kòm yon zouti pou diskriminasyon.178 Moun nwa oz Eta Zini souvan sibi kalite pwofilaj lengwistik sa a. Sa konn rive lè yo telefone moun k ap lwe kay pou yo gade si gen apatman ki disponib. Pi mal toujou, pwofilaj lengwistik te santral nan pwosè George Zimmerman ki te touye Trayvon Martin, yon adolesan nwa, an 2012 pandan Trayvon t ap mache tounen lakay li apre li te sot achte nan yon boutik nan Eta Florid. Temwen pou avoka pwosekisyon an te pèdi kredibilite l devan avoka defans lan akòz stigma ki asosye ak varyete angle moun nwa pale—Black English.179 Se menm varyete sa a ki tonbe souvan an ba prejije ki konn lakòz echèk elèv nwa nan lekòl nan peyi Eta Zini lè anseyan yo panse elèv sa yo sòt paske yo pa pale « bon angle ».180

178John Baugh, Linguistics in Pursuit of Justice (Cambridge, UK : Cambridge University Press, 2018).Tounen nan tèks la

179John Rickford ak Sharese King, « Language and Linguistics on Trial : Hearing Rachel Jeantel (and other Vernacular Speakers) in the Courtroom and Beyond », Language 92, # 4 (2016) : 948–988, 950.Tounen nan tèks la

180Samy Alim ak Geneva Smitherman, « Change the game : Language, education and the cruel fallout of racism » nan Articulate while Black : Barack Obama, language and race in the U.S. (Oxford, UK : Oxford University Press, 2012), 167–197.Tounen nan tèks la

Lang pou Kontwòl Neyo-Kolonyal

Sòti Lafrik rive ann Azi, nou jwenn menm kalite estrateji gwojemoni sa yo kote chibolèt yo tounen zam ki pwente kont tout yon segman nan popilasyon an—sila yo ki an ba dominasyon yon klas sosyal k ap aji tankou nouvo kolon.

Sòti 1895 rive 1958, Afrik de Lwès te an ba kontwòl Lafrans. Se te yon federasyon uit teritwa kolonyal franse : Dahomey (kounye a, Benen), Gine Franse (kounye a, Gine), Soudan Franse (kounye a, Mali), Kot d Ivwa, Moritani, Nijè, Senegal ak Wot Vòlta (kounye a, Boukina Faso). Pifò nan popilasyon natif natal yo pa te gen okenn dwa legal oswa dwa pou yo gen pwopriyete, yo te gen restriksyon pou yo vwayaje epi yo te pran gwo pinisyon pou nenpòt ki zak rezistans.

Soulèvman anti-kolonyal ki te gaye ann Afrik apre Dezyèm Gè Mondyal te pote endepandans pou nasyon sa yo. Tankou ann Ayiti, endepandans nan bouch pa ko janm bay souvrènte tout bon. Sistèm sosyo-ekonomik ki te la pou kolon yo esplwate peyi sa yo kòm koloni toujou an plas ; jenou kolon franse yo toujou sou kou kolonize yo.

Gen 2 zouti nan esplwatasyon sa a—ekonomi ak lang—ki pa ka separe. Communauté Financière Africaine se zòn finansye ki mete lajan peyi sa yo, ke yo rekonèt kòm « fran CFA », nan menm nivo ak ewo (anvan sa, se te nan menm nivo ak fran franse a). Yo te bay lajan sa a non sa a pou yo kenbe gwojemoni ekonomik Lafrans sou baz kontwòl finansye ak monetè.181 Se non orijinal CFA a ki pi byen reprezante objektif kominote sa a : Colonies Françaises d'Afrique. CFA mande peyi sa yo pou yo kenbe pifò nan rezèv lajan etranje yo nan Trezò Lafrans—yon estrateji neyo-kolonyal ki diminye kwasans ekonomik e ki lakòz pi plis mizè, san di petèt.182

181Landry Signé, « How the France-backed African CFA Franc Works as an Enabler and Barrier to Development », Brookings, 7 desanm 2019, https://www.brookings.edu/articles/how-the-france-backed-african-cfa-franc-works-as-an-enabler-and-barrier-to-development/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

182William G. Dzekashu, « French Economic and Monetary Policies in Francophone Africa : A Barrier to Economic Development in the Central and West African Monetary Zones », Archives of Business Research 9, # 11 (2021) : 51–68.Tounen nan tèks la

Dezyèm eleman an se lang—nòmal ! Pifò moun nan peyi sa yo pa pale franse ; men, yo pale youn nan plizyè lang endijèn lokal yo. Franse rete lang ofisyèl administrasyon, edikasyon ak aktivite ekonomik fòmèl nan pifò peyi sa yo. Se franse ki an lè nèt nan peyizaj sosyo-lengwistik rejyon an epi se franse ki ede kore divizyon ant moun ki genyen ak moun ki pa genyen. Sa ranfòse yerachi pouvwa ki bay elit la—ki pale franse tou—yon butin de guerre ki raple inegalite sovaj nan peyi d Ayiti yo.183

183Myers-Scotton, « Elite Closure ».Tounen nan tèks la

Pandan franse kòm lang veyikilè ofri sèten avantaj pratik pou kominikasyon ant gwoup etnik ansanm ak kominikasyon mondyal (espesyalman pou elit yo), frankofili ak dominasyon franse a tou kreye gwo pwoblèm nan edikasyon ak nan sosyo-ekonomi. Sèvi ak franse—esansyèlman yon lang etranje pou anviwon 85% Afriken nan sa yo rele « Afrik frankofòn »—kòm lang ansèyman (L.An.) nan peyi sa yo souvan anpeche moun jwenn bon jan kalite edikasyon.184 Ti moun ki pale lang lokal lakay yo ap lite pou yo konprann L.An. etranje a. Sa ki pi grav toujou, otorite lokal yo konsidere metriz franse kòm yon endèks entèlijans—sa se yon prejije k ap domine sosyete a pandan plis pase yon syèk.

184Birgit Brock-Utne, « Language and Democracy in Africa » nan Inequality in Education : Comparative and International Perspectives, ed. Donald B. Holsinger, W. James Jacobs ak Mark Mason (Dordrecht : Springer Netherlands, 2008), 172.Tounen nan tèks la

Nan kòmansman ventyèm syèk la, plizyè otorite kolonyal franse te mete « enferyorite teknik » Afriken yo ak « iyorans lang [franse] a » nan menm nivo. Yo te rele franse yon zouti pou « disipline » lespri Afriken e yon zouti ki ka transfòme Afriken yo sòti nan « sovajri » rive nan « disip ak asistan ». Selon otorite kolonyal yo, franse te ka ede transfòme yon gwoup « elit » Afriken an « sèvitè, machann, travayè ak fòmann ».185 Premye eleman nan edikasyon Afriken yo, se te montre yo pale franse. Lang sa a toujou kontinye kòm yon zouti pou fòmasyon klas elit la ansanm ak fèmti klas sa a nan peyi sa yo—pou moun an ba pa antre ladan. Wi, sa ranfòse separasyon sosyo-ekonomik ant moun an wo ak moun an ba lè sèlman yon ti pati nan popilasyon lokal la ka « sèvi ak politik lang ofisyèl yo ansanm ak pwòp modèl itilizasyon lang pa yo pou limite aksè gwoup an deyò elit la nan pozisyon politik ak avansman sosyo-ekonomik ».186 Mete sou sa, lekòl an franse vle di pifò elèv yo jwenn sèlman yon konpetans limite nan tout matyè akademik. Sa ranfòse inegalite sosyo-ekonomik ak politik tou.187 Se yon sikui ki pa janm fini ann Afrik de Lwès ak ann Ayiti. Sa anpeche travay ki byen peye rive jwenn sila yo ki nan bezwen epi sa kwense moun ki pa pale franse yo nan aktivite ki pi raz yo. Sa anpeche yo achte tè, antre nan biznis, jwenn anpil sèvis gouvènman ak reprezantasyon nan gouvènans (kòm se lang franse a ki sèvi pou kontra, pou dokiman, pou pwosedi legal e pou administrasyon fòmèl ak gouvènman).

185Bob W. White, « Talk about School : Education and the Colonial Project in French and British Africa (1860–1960) », Comparative Education 32, # 1 (1996) : 9–26, 14.Tounen nan tèks la

186Myers-Scotton, « Elite closure », 149.Tounen nan tèks la

187Raja Bentaoet Kattan, « Quality Education for All : Measuring Progress in Francophone Africa », Blogs Bank Mondyal, 8 fevriye 2017, https://blogs.worldbank.org/en/education/quality-education-all-measuring-progress-francophone-africa ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Souvan, yo asosye pale franse ak prestij sosyal epi sa vin tounen yon fòm « kapital kiltirèl »—sa se byen sosyal ke moun yo jwenn nan yon yerachi sosyal ki ankouraje mobilite sosyal.188 Menm jan sa fèt ann Ayiti, nan Afrik de Lwès, yo konsidere moun ki pale franse kòm sila yo ki gen pi plis edikasyon epi se moun sa yo ki gen pi plis mobilite sosyal. Sa tou kontribye nan laji diferans ki genyen ant rich ak pòv nan nivo finansye ak sosyal. Diferans sa yo depann de franc CFA tou.

188Pierre Bourdieu ak Jean-Claude Passeron, Reproduction in Education, Society, and Culture (London : Sage Publications, 1990) ; Pierre Bourdieu, « The Forms of Capital » nan Handbook for Theory and Research for the Sociology of Education, ed. John G. Richardson (London : Bloomsbury Akademik, 1986), 241–258.Tounen nan tèks la

Menm jan ak enpozisyon franse kòm lang ofisyèl, franc CFA—yon « eritaj kolonyal »—se zouti esplwatasyon ak dappiyanp.189 Depi 2021, lidè Mali, Boukina Faso ak Nijè te kòmanse travay pou yo jete franse kòm lang ofisyèl an favè lang nasyonal peyi pa yo. Se kon sa konvèzasyon sou rejte Franc CFA kòm lajan lokal la te vin ap pale pi fò. Nan mwa fevriye 2024, lidè Nijè deklare : « Lajan se yon siy souvrènte ». Tokay li nan Boukina Faso te menm ale pi lwen pou li di : « Se pa yon kesyon lajan sèlman. Nou pral kraze tout chenn sa yo ki kenbe nou nan esklavaj ».190

189Dzekashu, « French Economic and Monetary Policies ».Tounen nan tèks la

190Hannane Ferdjani, « Debate on Ditching CFA Begins as Burkina Faso, Mali, Niger Forge New Path », Aljazeera, 23 fevriye 2024, https://www.aljazeera.com/features/2024/2/23/burkina-faso-mali-and-niger-debate-exieting ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Fòk nou sonje se kou d eta militè ki te mete nouvo lidè sa yo sou pouvwa. Men, tou, yo te adopte pozisyon ki reflete santiman majorite moun an ba ki nan peyi pa yo. Se sa ki pote yon chanjman enpòtan nan politik lengwistik ansanm ak jefò legal yo te lanse Boukina Faso ak Mali pou degrade franse sòti nan nivo lang ofisyèl pou l desann nan nivo « lang travay » pandan y ap ankouraje lang endijèn yo monte kòm lang ofisyèl. Nijè, li menm tou, ap reflechi sou yon chimen kon sa pou emansipasyon lengwistik.191 Ann atandan, elit frankofòl yo ap konbat demach liberasyon sa yo popilasyon an te aplodi. Batay pou vre endepandans lan pa ko fini.

191Sghaier Hidri, « The End of an Era for the French Language ?…

Sghaier Hidri, « The End of an Era for the French Language ? », The Independent, 28 mas 2024 ; Sher Avi-Yonah, « Mali Demotes French, Language of its Former Colonizer, in Symbolic Move », Washington Post, 3 out 2023; « Burkina Abandons French as an Official Language », AfricaNews, 7 desanm 2023, https://www.africanews.com/2023/12/07/burkina-abandons-french-as-an-official-language ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Timò-Leste se yon peyi ki nan zòn sid-ès kontinan Azi a. Se te yon koloni Pòtigal jis an 1975 epi, apre sa, se te yon koloni Endonezi jis an 2002. An 2010, yon etid Bank Mondyal te dekouvri pifò nan ti moun lekòl sou zile sa a pa t ka ni pale ni li ni ekri nan okenn nan 2 lang ofisyèl yo—kit se pòtigè (lang ansyen kolon yo), kit se tetoun (yon lang ostwonezyen yo rele « tetoun » tou e ki se lang endijèn pi plis moun pale nan peyi a).192

192Erica Amorim, Jim Stevens ak Luc Gacougnolle, Timor-Leste—An Analysis of Early Grade Reading Acquisition (Washington : World Bank Group, 2010), https://documents1.worldbank.org/curated/en/210411468117254153/pdf/569090WP0Timor1Box353744B01PUBLIC11.pdf ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Èske gen pwogrè ki fèt depi lè sa a ? Resansman 2015 lan rapòte ke anviwon 30% ti moun Timò-Leste ki gen ant 5 ak 9 an te gen tetoun kòm lang matènèl epi pòtigè te gen 0,1 pou san.193 Resansman 2022 a te rapòte ke pousantaj gran moun ki alfabetize nan Timò-Leste se li ki pi ba nan zòn sid-ès Azi : 70,7% alfabetize—plis pase 10 pwen pi ba pase pousantaj nan peyi Kanbòdj ki vini an dezyèm ; resansman an te deklare prèske tout gran moun ki alfabetize te ka li ak ekri tetoun epi gen 40% ki di yo konn li ak ekri an pòtigè.194

193« The National Curriculum for Preschool and Primary Education », La'o Hamatuk, yo mete dokiman sa a ajou nan dat 24 septanm 2018, https://www.laohamutuk.org/educ/18CurriculumEn.htm ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

194National Institute of Statistics Timor-Leste (INETL) et al., « Timor-Leste Population and Housing Census 2022, », Thematic Report Volume xx, 2024.Tounen nan tèks la

Alfabetizasyon (ansèyman ak aprantisaj lekti ak ekriti) pa egal ak fonksyone nan lang lan (ki vle di : kominike ladan, tankou nan yon sal klas). Èske chif sa yo se manti (oswa se fo nouvèl sou baz estatistik k ap sèvi Lagrandyab) ?195

195Frenand Léger, « Réflexions sur la situation linguistique en Haïti », Potomitan, 20 jiyè 2020, https://www.potomitan.info/ayiti/leger/haiti.php ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Lè w reponn kesyon sa a, sonje Kirsty Sword Gusmão, ki se Anbasadè bòn volonte pou edikasyon nan Timò-Leste, te di m pifò Timorè ki gen ant 15 ak 27 an, e ki reprezante majorite popilasyon an, siman te reponn « wi » nan kesyonè a konsènan alfabetizasyon an pòtigè. Yo te aprann kèk mo pòtigè nan lekòl ; men, « gwo majorite elèv ki gradye nan lekòl segondè pa t ap ka fè yon senp konvèzasyon an pòtigè .»196

196Kominikasyon pèsonèl sou imel, 16 jen 2024.Tounen nan tèks la

Poutan, pòtigè se lang ansèyman yo pi pito pou klas ki pi wo yo nan sistèm apatèd lengwistik Timò-Leste ; benefisyè sistèm sa a se sila yo ki « asimile ». Sistèm sa a ale byen lwen, remonte nan Lwa Kolonyal 1930 ki te fè diferans ofisyèl ant « endijèn » (Timorè ki endijèn) ak sila yo ki pa endijèn (nan gwoup sa a, gen moun ki gen san pòtigè—mestiços [metis]—ak « assimilados » [asimile] ki fèt nan peyi a). Nan tèks ki sanble ak pawòl epòk kolonyal Misyon Sivilizatris puisans Ewòp yo, lwa a te di kon sa : « yon moun ka antre nan kategori assimilado lè yo aprann pòtigè, lè yo kapab nouri fanmi yo epi yo gen bon karaktè ».197

197USAID, The Asia Foundation and Stanford University Timor-Les…

USAID, The Asia Foundation and Stanford University Timor-Leste Education Project, « Legal History and the Rule of Law in Timor-Leste », san dat, https://law.stanford.edu/wp-content/uploads/2018/04/Legal-History-and-the-Rule-of-Law-in-Timor-Leste.pdf ; se mwen ki ajoute anfaz la ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Jodi a, assimilados yo se ti gwoup elit Timò-Leste a, yo gen pwòp lekòl pòtigè ki gen anpil resous. Lekòl sa yo rele Centros de Aprendizagem e Formação Escolar (CAFE ; Lekòl Aprantisaj ak Sant Fòmasyon Anseyan) e yo resevwa asistans nan men Pòtigal ak gwo finansman gouvènman an.198 Lekòl sa yo resevwa sèlman apeprè 3% nan ti moun ki lekòl nan peyi a, 199pandan lòt ti moun yo ap echwe, san yo pa gen okenn chans pou yo jwenn bon jan kalite edikasyon.

198« The CAFE Project », La'o Hamutuk, 29 janvye 2019, https://www.laohamutuk.org/educ/CAFE/18CafeTeEn.htm ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

199BertelsmannStiftung, « Timor-Leste Country Report 2024 », Bertelsmann Transformation Index, https://bti-project.org/en/reports/country-report/TLS ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Gouvènman Timò-Leste ap pran gwo presyon san rete nan men Pòtigal ak elit lokal la ki vle enpoze pòtigè kòm prensipal L.An. nan tout peyi a. Sa kontredi politik ofisyèl ki mande pou tetoun sèvi kòm L.An. prensipal pou ansèyman lekti ak ekriti nan ti klas yo epi kòm yon dezyèm L.An. ansanm ak pòtigè nan klas ki pi wo yo. Epi, tou, gen 79% nan pwofesè Timò-Leste ki sèlman gen yon ti kapasite, ki pa ase, pou yo pale pòtigè.200 Gen kèk lekòl ki pini elèv yo depi yo kenbe yo ap pale nenpòt ki lòt lang ki pa lang ansyen kolon an.201 Sa fè m sonje pinisyon nan sal klas Ayiti yo.

200BetrelsmannStiftung, « Timor-Leste » ; Bank Mondyal, « Education Sector Plan (ESP 2020–2024) », https://planipolis.iiep.unesco.org/sites/default/files/ressources/timor_leste_Education_Sector_Plan_ESP_2020-2024.pdf ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

201« Timor-Leste Changes Law to Enforce Portuguese in Schools », Language Magazine, 14 fevriye 2023, https://www.languagemagazine.com/2023/02/14/timor-leste-changes-law-to-enforce-portuguese-in-schools/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Pifò nan sa m ekri nan pakou karyè m sou baryè lang franse ann Ayiti valab pou pòtigè nan Timò-Leste. Men, gen yon aspè ki trè konplike nan Timò-Leste ki pa gen okenn resanblans ak Ayiti : pifò Timorè pale tetoun kòm yon lang veyikilè ; men, tetoun se lang natif natal sèlman anviwon 36% nan 1,5 milyon moun nan peyi a. An reyalite, gen apeprè 32 lang endijèn an tou.202

202Central Intelligence Agency, The World Factbook, « Timor-Leste », 22 me 2024, https://www.cia.gov/the-world-factbook/countries/timor-leste/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Mwens pase yon deseni apre endepandans Timò-Leste, gen yon lwa ki vin pase an 2008 pou fè pwomosyon tetoun ansanm ak pòtigè nan ti klas yo. Lwa sa a te rekonèt pifò ti moun yo pale tetoun oswa kèk lòt lang lokal lakay yo. Li te mete anfaz sou aprantisaj lekti ak ekriti nan tetoun pandan pòtigè antre aloral nan klas premye ane epi, ann apre, pòtigè sèvi pou aprantisaj lekti ak ekriti nan twazyèm ane.203

203Kirsty Sword Gusmão, « The Key to Quality Inclusive Educatio…

Kirsty Sword Gusmão, « The Key to Quality Inclusive Education in Timor-Leste’s Third Decade as an Independent Nation », Blog, 4 out 2023, https://www.kirstyswordgusmao.org/post/the-key-to-quality-inclusive-education-in-timor-leste-s-third-decade-as-an-independent-nation ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Menm si tetoun se pa lang manman pifò ti moun Timò-Leste, se yon lang endijèn epi gen pi plis moun ki pale l kòm lang veyikilè pase pòtigè. Wi, gen plis pase 80% nan popilasyon an ki pale tetoun. Mete sou sa, alfabè ak fonoloji tetoun fè l pi sanble ak lòt lang endijèn timorè yo. An 2010, te gen mwens pase 5% Timorè ki te pale pòtigè. 204 Chif resansman 2022 mwen te mansyone anvan an e ki pi resan di se sèlman yon ti pousantaj gran moun ki pale pòtigè epi kantite ti moun ki pale pòtigè te ba anpil (0.1% pami ti moun ki gen laj 5 a 9 !).

204Amorim, Stevens ak Gacougnolle, Timor-Leste.Tounen nan tèks la

Lwa 2008 la se te yon etap nan bon direksyon nan sikonstans trè difisil. Ann apre, an 2015, yo te mete politik ofisyèl lang nan edikasyon ajou ak 2 dekrè ki wete tetoun ak lòt lang manman lokal yo nan kategori lang « oksilyè » pou yo ka sèvi kòm L.An. ansanm ak pòtigè. Pati politik yo nan palman, an ba kontwòl assimilados yo ki wè pòtigè kòm « butin de guerre » yo te kouri defye dekrè sa yo kòm lwa « enkonstitisyonèl » ki « afekte ansèyman pòtigè nan Timò-Leste negativman ». Nan yon analiz tèt an ba, yo te deklare : « bay lang manman ak tetoun yon wòl enpòtan » se diskriminasyon kont ti moun ki pale lang sa yo.205

205« Diplomas polémicos sobre línguas em Timor-Leste », Observatório da Língua Portuguesa, 17 fevriye 2015, https://observalinguaportuguesa.org/diplomas-polemicos-sobre-linguas-em-timor-leste/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Se tout lengwis ki konnen nou pa fouti sèvi enterè ti moun yo lè nou bloke ansèyman ki sèvi ak lang manman. Baboukèt sa a mennen nan echèk akademik ak gwo pousantaj abandon skolè. Men, sa pa t anpeche Benjamin de Araújo e Corte Real, direktè jeneral Enstiti Nasyonal Lengwistik Timò-Leste, fè yon deklarasyon ki anti-syantifik lè li di leta a pa ta dwe kite faktè ki sòti « an deyò ». « kreye sitiyasyon k ap plede trangle lang yo ». Se kòm si sèvi ak lang manman se yon faktè « an deyò » epi li ka « andikape demen sitwayen yo » lè sa bloke pwogrè edikasyon.206

206IPOL, « Kirsty Sword Gusmão e o ensino do português : ‘Timor-Leste deixou de ser colonîa » 4 mas 2015, http://ipol.org.br/kirsty-sword-gusmao-e-o-ensino-do-portugues-timor-leste-deixou-de-ser-colonia/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

An final, dekrè yo te genyen batay la.207

207« National Curriculum », La'o Hamatuk.Tounen nan tèks la

Batay sa a se miwa mantalite kolonize elit ann Ayiti a tou. Kesyon lang lan se kesyon idantite nasyonal, souvrènte ak avansman tou—men, nan tou 2 peyi yo, elit la chwazi butin de guerre la ansanm ak lòt privilèj li yo. Xanana Gusmão (premye minis jounen jodi a) te di kon sa : « idantite istorik Timò-Leste . . . se kolon yo ki te ban nou li ».208 E poutan, li limite « idantite » timorè a kòm mak fabrik pou yon ti kantite assimilados ki pale pòtigè. Nan diskou enstalasyon Gusmão a, ata reklam li te fè pou objektif li bay tèt li pou l elaji lekòl CAFE pou elit ki pale pòtigè yo.209

208J.T. Metebian, « A pedra no sapato do VIII Governo de Timor-Leste », Jornal Tornado, 18 jen 2024, https://www.jornaltornado.pt/a-pedra-no-sapato-do-viii-governo-de-timor-leste/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

209« Língua portuguesa ‘faz a identidade de Timor-Leste’ – António Costa », Observatório da Língua Portuguesa, https://observalinguaportuguesa.org/lingua-portuguesa-faz-a-identidade-de-timor-leste-antonio-costa/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Nan mwa jen 2022, João Costa, ki gen yon doktora nan lengwistik e ki te minis edikasyon Pòtigal nan moman sa a, te vizite MIT pou fè yon diskou sou « akizisyon lang ak politik edikasyon ». Analiz syantifik li yo byen chita nan kad teyori Gramè Inivèsèl Chomsky a. 210 Enben se kon sa li ta dwe konnen ke pawòl Corte Real yo ki di lang matènèl « se yon mal pou demen sitwayen yo » se yon manti ki deja demanti. Men, lengwis ki te vin tounen politisyen aan te rete fidèl a politik edikasyon neyo-kolonyal ki vyole dwa lengwistik—egal : dwa moun—nan peyi ki an ba enfliyans Pòtigal.

210João Costa, Subject Positions and Interfaces : The Case of European Portuguese (Berlin : Mouton de Gruyter, 2004).Tounen nan tèks la

Mwen te poze Costa yon kesyon sou sa nan yon lèt dekachte sou entènèt. Li te reponn ke Pòtigal « pa janm foure bouch li nan politik edikasyon » ansyen koloni li yo. Selon Costa, entèferans sa a « ta yon mank respè pou souvrènte yo ak endepandans yo. »211

211Michel DeGraff, « Open Letter to Linguist Dr. João Costa », 19 jen 2022, https://www.facebook.com/791208871/posts/10160143823383872 ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Sa Costa rele « kolaborasyon » Pòtigal ak ansyen koloni li yo se menm mannigans nou wè nan lòt peyi Sid apre « endepandans » yo. Pòtigal ankouraje ni represyon lang lokal yo—sòti Kap Vè (gade chapit 6) rive Timò-Leste—ni enpozisyon pòtigè kòm lang administrasyon ak ansèyman nan mitan popilasyon ki pa pale pòtigè. Pòtigal sèvi ak tout levye ki disponib—tankou kontra « èd » entènasyonal ak enfliyans lajan sa yo sou elit peyi sa yo—pou l enpoze gwojemoni pòtigè menm lè sa kontredi lasyans, lojik ak evidans.

Edikasyon ak kilti nan ansyen koloni yo se levye pou kontwòl ekonomik neyo-kolonyal sou peyi Sid yo. Enterè Pòtigal nan Timò-Leste makonnen ak dekouvèt min lwil ak gaz, pami lòt resous, nan zòn lan.212 Youn nan objektif prensipal travay konseye pòtigè nan Timò-Leste se asire pwomosyon enterè Pòtigal nan plas enterè yon Timò-Leste ki pa ko ka jwi vre endepandans li. Pòtigal menm kontwole pwodiksyon liv lekòl pou ti moun Timò-Leste yo.213

212Guteriano Nicolau ak Charles Scheiner, « Oil in Timor-Leste », La'o Hamatuk, Septanm 2005, https://www.laohamutuk.org/Oil/curse/OilInTLOilwatch.htm ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

213« National Curriculum », La'o Hamatuk.Tounen nan tèks la

Batay pou ansèyman nan lang manman pou Timò-Leste ap kontinye. Menm jan ak ann Ayiti, gen ajan leta, edikatè lokal ak òganizasyon entènasyonal tankou UNESCO ak UNICEF ki , malgre divès mi wo mi ba, ap pouse refòm ti pa ti pa ki santre sou etidyan e ki apiye sou lang manman.214 Nan chapit 6, nou pral evalye kèk pwogrè.

214Jose Balarmino de Sa, « President Horta underscores importance of multilingual education for Timor-Leste’s future » Tatoli, 18 avril 2024, https://en.tatoli.tl/2024/04/18/president-underscores-importance-of-multilingual-education-for-timor-lestes-future/22/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Gen yon pwovèb ayisyen ki di « Franse se lang achte ; kreyòl se lang rasin ». Pwovèb sa a valab nan sitiyasyon Afrik de Lwès ak Timò-Leste tou. Kle pou nou ouvri « fèmti elit » sa a se itilizasyon sistematik lang matènèl yo kòm L.An. prensipal. Sa pral ogmante pwogrè aprantisaj nan tout matyè akademik. Sa pral bay pèp ansyen koloni sa yo opòtinite pou yo aprann franse, pòtigè ak lòt lang entènasyonal, tankou angle, kòm dezyèm lang yo ka fonksyone ladan. An final, sa pral ouvri tribinal, palman, gouvènman, administrasyon e latriye pou majorite a.215

215Kwesi Kwaa Prah, « Mother-tongue Education in Africa for Emancipation and Development : Towards the Intellectualisation of African Laguages » nan Languages and Education in Africa : A Comparative and Transdisciplinary Analysis, ed. Birgit Brock-Utne ak Ingse Skattum (Oxford, UK : Symposium Books, Ltd., 2009), 83–104.Tounen nan tèks la

Baboukèt kont lang minoritè kòm estrateji jenosid kiltirèl

Lang gwoup etnik yo demounifye tou patou nan lemonn mare souvan ni ak sans idantite yon pèp ni ak koneksyon ak peyi yo abite a. Se kon sa sa ye sitou nan kontèks revandikasyon pèp endijèn yo kont pouvwa kolonyal ak neyo-kolonyal ki gen fòs pase yo. Menm lè lang kominote sa yo pa gen rekonesans ofisyèl, yo se gwo senbòl nan eritaj kiltirèl. Yo pote istwa ak memwa kolektif epi yo se zouti pou transmèt konesans ak sajès tradisyonèl yo. Lakou ke lang sa yo « abite », yo konn vle sèvi ak teritwa sa yo kòm senbòl vre otonomi ak souvrènte. Lakou sa yo kreye yon espas fizik kote lang, kilti ak tradisyon ka evolye san blokaj.

Nan vas Repiblik Pèp la Lachin ki gen plis pase yon milya moun ki pale mandaren, anpil moun pale lòt lang lè yo lakay yo. Moun sa yo vle pale tou ; yo vle pou lang pa yo bay rannman. Se kon sa yo nan gwo goumen, sou plan politik e sosyo-lengwistik, ak otorite gouvènman santral la k ap sèvi ak fòs ponyèt pou enpoze mandaren nan objektif « inite nasyonal » ak « stabilite nasyonal » sou tèt moun ki pale ouwigou, tibeten ak lòt lang nan rejyon sa yo yo rele « rejyon otonòm » pou aparans sèlman.

Sosyolengwis pale de lang sa yo—lang yo mete sou kote, yo pèsekite oswa yo entèdi kareman—kòm lang yo « minorize ».

Lit sa a nan peyi Lachin ale pi lwen pase lang ak edikasyon. Lit la manyen dosye peyi, nasyon ak souvrènte. Sa fè lontan depi moun ki pale lang sa yo ap defye otorite Pati Kominis Chinwa a (PKCh), k ap dirije Lachin depi revolisyon 1949 la. Depi lè sa a, PKCh ap chache kraze tout defi kont otorite li ak kont sa li defini kòm « inite nasyonal » Lachin.

Se kon sa lang mandaren deplwaye kòm prensipal L.An. nan « edikasyon bileng » pou minorite etnik ki pa chinwa yo. Men, sonje lang, tankou tout kòd, toujou gen 2 bout—se sa woman George Orwell « 1984 » demontre klè. Nan ajannda enperyalis PKCh, pawòl « edikasyon bileng » sa a se yon blòf o sèvis Misyon Sivilizatris gouvènman Lachin. PKCh pwoklame « inite nasyonal » ak « stabilite nasyonal » pou enterè yon « ras chinwa » ki omojèn e ki dwe « anglobe » minorite etnik yo pou « liberasyon » ak « pwoteksyon » yo. Sa degize asimilasyon an ba etikèt « edikasyon bileng » kote « objektif ki pi enpòtan se amelyore kapasite ti moun yo nan lang chinwa ». Sa se yon vyolasyon « Lwa sou Otonomi Rejyonal Nasyonal » ke Lachin te pase an 2001. Selon lwa sa a, lekòl nan rejyon « otonòm » ki gen minorite etnik ladan yo pou yo « ta dwe sèvi ak liv ki enprime nan pwòp lang gwoup etnik sa yo depi sa posib epi yo ta dwe anseye nan lang sa yo tou ».216

216Human Rights Watch, « China’s ‘Bilingual Education’ Policy in Tibet : Tibetan-Medium Schooling Under Threat », 4 mas 2020, https://www.hrw.org/report/2020/03/05/chinas-bilingual-education-policy-tibet/tibetan-medium-schooling-under-threat ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Tèm « otonòm » lan se yon lòt kòd ki gen 2 bout. Hann yo se majorite etnik Lachin. Se yo ki te mache pran minorite etnik lokal nan « rejyon otonòm » yo e ki te kolonize yo. Gen moun vanyan pami gwoup minoritè sa yo—sitou pami Ouwigou ak Tibeten—k ap mennen yon kokenn chenn batay pou yo sove lang ak kilti pa yo.

Ouwigou se yon lang tik (ki nan menm fanmi ak lang nasyonal peyi Tiki) yo pale sitou pami gwoup etnik Ouwigou ki apeprè 11,5 milyon moun217 nan Rejyon Otonòm Ouwigou nan Chinjyang. Tibeten se yon lang Tibeto-Bimàn, youn nan anviwon 30 lang yo pale oswa siyen pami anviwon en milyon Tibeten nan Rejyon Otonòm Tibè (non ofisyèl la se « Rejyon Otonòm Kzizang ») ak lòt zòn kote Tibeten rete.218

217Minority Rights Group, « Uyghurs in China », Mas 2024, https://minorityrights.org/communities/uyghurs/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

218Gerald Roche, « Linguistic Human Rights in Tibet », chap. 23 nan Handbook of Linguistic Human Rights, ed. Tove Skutnabb-Kangas ak Robert Phillipson, Oxford, UK ak Malden, MA : Wiley-Blackwell, 2022.Tounen nan tèks la

Tou lè 2 pèp sa yo ap soufri an ba baboukèt dominasyon lengwistik. Y ap goumen pou yo pwoteje lang pa yo kont menas otorite Lachin. PKCh wè jefò sa yo pou pwoteksyon lang ak idantite etnik kòm rezistans dirèk kont kontwòl Lachin sou rejyon sa yo. Ki fè Lachin toujou reponn ak vyolans.

Abduweli Ayup se yon lengwis, powèt, edikatè ak aktivis dwa moun pou Ouwigou yo. Yo te arete l nan mwa out 2013 ak 2 kòlèg li epi yo te akize l pou « leve d fon ilegal » pou lekòl nan lang ouwigou li t ap jere. Yo mete l nan prizon. Yo fè l pase nèf mwa nan izolman. Finalman, yo lage l an novanm 2014. Apre yo te anile paspò l an 2016, li te rive jwenn azil Ankara, nan peyi Tiki.

Plizyè òganizasyon te konsidere pèsekisyon Ayup kòm yon pati nan yon kanpay ki pi laj kont lang ouwigou—yon kanpay k ap mete gwo presyon pou asimile minorite etnik ouwigou a.219 Se kon sa asimilasyon antre nan yon estrateji netwayaj etnik ak ranplasman lang ak kilti lokal yo ak lang ak kilti mandaren konkeran yo. Se menm kalite estrateji sa a Misyon Sivilizatris Lafrans te eseye aplike sou lang rejyonal Lafrans yo, sou lang kreyòl Ayiti ak sou lang nasyonal Afrik « frankofòn » yo.

219Andrew Jacobs, « A Devotion to Language Proves Risky », New York Times, 11 me 2014.Tounen nan tèks la

Selon pèspektiv PKCh, lang rejyonal yo meprize yo se levye puisan ki ka ouvri pòt pou demann souvrènte nasyonal ki baze sou teritwa e ki menase sipremasi Hann yo. Ewozyon oswa disparisyon kilti, idantite ak lang gwoup sa yo se febli pouvwa ak solidarite pa yo kòm nasyon epi anile demann sa yo. Objektif represyon Ouwigou ak Tibeten se koupe yon koneksyon total kapital ki mare lang, peyi ak nasyon. Represyon sa a ap chache kraze levye lengwistik ki ka sèvi pou endepandans. Enpoze yon kalite « edikasyon bileng » kote mandaren se L.An., sa se yon lòt zouti pou dominasyon—yon lòt zam nan asenal ki gen ladan migrasyon yon bann ak yon pakèt Hann nan rejyon « otonòm » sa yo ansanm ak depòtasyon Ouwigou ak Tibeten ale nan lòt zòn nan peyi Lachin.

Nou ka obsève enpak dirèk la nan sal klas kote ti moun ouwigou ak tibeten oblije ap aprann an mandaren—souvan ak anseyan hann ki pale mandaren sèlman. Enpozisyon mandaren dekonekte ti moun yo ak rasin kilti yo. Y ap debat pou yo aprann kontni akademik yo pa metrize nan yon lang yo pa metrize, ki fè sa double difikilte aprantisaj yo epi sa mennen yo nan echèk, menm jan sa fèt pou ti moun ki pale kreyòl e k ap aprann an franse. Lè ansèyman an, depi nan jaden d anfan, fèt nan yon lang aprenan yo pa pale, sa kreye andikap lè ti moun yo ap aprann yon dezyèm lang ak lòt kontni akademik.

Konsènan pwoblèm fo bilengwis Tibè a, òganizasyon dwa moun ki rele Human Rights Watch (Obsèvatwa Dwa Moun) ekri : « sanble sa ap depafini konpetans ti moun yo nan lang tibeten epi sa fòse yo konsome ideyoloji politik ak lòt lide ki kontrè ak sa yo konn tande nan bouch paran yo ak nan kominote a ».220 Dèske objektif la se enplemantasyon yon kanpay politik ki lajman laj, sa montre jan gouvènman chinwa a, menm jan ak lòt kolon yo, konprann pouvwa lang kòm zouti pou dekolonizasyon ak liberasyon. Epi, gade jan yon atik New York Times nan kòmansman mwa janvye 2025 te dekri opresè ki gen bòt yo sou kou Tibeten yo : « Tou patou nan zòn wès Lachin, [PKCh] ap mete ti moun yo nan pansyon pou asimile yon jenerasyon Tibeten nan kouran nasyonal la epi fòse yo tounen sitwayen ki fidèl a Pati Kominis lan. »221Sa se pa yon aksyon izole. O kontrè, se dè santèn milye ti moun sa yo « yo wete nan men fanmi yo » epi yo voye yo ale nan lekòl ki anseye an mandaren.

220Human Rights Watch, « China’s ‘Bilingual Education’ Policy ».Tounen nan tèks la

221Chris Buckley, « How China is Erasing a Tibetan Culture, One Child at a Time », New York Times, 9 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Nan mwa janvye 2016, otorite chinwa yo te arete Tashi Wangshuk, yon komèsan tibeten, tousuit apre New York Times te pibliye yon videyo kote li t ap plenyen de sitiyasyon lang li ak kilti li. Li te di fòk Tibeten yo pwoteje kilti pa yo epi otorite Lachin yo ta dwe ede.222 Dez an apre, yo te kondane l a senk an prizon pou « ankouraje separasyon ».223 Apre yo te lage l bonè « sou kondisyon » an 2021, yo te wete dwa politik li epi yo te mete l an ba siveyans. Ann apre, li te kontinye sibi asèlman ak menas lapolis.224 Nan mwa out 2023, yon gwoup gason maske te bat li apre li te fin vizite zòn lès Tibè pou ogmante konsyantizasyon sou esklizyon lang tibeten nan lekòl yo.225

222Edward Wong, « China Charges Tibetan Education Advocate with Inciting Separatism », New York Times, 30 mas 2016.Tounen nan tèks la

223Chris Buckley, « A Tibetan Tried to Save His Language. China Handed Him 5 Years in Prison », New York Times, 22 me 2018.Tounen nan tèks la

224PEN America, « Tashi Wangchuk », san dat, https://pen.org/advocacy-case/tashi-wangchuk/Tounen nan tèks la

225Free Tibet, « Former Tibetan Political Prisoner Tashi Wangchuk Attacked », 8 out 2023, https://freetibet.org/latest/former-tibetan-political-prisoner-tashi-wangchuk-attacked/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Istwa Tashi ak Ayup montre, klè kon dlo kokoye, enpòtans lyen ki egziste ant lang ak teritwa nan yon peyi kote majorite a sèvi ak lang kòm yon lakòl politik pou anpeche peyi a separe an mòso. Tou 2 mesye yo vle pou ti moun nan kominote pa yo grandi pandan y ap pale ni lang matènèl kolonize a ni lang kolon an.

Separasyon tout yon jenerasyon ti moun tibeten ak fanmi yo, sa se menm kalite krim gouvènman Eta Zini ak Kanada te fè lè yo te retire ti moun endijèn nan fanmi yo epi yo fòse yo ale nan pansyon. Jenosid fizik ak lengwistik kont kominote endijèn Amerik di Nò yo antre nan nannan fondasyon Eta Zini ak Kanada kòm pwojè kolonyal. Kounye a fòk nou pataje 2 istwa sou lang endijèn Amerik yo.

Jessie Little Doe Baird te grandi nan Machpi, yon ti vil Kep Kòd, Masachousèt. Li te konn reve zansèt li yo ki t ap pale wòpennak, lang zansèt pèp wanmpanòg. Lè l te ti moun, li te santi yon gwo anvi nan kè l, yon koneksyon ak yon lang li pa t janm tande y ap pale alèz, yon lang yo te bay baboukèt pandan plizyè jenerasyon.

Disparisyon wòpennak nan lavi tou lè jou, sa se pa te yon aksidan. Se te yon rezilta byen kalkile nan estrateji represyon kiltirèl kòm zouti pou netwayaj etnik ak dappiyanp sou teritwa.

Nan kòmansman ventyèm syèk la, zansèt Jessie yo te oblije ale nan lekòl pansyon ki te anseye ann angle sèlman. Yo te entèdi ti moun yo pale Wòpennak. Lè yo te pwononse menm yon sèl grenn mo nan lang lan, yo te riske pran pinisyon fizik, imilyasyon piblik ak izòlman. Yo te bat ti moun yo, yo te lave bouch yo ak savon epi yo te fè yo wont idantite yo. Objektif la se te retire eritaj zansèt yo nan pèsonalite ti moun yo epi fè yo tounen Ameriken « sivilize »—egal : Ameriken ki pèdi richès ki te nan rasin kiltirèl yo.

Apre Gè Sivil 1861–1865 lan, Brigadye Jeneral Richard Henry Pratt te pase uit ane ap goumen nan lagè kont Endyen yo pou l « retire » endijèn yo nan zòn yo rele « Great Plains » (« Gran Laplenn ») pou blan yo te kapab enstale yo sou teritwa Endyen yo. Nan yon diskou an 1892, Pratt te di kon sa : « Touye Endyen ki nan li an, sove moun lan ».226 Se ak objektif sa a li te fonde yon lekòl-pansyon nan eta Pennsilvani pou Endyen.

Lekòl sa a te vin tounen yon modèl pou anpil lòt. Fòse endijèn yo abandonnen lang matènèl yo epi aprann angle nan lekòl, sa se yon estrateji ki te vin sèvi anpil lòt kote sòti nan nasyon wanmpanòg la gaye nan lòt eta sou kontinan an pase Alaska rive an deyò kontinan an jis Awayi ak Pòtoriko. Estrateji sa a te chache detwi idantite kiltirèl e sa te disparèt oswa prèske disparèt plizyè lang endijèn. Jenosid lengwistik Wòpennak la te rive nan bout li nan fen dis nevyèm syèk la.

Byen lwen Kep Kòd, nan rejyon aktik nan nò Alaska, Inyoupyak yo te sibi represyon lengwistik tou. Yo te enpoze angle kòm L.An. ki domine nan nouvo lekòl gouvènman an te kreye. Represyon lang Inyoupyak yo te entewonp transmisyon koutim ant jenerasyon epi sa te febli lyen kiltirèl kominote yo. Se menm istwa sa a nan tout kontinan Amerik la, nan nò, nan sant ak nan sid.

Annauk Denise Olin te grandi « ak pèspektiv ak sajès zansèt yo te konsève nan [lang inyoupyak] » kòm lang « moun ki te ka byen mennen, pandan dè milenè, nan youn nan klima ki pi difisil sou latè ».227 Men, nan lekòl li e menm lakay li ak manman l ki te anseye inyoupyak nan yon lekòl imèsyon, lang zansèt li yo te disparèt an ba yon vwal silans.

227MIT SHASS Communications, « Saving Iñupiaq », 25 septanm 2020, MIT News, https://news.mit.edu/2020/saving-inupiaq-annauk-olin-mitili-0925 ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Represyon lang matènèl endijèn yo te vin gen yon enpak pwofon ki dirab sou Ameriken natif natal yo. Baird ak Olin, ansanm ak ansyen yo ak manm kominote yo, te temwaye sou yon sistèm pinisyon malouk—fizik ak sikolojik—yo te itilize pou enpoze lang angle ansanm ak dekoneksyon kiltirèl an gwo ponyèt. Istwa sa yo enpòtan anpil pou nou rive konprann move tretman ak chòk kolektif jenerasyonèl ke kominote sa yo te sibi ansanm ak gwo dezavantaj edikasyonèl e sosyo-ekonomik yo te enpoze endijèn sou teritwa sa a ki vin tounen peyi yo rele « Eta Zini » jodi a.

Baird ak Olin, 2 moun ki gradye nan lengwistik MIT, te bay tèt yo misyon pou yo resisite lang zansèt yo oswa revitalize yo. Se te objektif etid lengwistik yo nan MIT. Baird te ko-fonde Wôpanâak Language Reclamation Project (Pwojè pou reklamasyon lang wòpennak) pou resisite lang lan « yon etidyan alafwa ».228 Olin te prepare leson imèsyon nan inyoupyak pou yon pwogram Head Start (« Pye kout pran devan »).229 N ap jwenn detay sou 2 inisyativ sa yo nan chapit 6 kòm yon pati nan yon manifès ki ale pi lwen nan yon demach konkrè pou nou dekolonize edikasyon nan kad yon lengwistik ki ka libere nou.

228https://www.wlrp.org/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

229https://oge.mit.edu/piruksraurugut/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Gwojemoni lengwistik kòm politik nasyonalis

Marfa se yon vil nan eta Tegzas ki a 96,6 kilomèt anviwon de fwontyè ant Eta Zini ak Meksik. An 1954, yo te fè yon gwoup ti moun meksiken-ameriken Marfa sòti nan sal klas yo ale nan lakou lekòl la. Te gen yon ti fi ki te kenbe yon bwat siga ki te vid. Chak nan kanmarad li yo te pote yon ti mòso papye ki pliye. Lè yo rive devan yon twou ki te fouye a kote poto pou drapo ameriken an, yo mete mòso papye yo nan bwat la epi yo antere l.

Yo te fè Maggie Marquez ak lòt ti moun yo ekri « Mwen p ap pale panyòl nan lekòl la » sou ti mòso papye sa yo. Bwat la menm te senbolize « Mesye Panyòl ».230

230Mia Warren ak Heidi Glenn, « The Day a Texas School Held a F…

Mia Warren ak Heidi Glenn, « The Day a Texas School Held a Funeral for the Spanish Language », StoryCorps, NPR, 20 oktòb 2017, https://www.npr.org/2017/10/20/558739863/the-day-a-texas-school-held-a-funeral-for-the-spanish-language ; Mónica Ortiz Uribe, « Students Forced to Bury ‘Mr. Spanish’ Look to Make Blackwell School a Historic Site », El Paso Times, 21 avril 2022, https://www.elpasotimes.com/in-depth/news/2022/04/21/marfa-texas-segregated-mexican-american-blackwell-school-nears-national-historic-site-designation/7157056001/ ; mwen te gade sit entènèt sa yo nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Yo te fòse ti moun yo antere lang matènèl yo nan yon seremoni makab pou touye eritaj lengwistik yo–egal : yon pati nan idantite yo. Pandan yo t ap tounen nan sal klas la, vwa pwofesè a, ki te trè sevè, te fè eko nan zòrèy yo pou fè yo sonje yo pa janm dwe pale panyòl nan lekòl la ankò.

Maggie pa t yon ti moun yo te ka fèmen bouch li fasil. Li te gen ase kouraj pou l di kanmarad klas li yo : « Nadie me va a parar que yo no hable el español » (« Mwen menm, pa gen okenn moun ki ka janm anpeche m pale panyòl »). Pwofesè a te tande epi li te bay Maggie yon pinisyon rapid pou fè l peye pou wòklò. Yo te mennen Maggie nan biwo direktè a ki te ba li twa kout baton. Sa te fè l mal nan kò li e sa te rache yon eleman enpòtan nan nanm li.

Jodi a, peyi Eta Zini gen youn nan pi gwo popilasyon ki pale panyòl nan lemonn, dezyèm sèlman apre Meksik ; se pi gwo popilasyon oz Eta Zini ki pale yon lang ki pa angle.231 Diskriminasyon lengwistik kont moun ki pale panyòl reflete yon pwoblèm ki pi laj  : diskriminasyon rasyal kont moun ki pa gen po blan. Diskriminasyon sa a sòti ni nan moun ni nan enstitisyon ki kenbe e ki transmèt zouti pou dominasyon sèten gwoup moun ki pale angle natif natal.

231Sandy Dietrich ak Erik Hernandez, « What languages do we speak in the United States? », United States Census Bureau, 6 desanm 2022, https://www.census.gov/library/stories/2022/12/languages-we-speak-in-united-states.html ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Se tou patou nan peyi Eta Zini yo wè panyòl kòm yon lang etranje epi yo trete li kòm yon lang enferyè, sitou nan lekòl ak lòt kote yo kreye epi pataje konesans ak pouvwa. E poutan, gen plis pase mwatye (55%) moun ki pale panyòl ki te fèt oz Eta Zini232—ameriken natif natal. Pami popilasyon ameriken ki nan eta bò fwontyè a—Kalifòni, Arizona, Nouvo Meksik ak Tegzas—ansanm ak Kolorado, Nevada e latriye, gen yon gwo pati ladan ki te pale panyòl, yon lòt lang kolonyal, anvan yo te tonbe an ba kontwòl moun ki pale angle. Ispanofòn sa yo pa t deplase, non. Se fwontyè ant Meksik ak Eta Zini ki te deplase « sou tèt yo » lè Meksik te sede teritwa bay Eta Zini selon akò Trete Guadalupe Hidalgo an 1848 ki te mete fen nan lagè ant 2 peyi yo. Prèske 2 syèk apre, gen anpil nouvèl sou moun yo te repwoche paske yo pale panyòl epi yo te di yo « tounen lakay ou ». Dekrè egzekitif Donald Trump ki mete angle kòm sèl lang ofisyèl oz Eta Zini se aboutisman konkèt teritwa meksiken an 1848.233

232Dietrich ak Hernandez, « What languages do we speak in the United States? ».Tounen nan tèks la

233https://www.whitehouse.gov/presidential-actions/2025/03/designating-english-as-the-official-language-of-the-united-states/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Pratik esklizyon rasis sa yo antere tout yon seri opòtinite akademik, sosyo-ekonomik ak politik pou moun ki pale panyòl. Pami sa yo antere an premye se opòtinite pou ti moun yo briye nan sal klas. Ann apre, yo antere kle ki bay aksè nan sèvis piblik ak lòt enstitisyon ; mank aksè sa a deklannche anpil enjistis nan kad sistèm tribinal ameriken an.

Gwojemoni lang angle ak represyon nan lekòl kont elèv ki pale panyòl lakay yo sitou kreye gwo defi nan aprantisaj. Dèske yo mete lang matènèl ti moun yo nan yon kategori enferyè, sa ka fè yo rayi tèt yo epi sa konn lakòz gwo pousantaj abandon skolè ansanm ak move rannman akademik. Done yo demontre sa klè : pifò elèv k ap aprann lang angle nan lekòl oz Eta Zini, se panyòl yo pale lakay yo e yo gen nivo siksè akademik ak pousantaj gradyasyon ki pi ba pase kanmarad yo ki pale angle.234 Pami tout gwoup etnik oz Eta Zini, se popilasyon latino a ki gen pi gwo pousantaj elèv ki kite lekòl epi nivo nòt ak gradyasyon elèv latino nan divès gwoup laj anviwon 20 pousan pi ba pase pa elèv blan ki pa latino.235

234U.S. Department of Education, « Trends in High School Dropout and Completion Rates in the United States : 2019 », Compendium Report NCES 2020-117, janvye 2020, https://nces.ed.gov/pubs2020/2020117.pdf ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

235UnidosUS, « Latino Student Access : Advancing US Educational Progress for All », 2022, https://unidosus.org/wp-content/uploads/2022/07/UnidosUS_Latino-Education_2022.pdf ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

An deyò lekòl, lè angle sèvi kòm zam pou gwojemoni, sa kreye baryè sosyo-ekonomik pou dè milyon moun ki pale panyòl e ki pa pale angle byen.236 Souvan, yo pouse moun sa yo nan djòb ki pa peye ase epi se kon sa y ap depafini nan lamizè. Imajine w ap telefone pou w chache asistans lojman, èd legal oswa menm èd medikal epi y ap rakwoche sou ou paske w pa pale angle. Se chak jou move aksyon sa yo atake diyite moun ki pale panyòl nan peyi Eta Zini. Menm si moun sa yo rive degaje yo jwenn aksè nan kèk sèvis, baryè lang lan menase lavi yo lè sa lakòz move tretman ak neglijans medikal. Sa se yon pandemi enjistis nan tout peyi a.237

236Urban Institute, « Nine Charts about Wealth Inequality in America », 25 avril 2024, https://apps.urban.org/features/wealth-inequality-charts/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

237National Institute for Health Care Management (NIHCM) Foundation, « The Latino Uninsured Rate is 2.5X Higher Than the Rate for White Americans », Infographic, 22 jen 2021, https://nihcm.org/publications/hispanic-americans-health-equity ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Anpil nan mepri ak diskriminasyon Latino nan peyi Eta Zini sibi se akòz koulè po yo ; men, lang souvan sèvi kòm yon mwayen (yon « endis ») pou idantifye ras.238 Sa sanble ak sa kominote moun nwa sibi pou mòd pale angle pa nou—mete sou sa nou sibi pou koulè po nou, kalite cheve nou, kilti nou epi sitou akòz sa idantite etnik nou oswa idantite nasyonal nou reprezante devan sila yo ki gen pouvwa nan men yo. Prejije rasis sa yo se tankou tach ki sal twal yon nasyon imigran te bati. Se yon kalòt nan figi, yon tantativ flagran pou majinalize e menm pou mete baboukèt nan bouch segman enpòtan nan popilasyon ameriken an. Se pa sèlman rekonèt pou nou rekonèt valè chak lang pou moun ki pale lang sa yo  ; men, tou, fòk nou onore valè sa a pou chak lang. Sa konte tou pou patisipasyon sivik nou, dwa pou nou kontribye nan sosyete kote n ap viv la. Kesyon kle a se : Ki moun ki konte e ki moun ki pa konte ?

238Luis Noe-Bustamante, Ana Gonzales-Barrera, et al., "Majority…

Luis Noe-Bustamante, Ana Gonzales-Barrera, et al., "Majority of Latinos Say Skin Colour Impacts Opportunity in America and Shapes Daily Life," Pew Research Center, 4 novanm 2021, https://www.pewresearch.org/race-and-ethnicity/2021/11/04/majority-of-latinos-say-skin-color-impacts-opportunity-in-america-and-shapes-daily-life/ ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

An 1954, seremoni antèman « Mesye Panyòl » nan Marfa, ki te planifye pou kore prejije anti-Latino, fè nou sonje yon maladi kwonik ki la lontan e ki toujou afekte Eta Zini. Sa se yon egzanp move pratik edikatif ki gen lavi di e ki ranfòse diferans sosyal ak ekonomik. Poutan, plis pase 40 ane apre lekòl elemantè Marfa a te fèmen, te gen jefò ki te fèt an 2007 pou repare enpak negatif li. Maggie Marquez ak lòt ansyen elèv yo te òganize yon seremoni « detere » : yo te antere yon diksyonè panyòl nan yon bwat an fòm sèkèy epi yo te detere l kòm senbòl y ap reklame dwa pou yo pale lang natif natal yo. Zak reklamasyon sa a se te yon temwayaj sou rezilyans yo e yon etap nan direksyon liberasyon sòti an ba dominasyon lengwistik, espesyalman lè nou gade ogmantasyon edikasyon bileng ak pwojè reklamasyon ak revitalizasyon lang endijèn oz Eta Zini.

Yon lòt egzanp kontanporen gwojemoni lengwistik kòm politik nasyonalis se itilizasyon lang nan kontèks politik Izrayèl la oswa, selon pèspektiv ou, teritwa Palestin ki an ba okipasyon. La, gen 2 lang, ebre ak arab, ki egziste sou yon teritwa ki konteste nan yon viv ansanm san lapè. Dinamik sosyo-lengwistik ak relasyon pouvwa ant ebre ak arab yon jan sanble ak sa n wè ant franse ak kreyòl ann Ayiti.239

239Michel DeGraff, “Writing Revolutions : From Haiti to MIT to Palestine through the lenses of linguistics and history for decolonization and liberation,” Atik sa a pral parèt nan Curriculum Inquiry.Tounen nan tèks la

« Leyla » (yon fo non pou sekirite l) se yon etidyan palestinyen ki rete nan pati lès Jerizalèm e ki ale nan Inivèsite Ebre. Li bay bon rannman sou plan akademik. Men, se te yon gran konba pou l te antre nan edikasyon siperyè. Kounye a, l oblije ap jere plizyè obstak : selon lalwa, se lang ebre ki domine ; konpetans li nan lang sa a limite ; pa gen ase materyèl edikatif ann arab, ki se lang matènèl li. Itilizasyon lang ebre a obligatwa kòm prensipal lang ansèyman menm nan lang ak literati arab—matyè Leyla ap etidye a. Izrayèl bezwen Izrayelit juif ki pale arab byen e ki ka ede reyalize objektif militè ak politik li yo.240 Ki donk, ata ansèyman lang arab bay priyorite a bezwen aprantisaj pami Izrayelyen juif ki pale ebre.

240Maya Wind, Towers of Ivory and Steel : How Israeli Universit…

Maya Wind, Towers of Ivory and Steel : How Israeli Universities Deny Palestinian Freedom (London : Verso Books, 2024) ; Camelia Suleiman, Arabic between State and Nation : Israel, the Levant and Diaspora (Liverpool, UK :, Liverpool University Press, 2022) ; Yonatan Mendel, The Creation of Israeli Arabic : Security and Politics in Arabic Studies in Israel (London : Palgrave Macmillan, 2014).Tounen nan tèks la

An 2018, apre plizyè deseni depi Izrayèl te gen 2 lang ofisyèl, palman vote « Lwa de baz : Pèp Izrayèl la—Eta nasyon pèp juif la ». Lwa sa a fè arab desann antre nan yon kategori « espesyal », malgre 21,1% nan sitwayen izrayelyen yo se Arab (sitou Palestinyen ki nan fwontyè ofisyèl peyi a kounye a).241 Se pa etonan gen anpil moun k ap kritike Lwa de baz la kòm yon lwa « rasis » epi yo prefere rele l « lwa apatèd » Izrayèl la. « Izrayelyen Arab yo esplike, depi yo retire karaktè ofisyèl lang arab la, sa efase idantite yo ak istwa yo » epi « sa pral kont yo nan nivo ekonomik paske se raman yo anseye ebre nan lekòl ki nan kominote arab ann Izrayèl yo ».242

241Central Bureau of Statistics, State of Israel, « Population of Israel on the Eve of 2024 », 3 janvye 2024, https://www.cbs.gov.il/he/mediarelease/DocLib/2023/424/11_23_424b.pdf ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

242Miriam Berger, « Israel’s hugely controversial ‘nation-state’ law, explained », Vox, 31 jiyè 2018, https://www.vox.com/world/2018/7/31/17623978/israel-jewish-nation-state-law-bill-explained-apartheid-netanyahu-democracy ; mwen te gade sit entènèt sa a nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Menm anvan yo te adopte Lwa de baz la, itilizasyon arab te limite anpil nan lekòl, nan sèvis piblik ak lajistis epi sa te limite opòtinite edikatif, sosyo-ekonomik ak politik pou popilasyon palestinyen an. Pafwa, sepandan, konsekans yo menm pi grav.

Gen apeprè 70.000 travayè ak etidyan palestinyen—Leyla ladan tou—ki dwe pase nan baraj militè izrayelyen sou wout pou y al nan travay ak lekòl. Baryè lengwistik yo ranfòse ak baryè fizik. Nan sikonstans sa yo, si gen yon sèl grenn mo ebre Palestinyen yo pa konprann oswa ki mal pwononse, sa ka tounen yon danje fatal pou moun ki pale arab.243 Selon Leyla, youn nan egzanp pami sila yo ki ka fatal, se si ou mal tande yon gad barikad izrayelyen ki ba w lòd « Rete ! » (atzor עזוב) epi w konprann li di w “Ale!” (azov עצור) epi w kontinye mache. Se kòm si ansyen istwa chibolèt nan Bib la te resisite, tou pre kote li te fèt la.

243Machsom Watch, « Checkpoints and Barriers Blocking the Life…

Machsom Watch, « Checkpoints and Barriers Blocking the Life » san dat, https://www.machsomwatch.org/en/content/checkpoints-and-barriers ; Activestills, « Checkpoints,” Photo Essay, Aljazeera, 2018, https://interactive.aljazeera.com/aje/2018/commuting-through-israeli-checkpoints/index.html ; mwen te gade sit entènèt sa yo nan dat 31 janvye 2025.Tounen nan tèks la

Nan men opresè yo, lang vin tounen yon zam ki pa mwen danjere pase bonm oswa mitrayèt o sèvis demounifikasyon e menm jenosid.

Lè nou rive konprann jan lang sèvi pou vyolans diskriminasyon nan istwa lemonn, sa ban nou pouvwa pou nou rekonèt epi demistifye ki jan lengwistik—etid lang—li menm tou, konn sèvi kòm zouti pou dominasyon, nan tan pase ak tan prezan. Se la nou jwenn vèsyon modèn prejije rasis nan lasyans—« rasis syantifik »—nan lengwistik ; se prejije rasis sa yo nou pral analize ansanm nan pwochen chapit la. Fokis la se lang kreyòl yo ; men, aplikasyon leson sa a ka inivèsèl lè nou analize lang matènèl ki an ba baboukèt tou patou nan lemonn.

Nòt